Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou montre nou gen zèl pou kay Jewova a!

Annou montre nou gen zèl pou kay Jewova a!

Annou montre nou gen zèl pou kay Jewova a!

“Zèl mwen gen pou kay ou a ap devore m.” —JAN 2:17, NW.

1, 2. Ki sa Jezi te fè nan tanp lan nan ane 30 epòk nou an, e poukisa?

IMAJINE sèn nan: nou nan fèt Pak nan ane 30 epòk nou an. Jezi gen simwa depi li kòmanse ministè l sou tè a. Kounye a, li sou wout pou l al Jerizalèm. Lè l rive nan tanp lan, nan lakou moun nasyon yo, li jwenn ‘yon bann moun ap vann bèf, mouton ak pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan’. Li sèvi ak yon fwèt ki fèt ak kòd pou l mete bèt yo deyò, e natirèlman moun k ap vann yo soti al dèyè yo. Anplis, Jezi chavire tab yo e li lage lajan moun ki t ap chanje kòb yo atè. Li bay moun ki t ap vann pijon yo lòd pou yo pran sa yo te genyen yo e pou yo al fè wout yo. —Jan 2:13-16.

2 Fason Jezi te aji a montre aklè tanp lan te gen anpil valè nan je l. Anplis, men sa li te di: “Pa fè kay Papa m lan tounen yon boutik kote yo fè komès.” Lè disip Jezi yo wè sa, yo sonje pawòl salmis David te ekri plizyè syèk anvan sa lè l te di: “Zèl mwen gen pou kay ou a ap devore m.” —Jan 2:16, 17; NW; Sòm 69:9.

3. a) Ki lè yon moun zele? b) Ki kesyon nou chak nou ta dwe poze tèt nou?

3 Se sousi Jezi te gen pou kay Bondye a ak zèl li te genyen pou li ki te pouse l aji konsa. Yon moun zele lè l “enterese anpil nan yon bagay l ap fè”. Nan 21yèm syèk n ap viv ladan l lan, gen plis pase sèt milyon kretyen ki montre kay Bondye a gen anpil valè nan je yo. Nou chak nou ta dwe mande tèt nou: ‘Ki jan m ka vin gen plis zèl pou kay Jewova a?’ Pou nou reponn kesyon sa a, toudabò, annou egzamine ki sa kay Bondye a ye jodi a. Apre sa, nou pral wè egzanp kèk moun fidèl nan Bib la ki te montre yo zele pou kay sa a. Egzanp moun sa yo “moutre nou anpil bagay” e yo ankouraje nou pou nou vin gen plis zèl. —Wom. 15:4.

Kay Bondye a nan tan lontan ak jodi a

4. Ki wòl tanp Salomon te konstwi a te jwe?

4 Nan Izrayèl tan lontan an, kay Bondye a se te tanp lan ki te nan Jerizalèm. Natirèlman, Jewova pa t rete nan kay sa a fizikman. Men sa l te deklare: “Syèl la, se fòtèy kote mwen chita a. Tè a, se ti ban pou m lonje pye m. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m poze kò m?” ​(Iza. 66:1). Malgre sa, tanp ki te konstwi sou rèy Salomon an te sèvi kòm prensipal kote pou moun adore Jewova, kote moun yo te konn priye l. —1 Wa 8:27-30.

5. Ki dispozisyon ki genyen nan epòk nou an adorasyon yo te konn fè nan tanp Salomon an te anonse?

5 Jodi a, kay Jewova a, se pa yon batisman an wòch ki Jerizalèm oubyen ki yon lòt kote. Depreferans, se dispozisyon Jewova pran pou nou adore l sou baz sakrifis Jezi te bay kòm ranson an. Tout sèvitè fidèl Bondye yo ki sou tè a met ansanm pou yo adore l nan tanp espirityèl li a. —Iza. 60:4, 8, 13; Tra. 17:24; Ebre 8:5; 9:24.

6. Ki wa nan peyi Jida ki te demontre yon zèl estrawòdinè pou vrè adorasyon an?

6 Apre Izrayèl te fin divize nan ane 997 anvan epòk nou an, sou 19 wa ki te gouvène Jida, pati sid la, gen 4 ki te demontre yon zèl estrawòdinè pou vrè adorasyon an. Se te Aza, Yewochafat, Izkiya ak Yochiya. Ki leson enpòtan nou ka tire nan egzanp yo?

Moun ki sèvi Bondye ak tout kè yo jwenn benediksyon

7, 8. a) Ki kalite sèvis Jewova beni? b) Ki leson nou ka tire nan egzanp wa Aza ki ka tou sèvi nou avètisman?

7 Pandan rèy wa Aza, Jewova te voye pwofèt pou ede nasyon L lan mache sou chemen fidelite a. Pa egzanp, Labib fè nou konnen Aza te koute pwofèt Azarya, pitit Odèd. (Li 2 Kwonik 15:1-8.) Refòm Aza te fè yo te fè pèp Jida a ini e yo te fè anpil moun ki te fè pati wayòm Izrayèl la ini avèk yo tou lè yo te vini pou yo patisipe nan yon gwo asanble ki t ap fèt Jerizalèm. Yo te mete ansanm pou yo deklare detèminasyon yo te pran pou yo adore Jewova fidèlman. Men sa Labib fè konnen: “Yo fè sèman bay Senyè a byen fò y’ap kenbe angajman yo. Yo te kontan, yo t’ap rele, yo t’ap kònen twonpèt ak klewon. Tout moun peyi Jida yo te kontan, paske yo te fè sèman an ak tout kè yo. San pèsonn pa fòse yo, yo te sòti pou yo te chache konnen volonte Senyè a. Senyè a menm te kite yo jwenn li. Li fè yo viv ak kè poze ak tout moun nan vwazinay yo.” ​(2 Kwo. 15:9-15). Asireman, Jewova ap beni nou menm jan an tou si nou sèvi l ak tout kè nou. —Mak 12:30.

8 Malerezman, annapre, Aza te santi l vekse paske Anani, vwayan an, te korije l (2 Kwo. 16:7-10). Ki jan nou reyaji lè Jewova ban nou konsèy oswa direksyon pa mwayen ansyen yo? Èske nou aksepte konsèy yo ban nou ki baze sou Ekriti yo imedyatman e nou aplike yo, san nou pa vekse poutèt yo ban nou konsèy yo?

9. Devan ki menas Yewochafat ak Jida te twouve yo, e ki jan yo te reyaji?

9 Yewochafat te wa nan Jida nan dizyèm syèk anvan epòk nou an. Li menm ansanm ak tout Jida t ap fè fas ak yon menas. Moun peyi Amòn, moun peyi Mowab ak moun rejyon mòn Seyi yo te mete tèt yo ansanm pou yo fè lagè kont Yewochafat ak Jida. Ki sa wa a te fè, malgre l te pè? Li menm ak mesye ki te avè l yo ansanm ak madanm yo ak pitit yo te rasanble nan kay Jewova a pou yo priye. (Li 2 Kwonik 20:3-6.) Nan moman sa a, Yewochafat te sipliye Jewova nan yon priyè ki sanble ak priyè Salomon te fè nan inogirasyon tanp lan. Men sa l te di: “Ou se Bondye nou. Se ou menm ki pou pini yo paske nou pa gen fòs pou n kanpe devan tout gwo lame sa a k’ap vin atake nou an. Nou pa konn sa pou nou fè! N’ap tann sa ou pral fè pou nou.” ​(2 Kwo. 20:12, 13). Lè Yewochafat fin priye, lespri Jewova pouse Yahaziyèl, yon Levit “ki te la nan mitan yo”, pou l di pawòl rekonfòtan ki te fè pèp la gen konfyans. —Li 2 Kwonik 20:14-17.

10. a) Ki jan Yewochafat ak Jida te resevwa direksyon? b) Ki jan nou ka montre nou gen apresyasyon pou direksyon Jewova ban nou jodi a?

10 Lè sa a, Yewochafat ak wayòm Jida a te resevwa direksyon nan men Jewova pa mwayen Yahaziyèl. Jodi a, nou jwenn rekonfò e nou jwenn direksyon nan men klas esklav fidèl ki prevwayan an. Yon bagay ki sèten, sèke nou bezwen toujou kowopere avèk ansyen yo e nou bezwen toujou demontre nou gen respè pou yo. Yo fè anpil efò pou yo pran swen nou e pou yo suiv direksyon “esklav fidèl ki prevwayan an” bay yo. —Mat. 24:45, NW; 1 Tes. 5:12, 13.

11, 12. Ki leson nou ka tire nan sa k te rive Yewochafat ak Jida a?

11 Menm jan Yewochafat ak pèp la te reyini ansanm pou yo chèche direksyon nan men Jewova, se konsa tou nou pa dwe janm neglije asiste reyinyon yo regilyèman ansanm ak frè ak sè nou yo. Pafwa, si nou twouve nou nan gwo difikilte e nou pa konn ki sa pou nou fè, annou suiv bèl egzanp Yewochafat ak moun Jida yo kite pou nou; annou chèche direksyon Jewova nan lapriyè toutpandan nou mete tout konfyans nou nan li (Pwo. 3:5, 6; Fil. 4:6, 7). Menmsi nou izole, lè nou priye Jewova, sa ede nou santi nou pa poukont nou e sa ede nou santi nou pwòch ak tout “lòt frè nou yo ki nan lemonn”. —1 Pyè 5:9.

12 Yewochafat ak pèp la te koute enstriksyon Yahaziyèl te bay ki te soti nan Jewova. Ki rezilta sa te bay? Yo te pote laviktwa nan gè ki te vin fèt la e yo te retounen Jerizalèm “ak gwo kè kontan”, yo te “ale nan Tanp Senyè a, pandan yo t’ap jwe gita, bandjo [“enstriman akòd, avèk hap”, NW] ak twonpèt”. (2 Kwo. 20:27, 28.) Menm jan an tou, nou suiv avèk respè direksyon Jewova ban nou pa mwayen kanal kominikasyon l lan e nou ba Li louwanj nan inite.

Annou byen pran swen kote nou fè reyinyon yo

13. Ki travay Izkiya te kòmanse fè lè l te fèk kòmanse reye?

13 Pandan premye mwa Izkiya t ap reye a, li te demontre zèl li genyen pou adorasyon Jewova lè l te retounen ouvri tanp lan e li te repare l. Li te fè aranjman pou prèt yo ak Levit yo netwaye kay Bondye a. E yo te fè sa nan 16 jou. (Li 2 Kwonik 29:16-18.) Sa fè nou panse ak travay antretyen e ak travay renovasyon ki fèt pou pèmèt kote nou reyini yo toujou rete nan yon kondisyon ki demontre zèl nou genyen pou adorasyon Jewova. Èske w pa janm tande pawòl moun konn di ki montre gen moun ki enpresyone lè yo wè zèl frè ak sè k ap patisipe nan travay sa a genyen? Wi, travay yo fè nan domèn sa a bay Jewova anpil louwanj.

14, 15. Ki travay k ap fèt jodi a ki bay Jewova anpil louwanj? Bay kèk egzanp.

14 Nan yon vil ki nan nò peyi Angletè, gen yon mesye ki gen yon Sal Wayòm ki tou kole ak lakay li ki pa t dakò pou frè yo renove Sal la. Frè yo te reyaji avèk jantiyès. Yo te remake mi ki ant Sal Wayòm nan ak kay vwazen an te bezwen reparasyon e yo te pwopoze l pou yo repare l gratis. Yo te travay di. Anfèt, yo te prèske rekonstwi tout miray la. Yo te tèlman byen jere sitiyasyon an vwazen an te vin chanje atitid. Kounye a, li toujou veye sou Sal Wayòm nan pou yo.

15 Pèp Jewova a ap patisipe nan yon travay konstriksyon k ap fèt sou tout tè a. Frè ak sè nan divès zòn kote travay sa a ap fèt pote yo volontè pou yo travay ansanm ak sèvitè entènasyonal yo k ap sèvi aplentan. Yo patisipe nonsèlman nan konstriksyon Sal Wayòm, men tou, nan konstriksyon Sal asanble ak Betèl. Sam se yon enjenyè ki travay nan mete sistèm chofaj, vantilasyon ak klimatizasyon. Li menm ak Ruth, madanm li, te vwayaje nan plizyè peyi ann Ewòp e ann Afrik pou yo ka bay koutmen nan travay konstriksyon yo. Kèlkeswa kote y ale a, yo toujou pran plezi pou yo patisipe nan travay predikasyon an ansanm ak kongregasyon ki nan zòn nan. Sam esplike rezon ki te pouse l patisipe nan travay konstriksyon entènasyonal sa yo. Men sa l di: “Se te ankourajman mwen te resevwa nan men lòt moun k ap sèvi nan Betèl ki nan diferan kote sou tè a. Lè m ap gade zèl ak lajwa yo genyen, sa te fè m anvi sèvi aplentan menm jan an tou.”

Annou obeyi enstriksyon Bondye bay yo

16, 17. Nan ki aktivite espesyal pèp Bondye a te patisipe avèk zèl, e ki rezilta sa te bay?

16 Nonsèlman Izkiya te fè reparasyon nan tanp lan, men tou, li te rekòmanse selebre fèt Pak la, jan Jewova te kòmande pèp la pou yo fè sa chak ane. (Li 2 Kwonik 30:1, 4, 5.) Izkiya ak moun ki te abite Jerizalèm yo te envite tout nasyon an, menm moun ki te nan wayòm nò yo, pou yo vin asiste fèt la. Te gen moun yo te voye al distribye lèt envitasyon nan tout peyi a. —2 Kwo. 30:6-9.

17 Nan dènye ane ki sot pase la yo, nou te fè apeprè menm bagay la. Nou te sèvi ak envitasyon enprime ki atiran e ki bèl pou nou envite moun ki nan tèritwa nou yo pou yo reyini avèk nou pou nou komemore Soupe Seyè a, jan Jezi te mande sa (Lik 22:19, 20). Nou te resevwa enstriksyon nan reyinyon sèvis yo e nou te patisipe avèk zèl nan travay sa a. Se pa ti beni Jewova beni aktivite sa a! Ane pase, gen anviwon sèt milyon nan nou ki te distribye fich envitasyon, e antou te gen 17 790 631 moun ki te asiste Memoryal la.

18. Poukisa ou twouve li enpòtan pou w gen zèl pou vrè adorasyon an?

18 Men sa Labib di konsènan Izkiya: “Ezekyas [“Izkiya”, NW] te mete tout konfyans li nan Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Peyi Jida a pa [t] janm gen yon wa tankou l, ni anvan l ni apre l. Li te kenbe Bondye li fèm, li pat janm dezobeyi l. Li te fè tou sa Senyè a te mande dapre lòd Senyè a te bay Moyiz.” ​(2 Wa 18:5, 6). Annou fè menm bagay la tou. Zèl nou genyen pou kay Bondye a ap ede nou ‘kenbe Bondye nou an fèm’. Konsa, n ap kontinye gen esperans pou nou gen lavi etènèl. —Det. 30:16.

Annou suiv enstriksyon yo ban nou yo san pran tan

19. Ki gwo efò nou fè lè Memoryal la?

19 Lè Yochiya te wa, li menm tou li te fè aranjman pou yo te selebre Pak la e li te fè gwo preparasyon pou sa (2 Wa 23:21-23; 2 Kwo. 35:1-19). Nou menm tou, nou fè anpil efò pou nou byen prepare nou nonsèlman pou Memoryal la, men tou, pou kongrè distri yo, pou asanble sikonskripsyon yo e pou jounen asanble espesyal yo. Nan kèk peyi, frè yo menm riske lavi yo pou yo rasanble ansanm pou yo komemore lanmò Kris la. Ansyen yo ki zele veye aske yo pa bliye pèsonn nan kongregasyon an. Moun ki aje yo ak moun ki enfim yo jwenn èd pou yo la pou okazyon an.

20. a) Ki sa k te rive pandan rèy Yochiya a, e ki jan Yochiya te reyaji? b) Ki leson nou tire nou dwe reflechi sou li seryezman?

20 Pandan yo t ap fè travay Yochiya te bay fè pou restore tanp lan, Ilkya, gran prèt la, te “jwenn liv Lalwa Senyè a te bay Moyiz” la. Li te bay Chafàn, sekretè wa a liv la, e Chafàn te li l pou Yochiya. (Li 2 Kwonik 34:14-18.) Ki efè sa te fè sou wa a? Menm moman an, wa a te chire rad sou li tèlman li te chagren e li bay mesye yo lòd pou yo mande Jewova sa pou yo fè. Pa mwayen pwofetès Oulda, Bondye te bay yon mesaj kote l te kondane kèk nan pratik relijye ki te gen nan Jida yo. Men, Jewova te remake bon efò Yochiya te fè pou l elimine idolatri. Se sa k fè Yochiya te kontinye gen favè Jewova malgre kalamite Li te anonse ki t apral frape tout nasyon an (2 Kwo. 34:19-28). Ki sa sa aprann nou? Asireman, nou gen menm dezi ak Yochiya. Se sa k fè nou dwe suiv direksyon Jewova bay yo san pèdi tan e nou dwe reflechi seryezman sou sa nou aprann nan egzanp sa yo konsènan sa ki ka rive nou si nou ta tonbe nan apostazi e nou ta sispann adore Jewova avèk fidelite. Egzanp sa yo se avètisman pou nou. Nou mèt gen asirans, menm jan Jewova te wè zèl Yochiya te genyen an e sa te fè l kontan, se konsa tou li wè zèl nou genyen pou vrè adorasyon an e sa fè kè l kontan.

21, 22. a) Poukisa nou ta dwe gen zèl pou kay Jewova a? b) Ki sa nou pral wè nan atik ki vin apre a?

21 Toule kat wa sa yo, Aza, Yewochafat, Izkiya ak Yochiya, ki te wa nan peyi Jida, kite bon egzanp pou nou nan kesyon montre nou zele pou kay Bondye a e pou adorasyon l lan. Menm jan avèk yo, zèl nou genyen ta dwe pouse nou mete konfyans nou nan Jewova epi pou nou mete tout nou menm nan adorasyon n ap ba li a. Vrèman, nou montre nou saj lè nou obeyi enstriksyon Bondye ban nou yo e lè nou montre nou apresye fason Bondye itilize kongregasyon an ak ansyen yo pou li pran swen nou e pou li korije nou. Anplis, lè nou aji konsa, se sèten n ap jwenn kè kontan.

22 Atik ki vin apre a pral mete aksan sou zèl nou dwe gen nan ministè a e li pral ankouraje jèn yo pou yo sèvi Papa nou ki nan syèl la e ki renmen nou anpil la avèk zèl. Anplis, nou pral konsidere ki jan nou ka evite youn nan pi gwo bagay Satan itilize pou l kòwonp moun. Si nou suiv rapèl sa yo Jewova ban nou yo avèk zèl, n ap montre nou suiv egzanp Jezi, Pitit Jewova a. Men sa yo te anonse konsènan li: “Zèl mwen gen pou kay ou a t ap devore m.” —Sòm 69:9, NW; 119:111, 129; 1 Pyè 2:21.

Èske nou sonje?

• Ki kalite sèvis Jewova beni, e poukisa?

• Ki jan nou ka demontre nou gen konfyans nan Jewova?

• Ki jan zèl nou genyen ka pouse nou obeyi enstriksyon Bondye ban nou?

[Kesyon]

[Foto nan paj 9]

Ki jan Aza, Yewochafat, Izkiya ak Yochiya te demontre yo gen zèl pou kay Jewova a?