Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

1. Mande moun ki fè ekri Bib la pou l ede w

1. Mande moun ki fè ekri Bib la pou l ede w

Fason w ka rive konprann Bib la

1. Mande moun ki fè ekri Bib la pou l ede w

Men sa Ninfa, yon fi k ap viv ann Itali, di: “Te gen yon lè mwen te konn li Bib la anvan m al dòmi. Mwen te fè sa paske mwen te konnen se Pawòl Bondye. Byenke m pa t renmen fè lekti, mwen te vle konnen sa Bondye te fè ekri nan Bib la. Mwen te gen objektif pou m li l nèt. Okòmansman, sa te parèt fasil, men apre sa, mwen te rive nan kèk pati mwen te twouve ki difisil e mwen te sispann li l.”

ÈSKE sa k te rive Ninfa a rive w deja? Gen anpil moun sa rive deja. Sepandan, kòm nou te wè sa nan atik anvan an, Jewova Dye, Moun ki te fè ekri Bib la, vle pou nou konprann Pawòl li a. Ki jan nou kapab rive konprann li? Premye bagay pou nou fè, se mande l pou l ede nou.

Apot Jezi yo se te moun yo te konsidere kòm moun “ki sòti nan mas pèp la, ki pat resevwa okenn enstriksyon” paske yo pa t pran fòmasyon nan domèn relijyon nan lekòl rabinik yo (Travay 4:13). Sepandan, Jezi te ba yo asirans yo t ap kapab konprann Pawòl Bondye a. Ki jan sa t ap rive fèt? Men esplikasyon Jezi te ba yo: “Asistan an, lespri sen, Papa a ap voye nan non mwen an, sila a ap anseye nou tout bagay.” ​(Jan 14:26, NW). Bondye te itilize lespri sen l, sètadi fòs aktif li a, pou l kreye tè a ak tout sa k ap viv sou li (Jenèz 1:2). Li te sèvi avè l tou pou l enspire anviwon 40 moun pou yo mete panse l nan Bib la (2 Pyè 1:20, 21). Menm espri sa a disponib jodi a pou ede moun k ap chèche konprann Bib la.

Ki jan w ka resevwa lespri sen Bondye? Se lè w mande l li avèk lafwa. Anfèt, ou gendwa bezwen pèsiste nan sans sa a. Men sa Jezi te di: “Kontinye mande e y ap ban nou.” Li te di tou: “Si [...] nou konnen pou nou bay pitit nou bonjan kado, alewè pou Papa a ki nan syèl la, moun ki mande l lespri sen, l ap ba yo l!” ​(Lik 11:9, 13, NW). Jewova ap bay moun lespri sen l avèk jenewozite, depi yo mande l li avèk senserite. Fòs aktif li a kapab ede w konprann pawòl enspire li te fè ekri nan Bib la sa gen plizyè milye ane. Lespri Bondye a kapab ba w sajès tou k ap ede w aplike mesaj pisan ki nan Bib la nan lavi w. —Ebre 4:12; Jak 1:5, 6.

Chak fwa w chita pou w li Bib la, priye Jewova epi mande l pou l ba w lespri sen l ki kapab ede w konprann Pawòl li a.