Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou nou di verite lè n ap pale ak pwochen nou

Se pou nou di verite lè n ap pale ak pwochen nou

Se pou nou di verite lè n ap pale ak pwochen nou

“Sispann bay manti. Se pou nou di verite lè n’ap pale ak [“pwochen”, NW] nou.” —EFE. 4:25.

1, 2. Ki jan anpil moun wè kesyon verite a?

SA GEN lontan depi moun ap mande si li posib pou moun di laverite oswa si li posib pou moun konnen sa ki verite. Nan sizyèm syèk anvan epòk nou an, gen yon powèt grèk ki te rele Alse ki te di: “Gen verite nan diven.” Sa li te vle di sèke se sèl lè moun bwè twòp diven yo di laverite e paske petèt yo vin pi anvi pale lè sa a. Nan premye syèk la, gouvènè women yo te rele Pons Pilat la te montre li gen yon move pwennvi sou kesyon verite a lè li te di: “Laverite? Kisa l ye?” —Jan 18:38.

2 Jodi a, tout moun pa konprann kesyon verite a menm jan. Gen anpil moun ki di mo “verite” a gen plizyè sans. Oswa, yo di laverite depann de chak moun, sètadi sa yon moun konsidere kòm verite, yon lòt moun gendwa pa konsidere l kòm verite. Gen lòt ki di laverite sèlman si sa nan enterè yo. Men sa yon liv ki pale sou manti di: “Onètete se yon bèl prensip, men li pa gen anpil valè nan konba moun ap mennen nan lavi a pou yo rete an vi e pou yo santi yo an sekirite. Lòm pa gen chwa. Se pou l bay manti pou l kapab viv.” —The Importance of Lying.

3. Poukisa Jezi se yon egzanp estrawòdinè nan kesyon di laverite a?

3 Disip Kris yo diferan nèt nan sans sa a! Pwennvi Jezi te genyen sou laverite pa t baze sou filozofi. Li te toujou di laverite. Menm ènmi l yo te rekonèt sa. Matye 22:16 montre sa, men sa li di: “Mèt, nou konnen ou onèt epi ou anseye chemen Bondye a selon laverite.” ​(Bib Kreyòl La). Menm jan an tou jodi a, vrè kretyen yo imite egzanp Jezi nan sans sa a. Yo pa ezite pou yo di laverite. Yo dakò ak tout kè yo ak apot Pòl ki te bay kwayan parèy li yo konsèy sa a: “Sispann bay manti. Se pou nou di verite lè n’ap pale ak [“pwochen”, NW] nou.” ​(Efe. 4:25). Annou konsidere twa aspè nan sa Pòl te di yo. Premyèman, kiyès ki pwochen nou? Dezyèmman, sa sa vle di pou nou di laverite? E twazyèmman, ki jan nou ka aplike konsèy sa a nan lavi nou chak jou?

Kiyès ki pwochen nou?

4. Kontrèman ak chèf relijye juif nan premye syèk la, ki jan Jezi te montre li gen menm pwennvi ak Jewova konsènan moun ki pwochen nou?

4 Nan premye syèk nan epòk nou an, gen kèk chèf relijye juif ki te konn ap anseye Juif yo se Juif parèy yo oswa bon zanmi yo sèlman yo kapab konsidere kòm “pwochen” yo. Sepandan, Jezi, bò kote pa l, te reflete pèsonalite Papa l ak fason Papa l panse yon fason ki pafè (Jan 14:9). Li te anseye disip li yo Bondye pa renmen yon ras oswa yon nasyon plis pase yon lòt (Jan 4:5-26). Anplis, lespri sen te fè apot Pyè konprann “Bondye pa nan patipri. Okontrè, nan tout nasyon, si yon moun genyen krentif pou Bondye epi si li fè sa ki jis, Bondye asepte li”. (Tra. 10:28, 34, 35, Bib Kreyòl La). Se sa k fè nou dwe konsidere tout moun kòm pwochen nou e nou dwe renmen menm moun ki aji tankou ènmi nou. —Mat. 5:43-45.

5. Sa sa vle di pou nou di laverite lè n ap pale ak pwochen nou?

5 Sepandan, ki sa Pòl te vle di lè l te di se pou nou di verite lè n ap pale ak pwochen nou? Yon moun di laverite lè li bay enfòmasyon moun ka fè konfyans e ki pap twonpe yo. Vrè kretyen yo pa tòde enfòmasyon y ap bay ni yo pa prezante yo yon fason k ap twonpe moun. Jan Labib di sa nan Women 12:9, yo “rayi sa ki mal, men [yo] kenbe fèm nan fè sa ki byen”. Menm jan ak “Bondye verite a”, nou ta dwe fè tout sa nou kapab pou nou onèt nan tout sa n ap fè e nan tout sa n ap di (Sòm 15:1, 2; 31:5, NW). Si nou fè atansyon ak sa n ap di, menm lè nou nan sitiyasyon kote nou ta ka santi nou jennen, n ap kapab jere sitiyasyon an san nou pa bay manti e san nou pa santi nou oblije twonpe lòt moun. —Li Kolosyen 3:9, 10.

6, 7. a) Lefètke nou dwe di laverite, èske sa vle di nou dwe bay tout detay sou bagay pèsonèl nou kèlkeswa moun ki poze nou kesyon sou sa? Esplike. b) Kiyès ki merite pou nou fè yo konfyans e ki merite pou nou di yo laverite?

6 Men, èske nou oblije bay tout detay nou konnen sou yon bagay kèlkeswa moun ki poze nou kesyon sou li a? Pa fòseman. Lè Jezi te sou tè a, li te montre gen moun ki pa merite pou nou reponn yo oswa pou nou ba yo kèk enfòmasyon. Lè kèk chèf relijye ipokrit te mande l pou l di yo ak ki pouvwa oswa ak ki otorite li t ap fè mirak li t ap fè yo ak tout lòt bagay li t ap fè yo, men sa li te reponn yo: “Mwen pral poze nou yon sèl kèsyon [...]. Si nou reponn mwen, m’a di nou ak ki otorite m’ap fè bagay sa yo.” Lè eskrib yo ak ansyen yo nan mitan pèp juif la te refize reponn Jezi, li te di yo: “Enben, mwen menm tou, mwen p’ap di nou avèk ki otorite mwen fè bagay sa yo.” ​(Mak 11:27-33). Li pa t santi li te oblije reponn kesyon chèf relijye yo te poze l la paske yo t ap pratike bagay ki kòwonpi e yo te montre yo pa t gen lafwa (Mat. 12:10-13; 23:27, 28). Menm jan an tou jodi a, sèvitè Jewova yo bezwen fè atansyon ak aposta yo ansanm ak lòt moun ki mechan, ki itilize riz ak twonpri pou yo atenn objektif egoyis yo. —Mat. 10:16; Efe. 4:14.

7 Apot Pòl tou te montre gen moun nou pa oblije ba yo yon repons konplè lè yo poze nou kesyon. Li te di moun ki “tripòt” e ki “fouyapòt” yo “foure bouch yo nan sa ki pa gade yo”. (1 Tim. 5:13.) Wi, li ka difisil pou yon moun pataje enfòmasyon pèsonèl ak moun k ap antre nan zafè moun oswa ak moun yo pa ka fè konfyans k ap met afè konfidansyèl moun nan lari. Èske li pa pi bon pou nou suiv konsèy enspire Pòl te bay la? Men sa li te di: “Chache viv ak kè poze. Okipe zafè pa nou.” ​(1 Tes. 4:11). Sepandan, pafwa, ansyen nan kongregasyon an gendwa bezwen poze nou kesyon sou bagay ki pèsonèl pou yo ka fè travay yo. Lè sa a, l ap bon pou nou di yo laverite paske sa ap ede yo anpil. —1 Pyè 5:2.

Se pou nou di verite lè n ap pale ak fanmi nou

8. Lè tout moun nan yon fanmi di youn lòt laverite, ki jan sa ka fè yo vin pi pwòch youn lòt?

8 Nòmalman, se ak fanmi nou nou santi nou pi pwòch. Pou moun ki nan yon menm fanmi fòtifye relasyon yo genyen youn ak lòt, li enpòtan pou youn di lòt laverite. Lè moun ki nan yon fanmi fran youn ak lòt, yo onèt e yo janti nan fason yo kominike youn ak lòt, sa kapab diminye kantite pwoblèm ak dezakò yo ka genyen antre yo oswa sa kapab elimine bagay sa yo nèt. Pa egzanp, lè nou fè yon erè, èske nou pè admèt sa devan konjwen nou, pitit nou oswa devan lòt manm fanmi nou ki pwòch nou? Lè nou mande eskiz pou erè nou fè yo e nou fè sa yon fason ki sensè, sa favorize lapè ak inite nan fanmi an. —Li 1 Pyè 3:8-10.

9. Poukisa di laverite pa vle di pale kare san nou pa menaje pawòl nou oswa pale mal ak moun?

9 Di laverite pa vle di pale kare san nou pa menaje pawòl nou. Lè nou pale mal ak yon moun, verite nou di l la pap vin gen plis valè pou sa, ni sa pap fè moun nan pi apresye sa nou di l la. Men sa apot Pòl te di: “Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k’ap fèt nan mitan nou. Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.” ​(Efe. 4:31, 32). Lè nou pale avèk jantiyès e avèk diyite, sa n ap di a vin gen plis valè. Anmenmtan, nou montre nou gen respè pou moun n ap pale avè l la. —Mat. 23:12.

Se pou nou di verite lè n ap pale ak moun nan kongregasyon an

10. Ki sa ansyen yo ka aprann nan bèl egzanp Jezi te bay nan fason li te konn di moun laverite?

10 Jezi te konn pale ak disip li yo yon fason ki senp e ki fran. Li te toujou ba yo konsèy avèk amou, epoutan li pa t evite di moun k ap koute l yo laverite pou l fè yo plezi (Jan 15:9-12). Pa egzanp, apot Jezi yo te konn toujou ap fè diskisyon sou kiyès nan yo ki pi gran. Sepandan, avèk fèmte e avèk pasyans, Jezi te ede yo konprann yo bezwen gen imilite (Mak 9:33-37; Lik 9:46-48; 22:24-27; Jan 13:14). Menm jan an jodi a, ansyen yo veye aske moun ki nan twoupo Bondye a aji avèk jistis, men yo pa trete yo tankou esklav (Mak 10:42-44). Yo imite Jezi lè yo “aji byen” ak lòt moun e lè yo montre yo gen “bon kè” nan fason yo boule ak yo.

11. Si nou gen lanmou pou frè nou yo, ki sa sa ap pouse nou fè anrapò ak fason n ap sèvi ak lang nou?

11 Lè nou pale fran ak frè nou yo, men nou pa pale twò kare ak yo, n ap kapab di yo sa nou gen nan panse nou san nou pa blese yo. Vrèmanvre, nou pa ta dwe janm sèvi ak “lang [nou] tankou yon razwa byen file” pou nou blese yo ak pawòl degradan (Sòm 52:2; Pwo. 12:18). Si nou gen lanmou pou frè nou yo, n ap veye lang nou pou nou “pa lage kò [nou] nan pale moun mal ni nan bay manti”. (Sòm 34:13.) Lè nou aji konsa, nou onore Bondye e nou favorize inite nan kongregasyon an.

12. Ki lè yon moun k ap bay manti merite pou l pase devan yon komite disiplin relijye? Esplike.

12 Ansyen yo fè tout sa yo kapab pou yo pwoteje kongregasyon an kont moun k ap bay manti nan move entansyon. (Li Jak 3:14-16.) Lè yon moun bay yon manti nan move entansyon, li fè sa pou l fè moun ditò. Objektif manti a se fè moun soufri yon fason kèlkonk. Lè konsa, se pa senpleman pawòl banal li di pou l twonpe moun ni se pa senpleman egzajere li egzajere kèk verite. Byennantandi, okenn manti pa bon. Men, se pa tout manti yon moun bay ki fè li merite pou l pase devan yon komite disiplin relijye. Donk, ansyen yo bezwen gen ekilib, yo bezwen rezonab e yo bezwen gen bon jijman lè y ap eseye detèmine si moun k ap bay manti a se yon abitid li pran ak tout volonte l pou l bay manti nan move entansyon e si moun sa a merite pou l pase devan yon komite disiplin relijye, oswa si sa ap sifi pou yo annik ba l konsèy ki soti nan Bib la yon fason fèm e avèk amou.

Annou di verite e annou montre nou onèt nan travay nou ak nan kesyon biznis

13, 14. a) Ki jan kèk moun montre yo pa onèt ak patwon yo? b) Ki bon rezilta sa ka bay lè nou onèt nan travay nou?

13 N ap viv nan yon epòk kote li kouran pou moun aji yon fason ki pa onèt, se sa k fè li kapab difisil pou yon moun reziste devan tantasyon pou li pa onèt ak patwon li. Gen anpil moun ki konn bay manti kri lè y ap aplike pou yon travay. Pa egzanp, lè y ap prepare kourikoulòm vite yo, yo kapab egzajere eksperyans yo genyen oswa yo kapab bay manti konsènan nivo edikasyon yo pou yo ka jwenn yon pi bon pòs, sètadi yon pòs k ap fè yo touche plis kòb. Yon lòt bò, gen anpil anplwaye ki konn pran pòz y ap travay epoutan se zafè pèsonèl yo y ap regle nan lè travay la. Lè yo aji konsa, yo aji yon fason ki kontrè ak règ ki etabli nan travay la. Gendwa se enfòmasyon y ap li ki pa gen rapò ak travay yo, gendwa se apèl y ap fè, gendwa se voye y ap voye mesaj elektwonik oswa y ap navige sou Entènèt.

14 Vrè kretyen yo yo menm konnen yo dwe toujou di laverite e yo dwe toujou onèt nan tout sa y ap fè. (Li Pwovèb 6:16-19.) Men sa Pòl te di: “Mwen vle fè sa ki byen nan tout sikonstans.” ​(Ebre 13:18). Se sa k fè vrè kretyen yo pa kalewès nan travay yo (Efe. 6:5-8). Lè nou se bon travayè, sa ka fè lòt moun fè lwanj pou Papa nou ki nan syèl la (1 Pyè 2:12). Pa egzanp, Roberto, yon frè k ap viv ann Espay, te jwenn felisitasyon nan men patwon l paske li se yon anplwaye ki onèt e ki responsab. Akoz bèl konduit li, konpayi an te anboche lòt Temwen Jewova. Yo menm tou yo te montre yo se ekselan anplwaye. Avèk letan, grasa Roberto, gen 23 frè ak sè batize ansanm ak 8 moun k ap etidye Labib ki jwenn travay nan konpayi an.

15. Ki jan yon kretyen k ap travay ak tèt li ta dwe montre li onèt?

15 Si n ap travay ak tèt nou, èske nou toujou onèt nan biznis n ap fè a oswa èske gen kèk fwa nou pa onèt? Yon kretyen k ap travay ak tèt li pa ta dwe ap pale an byen de yon pwodui, yon fason pou l ka vann pwodui a byen rapid, alòske sa l ap di sou pwodui a se pa vre. Ni nonplis li pa ta dwe ap pwomèt l ap bay tèl sèvis pou moun ka ba l djòb, epoutan sa li pwomèt la se pa sa l ap fè. Li pa ta dwe ni pran ni bay kòb sou kote. Nou ta dwe trete moun jan nou ta renmen yo trete nou. —Pwo. 11:1; Lik 6:31.

Se pou nou di otorite yo laverite

16. a) Antanke kretyen, ki sa nou bay gouvènman yo? b) Ki sa nou bay Jewova?

16 Men sa Jezi te di yon lè: “Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye.” ​(Mat. 22:21). Ki bagay konsa “ki pou Seza” nou dwe bay Seza, sètadi gouvènman yo? Lè Jezi te di pawòl sa yo, li t ap pale konsènan taks. Donk, pou nou gen yon bon konsyans devan Bondye e devan lèzòm, antanke kretyen, nou dwe obeyi lwa peyi n ap viv ladan l lan, san wete lwa ki gen rapò ak taks nou dwe peye (Wom. 13:5, 6). Men tou, nou rekonèt Jewova se Souvren siprèm nan, sèl vrè Dye a, e nou renmen l ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou (Mak 12:30; Rev. 4:11). Se sa k fè nou soumèt nou devan l san rezèv. —Li Sòm 86:11, 12.

17. Ki pwennvi pèp Jewova a genyen parapò ak èd yo kapab resevwa nan men gouvènman yo?

17 Nan anpil peyi, gen pwogram sosyal oswa gen dispozisyon yo pran pou ede moun ki nan nesesite. Pa gen anyen ki mal pou yon kretyen benefisye de èd sa yo depi li gen dwa pou sa. Pou nou di pwochen nou laverite nan domèn sa a, sa mande pou nou pa bay otorite yo enfòmasyon ki pa vrè oswa enfòmasyon pou nou twonpe yo, yon fason pou nou ka resevwa èd nan men yo.

Benediksyon nou jwenn lè nou di laverite

18-20. Ki benediksyon nou jwenn lè nou di laverite lè n ap pale ak pwochen nou?

18 Nou jwenn anpil benediksyon lè nou di laverite. Lè nou aji konsa, konsyans nou pwòp, lespri nou anpè e kè nou poze (Pwo. 14:30; Fil. 4:6, 7). Lè konsyans nou anpè, sa gen anpil valè nan je Bondye. Anplis de sa, lè nou di laverite nan tout bagay, nou pa pè pou lòt moun pa dekouvri nou. —1 Tim. 5:24.

19 Reflechi ak yon lòt benediksyon nou jwenn ankò. Apot Pòl te di: “Nan tout domèn, nou rekòmande tèt nou kòm sèvitè Bondye [...], nan pale sa k verite.” ​(2 Kor. 6:4, 7, NW). Gen yon Temwen Jewova k ap viv ann Angletè sa te rive nan ka pa l. Gen yon mesye ki te vle achte yon machin li te genyen. Li te esplike mesye a tout sa ki bon nan machin nan ak tout pwoblèm li genyen. Menm pwoblèm ki pa t parèt yo, li te di l yo. Apre mesye a te fin soti ak machin nan pou l teste l, li mande frè a si l se yon Temwen Jewova. Kòman mesye a te fè tire konklizyon sa a? Se paske li te remake frè a te onèt e li te byen abiye. Yo te kontinye pale e konvèsasyon yo te genyen annapre a te pèmèt frè a ba l yon bon temwayaj.

20 Èske nou menm tou nou bay lòt moun yo okazyon pou yo fè louwanj pou Kreyatè nou an paske nou toujou onèt e nou toujou di laverite? Men sa apot Pòl te di: “[Nou] voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. [Nou] pa fè okenn riz.” ​(2 Kor. 4:2). Se sa k fè nou bezwen fè tout sa nou kapab pou nou di laverite lè n ap pale ak pwochen nou e pou nou onèt. Lè nou aji konsa, n ap fè yo bay Papa nou ki nan syèl la glwa e n ap fè yo fè lwanj pou pèp li a.

Ki repons nou ta bay?

• Kiyès ki pwochen nou?

• Sa sa vle di pou nou di laverite lè n ap pale ak pwochen nou?

• Ki jan nou ka fè yo bay Bondye glwa lè nou di laverite e lè nou onèt?

• Ki benediksyon nou jwenn lè nou di laverite?

[Kesyon]

[Foto nan paj 17]

Èske w tou prèt pou w rekonèt ti erè w fè?

[Foto nan paj 18]

Èske w di laverite lè w ap aplike pou yon travay?