Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Bondye konn chanje lide?

Èske Bondye konn chanje lide?

Èske Bondye konn chanje lide?

MEN sa Labib di anrapò ak Bondye: “Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li.” Pou Bondye ban nou asirans sou sa, men sa li di: “Mwen se Jewova, mwen pa chanje.” ​(Jak 1:17; Malaki 3:6, NW). Gen moun li vrèman difisil pou lòt moun fè yo plezi e pou yo fè yo konfyans paske yo toujou ap chanje lide. Jewova Dye pa konsa ditou!

Sepandan, gen moun k ap li Bib la ki konn ap mande tèt yo si Bondye pa chanje lide. Pa egzanp, yon lè Jewova Dye te bay kretyen yo pouvwa pou yo fè mirak, men jodi a, li pa fè sa ankò. Nan tan lontan, li te pèmèt yon gason gen plizyè madanm (yo rele sa poligami), men li pa pèmèt sa ankò. Sou Lwa Moyiz la, Jewova te mande pou moun yo obsève saba, men kounye a, li pa mande sa ankò. Èske egzanp sa yo pa montre Bondye chanje?

Toudabò, nou kapab sèten prensip li yo ki baze sou lanmou ak jistis pa janm chanje. Ansuit, “objektif etènèl” li genyen pou l bay limanite anpil benediksyon pa mwayen Wayòm li an pa janm chanje (Efezyen 3:11, NW). Men, menm jan ou ka chanje opinyon w te genyen sou yon moun ki toujou ap aji yon fason ki pa fè w plezi, se konsa tou Jewova chanje lè sikonstans yo chanje.

Bondye konn chanje enstriksyon l tou selon sitiyasyon sèvitè l yo e selon bezwen yo. Sa pa ta dwe fè nou sezi. Nou kapab reflechi sou sa yon gid konpetan t ap fè si l wè gen yon danje nan wout li pral pase ak yon gwoup moun l ap gide. Li t ap mande yo pou yo pase nan yon lòt wout pou yo ka pase lwen danje a. Men, sa pa vle di li chanje lide anrapò ak kote li te vle mennen yo a, pa vre? Annou egzamine twa egzanp nou te mansyone pi wo yo, ki gen rapò ak yon seri kesyon moun konn twouve ki difisil pou yo jwenn repons yo.

Sa k fè pa gen mirak ankò?

Poukisa Bondye te bay kèk kretyen nan premye syèk yo pouvwa pou yo fè mirak? Petèt ou konnen lè Izrayèl te nasyon Bondye te chwazi a, souvan Bondye te fè mirak pou l te demontre li te avèk nasyon an. Bondye te sèvi ak Moyiz pou l demontre pisans estrawòdinè li genyen an lè l te delivre Izrayèl ann Ejip e li te gide l nan dezè a pou l mennen l nan Latè pwomiz. Malerezman, souvan Izrayelit yo pa t montre yo gen lafwa nan li. Finalman, lè Jewova te rejte Izrayèl e li te etabli kongregasyon kretyen an, li te bay apot yo ak kèk lòt kretyen pouvwa pou yo fè mirak. Pa egzanp, apot Pyè ak apot Jan te geri yon mesye ki te enfim depi lè l te fèt e apot Pòl te resisite yon moun (Travay 3:2-8; 20:9-11). Mirak yo te fè yo te ede moun nan anpil peyi mete konfyans nan kongregasyon kretyen an. Men, sa k fè mirak pa fèt ankò?

Pòl te sèvi ak yon egzanp pou l esplike sa. Li te di: “Lè m te timoun, mwen te pale tankou timoun, mwen te konprann tankou timoun, mwen te fè tèt mwen travay tankou timoun. Men, kounyeya mwen fin gran, mwen kite tou sa timoun te konn fè.” ​(1 Korentyen [1 Korent] 13:11). Paran yo pa trete pitit yo ki piti menm jan ak pitit yo genyen ki nan laj adilt. Konsa tou, Jewova te chanje fason l aji ak kongregasyon an paske kongregasyon an pa t tankou yon “timoun” ankò. Apot Pòl te fè konnen don Jewova te bay kèk moun pou yo fè mirak la te gen pou “disparèt”, tankou kapasite pou moun pale nan lòt lang ak kapasite pou moun bay pwofesi. —1 Korentyen 13:8.

Sa k fè Bondye te pèmèt yon gason gen plizyè madanm?

Jezi te montre Bondye te mete yon prensip pou maryaj lè L te di de premye moun yo pawòl sa yo: “Gason an va kite papa l ak manman l pou l mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò.” ​(Se nou ki mete mo yo ann italik; Matye 19:5). Maryaj te fèt pou l yon inyon ki pèmanan ant de moun. Men, anvan Jewova te òganize Izrayelit yo an nasyon e li te ba yo Lalwa, afè poligami an te gentan gaye toupatou. Se poutèt sa, menmsi se pa Bondye ki te vin avèk poligami e li pa t ankouraje sa, li te bay lwa sou sa. Lè kongregasyon kretyen an te fin fòme, Pawòl Bondye a te montre byen klè yon gason pa dwe gen plizyè madanm. —1 Timote 3:2.

Jewova konn tolere yon seri bagay jiskaske lè a rive pou l korije yo (Women 9:22-24). Jezi te fè Izrayelit yo konnen Jewova te tolere poligami pandan yon tan e li te bay gason yo “dwa kite ak madanm” yo paske Izrayelit yo te “gen tèt di”. —Matye 19:8; Pwovèb 4:18.

Sa k fè Bondye te egzije pou moun obsève saba pou yon tan sèlman?

Bondye te vin ak dispozisyon pou Izrayelit yo obsève saba chak semèn apre li te fin delivre yo ann Ejip. Li te mete l nan Lwa li te ba yo antanke nasyon an (Egzòd 16:22-30; 20:8-10). Apot Pòl esplike lè Jezi te bay tèt li an sakrifis la, li te “aboli lalwa Moyiz la ansanm ak kòmandman l yo ak tout regleman l yo” e “li [te] efase dokiman ki [te] ekri alamen” an (Efezyen 2:15; Kolosyen 2:14, NW). Pami bagay ki “aboli” e ki “efase” yo, gen lwa sou saba a, paske men sa Labib di ankò: “Donk, pèsonn pa dwe jije nou sou kesyon manje ak kesyon bwè, oubyen sou kesyon fèt, oubyen nouvèl lin, oubyen jou saba.” ​(Kolosyen 2:16, Bib Kreyòl La). Poukisa menm Bondye te bay Lalwa e li te mete lwa sou saba a ladan l?

Men sa apot Pòl te ekri: ‘Lalwa te tankou yon moun ki la pou veye nou, jouk lè Kris la vini.’ Ansuit, li te di: “Kounyeya, lè a rive pou nou gen konfyans nan Kris la. Nou pa anba men moun ki t’ap veye nou an ankò.” ​(Galat 3:24, 25). Se pa chanje Bondye te chanje lide. Olye de sa, li te sèvi ak saba a kòm yon dispozisyon pou yon tan sèlman pou l te kapab aprann pèp la yo toujou bezwen pran tan pou yo medite sou bagay espirityèl yo. Byenke lwa sou saba a te la pou yon tan sèlman, li te anonse yon epòk kote limanite pral gen yon repo pou toutan anba pwoblèm fizik ak pwoblèm espirityèl yo genyen. —Ebre 4:10; Revelasyon 21:1-4.

Yon Bondye ki merite pou nou fè l konfyans e ki gen lanmou

Egzanp sa yo Labib bay nou sot egzamine pi wo a montre Jewova Dye konn bay enstriksyon ak direksyon ki diferan nan diferan epòk. Men, sa pa vle di li te chanje lide. Okontrè, li te aji konsa nan enterè sèvitè l yo yon fason pou l te reponn ak bezwen yo lè sikonstans yo te chanje. Se menm bagay la jodi a.

Piske Jewova pa chanje prensip li yo, nou kapab toujou konnen sa pou nou fè pou nou fè l plezi. Anplis de sa, nou kapab sèten tout sa l pwomèt ap reyalize kanmenm. Men sa Jewova di: ‘M’ap fè tou sa mwen vle fè. Depi mwen fè lide fè yon bagay, fòk li fèt.’ —Izayi [Ezayi] 46:10, 11.

[Antrefilè nan paj 25]

Bondye pa janm chanje prensip li yo ki baze sou lanmou ak jistis.

[Antrefilè nan paj 26]

Pòl te esplike, avèk letan, don pou moun fè mirak la t ap “disparèt”.

[Antrefilè nan paj 27]

Maryaj te fèt pou l yon inyon ki pèmanan ant de moun.