Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Zanj yo ‘se yon bann lespri Bondye voye pou ede moun’

Zanj yo ‘se yon bann lespri Bondye voye pou ede moun’

Zanj yo ‘se yon bann lespri Bondye voye pou ede moun’

“Yo tout se yon bann lespri k’ap sèvi Bondye. Se Bondye menm ki voye yo pou ede moun ki la pou jwenn delivrans yo.” —EBRE 1:14.

1. Lè nou reflechi sou sa Matye 18:10 ak Ebre 1:14 di, ki rekonfò nou jwenn?

MEN avètisman Jezi te bay pou kèlkeswa moun ki ta fè disip li trebiche: “Veye pou nou pa meprize menm youn nan ti piti sa yo. Paske, m ap di nou sa: Zanj pa yo nan syèl la, y ap gade figi Papa mwen ki nan syèl la tout tan.” ​(Matye 18:10, Bib Kreyòl La). Men sa apot Pòl te di konsènan zanj fidèl yo: “Yo tout se yon bann lespri k’ap sèvi Bondye. Se Bondye menm ki voye yo pou ede moun ki la pou jwenn delivrans yo.” ​(Ebre 1:14). Pawòl sa yo rekonfòte nou paske yo ban nou asirans Bondye sèvi ak kreyati selès sa yo pou l ede lèzòm. Ki sa Labib di konsènan zanj yo? Ki jan yo ede nou? Ki sa nou ka aprann nan egzanp yo?

2, 3. Bay kèk responsablite zanj yo genyen.

2 Gen plizyè milyon zanj fidèl nan syèl la. Yo tout yo ‘gen fòs, yo fè tou sa Senyè a mande yo fè’. (Sòm 103:20; li Revelasyon 5:11.) Chak zanj sa yo, ki se pitit espirityèl Bondye, gen pèsonalite pa yo. Yo gen kalite ki sanble ak kalite Bondye yo e yo gen libète pou yo deside. Yo òganize yon fason ki estrawòdinè e yo gen gwo pozisyon nan òganizasyon Bondye a. Mikayèl (non Jezi genyen lè l nan syèl la) se akanj lan (Dàn. 10:13; Jid 9). Jezi te “fèt an premye nan tout kreyasyon an”, e se li ki “Pawòl la”, sètadi pòtpawòl Bondye, e Bondye te sèvi avè l pou l fè tout lòt bagay ki egziste yo. —Kol. 1:15-17, NW; Jan 1:1-3.

3 Apre akanj lan, nou jwenn serafen yo. Travay yo se deklare sentete Jewova epi ede pèp Jewova a rete pwòp nan domèn espirityèl. Gen cheriben yo tou ki la pou yo soutni souvrènte Bondye (Jen. 3:24; Iza. 6:1-3, 6, 7). Gen lòt zanj, sètadi mesaje, k ap fè volonte Bondye e ki gen divès responsablite. —Ebre 12:22, 23.

4. a) Ki jan zanj yo te reyaji lè Jewova t ap fè tè a? b) Si Adan ak Èv te byen sèvi ak libète yo genyen pou yo deside a, ki jan sa t ap bon pou lèzòm?

4 Tout zanj yo te kontan lè Bondye “t’ap fè latè” e yo te fè travay yo te gen pou yo fè ak kè kontan toutpandan Jewova t ap prepare tè a ki sanble ak yon bijou san parèy nan lespas, pou l vin tounen yon kote pou lèzòm abite (Jòb 38:4, 7). Jewova te kreye lòm “yon ti jan pi ba pase zanj yo”, men li te fè yo “pòtre ak” li. Konsa, li te bay lòm posiblite pou l reflete bèl kalite l yo (Ebre 2:7; Jen. 1:26). Si Adan ak Èv te byen sèvi ak libète yo genyen pou yo deside a, ni yo menm, ni desandan yo t ap kapab viv byen nan yon bèl paradi e yo t ap fè pati fanmi Jewova a ki t ap gen ladan l tout kreyati entèlijan ki nan syèl la e ki sou tè a.

5, 6. Ki rebelyon ki te fèt nan syèl la, e ki jan Bondye te reyaji devan rebelyon sa a?

5 Pa gen dout nan sa, zanj ki fidèl yo dwe te choke lè yo te wè yon rebelyon kòmanse nan fanmi Bondye a nan syèl la. Gen youn nan yo ki te sispann pran plezi pou l louwe Jewova e li te vle pou yo adore l. Li te fè tèt li tounen Satan (sa vle di “Opozan”) lè l te mete dout sou dwa Jewova genyen pou l domine sou kreyati li yo e lè l te eseye etabli dominasyon pa l ann opozisyon ak souvrènte Bondye. Satan te bay premye manti yo rapòte nan Bib la, e konsa, avèk riz, li te fè Adan ak Èv, de premye moun ki te viv sou tè a, rebele kont Kreyatè yo a ki plen lanmou. —Jen. 3:4, 5; Jan 8:44.

6 San pèdi tan, Jewova te pwononse yon santans kont Satan nan premye pwofesi ki rapòte nan Bib la. Men sa Jewova di ladan l: “Ou menm ak fanm lan, m’ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w’ap mòde l nan talon pye l.” ​(Jen. 3:15). Satan ak “fanm lan” t ap toujou ret ènmi. Jewova te konsidere òganizasyon selès li a, ki fòme ak kreyati espirityèl ki fidèl yo, tankou madanm li li renmen e li marye avè l. Byenke tout ti detay ki gen nan pwofesi sa a se te yon “sekrè” sakre Jewova t ap revele ofiramezi, pwofesi sa a bay yon baz solid pou moun gen espwa. Bondye te gen objektif pou youn nan moun ki fè pati òganizasyon l lan ki nan syèl la kraze tout rebèl yo. Pa mwayen moun sa a tou li te vle pou “tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè” reyini ansanm. —Efe. 1:8-10.

7. Ki sa kèk zanj te fè nan epòk Noye a, e ki konsekans sa te pote pou yo?

7 Nan epòk Noye a, gen yon kantite zanj ki te kite “kote [Bondye] te mete yo a” e yo te vin pran fòm kò moun pou yo te ka vin pran plezi yo yon fason egoyis sou tè a (Jid 6; Jen. 6:1-4). Jewova te lage rebèl sa yo nan yon fènwa pwès, e konsa, yo menm ak Satan vin tounen “move lespri” e yo se ènmi danjere pou moun k ap sèvi Bondye yo. —Efe. 6:11-13; 2 Pyè 2:4.

Ki jan zanj yo ede nou?

8, 9. Ki jan Jewova te sèvi ak zanj yo pou l ede moun?

8 Pami moun zanj yo te ede, nou ka site Abraram, Jakòb, Moyiz, Jozye, Izayi, Dànyèl, Jezi, Pyè, Jan ak Pòl. Zanj fidèl yo te egzekite jijman Bondye e yo te transmèt pwofesi ak enstriksyon li te ba yo bay. Lwa Moyiz la fè pati sa yo te transmèt yo tou (2 Wa 19:35; Dàn. 10:5, 11, 14; Tra. 7:53; Rev. 1:1). Piske kounye a nou gen Pawòl Bondye a okonplè, zanj yo ka pa bezwen transmèt nou mesaj ki sot nan men Bondye (2 Tim. 3:16, 17). Sepandan, byenke nou pa wè yo, yo okipe anpil nan fè volonte Bondye e yo okipe anpil nan ede sèvitè l yo.

9 Men ki asirans Labib ban nou: “Zanj Senyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.” ​(Sòm 34:7; 91:11). Piske Satan fè konnen nou pap rete entèg lè nou anba eprèv, Jewova pèmèt li lage tout kalite eprèv sou nou (Lik 21:16-19). Sepandan, Bondye konnen ki lè nou fin pwouve entegrite nou nan yon eprèv n ap sibi. (Li 1 Korentyen 10:13.) Zanj yo toujou prè pou yo ede sèvitè Bondye yo depi se volonte Bondye. Yo te sove Chadrak, Mechak, Abèdnego, Dànyèl ak Pyè. Men, yo pa t anpeche Etyèn ak Jak mouri anba men moun ki te ènmi yo (Dàn. 3:17, 18, 28; 6:22; Tra. 7:59, 60; 12:1-3, 7, 11). Sitiyasyon yo pa t menm. Menm jan an tou, byenke Jewova te ede pifò nan frè nou yo ki te nan kan konsantrasyon Nazi yo soti vivan, gen kèk ladan yo yo te egzekite.

10. Apa èd zanj yo, ki èd nou resevwa?

10 Ekriti yo pa anseye chak moun sou tè a gen yon zanj gadyen. Lè nou priye, nou gen konfyans “[Bondye] ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li”. (1 Jan 5:14.) Pa gen dout nan sa, Jewova ka voye yon zanj pou ede nou, men li ka ban nou èd nou bezwen yon lòt fason tou. Kretyen menm jan avèk nou yo ka santi yo pouse pou yo ede nou e pou yo ban nou rekonfò. Bondye ka ban nou sajès ak fòs nou bezwen pou nou fè fas ak yon pwoblèm ki tankou “yon pikan nan kò” nou, ki ka fè nou soufri kòmsi se “yon zanj Satan” ki t ap frape nou. —2 Kor. 12:7-10, Bib Kreyòl La; 1 Tes. 5:14.

Annou Imite Jezi

11. Ki jan Jewova te sèvi ak zanj yo pou l ede Jezi e ki sa Jezi te akonpli lefètke li te rete fidèl devan Bondye?

11 Annou konsidere fason Jewova te sèvi ak zanj yo nan ka Jezi. Yo te anonse nesans li ak rezirèksyon l e yo te ede l lè l te sou tè a. Zanj yo te ka anpeche yo arete l e yo te ka anpeche yo touye l fason fewòs yo te touye l la. Men, Jewova te voye yon zanj pou fòtifye l pito (Mat. 28:5, 6; Lik 2:8-11; 22:43). Ann amoni ak objektif Jewova, Jezi te mouri an sakrifis e li te montre yon moun ki pafè ka kenbe entegrite l devan Bondye menmsi l jwenn gwo eprèv. Se sa k fè Jewova te resisite Jezi pou l ba l lavi imòtèl nan syèl la. Li ba l “tout pouvwa” e li fè zanj yo soumèt devan l (Mat. 28:18; Tra. 2:32; 1 Pyè 3:22). Konsa, Jezi te pwouve se li menm ki pati prensipal “desandans” “fanm lan” ki se madanm Bondye. —Jen. 3:15; NW; Gal. 3:16.

12. Ki jan nou ka imite egzanp Jezi?

12 Jezi te konnen si li ta pran risk ki pa nesesè epi l ta atann l ap jwenn pwoteksyon zanj yo, li t ap mete Jewova aleprèv e sa t ap mal. (Li Matye 4:5-7.) Donk, annou imite egzanp Jezi lè nou viv avèk “bonsans” e lè nou pa pran risk ki pa nesesè. Sepandan, lè nou jwenn eprèv, n ap fè fas avèk yo avèk konfyans. —Tit 2:12, NW.

Sa nou ka aprann nan men zanj ki fidèl yo

13. Ki sa nou ka aprann nan egzanp zanj fidèl yo yo mansyone nan 2 Pyè 2:9-11?

13 Lè apot Pyè t ap reprann moun ki “pale lèd” lè y ap pale de sèvitè Jewova ki wen yo, li te atire atansyon sou bèl egzanp zanj fidèl yo bay. Byenke zanj yo pisan anpil, avèk imilite, yo pa mete tèt yo kòm jij ni yo pa fè akizasyon, “paske yo gen respè pou Jewova”. (Li 2 Pyè 2:9-11; NW.) Nou menm tou, pinga nou mete tèt nou kòm jij. Annou montre nou gen respè pou moun ki gen responsablite pou yo veye sou kongregasyon an e annou kite bagay yo nan men Jewova, li menm ki Jij siprèm nan. —Wom. 12:18, 19; Ebre 13:17.

14. Ki sa nou ka aprann nan men zanj yo anrapò ak imilite yo demontre nan sèvis yo?

14 Zanj Jewova yo ban nou yon bon egzanp nan fason yo fè sèvis yo avèk imilite. Gen zanj ki te refize bay moun non yo (Jen. 32:29; Jij 13:17, 18). Byenke gen plizyè milyon kreyati espirityèl nan syèl la, se sèl non Mikayèl ak Gabriyèl nou jwenn nan Bib la. Sa ka ede nou pou nou pa bay zanj yo yon onè ki deplase (Lik 1:26; Rev. 12:7). Lè apot Jan te tonbe devan yon zanj pou l adore l, men sa zanj lan te di l: “Non pa fè sa. Se sèvi m’ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo.” ​(Rev. 22:8, 9). Se Bondye sèl ki dwe resevwa adorasyon nou, sa vle di priyè nou yo tou. —Li Matye 4:8-10.

15. Ki jan zanj yo ban nou egzanp nan domèn pasyans?

15 Zanj yo bay yon bèl egzanp tou nan domèn pasyans. Byenke yo gen yon gwo dezi pou yo konnen sekrè sakre Bondye yo, se pa tout yo konnen. Labib fè konnen “zanj yo ta renmen konprann” bagay sa yo (1 Pyè 1:12). Donk, ki sa yo fè? Yo tann avèk pasyans pou Bondye chwazi moman pou l fè konnen “divès aspè ki gen nan sajès [li], pa mwayen kongregasyon an”. —Efe. 3:10, 11, NW.

16. Ki jan konduit nou ka gen yon efè sou zanj yo?

16 Kretyen k ap fè fas ak eprèv yo tankou “yon espektak pou [...] zanj yo”. (1 Kor. 4:9.) Zanj yo kontan lè y ap obsève fidelite nou e yo menm rejwi lè yon pechè repanti (Lik 15:10). Yon lòt bagay zanj yo wè tou se bèl konduit sè yo. Men sa Labib di: “Akòz zanj Bondye yo, fanm lan dwe pote yon mak sou tèt li pou moutre li soumèt” li (1 Kor. 11:3, 10). Vrèman, zanj yo kontan wè jan sè yo ak lòt sèvitè Bondye yo ki sou tè a obeyi lòd teyokratik la ak prensip otorite a. Obeyisans sa a se yon bon rapèl pou pitit Bondye yo ki nan syèl la.

Zanj yo soutni travay predikasyon an yon fason aktif

17, 18. Poukisa nou ka di gen zanj ki ban nou sipò nan travay predikasyon n ap fè a?

17 Zanj yo patisipe nan kèk evènman remakab ki rive “nan jou Seyè a”. Pami evènman sa yo, gen Wayòm nan ki te pran nesans an 1914 e gen “Mikayèl ak zanj li yo” ki te mete Satan ak demon l yo deyò nan syèl la (Rev. 1:10; 11:15; 12:5-9; NW). Apot Jan te wè yon “zanj ki t’ap vole byen wo nan syèl la. Li te gen yon bòn nouvèl pou l te bay tout moun ki rete sou latè”. Men sa zanj lan te di: “Gen krentif pou Bondye, fè lwanj li! Paske lè a rive, l’ap vin jije lèzòm. Adore moun ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sous dlo yo.” ​(Rev. 14:6, 7). Konsa, sèvitè Jewova yo gen asirans yo gen sipò zanj yo lè y ap preche bon nouvèl Wayòm nan ki etabli, malgre Dyab la opoze ak yo yon fason ki fewòs. —Rev. 12:13, 17.

18 Jodi a, zanj yo pa pale avèk nou pou yo fè nou rankontre moun ki gen kè sensè yo, jan sa te fèt nan ka Filip lè yon zanj te pale avèk li e li te dirije l pou l rankontre enik etyopyen an (Tra. 8:26-29). Sepandan, gen anpil eksperyans ki fèt jodi a ki pwouve aklè zanj yo ap soutni travay predikasyon n ap fè a menmsi nou pa wè yo e y ap dirije nou pou nou jwenn moun ki “nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl” yo * (Tra. 13:48, NW). Donk, li vrèman enpòtan pou nou patisipe nan ministè a regilyèman yon fason pou nou chèche jwenn moun ki vle “adore Papa a nan lespri ak nan laverite”. —Jan 4:23, 24, Bib Kreyòl La.

19, 20. Ki wòl zanj yo jwe nan evènman ki make “fen sistèm nan”?

19 Anrapò ak epòk nou an, Jezi te di “lè lafen di monn [“fen sistèm nan”, NW] rive”, t ap gen zanj ki t ap “separe moun mechan yo ak moun jis yo”. (Mat. 13:37-43, 49, Bib Kreyòl La.) Zanj yo patisipe nan rasanbleman dènye moun ki wen yo e yo patisipe nan mete so sou yo. (Li Matye 24:31; Rev. 7:1-3.) Mete sou sa, gen zanj k ap akonpaye Jezi lè l ap fè travay “mete mouton yon bò, kabrit yon bò” a. —Matye 25:31-33, 46.

20 ‘Lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa, [...] tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p’ap mache dapre bòn nouvèl ki pale sou Jezi’ yo ap detwi (2 Tes. 1:6-10). Jan te wè menm bagay la nan yon vizyon. Li te dekri Jezi ak lame zanj li yo nan syèl la k ap avanse sou chwal blan pou yo kontinye batay avèk jistis. —Rev. 19:11-14.

21. Ki sa zanj ki “kenbe kle gwo twou san fon an nan men l” lan pral fè Satan ak demon l yo?

21 Apre sa, Jan te wè “yon zanj desann sòti nan syèl la. Li te kenbe kle gwo twou san fon an nan men l ansanm ak yon gwo chenn”. Zanj sa a se pa lòt, se Mikayèl akanj lan ki pral mare Dyab la, e sandout demon yo tou, e li pral lage ni li menm ni demon yo nan abim nan. Yo pral libere Dyab la ak demon yo pandan yon ti tan nan fen Rèy mil an Kris la lè limanite ki rive jwenn lapèfeksyon pral sibi yon eprèv final. Apre sa, yo pral detwi Satan ak tout lòt rebèl yo (Rev. 20:1-3, 7-10; 1 Jan 3:8). Pap janm gen rebelyon kont Bondye ankò!

22. Nan ki sans zanj yo pral jwe yon wòl nan evènman ki pral rive talè konsa yo, e ki efè sa ta dwe gen sou nou?

22 Talè konsa, nou pral delivre anba sistèm mechan Satan an. Se sèten zanj yo pral jwe wòl pa yo nan gwo evènman sa yo ki pral jistifye souvrènte Jewova e ki pral pèmèt objektif li genyen pou latè e pou limanite akonpli nèt. Vrèman, zanj fidèl yo se “lespri k’ap sèvi Bondye. Se Bondye menm ki voye yo pou ede moun ki la pou jwenn delivrans yo”. Donk, nou bezwen rekonesan anvè Jewova pou fason li sèvi ak zanj yo pou l ede nou fè volonte l e pou l ede nou jwenn lavi etènèl la.

[Nòt anba paj]

^ § 18 Gade nan liv Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu a, paj 549-551.

Ki repons nou ta bay?

• Ki jan zanj yo òganize?

• Ki sa kèk zanj te fè nan epòk Noye a?

• Ki jan Bondye sèvi ak zanj yo pou l ede nou?

• Ki wòl zanj fidèl yo jwe nan epòk nou an?

[Kesyon]

[Foto nan paj 21]

Zanj yo pran plezi pou yo fè volonte Bondye.

[Foto nan paj 23]

Jan nou ka wè sa nan ka Dànyèl, zanj yo toujou prè pou yo ede sèvitè Bondye yo ann amoni ak volonte Bondye.

[Foto nan paj 24]

Se pou nou met kouraj sou nou paske zanj yo ap soutni travay predikasyon Wayòm nan.

[Liy kredi]

Glòb la: foto NASA