Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entandan fidèl la ak Kolèj santral li a

Entandan fidèl la ak Kolèj santral li a

Entandan fidèl la ak Kolèj santral li a

“Kiyès ki vrèman entandan fidèl la, entandan prevwayan an, mèt li ap etabli sou gwoup sèvitè l yo pou kontinye ba yo kantite pwovizyon yo bezwen nan moman apwopriye?” —LIK 12:42, NW.

1, 2. Ki kesyon enpòtan Jezi te soulve lè l t ap bay siy dènye jou yo ki gen plizyè aspè ladan l?

PANDAN Jezi t ap bay siy dènye jou yo, yon siy ki gen plizyè aspè ladan l, men yon kesyon li te soulve: “Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an mèt li etabli sou domestik li yo pou l ba yo manje nan bon moman?” Apre sa, Jezi te di esklav sa a t ap jwenn yon rekonpans poutèt fidelite l piske Mèt la ta etabli l sou tout byen l yo. —Mat. 24:45-47, NW.

2 Kèk mwa anvan sa, Jezi te poze yon kesyon ki sanble ak kesyon ki mansyone pi wo a. (Li Lik 12:42-44.) Lè sa a li te rele esklav la “entandan” e li te rele “domestik” yo “gwoup sèvitè l yo”. Yon entandan se yon moun k ap jere yon kay e ki gen otorite sou sèvitè ki gen nan kay la. Sepandan, entandan an se yon sèvitè tou. Kiyès ki esklav la, oswa entandan an, e ki jan li bay “manje nan bon moman”? Li enpòtan anpil pou nou konnen mwayen li itilize pou l bay manje espirityèl.

3. a) Ki jan moun nan lakretyente k ap fè kòmantè sou Bib la esplike pawòl Jezi te di sou “esklav” la? b) Kiyès ki “entandan” an oswa “esklav” la, e kiyès ki “gwoup sèvitè” a oswa “domestik” yo?

3 Souvan, moun nan lakretyente k ap fè kòmantè sou Bib la di pawòl Jezi te di yo konsène moun ki gen responsablite nan relijyon ki di yo se kretyen yo. Men, Jezi, “mèt” ki nan egzanp lan, pa t di t ap gen yon bann esklav ki t ap gaye toupatou nan diferan sèk ki gen nan lakretyente yo. Okontrè, li te di yon fason ki byen klè se yon sèl “entandan”, oswa “esklav”, ki t ap genyen e li t ap mete l responsab tout byen l yo. Donk, jan peryodik sa a konn esplike sa deja, entandan an gen rapò ak “ti twoupo” disip wen yo fòme a ki se yon sèl kò oswa yon sèl gwoup moun, paske nan kontèks Evanjil Lik la, Jezi te fèk ap pale de yo (Lik 12:32, NW). “Gwoup sèvitè” a ak “domestik” yo se menm ti twoupo sa a, men ekspresyon sa yo atire atansyon sou wòl chak moun ki nan ti twoupo a jwe. Yon kesyon enpòtan nou kapab soulve se: èske chak moun ki fè pati klas esklav sa a jwe yon wòl nan bay manje espirityèl nan bon moman an? Repons lan parèt klè lè nou pi byen egzamine sa Ekriti yo di.

Sèvitè Jewova a nan tan lontan

4. Ki jan Jewova te konsidere nasyon Izrayèl tan lontan an, e ki sa k enpòtan pou nou note konsènan nasyon sa a?

4 Anpalan de pèp li a, sètadi nasyon Izrayèl tan lontan an, Jewova te di tout pèp la te fòme yon sèl sèvitè pou li. Men sa nou li: “‘Nou [pliryèl] se temwen m [pliryèl, nan lang ebre]’, sa a se deklarasyon Jewova fè, ‘wi, sèvitè pa m [sengilye] mwen chwazi.’” ​(Iza. 43:10, NW). Tout moun ki te nan nasyon an te reprezante yon sèl sèvitè. Sepandan, li enpòtan pou nou note se sèlman prèt yo ak Levit ki pa t prèt yo ki te responsab pou yo anseye nasyon an. —2 Kwo. 35:3; Mal. 2:7.

5. Dapre Jezi, ki gwo chanjman ki te gen pou fèt?

5 Èske nasyon Izrayèl tan lontan an se esklav Jezi t ap pale de li a? Non. Sa Jezi te di Juif ki t ap viv nan epòk li a montre sa. Li te di yo: “Bondye pran wayòm li a nan men nou pou li bay yon nasyon li, yon nasyon k ap donnen fwi li yo.” ​(Mat. 21:43, Bib Kreyòl La). Donk, sa klè, gen yon chanjman ki te gen pou fèt. Jewova t apral itilize yon nouvo nasyon. Sepandan, fason esklav Jezi mansyone nan egzanp li an bay enstriksyon espirityèl sanble ak fason sa te konn fèt lontan nan mitan pèp Izrayèl la, “sèvitè” Bondye a.

Esklav fidèl la vin parèt

6. Ki nouvo nasyon ki te pran nesans nan fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an, e ki moun ki te vin fè pati nouvo nasyon sa a?

6 Nouvo nasyon sa a, “Izrayèl Bondye a”, se Izrayelit espirityèl yo ki fòme l (Gal. 6:16, Bib Kreyòl La; Wom. 2:28, 29; 9:6). Li te pran nesans lè Bondye te vide lespri sen sou li nan fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an. Apre sa, tout kretyen Bondye te wenn ak lespri sen l yo te vin fè pati nasyon sa a k ap sèvi antanke esklav Jezi Kris, Mèt la, itilize a. Chak moun ki fè pati nasyon sa a gen obligasyon pou yo preche bon nouvèl la e pou yo fè disip (Mat. 28:19, 20). Men, èske se tout moun ki fè pati gwoup sa a ki te dwe jwe yon wòl nan bay manje espirityèl nan bon moman an? Ann wè ki jan Ekriti yo reponn kesyon sa a.

7. Ki prensipal travay apot yo te genyen okòmansman, e ki lòt responsablite yo te vin resevwa annapre?

7 Lè Jezi te chwazi 12 apot li yo, travay prensipal li te voye yo fè se preche lòt moun bon nouvèl la. (Li Mak 3:13-15.) Asiyasyon sa a li te ba yo a mache byen ak sans mo grèk apostolos la ki soti nan yon vèb ki vle di “voye” yon moun. Sepandan, avèk letan, apot yo te vin jwe yon wòl “siveyan” lè kongregasyon an te rive nan pwen pou l etabli. —Tra. 1:20-26, NW.

8, 9. a) Ki sa ki te prensipal sousi 12 apot yo? b) Ki lòt moun ki te resevwa plis responsablite kolèj santral la te apwouve?

8 Ki prensipal sousi 12 apot yo te genyen? Nou kapab jwenn repons lan nan sa k te pase apre jou Pannkòt la. Lè te gen yon diskisyon anrapò ak manje yo t ap distribye bay vèv yo chak jou, apot yo te rasanble disip yo e yo te di: “Li pa ta bon pou n [apot yo] neglije predikasyon pawòl Bondye a pou n’al okipe sèvis manje a.” ​(Li Travay 6:1-6.) Apre sa, yo te chwazi kèk frè ki te kalifye pou “fè sèvis sa a”, yon sèvis ki te nesesè, yon fason pou yo menm yo te ka plis konsantre sou “fè moun konnen pawòl Bondye a”. Jewova te beni aranjman sa a yo te fè a piske “pawòl Bondye a t’ap gaye” e “disip yo t’ap vin pi plis toujou nan Jerizalèm”. (Tra. 6:7.) Donk, se prensipalman apot yo ki te responsab pou yo bay manje espirityèl. —Tra. 2:42.

9 Avèk letan, gen lòt moun yo te vin konfye gwo responsablite. Anba direksyon lespri sen, kongregasyon Antyòch la te voye Pòl ak Banabas kòm misyonè. Yo te vin rekonèt yo tou kòm apot, byenke yo pa t fè pati 12 premye apot yo (Tra. 13:1-3; 14:14; Gal. 1:19). Kolèj santral la nan Jerizalèm te apwouve sa (Gal. 2:7-10). Yon ti tan apre sa, Pòl te kòmanse patisipe nan bay manje espirityèl lè li te ekri premye lèt Bondye te enspire l pou l ekri a.

10. Nan premye syèk la, èske se tout kretyen wen yo ki te patisipe nan prepare manje espirityèl la? Esplike.

10 Men, piske se tout kretyen yo ki te wen lè sa a, èske se yo tout ki t ap sipèvize travay predikasyon an e ki t ap prepare manje espirityèl la? Non. Men sa apot Pòl di nou: “Men, tout moun pa apot, tout moun pa pwofèt, tout moun pa direktè [“anseyan”, NW], tout moun pa gen don pou fè mirak.” ​(1 Kor. 12:29). Menmsi tout kretyen yo, ki te wen lè sa a, te patisipe nan travay predikasyon an, se sèlman uit ladan yo, yon ti kantite toupiti, Bondye te itilize pou l fè ekri 27 liv ki nan Ekriti grèk yo.

Esklav fidèl la nan epòk pa nou an

11. Ki “byen” Jezi mete esklav la jere?

11 Pawòl Jezi yo nou jwenn nan Matye 24:45 lan montre aklè esklav fidèl la t ap sou tè a toujou nan tan lafen an. Nan Revelasyon 12:17, Labib pale de yo antanke “rès” ​(NW) desandans fi a. Kris etabli rès sa a, antanke gwoup, sou tout byen l yo ki sou tè a. “Byen” entandan fidèl la ap jere yo se tout bagay Mèt la, Wa a, genyen sou tè a. Pami bagay sa yo, gen moun ki sou tè a, anba dominasyon Wayòm nan, e gen lokal ak materyèl nou itilize pou ede nou preche bon nouvèl la.

12, 13. Ki jan yon kretyen fè konnen si Bondye rele l pou l al nan syèl?

12 Ki jan yon kretyen fè konnen si li gen esperans pou l al viv nan syèl la e si li fè pati rès Izrayelit espirityèl yo? N ap jwenn repons lan nan pawòl apot Pòl te di moun ki te gen esperans selès menm jan avè l yo. Men sa l te di yo: “Tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye. Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k’ap fè nou esklav pou n’ap tranble [...]. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa. Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye. Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l yo, n’a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li. Paske, si nou soufri ansanm ak li, n’a resevwa lwanj nan men Bondye ansanm ak li tou.” —Wom. 8:14-17.

13 Pawòl sa yo vle di tou senpleman Bondye wenn moun sa yo ak lespri sen l e li “rele” yo pou y al nan syèl la, oswa li ba yo yon “envitasyon”. (Ebre 3:1; nòt anba paj, NW.) Yo menm, bò kote pa yo, yo reponn san pèdi tan, san yo pa gen dout oswa san yo pa pè pou Bondye adopte yo kòm pitit li. (Li 1 Jan 2:20, 21.) Kidonk, se pa yo ki chwazi pou yo gen esperans sa a. Se Jewova ki mete so l sou yo, sètadi lespri sen l. —2 Kor. 1:21, 22; 1 Pyè 1:3, 4.

Pwennvi ekilibre nou dwe genyen an

14. Ki jan kretyen wen yo konsidere rele Bondye rele yo pou y al nan syèl la?

14 Ki jan kretyen wen yo ta dwe konsidere tèt yo pandan y ap tann rekonpans pou y al nan syèl la? Menmsi se vre envitasyon yo resevwa a se yon bèl envitasyon, yo konnen se yon envitasyon l ye sèlman. Fòk yo rete fidèl jiskaske yo mouri pou yo ka jwenn rekonpans yo a nan syèl la. Avèk imilite, yo dakò ak pawòl Pòl te di yo: “Se vre wi, frè m yo. Mwen pa kwè mwen deja mete men m sou kote m dwe rive a. Men, mwen gen yon sèl bagay pou m fè, se pou m bliye tou sa ki dèyè m pou m fè jefò pou m mete men m sou sa ki devan m lan. Konsa, m’ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.” ​(Fil. 3:13, 14). Rès kretyen wen yo dwe fè tout sa yo kapab pou yo ‘viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele yo pou yo viv la, pou yo pa janm vante tèt yo’ e pou yo fè sa “avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li”. —Efe. 4:1, 2; Fil. 2:12; 1 Tes. 2:12.

15. Ki jan kretyen yo ta dwe konsidere moun ki manje pen e ki bwè diven nan Memoryal la, e ki jan kretyen wen yo konsidere tèt yo?

15 Yon lòt bò, ki jan lòt kretyen yo ta dwe konsidere yon moun ki di li se yon kretyen wen, ki kòmanse manje pen e ki kòmanse bwè diven yo pase nan Memoryal la? Yo pa dwe jije l. Se moun nan ak Jewova ki konnen si l wen (Wom. 14:12). Sepandan, kretyen ki wen toutbon yo pa mande moun ba yo yon atansyon espesyal. Yo pa panse lefètke yo wen sa fè yo gen yon konpreyansyon ki depase konpreyansyon menm kèk moun ki gen anpil eksperyans ki fè pati “gwo foul” la genyen (Rev. 7:9). Yo pa panse nesesèman yo resevwa plis lespri sen pase frè ak sè ki fè pati “lòt mouton” yo (Jan 10:16). Yo pa atann pou pyès moun ba yo yon atansyon espesyal, ni yo pa pretann lefètke yo manje pen an e yo bwè diven an nan Memoryal la, sa fè yo gen plis otorite pase ansyen yo.

16-18. a) Èske se tout kretyen wen yo ki responsab pou yo revele nouvo verite espirityèl yo? Bay yon egzanp. b) Pou ki rezon Kolèj santral la pa bezwen kontakte tout kretyen ki di yo wen lè l ap pran yon desizyon?

16 Èske se tout kretyen wen ki sou tè a ki mete ansanm pou yo revele nouvo verite espirityèl yo? Non. Byenke, antanke gwoup, moun ki fè pati esklav la responsab pou yo bay kretyen wen yo manje espirityèl, tout moun ki fè pati gwoup sa a pa gen menm responsablite oswa menm asiyasyon. (Li 1 Korentyen 12:14-18.) Jan nou te wè sa anvan, nan premye syèk la, tout moun te patisipe nan travay predikasyon an, yon travay ki trèzenpòtan, men se yon kantite toupiti nan kretyen sa yo Bondye te itilize pou ekri liv ki fè pati Bib la e pou l dirije kongregasyon an.

17 Ann pran yon egzanp. Ekriti yo di “kongregasyon an” ka pran yon desizyon nan ka kote de moun gen yon pwoblèm (Mat. 18:17, NW). Sepandan, se sèlman ansyen yo ki pran desizyon an antanke reprezantan kongregasyon an. Ansyen yo pa kontakte tout moun ki nan kongregasyon an pou yo mande yo opinyon yo anvan yo pran yon desizyon. Yo jwe wòl yo te nome yo pou yo jwe a selon prensip ak lwa Bondye yo ki nan Bib la e yo pran yon desizyon pou tout kongregasyon an.

18 Menm jan an tou jodi a, gen yon ti kantite kretyen wen ki gen responsablite pou yo reprezante esklav la. Se yo ki fòme Kolèj santral Temwen Jewova yo. Se mesye sa yo ki wen ak lespri sen k ap sipèvize travay Wayòm nan e ki responsab pou yo bay manje espirityèl la. Menm jan sa te ye nan premye syèk la, Kolèj santral la pa kontakte tout moun ki fè pati esklav la anvan li pran yon desizyon. (Li Travay 16:4, 5.) Sepandan, tout Temwen ki wen yo patisipe afon nan travay rekòt k ap fèt jodi a, yon travay ki enpòtan anpil. Antanke gwoup, “esklav fidèl ki prevwayan an” fè yon sèl kò, men chak moun ki fè pati esklav la gen travay pa l pou l fè. —1 Kor. 12:19-26.

19, 20. Ki pwennvi ekilibre moun ki fè pati gwo foul la genyen konsènan “esklav fidèl ki prevwayan an” ak Kolèj santral li a?

19 Ki efè sa nou sot egzamine pi wo yo ta dwe genyen sou manm gwo foul la ki kontinye ap ogmante e ki gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan? Antanke moun ki fè pati byen Wa a, yo kontan pou yo kolabore ak tout kè yo ak Kolèj santral la, ki se reprezantan “esklav fidèl ki prevwayan an”, nan tout dispozisyon l pran. Moun ki fè pati gwo foul la apresye manje espirityèl Kolèj santral la prepare yo. Men, anmenmtan, byenke yo respekte esklav la, yo veye pou yo pa bay moun ki di yo fè pati esklav sa a yon onè depase. Pa gen okenn kretyen ki vrèman wen ki vle sa oubyen k ap atann yo fè sa pou yo. —Tra. 10:25, 26; 14:14, 15.

20 Kit nou se “domestik” ki fè pati rès kretyen wen yo, kit nou fè pati gwo foul la, se pou nou pran detèminasyon pou nou kolabore totalman ak entandan fidèl la ansanm ak Kolèj santral li a. Nou chak bezwen veye pou nou “pa kite dòmi pran nou” e pou nou rete fidèl jiskaske lafen an vini. —Mat. 24:13, 42.

Èske nou sonje?

• Kiyès “esklav fidèl ki prevwayan an” ye, e kiyès domestik yo ye?

• Ki jan yon moun fè konnen si Bondye rele l pou l al nan syèl la?

• Kiyès ki gen responsablite pou l prepare manje espirityèl la?

• Ki jan yon kretyen wen ta dwe konsidere tèt li?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Jodi a, Kolèj santral la se reprezantan esklav fidèl ki prevwayan an. Nan premye syèk la, te gen yon aranjman konsa tou.