Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lè nou anseye avèk amou, nou imite Jezi

Lè nou anseye avèk amou, nou imite Jezi

Lè nou anseye avèk amou, nou imite Jezi

“Nou poko janm wè yon nonm ki pale tankou nonm sa a.”—JAN 7:46.

1. Ki jan moun yo te reyaji lè Jezi t ap anseye?

IMAJINE jan sa te dwe enteresan pou yon moun koute Jezi k ap anseye! Labib fè nou wè ki efè sa te genyen sou moun ki t ap koute l yo. Pa egzanp, nan Evanjil Lik la, Lik fè konnen moun Nazarèt yo “te sezi tande bèl pawòl ki t’ap sòti nan bouch li”. Matye fè konnen moun ki t ap koute Jezi lè l t ap bay Sèmon sou montay la “te sezi tande sa l t’ap moutre yo”. E Jan li menm te fè remake ofisye yo te voye arete Jezi yo te retounen san yo pa t arete l, e yo te di: “Nou poko janm wè yon nonm ki pale tankou nonm sa a.” —Lik 4:22; Mat. 7:28; Jan 7:46.

2. Ki metòd Jezi te konn itilize lè l ap anseye?

2 Ofisye yo te gen rezon. Pa gen dout, Jezi se pi gran anseyan ki te egziste. Li te anseye yon fason ki klè, ki senp, e li te anseye avèk lojik. Li te itilize egzanp ak kesyon avèk ladrès. Li te adapte ansèyman l t ap bay moun li t ap anseye yo, kit moun sa yo te gen gwo pozisyon, kit yo te soti nan pèp la. Menm lè verite li t ap anseye moun yo te vrèman pwofon, li te anseye yo yon fason ki fasil pou moun yo konprann. Men, se pa sèlman aspè sa yo ki fè Jezi te gran Anseyan an.

Lanmou: kalite ki pi enpòtan an

3. Antanke anseyan, ki jan Jezi te diferan parapò ak chèf relijye nan epòk li a?

3 Pami eskrib yo ak Farizyen yo, sandout genyen ki te entèlijan, ki te gen konesans e ki te gen ladrès pou yo pataje konesans sa a ak lòt moun. Men, sa k fè fason Jezi te anseye a te diferan anpil ak fason yo te konn anseye a? Chèf relijye yo pa t renmen moun ki fè pati pèp la. Okontrè, yo te meprize yo, yo te konsidere yo kòm “moun ki gen madichon”. (Jan 7:49.) Alòske Jezi li menm te gen pitye pou moun sa yo, paske yo te “depafini e yo te gaye tankou mouton ki san bèje”. (Mat. 9:36, NW.) Anplis, li te gen tandrès, konpasyon ak bonte. Chèf relijye yo pa t renmen Bondye vre (Jan 5:42). Men, Jezi te renmen Papa l e li te pran plezi fè volonte l. Chèf relijye yo te tòde pawòl Bondye a pou yo te fè l ale nan sans pa yo, sepandan, Jezi li menm te renmen “pawòl Bondye” a. Li te anseye l, li te esplike moun yo li, li te defann li e li te viv ann amoni avè l (Lik 11:28). Pa gen dout nan sa, Kris te gen yon lanmou ki te pwofon anpil, e lanmou sa a te parèt nan sa l t ap anseye, nan fason li te trete moun yo e nan fason li te anseye yo.

4, 5. a) Poukisa li enpòtan pou nou anseye avèk lanmou? b) Poukisa konesans ak ladrès enpòtan tou lè n ap anseye?

4 E nou menm jodi a, ki jan nou montre nou diferan? Antanke disip Kris, nou vle imite l nan ministè nou e nan lavi nou (1 Pyè 2:21). Se sa k fè nonsèlman nou toujou dispoze pataje konesans ki nan Bib la ak moun yo, men tou, nou toujou ap chèche reflete kalite Jewova yo, sitou lanmou li. Kit nou gen anpil konesans, kit nou pa gen anpil konesans, kit nou gen anpil ladrès pou nou anseye, kit nou pa gen anpil ladrès pou nou anseye, lanmou nou montre nou gen pou moun n ap preche yo ap ede nou touche kè yo. Pou nou ka vrèman efikas nan travay fè disip la, nou dwe imite Jezi lè nou anseye avèk amou.

5 Byennantandi, pou nou bon anseyan, sa mande pou nou gen konesans e pou nou gen ladrès pou nou anseye sa nou konnen yo. Jezi te ede disip li yo gen toule de bagay sa yo. Jodi a, Jewova ede nou genyen de bagay sa yo tou pa mwayen òganizasyon l lan. (Li Izayi 54:13; Lik 12:42.) Sepandan, nou bezwen chèche anseye ni avèk lespri nou ni avèk kè nou. Lè nou mete konesans, ladrès ak lanmou ansanm pou nou anseye, n ap jwenn rezilta ki ka ban nou anpil satisfaksyon. Men, ki jan nou kapab montre nou gen lanmou lè n ap anseye? Ki jan Jezi ak disip li yo te montre sa? Annou wè ki jan yo te fè sa.

Nou dwe renmen Jewova

6. Lè nou renmen yon moun, ki jan nou pale de li?

6 Nou kontan pale de bagay nou renmen. Lè n ap pale de yon bagay ki gen anpil valè pou nou, nou fè sa ak tout nou menm, ak kè kontan e avèk antouzyas. Nou fè sa sitou lè n ap pale de yon moun nou renmen. Souvan, nou chofe pou nou pataje sa nou konnen sou moun sa a ak lòt moun. Nou fè elòj pou li, nou onore l e nou defann li. Nou fè sa paske nou vle pou lòt moun yo enterese nan moun sa a menm jan ak nou e pou kalite li genyen yo atire yo.

7. Lefètke Jezi te gen lanmou pou Bondye, ki sa sa te pouse l fè?

7 Pou nou ka ede lòt moun kiltive lanmou pou Jewova, nou dwe konnen Jewova e nou dwe renmen l nou menm. Dayè, se lanmou pou Bondye ki baz vrè adorasyon an (Mat. 22:36-38). Jezi kite yon egzanp pafè pou nou nan domèn sa a. Li te renmen Jewova ak tout kè l, ak tout lespri l, ak tout nanm li e ak tout fòs li. Jezi te konnen Papa l ki nan syèl la byen, etandone li te pase petèt plizyè milya ane nan syèl la avèk li. Ki efè tout tan sa a li te pase ak Papa l nan syèl la te fè sou li? Men sa l te di: “Mwen renmen Papa m.” ​(Jan 14:31). Lanmou sa a te parèt nan tout sa Jezi te di e nan tout sa l te fè. Sa te pouse l pou l toujou fè sa ki fè Bondye plezi (Jan 8:29). Sa te pouse l denonse chèf relijye yo ki te ipokrit e ki te pran pòz yo se reprezantan Bondye. Anplis, sa te pouse l pale de Jewova yon fason pou l te ka ede lòt moun pou yo konnen l e pou yo renmen l.

8. Lefètke disip Jezi yo te gen lanmou pou Bondye, ki sa sa te pouse yo fè?

8 Menm jan ak Jezi, premye disip yo te renmen Jewova, e lanmou sa a te pouse yo preche bon nouvèl la avèk kouraj e avèk zèl. Yo te gaye ansèyman yo a nan tout Jerizalèm, menm lè chèf relijye yo, ki te gen anpil enfliyans, te opoze ak yo. Disip yo pa t ka sispann pale de sa yo te wè ak sa yo te tande (Tra. 4:20; 5:28). Yo te konnen Jewova te avèk yo e li t ap beni yo. E Jewova te fè sa vre! Anfèt, mwens pase 30 an apre Jezi te fin mouri, apot Pòl te di yo te preche bon nouvèl la bay “tout moun sou latè”. —Kol. 1:23.

9. Ki jan nou kapab ogmante lanmou nou pou Bondye?

9 Si nou vle vin anseyan ki vrèman efikas, nou menm tou nou bezwen kontinye ogmante lanmou nou pou Bondye. Ki jan nou kapab fè sa? Lè nou priye l souvan. Nou kontinye ogmante lanmou nou tou pou li lè nou etidye Pawòl li a, lè nou li piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la e lè nou asiste reyinyon yo. Tank n ap gen plis konesans sou Bondye, se tank n ap gen plis lanmou pou li nan kè nou. E lè nou demontre nou renmen Jewova nan sa n ap fè e nan sa n ap di, moun k ap obsève nou ka vin anvi pwoche bò kote l tou. —Li Sòm 104:33, 34.

Nou dwe renmen sa n ap anseye yo

10. Ki bagay ki fè yon anseyan se yon bon anseyan?

10 Yon bagay ki fè yon anseyan se yon bon anseyan se lè li renmen sa l ap anseye yo. Li dwe kwè nan yo, yo dwe gen enpòtans pou li e li dwe ba yo anpil valè. Si yon anseyan enterese nan sa l ap anseye yo, l ap anseye yo avèk antouzyas e sa ap gen yon gwo enpak sou moun l ap anseye yo. Yon lòt bò, si yon anseyan pa vrèman renmen sa l ap anseye yo, li pa kapab atann pou moun l ap anseye yo bay ansèyman l yo enpòtans. Se poutèt sa, antanke anseyan Pawòl Bondye a, nou pa dwe janm souzestime efè egzanp nou kapab genyen sou etidyan nou yo. Men sa Jezi te di: “Tout disip ki byen fòme, y ap menm jan ak mèt yo.” —Lik 6:40, Bib Kreyòl La.

11. Poukisa Jezi te renmen sa l t ap anseye yo?

11 Jezi te renmen verite li t ap anseye yo. Li te konnen li gen bagay ki gen anpil valè pou l pataje ak moun yo, anpalan de laverite sou Papa l ki nan syèl la, “pawòl Bondye” yo ak “pawòl k’ap bay lavi ki p’ap janm fini an”. (Jan 3:34; 6:68.) Verite Jezi t ap anseye yo te tankou yon limyè ki klere anpil ki te devwale sa ki mal e ki te montre aklè sa ki byen. Yo te pote esperans ak rekonfò pou moun enb chèf relijye yo te twonpe yo, moun Satan t ap maltrete yo (Tra. 10:38). Lanmou Jezi te gen pou laverite te parèt nonsèlman nan sa l t ap anseye yo, men tou, li te parèt nan tout sa l t ap fè.

12. Ki jan apot Pòl te santi l anrapò ak bon nouvèl la?

12 Menm jan ak Jezi, disip li yo te tèlman renmen verite yo t ap anseye sou Jewova ak sou Kris yo e yo te tèlman ba yo anpil valè, opozan yo pa t ka anpeche yo pataje yo ak lòt moun. Men sa apot Pòl te ekri kretyen ki te nan Wòm yo: “M anvi vin anonse Bòn Nouvèl la [...]. Mwen pa wont anonse Bòn Nouvèl la: se pouvwa Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè.” ​(Wom. 1:15, 16). Pòl te konsidere se yon onè li genyen pou l fè moun konnen laverite. Men sa li te ekri: “Se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m fè moun lòt nasyon yo konnen bòn nouvèl richès Kris la, richès moun p’ap janm fin konprann [nan].” ​(Efe. 3:8). Li pa difisil pou nou imajine jan Pòl te gen antouzyas lè l t ap anseye lòt moun sou Jewova e sou objektif Li genyen yo.

13. Ki rezon nou genyen pou nou renmen bon nouvèl la?

13 Bon nouvèl nou jwenn nan Pawòl Bondye a ede nou aprann konnen Kreyatè a e li ede nou vin gen yon relasyon avè l ki baze sou lanmou. Bon nouvèl sa a fè nou jwenn repons ki satisfè nou pou yon seri kesyon enpòtan nan lavi a e li gen pouvwa pou l chanje lavi nou. Li ban nou espwa e li fòtifye nou lè nou nan moman detrès. Anplis, li montre nou chemen lavi toutbon ki pap janm fini an. Pa gen lòt konesans ki gen plis valè oubyen ki pi enpòtan pase bon nouvèl la. Se yon kado ki vrèman gen anpil valè Bondye ban nou, yon kado ki ban nou kè kontan. Anplis, nou jwenn plis lajwa toujou lè nou pataje l ak lòt moun. —Tra. 20:35.

14. Ki jan nou ka vin renmen sa n ap anseye yo pi plis toujou?

14 Ki sa w kapab fè pou w renmen bon nouvèl la pi plis toujou? Lè w ap li Pawòl Bondye a, pafwa ou bezwen pran yon ti tan pou w reflechi sou sa w sot li a. Pa egzanp, ou kapab imajine ou menm k ap mache avèk Jezi pandan ministè l sou tè a oswa ou menm k ap vwayaje avèk apot Pòl. Ou kapab imajine ou menm ki nan monn nouvo a e ou ka reflechi tou sou fason lavi a pral diferan. Ou kapab panse tou ak tout benediksyon ou jwenn paske w obeyi bon nouvèl la. Si w kontinye renmen bon nouvèl la, moun w ap anseye yo ap wè lanmou sa a. Se sa k fè nou gen bonjan rezon pou nou byen reflechi sou sa n ap aprann yo e pou nou veye sou sa n ap anseye. —Li 1 Timote 4:15, 16.

Nou dwe renmen moun yo

15. Poukisa yon anseyan dwe renmen moun l ap etidye avèk yo?

15 Yon bon anseyan fè etidyan l yo santi yo alèz yon fason pou yo ka anvi aprann e pou yo patisipe nan etid la. Yon anseyan ki gen lanmou bay etidyan l yo konesans paske li vrèman enterese nan yo. Li adapte sa l ap anseye yo a ak bezwen yo e ak nivo konpreyansyon yo. Li pran kapasite yo ak sitiyasyon yo an konsiderasyon. Lè yon anseyan gen yon lanmou konsa, etidyan an ap santi sa. Konsa, ni moun k ap anseye a ni moun k ap aprann nan ap gen lajwa.

16. Ki fason Jezi te montre li renmen moun?

16 Jezi te montre li gen yon lanmou konsa. Pi gwo fason li te montre lanmou sa a se lè li te bay lavi pafè li a pou l te ka sove lòt moun (Jan 15:13). Pandan ministè Jezi, li pa t janm sispann montre li enterese nan byennèt moun yo nan domèn materyèl e, sitou, nan domèn espirityèl. Olye li te tann moun yo vin jwenn li, li te mache plizyè santèn kilomèt pou l jwenn yo pou l pataje bon nouvèl la avèk yo (Mat. 4:23-25; Lik 8:1). Li te gen pasyans avèk yo e li te aji avèk konpreyansyon anvè yo. Li te korije disip li yo avèk amou lè yo te bezwen sa (Mak 9:33-37). Li te ankouraje yo lè l te montre yo li gen konfyans yo t ap preche bon nouvèl la avèk efikasite. Pa janm gen yon anseyan ki te gen plis lanmou pase Jezi! Lefètke li te gen lanmou pou disip li yo, sa te fè yo renmen l tou e sa te pouse yo obsève kòmandman l yo. —Li Jan 14:15.

17. Ki jan disip Jezi yo te montre yo renmen lòt moun?

17 Menm jan ak Jezi, disip li yo te montre yo gen yon lanmou ki pwofon pou moun yo t ap preche yo e yo te montre yo gen afeksyon pou yo. Yo te andire pèsekisyon, yo te riske lavi yo pou yo sèvi lòt moun e pou yo preche bon nouvèl la avèk siksè. Se pa ti afeksyon yo te genyen pou moun yo t ap ede nan domèn espirityèl yo! Sou aspè sa a, pawòl apot Pòl te di lè l te ekri kretyen Tesalonik yo vrèman touche nou. Men sa l te di yo: “Pandan tout tan m te lakay nou [an], mwen te aji avèk dousè, tankou yon manman k’ap pran swen pitit li yo. Mwen te sitèlman renmen nou, se pa bon nouvèl la ase mwen ta ban nou. Ata vi m mwen ta bay pou nou. Nou wè jan m renmen nou!” —1 Tes. 2:7, 8.

18, 19. a) Poukisa nou dispoze fè sakrifis pou nou fè travay predikasyon an? b) Bay yon egzanp pou w montre lòt moun remake nou se moun ki gen lanmou.

18 Menm jan an tou, nan epòk pa nou an, Temwen Jewova yo ap preche nan lemonnantye pou yo jwenn moun ki anvi konnen Bondye e ki vle sèvi l. Anfèt, pandan 17 dènye ane ki pase yo, chak ane nou te pase plis pase yon milya èdtan nan travay predikasyon an ak travay fè disip la. E nou kontinye fè sa. Nou fè sa avèk tout volonte nou, menmsi sa mande pou nou bay tan nou, pou nou depanse enèji nou e pou nou itilize byen materyèl nou. Menm jan ak Jezi, nou konnen Papa nou ki nan syèl la vle moun yo jwenn konesans k ap mennen yo nan lavi etènèl la (Jan 17:3; 1 Tim. 2:3, 4). Lanmou pouse nou ede moun ki gen kè sensè yo pou yo aprann konnen Jewova e pou yo renmen l, menm jan avèk nou.

19 Lòt moun remake nou se moun ki gen lanmou. Pa egzanp, gen yon sè ki pyonye Ozetazini ki ekri lèt voye bay moun ki gen moun pa yo ki mouri pou l rekonfòte yo. Men sa yon mesye ki te resevwa youn nan lèt sa yo te reponn li nan yon lèt: “Premye reyaksyon mwen te genyen, sèke mwen te sezi lè m te wè yon moun fè tout efò sa a pou l ekri yon lèt voye bay yon moun li pa menm konnen yon fason pou l ka ede l andire moman difisil l ap pase. Sèl konklizyon mwen kapab tire, sèke ou gen lanmou pou pwochen w e ou gen lanmou pou Bondye k ap dirije moun sou chemen lavi a.”

20. Sa k fè li enpòtan pou nou anseye avèk amou?

20 Gen yon ekriven ki te di lè yon moun mete lanmou li genyen ak ladrès li genyen ansanm pou li fè yon travay, travay sa a ap yon chedèv. Lè n ap anseye, nou chèche ede etidyan nou yo konnen Jewova e nou chèche ede yo kiltive lanmou pou li nan kè yo. Pa gen dout nan sa, pou nou kapab anseyan ki vrèman efikas, nou bezwen renmen Bondye, nou bezwen renmen laverite e nou bezwen renmen moun. Tank n ap kiltive yon lanmou konsa e n ap demontre l nan ministè nou, nonsèlman n ap jwenn lajwa lefètke nou bay, men tou, n ap gen satisfaksyon lefètke nou konnen nou imite Jezi e nou fè kè Jewova kontan.

Ki repons nou ta bay?

• Pandan n ap anseye lòt moun bon nouvèl la, poukisa li enpòtan...

pou nou renmen Bondye?

pou nou renmen sa n ap anseye yo?

pou nou renmen moun n ap anseye yo?

[Kesyon]

[Foto nan paj 15]

Sa k fè fason Jezi te anseye a te diferan ak fason eskrib yo ak Farizyen yo te konn anseye?

[Foto nan paj 18]

Pou nou anseye byen, sa mande pou nou gen konesans, ladrès pou nou anseye e, sitou, pou nou gen lanmou.