Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Gen yon “lè pou ou rete san pale”

Gen yon “lè pou ou rete san pale”

Gen yon “lè pou ou rete san pale”

“PAWÒL se ajan, silans se lò.” Sa se yon ansyen pwovèb yo di ki soti ann Azi. Dapre yon diksyonè, men ekivalan pwovèb sa a nan lang ebre: “Si yon pawòl vo yon sik [yon kalite lajan], silans vo de.” ​(Brewer’s Dictionary of Phrase and Fable.) Men sa Salomon, yon wa nan peyi Izrayèl nan tan lontan an, te ekri: ‘Gen yon lè pou chak bagay, yon tan pou chak bagay k’ap fèt sou latè. Yon lè pou ou rete san pale, yon lè pou ou pale.’ —Ekl. 3:1, 7.

Men, ki lè li apwopriye pou yon moun rete san li pa pale? Bib la pale konsènan ide pou nou rete san pale a trè souvan. Kontèks kote ide sa a parèt yo montre li kòrèk pou yon moun rete san li pa pale nan omwen twa domèn nan lavi a. Annou wè ki jan lè nou rete san nou pa pale, sa se yon fason nou demontre respè, se yon prèv nou gen diskresyon ak disènman e sa favorize meditasyon.

Yon fason nou demontre respè

Lè yon moun rete an silans, se yon fason li demontre respè. Pwofèt Abakouk te di: “Senyè a kanpe nan kay ki apa pou li a. Se pou tout moun sou latè pe bouch devan li.” ​(Aba. 2:20). Bib la di li bon pou vrè adoratè yo “rete dousman [an silans] ap tann [Bondye] vin delivre” yo (Lam. 3:26). Men sa yon salmis te di nan yon chante: “Rete dousman devan Senyè a, pran san ou. Tann li fè sa l gen pou l fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen.” —Sòm 37:7.

Èske nou kapab fè lwanj pou Jewova san nou pa pale? Ebyen, èske nou pa konn tèlman santi nou emèveye lè n ap gade bèl bagay Bondye kreye yo, nou rete san nou pa pale? Èske lè nou rete ap reflechi sou grandè Kreyatè a se pa yon fason nou fè louwanj pou li nan kè nou? Men ki jan salmis David te kòmanse youn nan melodi li yo: “Yo fè lwanj pou ou nan Siyon—silans—, o Bondye. E moun ki fè yon ve devan w ap respekte ve li fè a.” —Sòm 65:1, NW.

Nou dwe respekte ni Jewova, ni pawòl li yo. Pa egzanp, lè Moyiz, yon pwofèt Bondye, t ap di nasyon Izrayèl la orevwa, ni li menm, ni prèt yo te di tout moun ki te la yo: “Fè yon ti silans [...]. Koute byen. Se pou nou obeyi [Jewova].” Lè pitit Izrayèl yo te rasanble ansanm pou yo li Lalwa Bondye a, menm timoun yo te dwe koute avèk atansyon. Men sa Moyiz te di pèp la: ‘Sanble tout moun, fanm kou gason ak timoun yo [...], pou yo ka aprann.’ —Det. 27:9, 10; 31:11, 12.

Se pa ti apwopriye li apwopriye pou adoratè Jewova yo nan epòk pa nou an koute avèk respè lè y ap bay enstriksyon nan rasanbleman nou yo, sa vle di nan kongrè yo tou! Lè gen moun sou estrad la k ap transmèt nou verite ki nan Bib la, èske nou t ap montre nou gen respè pou Pawòl Bondye a ak òganizasyon l lan si se nan moman sa a n ap pale youn ak lòt? Pandan sesyon yo ap dewoule, se lè sa a pou nou fè silans e pou nou koute.

Lè n ap pale ak yon moun, nou montre nou gen respè pou li lè nou byen koute l. Pa egzanp, men sa patriyach Jòb te di moun ki t ap akize l yo: “Pale avè m. [...] Lè sa a, m’a pe bouch mwen.” Lè yo t ap pale, Jòb te aksepte pou li pe bouch li pou l koute yo. Lè se te tou pa l pou l pale, men sa li te mande yo: “Kounyeya, pe bouch nou! Ban m yon chans pou m pale.” —Jòb 6:24; 13:13.

Yon prèv nou gen diskresyon ak disènman

Men sa Bib la di: “Lè ou gen bonjan konprann ou kenbe bouch ou fèmen.” E li di ankò: “Yon moun lespri konnen pou l pe bouch li.” ​(Pwo. 10:19; 11:12). Jezi te gen diskresyon ak disènman, e li te montre sa yon bèl fason lè li te pe bouch li. Lè Jezi te devan tribinal juif la devan moun ki ènmi l, e kòm li te konnen sa pa t ap itil anyen pou l pale ak yo, Bib la di: “Jezi pa louvri bouch li.” ​(Mat. 26:63). Apre sa, lè Pilat t ap jije li, li “pat reponn anyen”. Lefètke li te gen disènman, li te kite sa l te konn fè an piblik yo pale pou li. —Mat. 27:11-14.

N ap montre nou saj tou lè nou pe bouch nou, sitou lè gen moun k ap pwovoke nou. Gen yon pwovèb nan Bib la ki di: “Moun ki pa prese fè kòlè chaje disènman, men, moun ki enpasyan an egzalte sotiz.” ​(Pwo. 14:29, NW). Lè nou nan yon sitiyasyon ki mete nou aleprèv epi nou kouri pale, sa ka fè nou di bagay n ap regrèt annapre. Nan sitiyasyon konsa, nou kapab di sotiz e nou kapab pèdi sanfwa nou.

N ap montre nou gen diskresyon lè nou fè atansyon ak sa n ap di lè nou anfas moun ki mechan. Lè nou rankontre moun nan ministè nou k ap pase nou nan rizib, li kapab pi bon pou nou pe bouch nou. Anplis, èske li pa t ap saj pafwa pou nou pe bouch nou pou nou pa fè kamarad lekòl nou oswa kòlèg travay nou panse nou dakò avèk yo lè y ap bay blag ki sal oswa lè yo itilize yon langaj ki vilgè (Efe. 5:3)? Men sa yon salmis te ekri: “M’ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen.” —Sòm 39:1.

Yon “moun lespri”, sa vle di yon moun ki gen disènman, pap revele yon sekrè (Pwo. 11:12). Yon vrè kretyen ap fè atansyon pou l pa fè lòt moun konnen bagay konfidansyèl nan pale san l pa veye sou sa l ap di. Ansyen yo an patikilye bezwen fè atansyon nan sans sa a yon fason pou moun ki nan kongregasyon an ka kontinye fè yo konfyans.

Menm lè yon moun rete an silans e li pa di anyen, sa kapab gen yon efè pozitif sou lòt moun. Men sa yon ekriven ki rele Sydney Smith ki te viv nan 19yèm syèk la te ekri konsènan yon moun ki t ap viv nan menm syèk sa a: “Lè w nan yon konvèsasyon avè l, detanzantan, li fè yon ti rete san l pa pale. E sa fè se vrèman yon plezi pou moun pale avè l.” Vrèmanvre, nan konvèsasyon chak jou de zanmi ap fè, youn dwe koute lòt. Yon moun ki konn konvèse ak moun byen se yon moun ki konn koute lè lòt moun nan ap pale.

Men sa Salomon te di: “Plis ou pale anpil, plis ou ka rive fè peche. Lè ou gen bonjan konprann ou kenbe bouch ou fèmen.” ​(Pwo. 10:19). Se sa k fè, mwens yon moun pale, se mwens l ap jwenn okazyon pou l di sa l pa t dwe di. Anfèt, menm “moun sòt, lè yo rete ak bouch yo fèmen, yo pase pou moun ki gen konprann”. (Pwo. 17:28.) Kidonk, annou priye Jewova pou l ‘veye sou pawòl k’ap sòti nan bouch nou’. —Sòm 141:3.

Silans favorize meditasyon

Men sa Ekriti yo di sou moun k ap mache nan chemen jistis la: ‘Li pran tout plezi l nan lalwa Senyè a, li repase l nan tèt li lajounen kou lannwit’. (Sòm 1:2.) Nan ki kondisyon li pi bon pou yon moun repase lalwa Bondye a nan tèt li, sètadi pou li medite sou li?

“Yon jou swa, Izarak”, pitit gason patriyach Abraram, “t’ap pwonmennen deyò nan jaden li, li t’ap kalkile”. (Jen. 24:63.) Li te chwazi yon lè ki pa t gen anpil bri ak yon kote ki te kalm pou l te ka medite. Wa David tou te konn medite aswè nan moman kote pa gen bri (Sòm 63:6). Jezi, yon nonm ki te pafè, te fè tout sa li kapab pou l jwenn moman kote li te ka poukont li pou l medite. Li te konn fè sa kote pa t gen foul moun k ap fè bri, pa egzanp nan mòn, nan dezè ak lòt kote ki te izole. —Mat. 14:23; Lik 4:42; 5:16.

Vrèman, lè yon moun rete poukont li yon kote ki kalm, sa reba l fòs. Yon anviwònman ki kalm pèmèt yon moun egzamine tèt li, e se yon bagay ki esansyèl pou yon moun ka amelyore tèt li. Lè nou yon kote ki kalm, sa kapab fè nou santi nou anpè. Lè nou medite pandan moman ki kalm, sa kapab ede nou vin gen modesti ak imilite e sa kapab ede nou apresye bagay ki vrèman enpòtan nan lavi a plis toujou.

Se vre, pafwa li bon pou nou rete san nou pa pale, men gen yon ‘lè pou nou pale’. (Ekl. 3:7.) Jodi a, vrè adoratè Bondye yo okipe ap preche bon nouvèl Wayòm nan “toupatou sou latè”. (Mat. 24:14.) Tank y ap vin pi plis, se tank moun ap tande plis bri y ap fè akoz lajwa yo genyen (Mika 2:12). Annou kontinye fè pati moun k ap preche bon nouvèl Wayòm nan avèk zèl e k ap pale moun yo de tout bèl bagay Bondye fè yo. Pandan n ap patisipe nan travay enpòtan sa a, annou montre nan tout aspè nan lavi nou, pafwa, silans gen anpil valè.

[Foto nan paj 3]

Pandan reyinyon yo, nou ta dwe koute pou nou ka aprann.

[Foto nan paj 4]

Lè moun pale lèd ak nou nan ministè a, li gendwa pi bon pou nou pa reponn yo.

[Foto nan paj 5]

Silans favorize meditasyon.