Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou montre nou ‘zele pou nou fè bèl travay’!

Annou montre nou ‘zele pou nou fè bèl travay’!

Annou montre nou ‘zele pou nou fè bèl travay’!

“[Jezi] te bay tèt li pou nou pou l ka delivre nou anba tout sa lalwa kondane e pou l ka pirifye yon pèp pou li menm, yon pèp ki rele l pa l, ki zele pou l fè bèl travay.” —TIT 2:14, NW.

1. Ki sa k pase lè Jezi te rive nan tanp lan nan dat 10 Nizan ane 33 epòk nou an?

NOU nan dat 10 Nizan ane 33 epòk nou an, kèk jou sèlman anvan fèt Pak la. Gen yon foul moun ki vin nan zòn tanp lan nan Jerizalèm pou yo adore Bondye e y ap tann fèt la avèk enpasyans. Ki sa k pral pase lè Jezi rive nan tanp lan? Twa nan moun ki te ekri Evanjil yo, Matye, Mak ak Lik, fè nou konnen Jezi te mete moun k ap achte e k ap vann yo deyò nan tanp lan pou yon dezyèm fwa. Li chavire tab moun k ap chanje lajan yo ak ban moun k ap vann pijon yo (Mat. 21:12; Mak 11:15; Lik 19:45). Sa gen twazan depi Jezi te fè menm bagay la, e zèl li te genyen lè l te fè sa a pa diminye. —Jan 2:13-17.

2, 3. Kòman nou fè konnen zèl Jezi pa t pouse l pirifye tanp lan sèlman?

2 Liv Matye a montre zèl Jezi te genyen lè sa a pa t pouse l pirifye tanp lan sèlman, men tou, li te pouse l geri moun ki avèg ak moun ki enfim nan pye ki te vin kote l nan tanp lan (Mat. 21:14). Liv Lik la pale de lòt bagay ankò Jezi te fè. Men sa l di: “Chak jou, Jezi te nan tanp lan, li t’ap moutre moun yo anpil bagay.” ​(Lik 19:47; 20:1). Kidonk, zèl Jezi te parèt byen klè nan ministè l.

3 Pi devan, apot Pòl ekri Tit e li esplike l Jezi “te bay tèt li pou nou pou l ka delivre nou anba tout sa lalwa kondane e pou l ka pirifye yon pèp pou li menm, yon pèp ki rele l pa l, ki zele pou l fè bèl travay”. (Tit 2:14, NW.) Ki jan nou ka montre nou ‘zele pou nou fè bèl travay’ jodi a? E ki jan egzanp bon wa Jida yo ka ankouraje nou?

Annou montre nou zele pou nou preche e pou nou anseye

4, 5. Ki jan kat wa nan peyi Jida te montre yo zele pou yo fè bèl travay?

4 Aza, Yewochafat, Izkiya ak Yochiya te mennen gwo kanpay pou yo derasinen idolatri nan Jida. Aza te “fè disparèt tout lotèl yo te bati pou bondye lòt nasyon yo ak tout kote yo te konn fè sèvis pou yo. Li fè kraze zidòl yo, li koupe estati Achera yo [“poto sakre yo”, NW] voye jete”. (2 Kwo. 14:3.) Yewochafat, ki te gen yon zèl ki tankou yon dife pou vrè adorasyon Jewova a te “fè disparèt tout kote yo t’ap sèvi zidòl [“andwa ki wo yo”, NW] nan peyi Jida a, ansanm ak tout estati Achera yo”. —2 Kwo. 17:6, 7; 19:3 *.

5 Izrayelit yo te pase sèt jou ap selebre fèt Pak Izkiya te òganize nan Jerizalèm nan yon fason solanèl. Apre sa, Bib la di: “Tout moun pèp Izrayèl ki te la yo ale nan tout lavil pèyi Jida yo. Yo kraze moniman wòch yo, yo jete estati zidòl Achera yo, yo demoli dènye tanp ak lotèl kote yo fè sèvis pou zidòl yo. Yo mache fè sa nan tout peyi Jida a, nan peyi moun Benjamen, moun Efrayim ak moun Manase yo.” ​(2 Kwo. 31:1). Yochiya te gen uit an sèlman lè l te vin wa. Men sa Ekriti yo di: “Jozyas [Yochiya] t’ap mache sou witan depi li te wa lè li konmanse chache konnen volonte Bondye David, zansèt li a. Lè sa a li te yon jenn gason toujou. Li t’ap mache sou douzan depi li te wa lè li konmanse fè detwi tout tanp zidòl, tout pòtre Achera, tout lòt estati an bwa ak an bwonz nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm.” ​(2 Kwo. 34:3). Donk, toule kat wa sa yo te zele pou yo fè bèl travay.

6. Poukisa nou kapab konpare ministè nou ak kanpay kèk wa fidèl nan Jida te fè?

6 Menm jan an tou, jodi a nou patisipe nan yon kanpay pou nou ede moun yo libere ni anba fo ansèyman nan domèn relijye, ni anba idolatri. Predikasyon kay an kay nou fè a pèmèt nou rankontre tout kalite moun (1 Tim. 2:4). Gen yon ti fi azyatik ki sonje ki jan manman l te konn fè sèvis devan yon pakèt imaj lakay li. Li te santi li t ap enposib pou tout imaj sa yo reprezante vrè Dye a, se sa k fè li te konn priye souvan pou l konnen kiyès vrè Dye a ye. Yon jou, li tande yon moun ap frape nan pòt lakay li. Lè l al ouvri pòt la, li jwenn de Temwen ki te dispoze ede l konnen non vrè Dye a: Jewova. Se pa ti kontan li te kontan konnen laverite sou zidòl yo! Kounye a, l ap patisipe nan travay predikasyon an avèk zèl e l ap ede lòt moun nan domèn espirityèl. —Sòm 83:18; 115:4-8; 1 Jan 5:21.

7. Ki sa nou ka fè pou nou imite anseyan ki te vwayaje nan tout peyi Jida yo nan epòk Yewochafat la?

7 Èske nou preche tèritwa nou afon lè n ap patisipe nan travay predikasyon kay an kay la? Li enteresan pou nou note nan twazyèm ane rèy Yewochafat la, li te voye chèche senk prens, nèf Levit ak de prèt. Li te fè yo vwayaje nan tout vil yo pou yo te ka anseye moun yo lwa Jewova yo. Yo te tèlman fè yon bon travay, moun nan nasyon ki alantou Izrayèl yo te kòmanse krenn Jewova. (Li 2 Kwonik 17:9, 10.) Lè nou pase lakay moun yo nan lè ak nan jou ki diferan, sa ka ban nou posiblite pou nou pale ak plizyè moun nan yon kay.

8. Ki jan nou ka fè pou nou elaji ministè nou?

8 Gen anpil sèvitè Bondye nan epòk nou an ki dispoze kite kay yo pou y al sèvi kote ki bezwen pou gen plis Temwen zele k ap preche la. Èske w ka fè sa? Gen nan nou ki pa kapab deplase, sepandan, nou kapab eseye preche moun k ap viv nan zòn bò lakay nou ki pale yon lòt lang. Ron rankontre moun ki sot nan plizyè nasyon diferan nan tèritwa bò lakay li, se sa k fè, a 81 an, li te aprann salye moun nan 32 lang. Sa pa gen twò lontan depi li te rankontre yon koup afriken nan lari e li te salye yo an yowouba, lang yo pale a. Yo te mande Ron si li te janm al ann Afrik. Lè l te reponn yo non, yo te mande l kòman l fè konn pale lang yo a. Sa te pèmèt Ron ba yo yon bon temwayaj. Yo te aksepte kèk peryodik e yo te byen kontan ba l adrès yo. Li te bay moun ki nan kongregasyon nan zòn bò lakay yo a adrès la pou yo te ka etidye Labib ak koup sa a.

9. Poukisa li enpòtan pou nou li vèsè nan Bib la avèk moun yo nan ministè nou? Bay yon egzanp.

9 Anseyan Yewochafat te voye nan tout peyi a te gen “liv lalwa Senyè a” nan men yo. Toupatou sou latè nou fè efò pou nou sèvi ak Labib pou nou anseye moun yo, paske se Pawòl Bondye li ye. Nou fè yon efò espesyal pou nou montre moun yo egzakteman sa Labib di e nou sèvi avè l nan ministè nou. Yon Temwen ki rele Linda te rankontre yon dam lakay li, dam nan te di l mari l te fè yon stwok e se li ki dwe pran swen l. Men sa l te di Linda: “Mwen pa konn ki sa m fè pou Bondye kite sa rive m.” Men sa Linda reponn li: “Èske w pèmèt mwen montre w yon bagay ou kapab vrèman kwè ladan l?” Apre sa, li li Jak 1:13 pou li epi li di: “Tout soufrans nou menm ak moun nou renmen yo sibi se pa pinisyon Bondye yo ye.” Lè dam nan tande sa, li bay Linda yon gwo akolad pou l montre ki jan li te kontan pawòl li di l yo. Men ki sa Linda rekonèt: “Mwen te jwenn posiblite pou m bay rekonfò grasa Bib la. Pafwa, nou konn li yon vèsè nan Bib la pou moun yo se premye fwa yo tande vèsè sa a.” Konvèsasyon sa a te debouche sou yon etid Labib.

Gen jèn ki sèvi Bondye avèk zèl

10. Nan ki sans Yochiya se yon bon egzanp pou jèn kretyen yo jodi a?

10 Si nou retounen nan egzanp Yochiya a, n ap remake li te pratike vrè adorasyon an pandan li te jèn e li te gen anviwon 20 an lè l te lanse yon gwo kanpay kont idolatri. (Li 2 Kwonik 34:1-3.) Gen anpil jèn jodi a ki demontre yo gen menm zèl la nan ministè yo.

11-13. Ki sa nou ka aprann nan men kèk jèn jodi a k ap sèvi Jewova avèk zèl?

11 A 13 an, Hannah, k ap viv ann Angletè, te kòmanse aprann pale fransè nan lekòl li, lè sa a li te aprann gen yon gwoup fransè ki te fòme nan yon vil ki toupre kote l rete a. Li te mande papa l akonpaye l nan reyinyon gwoup sa a te konn fè yo, e papa l te aksepte. Kounye a, Hannah gen 18 an e li se yon pyonye pèmanan k ap preche moun ki pale fransè avèk zèl. Èske ou menm tou ou ka aprann yon lang etranje pou w ede lòt moun aprann konnen Jewova?

12 Rachel te kontan gade DVD ki gen tit Poursuivez des objectifs qui honorent Dieu a. Men sa l di konsènan fason li te panse lè l te fèk kòmanse sèvi Jewova an 1995: “Mwen te panse mwen t ap mache trè byen nan laverite.” E li ajoute: “Apre m fin gade dram sa a, mwen rann mwen kont se pa woutin mwen t ap sèvi Jewova pandan plizyè ane. Mwen bezwen batay pou laverite e mwen bezwen reflechi seryezman sou sèvis mwen ak etid pèsonèl mwen pou m ka fè plis nan domèn sa yo.” Kounye a, Rachel twouve li sèvi Jewova avèk plis zèl. Ki rezilta li jwenn? Men sa l di: “Mwen vin gen pi bon relasyon ak Jewova. Priyè m yo vin gen plis sans; mwen etidye plis an pwofondè e mwen jwenn plis satisfaksyon nan etid mwen; epitou istwa mwen jwenn nan Bib la vin pi reyèl pou mwen. Kounye a, mwen jwenn anpil plezi nan ministè a e mwen vrèman santi m satisfè lè mwen wè ki jan pawòl Jewova a rekonfòte moun yo.”

13 Luke se yon jèn ki te jwenn ankourajman nan yon lòt DVD: Les jeunes s’interrogent... Que vais-je faire de ma vie? Men sa Luke te ekri lè l te fin gade l: “Mwen te santi mwen bezwen reflechi sou sa m ap fè ak lavi m.” Men sa li admèt: “Anvan sa, gen moun ki te konn ap pouse m fè plis etid pou m ka gen sekirite ekonomik an premye, epi apre sa m a konsantre m sou bagay espirityèl yo. Ankourajman konsa pa ede yon moun fè pwogrè nan domèn espirityèl, okontrè se fèb li fè moun nan vin fèb.” Nou menm jèn frè ak sè, èske li pa t ap pi bon pou nou itilize sa nou aprann lekòl pou nou fè plis nan ministè a, menm jan ak Hannah? Èske li pa t ap pi bon pou nou suiv egzanp Rachel, lè nou pousuiv objektif ki onore Bondye toutbon? L ap bon pou nou suiv egzanp Luke tou. Konsa, n ap evite yon seri danje ki deja fè anpil jèn tonbe nan domèn espirityèl.

Annou detèmine pou nou koute avètisman yo ban nou yo

14. Ki kalite adorasyon Jewova aksepte, e poukisa sa difisil jodi a?

14 Sèvitè Jewova yo dwe pwòp si yo vle Jewova aksepte adorasyon y ap ba li a. Men avètisman Izayi bay: “Wete kò nou nan lavil Babilòn! Wete kò nou! Pati ale! Pa manyen anyen nou pa dwe manyen! Wete kò nou nan mitan lavil la. Mete nou nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, nou menm k’ap pote veso ki apa pou sèvis Senyè a.” ​(Iza. 52:11). Plizyè ane anvan Izayi te ekri pawòl sa yo, Aza, yon bon wa, te mennen yon kanpay avèk zèl pou l derasinen imoralite nan Jida. (Li 1 Wa 15:11-13.) Plizyè syèk apre sa, apot Pòl te di Tit Jezi te bay tèt li pou l pirifye disip li yo pou l fè yo tounen “yon pèp pou li menm, yon pèp ki rele l pa l, ki zele pou l fè bèl travay”. (Tit 2:14.) Nan sosyete deprave n ap viv jodi a, li pa fasil pou yon moun rete pwòp nan domèn moral, sitou pou jèn yo. Pa egzanp, tout sèvitè Bondye yo, jèn kou granmoun, dwe lite pou yo pa kontamine kè yo ak imaj pònografi ki sou pano piblisite, ki nan televizyon ak nan fim, e espesyalman sou Entènèt.

15. Ki sa k ka ede nou gen degoutans pou sa ki mal?

15 Si nou chofe pou nou koute avètisman Bondye bay yo, sa ap ede nou rayi sa ki mal (Sòm 97:10; Wom. 12:9). Selon sa yon kretyen te di, nou dwe rayi pònografi “pou nou pa kite l rale nou tankou leman”. Si yon moun vle detache de moso leman, li dwe rale yo ak yon fòs ki pi fò pase fòs ki fè yo kole ansanm nan. Menm jan an tou, li nesesè pou nou fè anpil efò pou nou pa kite pònografi atire nou. Men, si nou konprann tout mal pònografi ka fè nou, sa ka ede nou gen degoutans pou li. Gen yon frè ki te fè gwo efò pou l sispann gade pònografi sou Entènèt. Li deplase òdinatè a mete yon kote tout rès fanmi an ka wè l. Mete sou sa, li menm pèsonèlman li te pran detèminasyon pou l pirifye tèt li e pou l zele pou l fè bèl travay. Piske li oblije sèvi ak Entènèt pou biznis li, li pran detèminasyon pou l al sou Entènèt sèlman lè madanm li bò kote l.

Enpòtans yon bon konduit genyen

16, 17. Ki efè bon konduit nou antanke kretyen ka gen sou moun k ap gade nou? Bay yon egzanp.

16 Ala yon bèl etadespri ki egziste pami jèn gason ak jèn fi k ap sèvi Jewova yo! Se pa ti enpresyone sa enpresyone moun k ap gade yo! (Li 1 Pyè 2:12.) Gen yon mesye ki te vizite Betèl Lonn nan ki te chanje pwennvi sou Temwen Jewova yo nèt apre l te fin pase yon jounen ap fè reparasyon nan yon machin yo itilize pou enprime nan Betèl la. Madanm li ki t ap etidye Labib avèk yon sè nan zòn nan te remake mari l te chanje atitid. Anvan sa, li pa t aksepte pou Temwen yo vin lakay li. Men lè l te retounen lakay li apre travay li te fè nan Betèl la, se an byen sèlman li t ap pale de frè ak sè yo tèlman yo te byen aji avè l. Li di pèsonn pa t di vye pawòl. Tout moun te montre yo gen pasyans e anviwònman an te pezib. Sa ki te plis enpresyone l, sèke jèn frè ak sè yo t ap travay avèk zèl, san se pa pou lajan, e se volontèman yo te bay tan yo ak enèji yo pou ede gaye bon nouvèl la.

17 Menm jan an tou, frè ak sè ki fè yon travay pwofàn pou yo pran swen fanmi yo se moun ki travay byen (Kol. 3:23, 24). Souvan, sa konn fè yo gen plis garanti yo pap pèdi travay yo, paske patwon yo apresye fason yo serye nan travay yo e yo pa ta renmen pèdi anplwaye sa yo.

18. Ki jan nou ka ‘zele pou nou fè bèl travay’?

18 Konfyans nou gen nan Jewova, obeyi nou obeyi enstriksyon l yo ak fason nou pran swen kote nou reyini yo se kèk nan fason nou demontre nou zele pou kay Jewova a. Anplis de sa, nou ta dwe patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la otan nou kapab. Kit nou jèn, kit nou granmoun, lè nou fè anpil efò pou nou kontinye suiv prensip jis ki makònen ak adorasyon n ap bay Jewova a, n ap jwenn anpil byenfè. Konsa, y ap toujou konnen nou kòm moun ki ‘zele pou nou fè bèl travay’. —Tit 2:14.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Sanble Aza te retire andwa ki wo kote yo t ap adore zidòl yo, sètadi fo dye yo, men li pa t retire andwa ki wo kote moun te konn adore Jewova yo. Oubyen, petèt moun yo te rekonstwi andwa sa yo nan dènye pati rèy Aza a e se Yewochafat pitit gason l lan ki te retire yo. —1 Wa 15:14; 2 Kwo. 15:17.

Lè w konsidere egzanp nan tan biblik yo ak nan epòk pa nou an, ki sa w aprann sou:

• fason pou w demontre zèl ou nan travay predikasyon an ak travay ansèyman an?

• fason jèn kretyen yo kapab ‘zele pou yo fè bèl travay’?

• fason pou yon moun libere tèt li anba move abitid?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Èske w sèvi ak Bib la regilyèman nan ministè w?

[Foto nan paj 15]

Lè w aprann pale yon lòt lang pandan w lekòl, sa ka ede w elaji ministè w.