Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lavi etènèl sou tè a se yon esperans Bondye bay

Lavi etènèl sou tè a se yon esperans Bondye bay

Lavi etènèl sou tè a se yon esperans Bondye bay

“Kreyasyon an te soumèt anba vanite [...] [avèk yon] esperans.” —WOM. 8:20, NW.

1, 2. a) Poukisa esperans pou moun viv sou tè a pou toutan an enpòtan pou nou? b) Poukisa anpil moun pa kwè moun pral viv sou tè a pou toutan?

PETÈT ou sonje jan w te kontan lè w te fèk aprann talè konsa moun pap ni vyeyi ni mouri ankò, e yo pral viv sou tè a pou toutan (Jan 17:3; Rev. 21:3, 4). Petèt ou kontan pataje esperans sa a ki nan Bib la ak lòt moun. Dayè, esperans pou moun viv sou tè a pou toutan an se yon aspè enpòtan nan bon nouvèl n ap preche a. Li gen efè sou fason nou wè lavi a.

2 Pifò relijyon nan lakretyente rejte esperans lavi etènèl sou tè a. Byenke Labib fè konnen nanm nan ka mouri, pifò legliz anseye yon doktrin ki pa biblik ki fè konnen yon moun gen yon nanm imòtèl ki kontinye viv nan yon monn envizib apre moun nan fin mouri (Eze. 18:20). Se sa k fè gen anpil moun ki pa kwè moun kapab viv sou tè a pou toutan. Donk, nou ka poze tèt nou kesyon sa a: Èske se toutbon Labib pale de esperans sa a ? Si wi, ki lè Bondye te premye bay lèzòm esperans sa a?

‘Yo soumèt li anba vanite avèk yon esperans’

3. Ki jan objektif Bondye gen pou limanite te parèt klè depi nan kòmansman istwa lèzòm?

3 Objektif Jewova pou limanite te parèt klè nan kòmansman istwa lèzòm. Bondye te di byen klè si Adan te obeyisan, li t ap viv pou toutan (Jen. 2:9, 17; 3:22). Pa gen dout nan sa, premye desandan Adan yo te aprann lòm te pèdi lapèfeksyon, e gen prèv ki te fè yo wè sa byen klè. Yo te wè kote pou moun te pase pou yo antre nan jaden Edenn nan te bare, e yo te wè moun yo te vyeyi e yo te mouri (Jen. 3:23, 24). Ofiramezi tan t ap pase, lavi moun te vin pi kout. Adan te mouri a 930 an. Sèm, ki te travèse delij la vivan, te mouri a 600 an sèlman, e Apakchad pitit li te mouri a 438 an. Tera, papa Abraram, te mouri a 205 an. Abraram te mouri a 175 an, Izarak pitit li te mouri a 180 an e Jakòb a 147 an (Jen. 5:5; 11:10-13, 32; 25:7; 35:28; 47:28). Sandout anpil moun te konprann rezon ki fè lavi moun te kontinye ap vin pi kout konsa se paske lèzòm te pèdi posiblite pou yo viv pou toutan an. Èske yo te gen rezon pou yo espere yo te ka retounen gen lavi etènèl ankò?

4. Ki rezon moun ki te fidèl nan tan lontan yo te genyen pou yo kwè Bondye t ap retounen bay lèzòm benediksyon Adan te pèdi yo?

4 Men sa Pawòl Bondye a fè konnen: “Kreyasyon an te soumèt anba vanite [...] [avèk yon] esperans.” ​(Wom. 8:20). Ki esperans sa a? Premye pwofesi nan Bib la te pale de yon “desandans” ki t ap gen pou l ‘mètri sèpan an nan tèt’. (Li Jenèz 3:1-5, 15, NW.) Lefètke Bondye te pwomèt li t ap bay desandans sa a, sa te bay moun fidèl yo yon bon rezon pou yo espere Bondye pap bliye objektif li te gen pou limanite a. Pwomès sa a te bay yon seri mesye tankou Abèl ak Noye rezon pou yo kwè Bondye pral retounen bay lèzòm benediksyon Adan te pèdi yo. Petèt mesye sa yo gendwa te konprann lefètke yo t ap ‘mòde desandans lan nan talon pye l’, te vle di gen san ki t ap koule. —Jen. 4:4; 8:20; Ebre 11:4.

5. Ki sa k montre Abraram te gen lafwa nan rezirèksyon an?

5 Annou pran egzanp Abraram. Lè Bondye te pase Abraram anba eprèv la, li te “asepte touye Izarak [sèl pitit gason l lan] tankou yon ofrann bèt bay Bondye”. (Ebre 11:17.) Poukisa li te dakò fè sa? (Li Ebre 11:19.) Se paske li te kwè nan rezirèksyon an. Abraram te gen rezon pou l kwè rezirèksyon an posib. Li te ka wè sa lè Jewova te fè l retounen gen kapasite pou l fè pitit e li te fè li posib pou li menm ak madanm li gen yon timoun malgre yo te fin granmoun (Jen. 18:10-14; 21:1-3; Wom. 4:19-21). Mete sou sa, Bondye te deja di Abraram: “Se Izarak ki pral ba ou pitit pitit [“desandans”, NW] mwen pwomèt ou yo.” ​(Jen. 21:12). Se sa k fè Abraram te gen bonjan rezon pou l kwè Bondye t ap resisite Izarak.

6, 7. a) Ki alyans Jewova te fè ak Abraram? b) Ki jan pwomès Jewova te fè Abraram nan bay limanite espwa?

6 Piske Abraram te gen yon kokenn lafwa konsa, Jewova te fè yon alyans avèk li konsènan pitit li a, oswa “desandans” li a. (Li Jenèz 22:18.) Pati prensipal “desandans” sa a se Jezi Kris (Gal. 3:16). Jewova te di Abraram “desandans” sa a t ap miltipliye pou l vin “tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè”, sètadi li t ap vin yon kantite Abraram pa t konnen (Jen. 22:17). Sepandan, pi devan Jewova te fè konnen ki kantite moun ki t apral fòme “desandans” sa a. Se Jezi Kris ansanm ak 144 000 kretyen wen ki pral dirije avè l nan Wayòm nan (Gal. 3:29; Rev. 7:4; 14:1). Se pa mwayen Wayòm Mesi a “tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon”.

7 Sandout, Abraram pa t fin byen konprann tout sa alyans Jewova te fè avèk li a te gen ladan l. Sepandan, Labib fè konnen li “t’ap tann lavil ki gen bon fondasyon solid la”. (Ebre 11:10.) Vil sa a se Wayòm Bondye a. Pou Abraram resevwa benediksyon Wayòm sa a pral pote, fòk li retounen viv ankò. Grasa rezirèksyon an, l ap gen posiblite pou l viv sou tè a pou toutan. Moun ki pase Amagedòn vivan yo ak moun ki resisite yo ap gen posiblite pou yo viv pou toutan. —Rev. 7:9, 14; 20:12-14.

“Lespri ap fè presyon sou mwen”

8, 9. Poukisa liv Jòb la se pa yon senp istwa konsènan eprèv yon moun te jwenn?

8 Jòb se yon moun ki te viv ant epòk kote Jozèf, pitit pitit pitit Abraram nan, te vivan, ak epòk kote pwofèt Moyiz te vivan an. Li pwobab se Moyiz ki te ekri liv ki pote non Jòb la nan Bib la. Liv sa a esplike rezon ki fè Jewova te pèmèt Jòb soufri e li montre ki jan bagay yo te pase pou li. Sepandan, liv Jòb la se pa yon senp istwa ki pale de pwoblèm yon moun te rankontre, men se yon liv ki konsantre sou kesyon ki gen rapò ak tout kreyati entèlijan Bondye yo. Liv sa a ede nou konprann Jewova egzèse souvrènte l avèk jistis e kesyon ki te soulve ann Edenn nan gen rapò ak entegrite tout moun k ap sèvi Bondye sou tè a, e li gen rapò ak esperans yo genyen pou yo viv pou toutan an. Byenke Jòb pa t konprann sijè sa a, li pa t kite twa konpayon l yo fè l kwè li pa t kenbe entegrite l (Jòb 27:5). Istwa sa a ta dwe ranfòse lafwa nou e li ta dwe ede nou konprann nou ka kenbe entegrite nou e nou ka soutni souvrènte Jewova.

9 Apre twa swadizan konsolatè Jòb yo te fin pale, “Eliyou, pitit Barakèl, Bouzit la, te kòmanse reponn”. Ki sa k te pouse l pale? Men sa li te di: “Mwen te vin plen pawòl nan mwen menm, lespri ap fè presyon sou mwen.” ​(Jòb 32:5, 6, 18, NW.) Byenke sa Eliyou te di lè l te anba enspirasyon an te reyalize sou Jòb lè eprèv li a te fini, pawòl sa yo gen yon siyifikasyon pou lòt moun ankò. Yo bay tout moun ki kenbe entegrite yo espwa.

10. Ki sa k montre mesaj Jewova bay yon moun konn gen yon aplikasyon ki pi laj ki konsène limanite an jeneral?

10 Pafwa mesaj Jewova bay yon moun kapab gen yon aplikasyon ki pi laj ki konsène limanite an jeneral. Nou ka wè sa nan pwofesi Dànyèl te bay ki te gen rapò ak rèv Neboukadnetsa, wa babilonyen an, te fè konsènan yon gwo pyebwa yo te koupe (Dàn. 4:10-27). Byenke rèv sa a te gen yon akonplisman sou Neboukadnetsa, li te gen rapò ak yon bagay ki te pi enpòtan lontan. Li te montre souvrènte Bondye te egzèse sou tè a pa mwayen wayòm li te bay moun ki te soti nan fanmi wa David yo t ap retounen etabli ankò apre yon peryòd 2 520 an. Peryòd sa a te kòmanse nan ane 607 anvan epòk nou an *. Bondye te retounen montre souvrènte l sou tè a lè li te mete Jezi Kris Wa nan syèl la an 1914. Imajine jan dominasyon Wayòm nan pral fè moun ki obeyisan yo jwenn sa yo te espere yo talè konsa!

“Pa kite l desann nan twou a”

11. Ki sa pawòl Eliyou yo montre nou konsènan Bondye?

11 Lè Eliyou t ap reponn Jòb, li te pale de “yon mesaje [...], yon pòtpawòl, youn pami mil, pou pale lòm de jistis li”. Ki sa k ap pase si mesaje sa a “sipliye Bondye pou l ka pran plezi nan li”? Men sa Eliyou di: “Lè sa a [Bondye] fè l favè e li di ‘pa kite l desann nan twou a! Mwen jwenn yon ranson! Se pou kò l vin pi fre pase lè li te jèn. Se pou l retounen vin jan l te ye lè l te jèn, lè l te gen fòs” la (Jòb 33:23-26, NW). Pawòl sa yo montre ki jan Bondye dispoze aksepte “yon ranson”, oubyen yon “kouvèti” pou moun ki repanti yo. —Jòb 33:24, nòt anba paj, NW.

12. Ki esperans pawòl Eliyou yo bay limanite an jeneral?

12 Li pwobab Eliyou pa t fin konprann tout siyifikasyon ranson an, menm jan pwofèt yo pa t fin konprann tout sa yo te ekri (Dàn. 12:8; 1 Pyè 1:10-12). Malgre sa, pawòl Eliyou yo montre li te gen esperans yon lè Bondye t ap gen pou l aksepte yon ranson pou libere lèzòm anba vyeyès ak lanmò. Eliyou te pale de bèl esperans lavi etènèl la nan sa l t ap di yo. Anplis, liv Jòb la montre pral gen yon rezirèksyon. —Jòb 14:14, 15.

13. Ki sa kretyen yo konprann nan pawòl Eliyou te di yo?

13 Jodi a, pawòl Eliyou yo toujou gen yon sans pou plizyè milyon kretyen ki gen esperans pou yo chape vivan anba destriksyon sistèm sa a. Granmoun k ap pami moun k ap chape yo pral retounen vin jèn ankò, y ap retounen vin gen fòs ankò (Rev. 7:9, 10, 14-17). Mete sou sa, moun ki fidèl yo gen espwa y ap wè moun pa yo ki te granmoun ki resisite retounen jèn ankò, e sa fè yo gen kè kontan. Byennantandi, ni imòtalite kretyen wen yo pral gen nan syèl la ni lavi etènèl “lòt mouton” Jezi yo pral gen sou tè a depann de lafwa yo egzèse nan sakrifis Kris te bay kòm ranson an. —Jan 10:16; Wom. 6:23.

Pap janm gen lanmò sou latè ankò

14. Ki sa k montre gen yon bagay Izrayelit yo te bezwen ki plis pase Lalwa Moyiz la pou yo te gen esperans pou yo viv pou toutan?

14 Desandan Abraram yo te vin tounen yon nasyon apa lè Bondye te fè yon alyans avèk yo. Men sa Jewova te di yo lè l t ap ba yo Lalwa: “Se pou nou swiv regleman ak lòd mwen ban nou yo. Gremesi sa m di nou fè a, tout moun ki koute m va jwenn lavi.” ​(Lev. 18:5). Sepandan, piske yo pa t rive obeyi tout prensip pafè ki nan Lalwa a, Lalwa te kondane yo. Konsa, yo te bezwen yon bagay pou libere yo anba kondanasyon sa a. —Gal. 3:13.

15. Konsènan ki benediksyon ki t ap gen pou vini David te pale?

15 Apre Moyiz, Jewova te enspire lòt moun ki t ap ekri Bib la pou yo pale de esperans pou moun viv pou toutan an (Sòm 21:4; 37:29). Pa egzanp, men ki pawòl salmis David te ekri nan fen yon sòm ki te pale konsènan inite ki te gen nan Siyon nan mitan vrè adoratè yo: “Se la Senyè a pwomèt pou l bay benediksyon l, lavi ki p’ap janm fini an.” —Sòm 133:3.

16. Ki sa Jewova pwomèt li pral fè “toupatou sou latè”?

16 Jewova te enspire Izayi pou l pwofetize konsènan lavi etènèl sou tè a. (Li Izayi 25:7, 8.) Menm jan ak yon “anvlòp” ​(NW), peche ak lanmò ap peze sou limanite tankou yon lenn ki lou anpil k ap toufe yon moun ki anba l. Jewova bay sèvitè l yo asirans li pral efase peche ak lanmò “toupatou sou latè”.

17. Ki wòl yo te predi Mesi a t apral jwe ki bay moun posiblite pou yo jwenn lavi etènèl?

17 Konsidere sa Lalwa Moyiz la te mande konsènan bouk pou Azazèl la. Yon fwa chak ane, jou pwopisyasyon an, gran prèt la te konn ‘mete tou de men l yo sou tèt yon kabrit, li rekonèt sou li tout peche, tout mechanste ak tout move zak pèp Izrayèl la te fè. Se konsa li te mete tout peche sa yo sou tèt kabrit la. Apre sa, bouk kabrit la pote tout peche yo ale nan yon zòn kote pa gen moun rete la’. (Lev. 16:7-10, 21, 22.) Lè Izayi te predi Mesi a t apral vini, li te di li t apral jwe yon wòl ki sanble ak wòl bouk la te jwe a e li t apral pote “soufrans”, “doulè” ak “peche anpil moun” ale (NW), e konsa, li t ap bay moun posiblite pou yo gen lavi etènèl. —Li Izayi 53:4-6, 12.

18, 19. Sou ki esperans Izayi 26:19 ak Dànyèl 12:13 mete aksan?

18 Men sa Jewova te di pèp Izrayèl la, pèp pa l la, pa mwayen Izayi: “Moun pa ou yo ki te mouri pral leve vivan ankò. Kadav yo pral leve mache. Nou menm ki te anba tè, leve non! Chante ak kè kontan. Menm jan lawouze rafrechi latè, se konsa Senyè a pral fè sa ki te mouri depi lontan yo leve vivan ankò.” ​(Iza. 26:19). Ekriti ebrayik yo montre byen klè esperans pou moun resisite e pou yo viv pou toutan sou tè a se yon esperans ki reyèl. Pa egzanp, lè Dànyèl te prèske gen 100 an, men ki asirans Jewova te ba li: “W’a mouri. Men, w’a leve vivan ankò pou resevwa rekonpans ou lè tout bagay va fini!” —Dàn. 12:13.

19 Mat te gen esperans rezirèksyon an, se sa k fè lè frè l la te mouri, li te di Jezi: “Wi, mwen konn sa. Li gen pou l leve vivan ankò nan dènye jou a.” ​(Jan 11:24). Èske ansèyman Jezi yo ak sa disip li yo te ekri anba enspirasyon te montre moun pa ka gen esperans sa a ankò? Èske lavi etènèl sou tè a se yon esperans Jewova toujou ofri lèzòm? Nou pral wè repons kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 10 Gade nan chapit 6 liv Prêtons attention à la prophétie de Daniel ! la.

Èske w ka esplike?

• Avèk ki esperans yo “te soumèt” kreyasyon an “anba vanite”?

• Ki sa k montre Abraram te gen lafwa nan rezirèksyon an?

• Ki esperans limanite genyen nou jwenn nan pawòl Eliyou te di Jòb yo?

• Ki jan Ekriti ebrayik yo mete aksan sou esperans pou moun resisite e pou yo viv pou toutan sou tè a?

[Kesyon]

[Foto nan paj 5]

Pawòl Eliyou te di Jòb yo bay lòm esperans li pap ni vyeyi ni mouri ankò.

[Foto nan paj 6]

Dànyèl te gen asirans li t ap ‘leve vivan ankò pou l resevwa rekonpans li lè tout bagay va fini’.