Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske li posib pou yon moun konprann Bib la?

Èske li posib pou yon moun konprann Bib la?

Èske li posib pou yon moun konprann Bib la?

“Nou te gen abitid li Bib la an fanmi chak dimanch. Sepandan, mwen pa t vrèman pran plezi nan lekti a. Mwen kwè Bib la se Pawòl Bondye, men pifò nan pati m te konn li ladan l yo te difisil pou m konprann.” —Steven, Grann Bretay.

“Lè m te gen 17 an, mwen te eseye li Bib la. Mwen te twouve li difisil pou m konprann li. Se sa k fè m te kite sa.” —Valvanera, Espay.

“Mwen li Bib la yon fwa deja paske, antanke katolik, mwen te panse fòk mwen li l. Mwen te pran twazan pou m fin li l. Sepandan, se apèn si mwen te rive konprann yon ti pòsyon nan sa m te li a.” —Jo-Anne, Ostrali.

JISKA prezan, Bib la se liv moun plis konnen nan monn nan. Yo kontinye vann liv sa a plis pase tout lòt liv paske kounye a gen plis moun ki gen posiblite pou yo jwenn li pase anvan. Li disponib nan plis lang pase anvan e li parèt sou plis fòm pase anvan, tankou sou fòm kasèt odyo, CD ak DVD. Sepandan, anpil moun ki posede yon bib twouve se yon liv ki difisil pou yo konprann. Èske w twouve sa tou?

Èske Bondye vle nou konprann Pawòl li a?

Bib la di “tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo”. (2 Timote 3:16, NW.) Wi, se Jewova ki te fè ekri Bib la. Èske Bondye vle nou konprann Pawòl li a? Oubyen èske se li ki te vle pou Bib la difisil konsa pou pifò moun pa ka konprann li si yo pa fè gwo etid tankou manm klèje yo ak biblis yo?

Ann konsidere vèsè ki pi ba yo ki soti nan Bib la:

“Kòmandman sa a m ap kòmande nou jodi a pa twò difisil pou nou, ni li pa twò lwen [nou].” —Detewonòm 30:11, NW.

“Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.” —Sòm 119:130.

“Lè sa a, Sentespri a te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre ou pran bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.” —Lik 10:21.

Moun ki te fè ekri Bib la vrèman vle pou w konprann Pawòl li a! Sepandan, reyalite a sèke anpil moun ki sensè twouve li difisil pou yo konprann li. Ki sa ki ka ede w konprann li? Atik ki vin apre yo bay twa sijesyon ki kapab ede w.