Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w suiv “chemen” lanmou an, yon chemen ki “estrawòdinè”?

Èske w suiv “chemen” lanmou an, yon chemen ki “estrawòdinè”?

Èske w suiv “chemen” lanmou an, yon chemen ki “estrawòdinè”?

“BONDYE se lanmou.” Pawòl sa yo apot Jan te ekri a montre nou kalite ki pi dominan lakay Bondye a se lanmou (1 Jan 4:8, NW). Se lanmou Bondye gen pou limanite ki fè li posib pou nou pwoche bò kote l e pou nou gen yon relason pèsonèl avè l. Ki lòt fason lanmou Bondye kapab gen yon enfliyans sou nou? Gen moun ki di “bagay nou renmen yo enfliyanse pèsonalite nou”, e se vre. Sepandan, moun nou renmen ak moun ki renmen nou enfliyanse pèsonalite nou tou. Piske nou fèt pòtre ak Bondye, nou gen kapasite pou nou demontre lanmou menm jan ak li nan lavi nou (Jen. 1:27). Se sa k fè apot Jan te di nou renmen Bondye paske “Bondye te renmen nou anvan”. —1 Jan 4:19.

Kat mo yo itilize pou dekri lanmou

Apot Pòl te rele lanmou “yon chemen estrawòdinè”. (1 Kor. 12:31, NW.) Poukisa l te dekri lanmou konsa? De ki kalite lanmou li t ap pale? Pou nou rive konnen repons kesyon sa yo, annou chèche pi byen konprann sans mo “lanmou” an.

Nan tan lontan, Grèk yo te gen kat mo fondamantal yo te itilize sou diferan fòm pou yo dekri lanmou. Mo sa yo se storgê, érôs, philia ak agapê. Nan mo sa yo, se agapê yo itilize lè yo di Bondye “se lanmou” an *. Men sa pwofesè William Barclay te di nan yon liv konsènan lanmou sa a: “Agapê gen rapò ak lespri nou: se pa senpleman yon santiman ki annik soti nan kè nou; se yon prensip nou chwazi adopte nan lavi nou. Agapê makònen anpil ak volonte nou.” ​(New Testament Words). Konsa, nan kontèks sa a, se prensip ki dirije lanmou agapê, oubyen ki gide lanmou sa a. Sepandan, souvan, li gen anpil santiman ladan l. Kòm gen bon ak move prensip, li klè, kretyen yo ta dwe kite se bon prensip Jewova mete nan Bib la ki dirije yo. Lè nou konpare diferan fason Bib la dekri agapê ak diferan ekspresyon li itilize pou l pale de lanmou, n ap pi byen konprann kalite lanmou nou dwe demontre a.

Lanmou nan fanmi

Se pa ti bon sa bon lè nou fè pati yon fanmi ki ini e ki gen lanmou ladan l! Mo grèk yo itilize nan Bib la pou yo pale de afeksyon natirèl ki genyen ant moun ki nan menm fanmi se storgê. Kretyen yo fè efò pou yo demontre lanmou pou manm fanmi yo. Pòl te anonse nan dènye jou yo moun yo an jeneral “pap gen afeksyon” sa a pou pwochen yo *. —2 Tim. 3:1, 3, NW.

Lanmou moun ki nan yon fanmi ta dwe genyen youn pou lòt tou natirèlman an se yon bagay malerezman ki manke nan monn n ap viv ladan l jodi a. Poukisa gen tout fi ansent sa yo k ap fè avòtman? Poukisa nan anpil fanmi yo neglije paran ki aje yo? Poukisa kantite divòs yo kontinye ap ogmante? Rezon an se paske moun manke gen afeksyon youn pou lòt.

Mete sou sa, Labib anseye “kè a pi trèt pase nenpòt ki lòt bagay”. (Jer. 17:9, NW.) Lanmou sa a ki egziste nan fanmi yo gen rapò ni ak kè nou ni ak santiman nou. Men, yon bagay ki enteresan, sèke Pòl te itiize mo agapê a pou l pale de lanmou ki ta dwe egziste ant yon mari ak madanm li. Li te konpare lanmou sa a ak lanmou Kris genyen pou kongregasyon an (Efe. 5:28, 29). Lanmou sa a baze sou prensip Jewova etabli yo, li menm ki vini ak dispozisyon pou gen fanmi an.

Se vrè lanmou nou genyen pou manm fanmi nou ki pouse nou demontre enterè nou genyen pou paran nou yo ki aje oubyen ki motive nou pou n pran responsablite nou anvè pitit nou. Anplis, li ankouraje paran yo pou yo bay pitit yo yon disiplin ki plen lanmou lè sa nesesè e li anpeche yo vin twò sansib pou yo, paske, souvan sa konn fè yo twò toleran ak pitit yo. —Efe. 6:1-4.

Lanmou santimantal ak prensip biblik yo

Lanmou yon gason ak yon fi genyen nan kad maryaj se vrèman yon kado Bondye bay (Pwo. 5:15-17). Sepandan, moun Bondye te enspire pou yo ekri Bib la pa t sèvi ak mo érôs la ki gen rapò ak lanmou santimantal. Poukisa? Sa gen plizyè ane, Toudegad te fè kòmantè sa a: “Jodi a, lemonnantye sanble fè menm erè ak Grèk nan tan lontan yo. Yo te konn adore Ewòs kòm dye, yo te konn pwostène devan lotèl li e yo te konn ofri l sakrifis [...]. Men, listwa montre kalite adorasyon sa a ki gen rapò ak lanmou ki makònen sèks, se degradasyon, debòch ak deregleman li pote. Petèt se pou rezon sa a moun ki te patisipe nan ekri Bib la pa t sèvi ak mo sa a.” Pou nou evite antre nan relasyon santimantal ki baze sèlman sou atirans fizik, prensip biblik yo dwe tanpere lanmou santimantal nou genyen an, sètadi yo dwe kontwole l. Donk, poze tèt ou kesyon sa a: ‘Èske vrè lanmou an ekilibre lanmou santimantal mwen genyen an?’

Jèn ki rete kole ak prensip biblik yo ap rete pwòp nan domèn moral pandan peryòd yo “jèn” nan, peryòd kote dezi seksyèl yo fò anpil lakay yo (1 Kor. 7:36, NW; Kol. 3:5). Nou konsidere maryaj kòm yon kado sakre Jewova bay. Konsènan moun ki marye yo, Jezi te di “pèsonn moun pa gendwa separe sa Bondye mete ansanm”. (Mat. 19:6.) Se sa k fè se pa atirans nou genyen youn pou lòt k ap fè nou rete ansanm antanke koup marye, men se respè nou gen pou angajman nou te pran lè nou te marye a, menm lè atirans sa a diminye. Lè gen pwoblèm nan maryaj nou, nou pa chèche pou nou kraze l, men nou fè efò sensèman pou nou manifeste kalite Bondye yo pou nou gen kè kontan nan fanmi nou. Lè nou aji konsa, sa ap pèmèt nou toujou gen kè kontan. —Efe. 5:33; Ebre 13:4.

Lanmou zanmi gen youn pou lòt

Se pa ti raz lavi a t ap raz si nou pa t gen zanmi! Gen yon pwovèb nan Bib la ki di: “Gen zanmi [...] [ki] plis pase frè.” ​(Pwo. 18:24). Jewova vle pou nou gen vrè zanmi. Anpil moun konnen bonjan zanmitay ki te egziste ant David ak Yonatàn (1 Sam. 18:1). E Labib di Jezi te “gen afeksyon” pou apot Jan (Jan 20:2, NW). Mo grèk ki vle di “afeksyon” oswa “zanmitay” la se philia. Pa gen anyen ki mal pou nou gen yon bon zanmi nan kongregasyon an. Sepandan, 2 Pyè 1:7 (NW) ankouraje nou pou nou mete lanmou (agapê) sou “afeksyon nou gen pou frè” nou (mo grèk lè yo tradui l ki bay ekspresyon sa a se philadelphia. Li se yon mo konpoze ki gen mo philos ak mo adelphos ladan l. Philos vle di “zanmi” e adelphos vle di “frè”). Pou nou ka gen amitye ki dirab, nou bezwen mete konsèy apot Pyè te bay la ann aplikasyon. Nou bezwen poze tèt nou kesyon sa a: ‘Èske amitye mwen gen ak lòt moun ekilibre ak prensip ki nan Bib la?’

Pawòl Bondye a ede nou pou nou pa gen patipri nan fason n ap boule ak zanmi nou yo. Nou pa aji de fason diferan, sètadi nou montre nou fleksib ak moun ki zanmi nou, men nou aji di ak moun ki pa zanmi nou. Anplis, nou pa sèvi ak flatri pou nou fè zanmi. Men, sa k pi enpòtan, sèke lè nou aplike prensip ki nan Bib la, sa ban nou disènman nou bezwen pou nou byen chwazi moun k ap zanmi nou e pou nou evite ‘move frekantasyon k ap gate abitid ki pwofitab’ nou genyen yo. —1 Kor. 15:33, NW.

Yon lanmou san parèy ki ini nou!

Lanmou ki ini kretyen yo se yon lanmou ki vrèman san parèy. Men sa apot Pòl te ekri: “Se pou lanmou nou pa gen ipokrizi ladan l. [...] Se pou lanmou nou gen pou frè nou yo makònen ak afeksyon ki pwofon nou gen youn pou lòt.” ​(Wom. 12:9, 10, NW). Vrèmanvre, kretyen yo gen yon ‘lanmou (agapê) ki pa gen ipokrizi ladan l’. Lanmou sa a se pa yon senp santiman ki soti nan kè nou, men li byen anrasinen nan prensip ki nan Bib la. Sepandan, Pòl pale tou de “lanmou nou gen pou frè nou yo” ​(philadelphia) ak “afeksyon ki pwofon” ​(philostorgos, yon mo konpoze ki gen philos ak storgê ladan l). Selon yon biblis, “lanmou nou gen pou frè nou yo” se “yon lanmou ki gen afeksyon, ki gen bonte, ki gen senpati e ki ofri èd li”. Lè moun k ap adore Jewova yo genyen l e yo gen agapê tou, sa ede yo gen bonjan amitye antre yo (1 Tes. 4:9, 10). Lòt ekspresyon an (philostorgos), lè yo tradui l ki bay “afeksyon ki pwofon” an, parèt yon sèl fwa nan tèks orijinal la nan lang grèk la e li fè referans ak inite ansanm ak entimite ki egziste anndan yon fanmi *.

Lanmou ki ini vrè kretyen yo se yon melanj lanmou manm fanmi gen antre yo, afeksyon bon zanmi genyen youn pou lòt ak lanmou ki baze sou prensip biblik yo. Kongregasyon kretyen an se pa yon kote moun ale pou yo fè konesans lòt moun, ni se pa yon òganizasyon pwofàn, men se yon fanmi ki byen ini pou l adore Jewova Dye. Nou rele kwayan menm jan avèk nou yo frè ak sè, e se konsa nou konsidere yo. Yo fè pati fanmi espirityèl nou an, nou renmen yo antanke zanmi e nou toujou aji avèk yo ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Se pou nou tout kontinye fè sa nou kapab pou lanmou sa a ki ini nou an e ki idantifye nou kòm vrè kongregasyon kretyen an ogmante! —Jan 13:35.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Pafwa yo sèvi ak agapê pou yo pale de yon lanmou ki pa kòrèk. —Jan 3:19; 12:43; 2 Tim. 4:10; 1 Jan 2:15-17.

^ § 7 Lè yo mete prefiks a devan yon fòm mo storgê a, li bay astorgoi. Prefiks a gen sans “pa gen”. Se mo sa a (astorgoi) lè yo tradui l ki bay ekspresyon “pap gen afeksyon” an. —Gade Women 1:31 tou.

^ § 18 Nan Traduction du monde nouveau a, gen lòt mo grèk lè yo tradui yo ki bay “afeksyon ki pwofon”. Se sa k fè ekspresyon sa a parèt nan Women 12:10, nan Filipyen 1:8 e nan 1 Tesalonisyen 2:8.

[Antrefilè nan paj 12]

Ki jan ou menm ou kontribye pou lanmou ki ini nou an ogmante?