Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mari, imite Kris nan fason ou demontre lanmou pou madanm ou!

Mari, imite Kris nan fason ou demontre lanmou pou madanm ou!

Mari, imite Kris nan fason ou demontre lanmou pou madanm ou!

MEN sa Jezi te di apot fidèl li yo nan dènye nuit li te pase sou tè a: “M’ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.” ​(Jan 13:34, 35). Vrèmanvre, vrè kretyen yo dwe gen lanmou youn pou lòt.

Nan yon lèt apot Pòl te ekri, men sa li te di mari kretyen yo: “Nou menm, mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la [“kongregasyon an”, NW], jouk li te asepte mouri pou li.” ​(Efe. 5:25). Ki jan yon mari kretyen kapab suiv konsèy sa a nan maryaj li, sitou lè madanm li ap sèvi Jewova tou?

Jezi te cheri kongregasyon an

Bib la di: “Se pou mari yo renmen madanm yo menm jan yo renmen pwòp tèt pa yo. Yon nonm ki renmen madanm li, li renmen pwòp tèt pa li tou. Pèsonn pa janm rayi kò li. Okontrè, li ba l manje, li pran swen l, tankou Kris la ap fè sa pou legliz la [“kongregasyon an”, NW].” ​(Efe. 5:28, 29). Jezi te gen afeksyon pou disip li yo. Menmsi yo te enpafè, li te janti avèk yo e li te montre li bon avèk yo. Lefètke li te vle pou l “fè kongregasyon an vin bèl anpil nan je l”, li te konsantre sou bèl kalite disip li yo te genyen. —Efe. 5:27, NW.

Menm jan Kris te montre li renmen kongregasyon an, se konsa tou mari yo dwe montre yo renmen madanm yo nan pawòl yo e nan aksyon yo. Lè yon mari toujou demontre madanm li li renmen l, sa fè madanm nan kontan e sa fè l santi mari l ancheri l. Yon lòt bò, menmsi yon madanm gen tout konfò li ta ka anvi genyen nan yon bèl kay, li gendwa pa gen kè kontan ditou si mari l manke enterese nan li oswa si li pa ba l atansyon.

Ki jan yon mari ka montre li ancheri madanm li? Li ka fè sa lè li prezante lòt moun madanm li avèk diyite e lè li fè lwanj pou madanm li an piblik paske li soutni l nan tout sa l ap fè. Si madanm nan te jwe yon wòl enpòtan nan yon bagay mari a akonpli pou fanmi an, li pa dwe ezite fè lòt moun konn sa. Lè yo poukont yo, madanm nan dwe santi afeksyon mari l gen pou li. Mari a ka manyen men madanm li, li ka souri ba li, li ka anbrase l oswa li ka fè l konpliman. Bagay sa yo ka parèt pa gen anpil enpòtans, men y ap touche kè madanm nan anpil.

Li pa t “wont rele yo frè”

Kris Jezi pa t “wont rele [disip wen li yo] frè”. (Ebre 2:11, 12, 17.) Si w se yon mari kretyen, ou dwe sonje madanm ou se sè w nan lafwa. Ve li te fè bay Jewova a pi enpòtan pase ve li te fè lè l t ap marye avè w la, kit li te batize anvan li te marye avè w, kit li te batize apre. Lè frè yo nan kongregasyon an ap ba l fè kòmantè, pou yo deziyen l, yo rele l “sè”, e se toutafè nòmal pou yo fè sa. Se sè w li ye tou, pa sèlman nan Sal Wayòm nan, men anndan kay la tou. Donk, li enpòtan pou w bon avè l e pou w janti avè l ni nan kay la ni nan Sal Wayòm nan.

Si w gen responsablite nan kongregasyon an, pafwa li ka difisil pou w fè tout sa w gen pou w fè ni pou kongregasyon an ni pou fanmi w. Pami frè ak sè yo, sè ki plis bezwen w lan se madanm ou. W ap kapab jwenn tan pou w pase avè l si w byen kolabore ak lòt ansyen ak asistan ministeryèl yo e si w delege kèk nan responsablite ou genyen yo. Yon bagay pou w sonje, sèke anpil frè nan kongregasyon an kapab fè travay yo asiyen w pou fè yo, men se sèl ou menm ki marye ak madanm ou.

Anplis, se ou ki chèf madanm ou. Bib la di: “Kris la se chèf tout gason, gason se chèf fanm.” ​(1 Kor. 11:3). Antanke chèf, ki jan w dwe aji? Ou dwe aji avèk amou. Ou pa bezwen repete l vèsè sa a tout tan pou w egzije l respekte w. Pou w aji kòrèkteman antanke chèf, ou bezwen imite Jezi Kris nan fason w trete madanm ou. — 1 Pyè 2:21.

“Se zanmi m nou ye”

Jezi te rele disip li yo zanmi l. Li te di yo: “Mwen p’ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mèt li ap fè. M’ap rele nou zanmi paske mwen fè nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen.” ​(Jan 15:14, 15). Jezi ak disip li yo te gen bon kominikasyon e yo te konn fè aktivite ansanm. Yon lè yo “te envite Jezi ak disip li yo” nan yon nòs ki t ap fèt Kana (Jan 2:2). Yo te gen kote yo te renmen ale ansanm, tankou jaden Jetsemane. Bib la di “Jezi te konn vin la anpil fwa ak disip li yo”. —Jan 18:2.

Yon madanm vrèman bezwen santi se li ki pi bon zanmi mari l. Li enpòtan anpil pou ou menm ak madanm ou pase bon ti moman nan lavi nou ansanm! Se pou nou sèvi Bondye ansanm. Se pou nou pran plezi etidye Labib ansanm. Se pou nou pase tan ansanm, swa pandan n ap fè ti pwomnad, swa pandan n ap pale youn ak lòt oswa lè n ap manje ansanm. Se pou nou plis pase de moun marye, se pou nou de bon zanmi.

“Li te renmen yo nèt ale”

Jezi “te renmen [disip li yo] nèt ale”. (Jan 13:1.) Gen mari ki pa imite Kris nan sans sa a. Pafwa, yo menm abandone ‘madanm yo te marye avè l lè yo te jenn lan’, petèt pou yon lòt fi ki pi jèn. —Mal. 2:14, 15.

Sepandan, gen lòt, tankou Willi, ki imite Kris. Lefètke sante madanm Willi t ap bese, pandan kèk ane, li te bezwen pou yon moun toujou ap pran swen l. Ki reyaksyon Willi te genyen? Men sa li di: “Mwen toujou konsidere madanm mwen kòm yon kado Bondye ban mwen, e mwen toujou ba l anpil valè poutèt sa. Dayè, sa gen 60 an depi m te pwomèt m ap pran swen l ni nan bon moman ni nan move moman. Mwen pap janm bliye pwomès sa a.”

Ou menm mari ki kretyen, se pou w imite Jezi nan fason w demontre lanmou pou madanm ou. Ancheri madanm ou ki gen lakrentif pou Bondye. Li se sè w e li se zanmi w.

[Foto nan paj 20]

Èske madanm ou se pi bon zanmi w?

[Foto nan paj 20]

‘Se pou nou kontinye renmen madanm nou.’