Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske lavi etènèl sou tè a se yon esperans pou kretyen?

Èske lavi etènèl sou tè a se yon esperans pou kretyen?

Èske lavi etènèl sou tè a se yon esperans pou kretyen?

“[Bondye] gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P’ap gen lanmò ankò.”—REV. 21:4.

1, 2. Ki jan nou fè konnen anpil Juif ki t ap viv nan premye syèk la te gen espwa pou yo viv pou toutan sou tè a?

YON lè, yon jenòm rich kouri vin jwenn Jezi, li tonbe ajenou devan l epi li mande l: “Bon Mèt, kisa pou m fè pou m resevwa lavi ki p’ap janm fini an?” ​(Mak 10:17). Sa jenòm sa a te mande a se te lavi etènèl. Men ki kote? Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan an, plizyè syèk anvan epòk Jezi a, Bondye te bay Juif yo espwa moun ki mouri yo ap resisite e y ap viv sou tè a pou toutan. Anpil Juif ki t ap viv nan premye syèk la te toujou gen esperans sa a.

2 Sanble lè Mat, zanmi Jezi, t ap pale de frè l la ki te mouri a, se ak rezirèksyon sou tè a li t ap panse. Men sa li te di: “Wi, mwen konn sa. [Laza] gen pou l leve vivan ankò nan dènye jou a.” ​(Jan 11:24). Se vre, Sadiseyen yo nan epòk sa a pa t kwè nan rezirèksyon (Mak 12:18). Sepandan, men sa George Foot Moore di nan yon liv li ekri: “Divès dokiman ki te ekri [...] nan dezyèm syèk ak nan premye syèk anvan epòk nou an montre moun yo te kwè t ap gen yon moman nan istwa monn nan kote tout bagay t ap chanje nèt e kote moun ki te mouri nan jenerasyon pase yo t ap retounen viv ankò sou tè a.” ​(Judaism in the First Centuries of the Christian Era). Mesye rich ki te pwoche bò kote Jezi a te vle jwenn lavi etènèl sou tè a.

3. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

3 Jodi a, gen anpil relijyon ak anpil biblis ki di esperans pou moun viv pou toutan sou tè a se pa yon bagay Kris te anseye. Pifò moun gen espwa lè yo fin mouri yo pral kontinye viv antanke espri nan yon monn envizib. Se sa k fè anpil moun, lè y ap li Ekriti grèk kretyen yo epi yo tonbe sou ekspresyon “lavi etènèl” la, yo panse se de lavi nan syèl la y ap pale. Èske se vre se de lavi nan syèl la yo toujou ap pale? Ki sa Jezi te vle di lè l te konn pale konsènan lavi etènèl? Ki sa disip li yo te kwè? Èske Ekriti grèk kretyen yo pale konsènan esperans pou moun viv pou toutan sou tè a?

Lavi etènèl la “lè tout bagay ap vin tounèf ankò”

4. Ki sa k pral fèt “lè tout bagay ap vin tounèf ankò”?

4 Labib anseye kretyen wen yo ap resisite pou y al nan syèl la e y ap dirije tè a etan yo nan syèl la (Lik 12:32; Rev. 5:9, 10; 14:1-3). Sepandan, lè Jezi te pale konsènan lavi etènèl, se pa t toujou ak gwoup moun sa a li t ap panse. Annou konsidere sa l te di disip li yo lè jenòm rich la te vire ale tou tris apre l te fin envite l kite tout byen l yo pou l suiv li. (Li Matye 19:28, 29.) Jezi te di apot li yo yo t ap pami moun ki t ap gen pou yo sèvi antanke wa e antanke jij sou “douz branch ras Izrayèl la”, sètadi lèzòm an jeneral ki pa fè pati klas moun ki pral dirije nan syèl la (1 Kor. 6:2). Li te pale tou konsènan yon rekonpans “nenpòt moun” ki suiv li t ap jwenn. Moun sa yo tou “gen pou [yo] resevwa [...] lavi ki p’ap janm fini an”. Tout bagay sa yo gen pou fèt “lè tout bagay ap vin tounèf ankò” ​(NW).

5. Ki jan ou ta dekri epòk kote “tout bagay ap vin tounèf ankò” a?

5 Ki sa Jezi te vle di lè l te di “lè tout bagay ap vin tounèf ankò”? Nan Bib la, yo di “lè tout bagay va chanje nèt”. Nan Bib Kreyòl La, yo di “lè tout bagay refèt”, e nan Liv ki sin [sen] yo – Nouvo Téstaman-an, nan nòt anba paj la yo di “lè tout bagay refèt tou nèf”. Piske Jezi te sèvi ak ekspresyon sa a san l pa t bay okenn esplikasyon sou li, sa montre aklè li t ap pale de esperans Juif yo te genyen depi plizyè syèk. Kondisyon ki gen sou tè a t ap gen pou yo vin tounèf ankò yon fason pou tout bagay vin menm jan yo te ye nan jaden Edenn nan anvan Adan ak Èv te peche. Lè tout bagay pral vin tounèf ankò, pwomès Bondye fè nou pou l “fè yon lòt syèl ak yon lòt tè” a pral akonpli. —Iza. 65:17.

6. Ki sa egzanp mouton ak kabrit la aprann nou konsènan esperans lavi etènèl la?

6 Nan diskou Jezi te fè konsènan fen sistèm nan, li te pale yon lòt fwa ankò de lavi etènèl (Mat. 24:1-3). Men sa l te di: “Lè Pitit lòm nan ap vini nan glwa li, ansanm ak tout zanj yo, li pral chita sou twòn li an ki gen glwa. E tout nasyon yo ap rasanble devan l, e li pral separe moun yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit.” Moun k ap resevwa yon jijman kondanasyon yo “prale nan destriksyon etènèl la, men moun ki jis yo prale nan lavi etènèl la”. “Moun ki jis yo” k ap resevwa lavi etènèl la se moun ki te soutni “frè” wen Kris yo avèk fidelite (Mat. 25:31-34, 40, 41, 45, 46, NW). Etandone yo chwazi moun ki wen yo pou yo kapab dirije nan Wayòm selès la, asireman, “moun ki jis yo” se moun ki pral viv sou tè a anba dominasyon Wayòm sa a. Men sa Labib te predi: “[Wa Jewova mete a] ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a.” ​(Sòm 72:8). Moun sa yo pral viv pou toutan sou tè a.

Ki sa Evanjil Jan an montre?

7, 8. Lè Jezi t ap pale ak Nikodèm nan, konsènan ki de esperans li te pale?

Jan sa parèt nan Evanjil Matye, Mak ak Lik la, Jezi sèvi ak ekspresyon “lavi etènèl la” nan okazyon nou te site pi wo yo. Lè Jan te ekri Evanjil li a, li te site pawòl Jezi te di konsènan viv pou toutan an anviwon 17 fwa. Annou egzamine kèk nan fwa sa yo pou nou ka wè sa Jezi te di konsènan esperans pou nou viv pou toutan sou tè a.

8 Selon Jan, premye fwa Jezi te pale konsènan lavi etènèl la se lè l t ap pale ak yon Farizyen ki te rele Nikodèm. Men sa l te di l: “Pèsonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a [“wayòm Bondye a”, NW] si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri.” Konsa, moun k ap antre nan Wayòm syèl la ta dwe “fèt yon dezyèm fwa”. (Jan 3:3-5.) Jezi pa t rete la. Apre sa, li te pale konsènan yon esperans tout moun nan limanite ka genyen. (Li Jan 3:16.) Jezi t ap pale de esperans lavi etènèl la ni pou disip wen l yo ki t ap nan syèl la, ni pou lòt disip li yo ki t ap sou tè a.

9. Konsènan ki esperans Jezi te pale ak Samaritèn nan?

9 Apre Jezi te fin pale ak Nikodèm etan l te Jerizalèm, li te vwayaje nan direksyon nò pou l al Galile. Pandan l sou wout, li rankontre ak yon fi bò pi Jakòb la, toupre vil Sicha, nan Samari. Men sa l te di dam nan: “Moun ki va bwè nan dlo m’ap ba li a, li p’ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m’ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k’ap ba li lavi ki p’ap janm fini an.” ​(Jan 4:5, 6, 14). Dlo sa a reprezante dispozisyon Bondye pran pou l fè lèzòm jwenn lavi etènèl, e moun ki pral viv sou tè a ap pami moun k ap jwenn lavi sa a tou. Nan liv Revelasyon an, yo pale de Bondye k ap di: “Si yon moun swaf dlo, m’a ba li bwè dlo gratis nan sous dlo ki bay lavi a.” ​(Rev. 21:5, 6; 22:17). Kidonk, lè Jezi t ap pale ak Samaritèn nan, li te pale konsènan lavi etènèl nonsèlman pou moun wen ki eritye Wayòm nan, men, pou lòt kwayan yo tou ki gen esperans pou yo viv sou tè a.

10. Apre Jezi te fin geri yon mesye bò pisin Betzata a, ki sa l te di opozan relijye yo konsènan lavi etènèl la?

10 Nan ane ki te vin apre a, Jezi te retounen Jerizalèm. Nan vil sa a, li te geri yon mesye ki te malad bò pisin Betzata. Gen Juif ki te kritike sa l te fè a. Men sa l te di yo: “Pitit Bondye a pa fè anyen pou kò li. Sa l wè Papa a fè, se sa l fè tou.” Apre l fin di yo Papa a “bay Pitit la tout pouvwa pou [l] jije”, li di: “Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m lan, l’ap gen lavi ki p’ap janm fini an.” Men sa l te di ankò: “Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm yo pral tande vwa [pitit lòm nan], yo pral leve sòti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p’ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo.” ​(Jan 5:1-9, 19, 22, 24-29). Jezi te vle di Juif ki t ap pèsekite l yo se li menm Bondye te nome pou l reyalize esperans Juif yo te genyen an, sètadi lavi etènèl sou tè a, e li t ap gen pou l fè sa lè l resisite moun ki mouri.

11. Ki jan nou fè konnen esperans pou moun viv sou tè a pou toutan an antre nan sa Jezi te di nan Jan 6:48-51?

11 Nan Galile, gen plizyè milye moun ki te kòmanse suiv Jezi paske li te fè mirak pou l ba yo pen pou yo manje. Jezi te pale yo de yon lòt kalite pen, ki se “pen ki bay lavi a”. (Li Jan 6:40, 48-51.) Men sa l te di yo: “Pen mwen gen pou m bay la, se kò mwen.” Nonsèlman Jezi te bay lavi l pou moun ki t ap gen pou yo dirije ansanm avè l nan Wayòm nan ki nan syèl la, men li te bay li tou “pou tout moun ki sou latè ka jwenn lavi”, anpalan de moun Bondye kapab rachte yo. “Si yon moun manje nan pen sa a”, sa vle di si li montre li gen lafwa nan pouvwa sakrifis Jezi a genyen pou l rachte l, l ap gen esperans pou l viv pou toutan. Anfèt, ekspresyon “viv pou toutan” an gen ladan l esperans Juif yo te genyen depi lontan pou yo viv pou toutan sou tè a pandan rèy Mesi a.

12. De ki esperans Jezi t ap pale lè l te di opozan l yo l ap bay ‘mouton l yo lavi ki p’ap janm fini an’?

12 Annapre, pandan yo t ap selebre fèt Inogirasyon an Jerizalèm, men sa Jezi te di opozan l yo: “Nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m yo. Mouton m yo koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen. Mwen ba yo lavi ki p’ap janm fini an.” ​(Jan 10:26-28). Èske se de lavi nan syèl la sèlman Jezi t ap pale la a, oubyen èske li t ap panse ak lavi etènèl nan yon paradi sou tè a tou? Sa pa t fè twò lontan, Jezi te rekonfòte disip li yo lè l te di yo: “Ti twoupo, pa pè! Paske, se te tout plezi Papa nou, pou li ban nou wayòm nan.” ​(Lik 12:32, Bib Kreyòl La). Men, pandan menm fèt Inogirasyon sa a, Jezi te di: “Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m mennen yo tou.” ​(Jan 10:16). Kidonk, lè Jezi t ap pale ak opozan sa yo, li t ap pale ni de esperans “ti twoupo” a genyen pou l viv nan syèl la, ni de esperans plizyè milyon “lòt mouton” yo genyen pou yo viv pou toutan sou tè a.

Yon esperans ki pa t bezwen okenn esplikasyon

13. Ki sa Jezi te vle di lè l te di malfektè a: “W ap avèk mwen nan Paradi a”?

13 Pandan Jezi t ap agoni sou poto soufrans lan, li te di yon pawòl moun pa ka konteste konsènan esperans reyèl limanite genyen an. Gen yon malfektè ki te kloure sou yon poto bò kote l la ki te di l: “Jezi, sonje m lè w a antre nan wayòm ou an.” Men ki pwomès Jezi te fè l: “Vrèman mwen di w sa jodi a: W ap avèk mwen nan Paradi a.” ​(Lik 23:42, 43, NW). Piske li klè mesye sa a se te yon Juif, li pa t bezwen okenn esplikasyon pou l konn sa Paradi a ye. Li te deja okouran de esperans pou moun gen lavi etènèl sou tè a nan yon monn ki gen pou vini.

14. a) Ki sa k montre lè Jezi te pale de esperans selès la, li pa t fasil pou apot yo konprann sa l te vle di? b) Ki lè disip Jezi yo te rive byen konprann esperans selès la?

14 Sepandan, lè Jezi te pale de espwa pou moun viv nan syèl la, li te nesesè pou l te bay esplikasyon. Lè l te fè disip li yo konnen li pral nan syèl la pou l prepare yon plas pou yo, yo pa t konprann sa l te vle di. (Li Jan 14:2-5.) Annapre, men sa l te di yo: “Mwen gen anpil lòt bagay ankò pou m di nou, men nou pa ka konprann yo kounyeya. Men, li menm Lespri k’ap moutre verite a, lè l’a vini, l’a mennen nou nan tout verite a.” ​(Jan 16:12, 13). Se sèlman apre Pannkòt ane 33 epòk nou an, lè disip Jezi yo te wen ak lespri Bondye pou yo vin wa, yo te vin konprann yo pral dirije nan syèl la (1 Kor. 15:49; Kol. 1:5; 1 Pyè 1:3, 4). Esperans pou moun resevwa yon eritaj nan syèl la se yon revelasyon yo te fè kretyen wen yo, e se sou li lèt ki nan Ekriti grèk kretyen yo konsantre. Men, èske lèt sa yo montre esperans lèzòm genyen pou yo viv sou tè a pou toutan an se yon esperans ki reyèl?

Ki sa lèt Bondye enspire yo di?

15, 16. Ki jan lèt Ebre a ak pawòl Pyè yo pale konsènan esperans lavi etènèl sou tè a?

15 Nan lèt apot Pòl te ekri Ebre yo, li pale de lòt kwayan parèy li yo kòm ‘frè l, moun k’ap viv apa pou Bondye, moun Bondye te rele pou antre ansanm nan syèl la’. Sepandan, li te di Bondye te soumèt “tè k ap vini an” ​(NW) anba Jezi (Ebre 2:3, 5; 3:1). Nan Ekriti grèk kretyen yo, mo grèk yo te itilize pou “tè” nan vèsè a toujou gen rapò ak tè a ki gen moun ki abite sou li. Se sa k fè “tè k ap vini an” se sistèm ki pral etabli talè konsa sou tè a anba dominasyon Jezi Kris. Lè sa a, Jezi pral reyalize pwomès Bondye te fè lè l te di: “Moun ki jis yo pral posede tè a, e y ap rete sou li pou toutan.” —Sòm 37:29, NW.

16 Apot Pyè li menm tou te resevwa enspirasyon pou l ekri konsènan avni limanite. Men sa l te ekri: “Syèl la ak tè a ki la kounyeya ap tann dife a. Yo la ap tann jou jijman an, lè tout mechan yo va disparèt.” ​(2 Pyè 3:7). Ki sa k pral ranplase syèl la, sètadi gouvènman yo, ak sosyete moun mechan ki la kounye a? (Li 2 Pyè 3:13.) Sa k pral ranplase yo se “lòt syèl” la, sètadi Wayòm Mesi a, Wayòm Bondye etabli a, ak “lòt tè” a, sètadi yon sosyete moun jis k ap adore Bondye toutbonvre.

17. Ki jan yo dekri esperans limanite genyen an nan Revelasyon 21:1-4?

17 Dènye liv ki nan Bib la touche nou jis nan fon kè nou lè l dekri vizyon kote lèzòm pral jwenn pèfeksyon an. (Li Revelasyon 21:1-4.) Depi lè lòm te pèdi lapèfeksyon nan jaden Edenn nan, se esperans sa a moun ki gen lafwa yo genyen. Moun ki jis yo pral viv sou tè a, nan Paradi a, pou toutan san yo pa janm vyeyi. Esperans sa a gen bonjan fondman ni nan Ekriti ebrayik yo ni nan Ekriti grèk kretyen yo, e li kontinye ankouraje sèvitè fidèl Jewova yo jis jodi a. —Rev. 22:1, 2.

Èske w ka esplike?

• Ki sa Jezi te vle di lè l te di “lè tout bagay ap vin tounèf ankò”?

• Sou ki sa Jezi te pale ak Nikodèm?

• Ki pwomès Jezi te fè youn nan malfektè ki te kloure sou yon poto bò kote l la?

• Ki jan lèt Ebre a ak pawòl Pyè yo montre esperans pou moun viv sou tè a pou toutan an se yon esperans ki reyèl?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Moun ki sanble ak mouton yo pral jwenn lavi etènèl sou tè a.

[Foto nan paj 10]

Jezi te pale ak lòt moun konsènan lavi etènèl la.