Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki kantite lajan m ta dwe bay kòm ofrann?

Ki kantite lajan m ta dwe bay kòm ofrann?

Lektè nou yo ta renmen konnen

Ki kantite lajan m ta dwe bay kòm ofrann?

“Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” ​(2 Korentyen [2 Korent] 9:7). Plizyè milyon moun nan lemonnantye konnen pawòl sa yo. Sepandan, gen kèk moun k ap mache legliz ki ka santi yo oblije bay ofrann ki depase mwayen yo. Anfèt, gen yon seri relijyon ki egzije moun ki ladan yo pou yo bay yon kantite lajan fiks kòm ofrann. Yo rele kantite lajan yo egzije yo bay la ladim, sa vle di, 10 pousan nan lajan yo antre.

Èske Labib vrèman mande pou nou bay yon kantite lajan fiks kòm ofrann? Yon kesyon nou chak ka mande tèt nou se: ki kantite lajan m ta dwe bay kòm ofrann?

Ofrann yo te egzije Izrayelit yo bay ak ofrann volontè yo te konn bay nan tan lontan

Labib gen enstriksyon byen klè Bondye te bay nasyon Izrayèl la sou kantite ofrann li te vle pou yo bay (Levitik 27:30-32; Nonb 18:21, 24; Detewonòm 12:4-7, 11, 17, 18; 14:22-27). Ofrann yo te egzije yo fè yo pa t egzajere. Jewova te pwomèt yo si yo obeyi lwa l yo, li t ap ‘kouvri nasyon an ak benediksyon’. —Detewonòm 28:1, 2, 11, 12.

Izrayelit yo te ka bay ofrann volontèman nan lòt okazyon. Yo te ka bay anpil, konsa tou yo te ka bay ofrann ki piti, selon sa yo te vle a. Pa egzanp, lè wa David te deside pou l bati yon tanp pou Jewova, moun li t ap dirije yo te bay “senmil talan lò *”. (1 Kwonik 29:7, NW.) Yon lòt bò, Jezi te wè ‘yon vèv ki malerèz k ap mete de ti pyès monnen ki prèske pa vo anyen’ nan trezò tanp lan. Ki kantite lajan ofrann li te bay la te ye? Li te 64 fwa pi piti pase kòb yon moun te konn touche pou yon jounen travay. Epoutan, Jezi te di Bondye te aksepte ti kantite kòb sa a li te bay la. —Lik 21:1-4, NW.

Èske kretyen yo oblije bay yon kantite lajan fiks?

Kretyen yo pa sou alyans Lalwa Bondye te fè ak Izrayèl la. Konsa, yo pa oblije bay yon kantite lajan fiks kòm ofrann pou Bondye. Sepandan, nan vrè kongregasyon kretyen an, yon moun jwenn anpil lajwa lè li bay. Men sa Jezi te di: “Gen plis kè kontan lè w bay pase lè w resevwa.” —Travay 20:35, NW.

Temwen Jewova yo soutni travay predikasyon y ap fè sou tè a pa mwayen ofrann volontè yo fè. Ofrann sa yo sèvi pou enprime piblikasyon yo, tankou peryodik sa a w ap li a. Yo sèvi tou pou konstwi lokal pou moun adore Bondye, sètadi Sal Wayòm yo, e yo sèvi pou pran swen lokal sa yo. Yo pa itilize ofrann sa yo pou peye moun. Gen kèk moun ki bay tout tan yo nan travay fè disip la ki resevwa yon ti kòb pou yo peye transpò e pou yo kouvri lòt depans yo fè. Men, pa gen okenn nan yo ki egzije pou yo resevwa èd sa yo. Anfèt, pifò Temwen Jewova yo pa resevwa èd nan domèn ekonomik pou yo soutni travay predikasyon an. Depreferans, pifò ladan yo ap fè yon travay pwofàn pou yo pran swen tèt yo, menm jan Pòl te konn fè tant pou l te ka pran swen tèt li. —2 Korentyen 11:9; 1 Tesalonisyen 2:9.

Si yon moun vle fè yon ofrann pou soutni travay predikasyon Temwen Jewova yo ap fè a, ki kantite lajan li ka bay? Men sa apot Pòl te ekri: “Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa regrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” —2 Korentyen 8:12; 9:7.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Nan ane 2008, yon ons lò te koute an mwayèn 871 dola ameriken. Nan sans sa a, ofrann sa a t ap egal ak 4 794 855 000 dola ameriken anviwon.