Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Rete nan lanmou Bondye”

“Rete nan lanmou Bondye”

“Rete nan lanmou Bondye”

“Rete nan lanmou Bondye, etan n ap tann mizèrikòd Seyè nou an, Jezi Kris, avèk je nou fikse sou lavi etènèl.” —JID 21, NW.

1, 2. Ki jan Jewova montre li gen lanmou pou nou, e ki jan nou fè konnen nou pap ka rete nan lanmou l otomatikman, kèlkeswa sa nou chwazi fè?

JEWOVA DYE montre li gen lanmou pou nou yon pakèt fason nou pa ka konte. Pa gen dout nan sa, pi gwo prèv Jewova bay ki demontre lanmou li gen pou nou se dispozisyon li te pran pou l bay sakrifis ranson an. Li tèlman renmen lèzòm, li te voye sèl Pitit li a vin mouri pou nou sou tè a (Jan 3:16). Jewova te fè sa nonsèlman paske li vle pou nou viv pou toutan, men tou, paske li vle nou benefisye de lanmou li gen pou nou an pou toutan.

2 Men, èske nou kapab panse Jewova ap kontinye renmen nou otomatikman, kèlkeswa sa nou chwazi fè? Non. Men egzòtasyon nou jwenn nan liv Jid la, nan vèsè 21 an: “Rete nan lanmou Bondye, etan n ap tann mizèrikòd Seyè nou an, Jezi Kris, avèk je nou fikse sou lavi etènèl.” Ekspresyon “rete nan lanmou Bondye” a montre nou dwe aji. Donk, ki sa pou nou fè pou nou rete nan lanmou Bondye?

Ki jan nou kapab rete nan lanmou Bondye?

3. Ki sa Jezi te di ki te esansyèl pou l fè pou l rete nan lanmou Papa l?

3 Nou jwenn repons kesyon sa a nan kèk pawòl Jezi te di nan dènye nuit li te pase sou tè a. Li te di: “Si nou obsève kòmandman m yo, n ap rete nan lanmou mwen, menm jan mwen obsève kòmandman Papa a e mwen rete nan lanmou li.” ​(Jan 15:10, NW). Li klè, Jezi te konnen li te esansyèl pou l obsève kòmandman Jewova yo pou l te ka toujou gen apwobasyon l. Bon, si Jezi, Pitit Bondye a, ki te pafè, te dwe fè sa, èske nou menm tou nou pa ta dwe fè sa?

4, 5. a) Ki premye fason nou kapab montre nou renmen Jewova? b) Poukisa nou pa gen okenn rezon pou nou pa obeyi kòmandman Jewova yo?

4 Toudabò, nou montre nou renmen Jewova lè nou obeyi l. Apot Jan te montre sa lè l te di pawòl sa yo: “Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obsève kòmandman l yo. Epoutan, kòmandman l yo pa lou.” ​(1 Jan 5:3, NW). An reyalite, obeyisans se pa yon bagay anpil moun genyen lakay yo jodi a. Sepandan, note pawòl sa yo: “Epoutan, kòmandman l yo pa lou.” Jewova pa mande nou pou nou fè yon bagay ki twò difisil pou nou.

5 Annou pran yon egzanp pou nou konprann sa. Èske w t ap mande yon bon zanmi w pou l pote yon bagay ou konnen ki twò lou pou li? Non! Jewova gen plis bonte lontan pase nou e li konnen limit nou pi byen pase nou. Labib ban nou asirans Jewova “sonje nou se pousyè”. (Sòm 103:14, NW.) Li pap janm mande nou fè sa nou pa ka fè. Se poutèt sa nou pa gen okenn rezon pou nou pa obeyi kòmandman Jewova yo. Okontrè, nou kontan pou nou obeyi Jewova, paske nou konnen lè nou aji konsa se montre nou montre Papa nou ki nan syèl la nou vrèman renmen l e nou dispoze rete nan lanmou li.

Yon kado espesyal Jewova ban nou

6, 7. a) Ki sa konsyans lan ye? b) Bay yon egzanp pou montre ki jan konsyans nou kapab ede nou rete nan lanmou Bondye.

6 Nan monn konplike n ap viv la, nou gen anpil desizyon pou nou pran, e desizyon sa yo mete obeyisans nou devan Bondye aleprèv. Ki jan nou kapab sèten nou pran desizyon sa yo ann amoni ak volonte Bondye? Jewova ban nou yon kado ki kapab ede nou anpil nan kesyon obeyisans lan. Kado sa a se konsyans nou. Ki sa konsyans lan ye? Se yon kapasite espesyal nou genyen pou nou egzamine aksyon nou fè, etadespri nou ak chwa nou fè. Li aji tankou yon jij ki anndan nou; li ede nou swa veye sou chwa n ap fè nan lavi a, swa reflechi sou aksyon nou te deja fè pou nou jije si yo bon oswa si yo pa bon. —Li Women 2:14, 15.

7 Ki jan nou kapab byen sèvi ak konsyans nou? Annou pran yon egzanp. Yon vwayajè ap mache nan yon dezè kote pa gen ni ti chemen, ni wout, ni ansèy pou endike l kote pou l fè. Epoutan, l ap mache avèk detèminasyon pou l rive kote l prale a. Kòman l fè? Li gen yon bousòl k ap ede l. Bousòl la gen yon kadran ki fiks kote yo make kat direksyon prensipal yo ak yon egwi ki fèt ak leman ki toujou endike direksyon nò. Si vwayajè sa a pa t gen bousòl la, li t ap pèdi nèt. Se menm jan an tou si moun pa t gen yon konsyans, yo t ap pèdi nèt lè y ap fè chwa nan lavi a ki gen rapò ak moralite e ki gen rapò ak prensip ki jis.

8, 9. a) Ki limit konsyans nou genyen nou bezwen sonje? b) Ki sa nou kapab fè pou nou sèten konsyans nou ap vrèman itil nou?

8 Sepandan, menm jan ak yon bousòl, konsyans lan gen limit. Si vwayajè a ta mete yon leman toupre bousòl la, egwi a pa t ap endike direksyon nò a ankò. Nan menm sans lan, ki sa k ap rive si nou kite dezi nou gen nan kè nou gen twòp enfliyans sou desizyon n ap pran? Tandans egoyis nou genyen ka fè konsyans nou pa ban nou bon direksyon. Labib fè nou konnen “kè a pi trèt pase nenpòt ki lòt bagay e li pa bon menm”. (Jer. 17:9, NW; Pwo. 4:23.) Anplis de sa, si vwayajè a pa gen yon kat ki egzak e ki fyab, bousòl li a gendwa pa ka itil li. Se konsa tou, si nou pa konte sou prensip ki fyab e ki pap chanje nou jwenn nan Labib, Pawòl Bondye a, konsyans nou ka prèske pa itil nou anyen (Sòm 119:105). Malerezman, anpil moun nan monn sa a kite move dezi yo gen nan kè yo dirije tout sa y ap fè e yo pa tèlman okipe prensip ki nan Pawòl Bondye a oubyen yo pa ba yo regle anyen pou yo. (Li Efezyen 4:17-19.) Se sa k fè malgre anpil moun gen yon konsyans, yo fè yon seri zak terib. —1 Tim. 4:2.

9 Nou ta dwe pran detèminasyon pou nou pa janm konsa! Olye de sa, annou kontinye kite Pawòl Bondye a fòme konsyans nou yon fason pou l ka vrèman itil nou. Nou bezwen koute konsyans nou ki fòme ak Bib la olye nou kite panchan egoyis nou genyen kontwole l. Anmenmtan, nou ta dwe fè tout efò nou pou nou respekte konsyans frè ak sè nou yo nou renmen anpil. N ap fè tout sa nou kapab pou nou pa fè yo trebiche, piske nou konnen konsyans frè nou yo ka pa pèmèt yo fè yon bagay alòske konsyans nou pèmèt nou fè l. —1 Kor. 8:12; 2 Kor. 4:2; 1 Pyè 3:16.

10. Bay twa fason nou pral egzamine nou ka montre nou renmen Jewova.

10 Kounye a, annou pran twa domèn nan lavi a kote nou ka montre nou renmen Jewova lè nou obeyi l. Nan chak domèn sa yo, n ap bezwen itilize konsyans nou. Men, pou l ban nou bon direksyon, toudabò, nou bezwen fòme l ak prensip enspire nou jwenn nan Bib la ki konsène konduit nou. Men twa fason nou ka montre nou renmen Jewova e nou obeyi l: 1) lè nou renmen moun Jewova renmen, 2) lè nou respekte otorite e 3) lè nou fè tout efò nou pou nou rete pwòp devan Bondye.

Renmen moun Jewova renmen

11. Poukisa nou ta dwe renmen moun Jewova renmen?

11 Toudabò, nou dwe renmen moun Jewova renmen. Nan kesyon frekantasyon, moun tankou eponj. Nou gen tandans absòbe tout sa ki antoure nou. Kreyatè nou an byen konnen nan ki pwen amitye ki genyen ant moun ki enpafè kapab swa bon pou yo, swa reprezante yon danje pou yo. Se sa k fè li ban nou konsèy saj sa a: “Moun k ap mache ak moun ki saj ap vin saj, men moun ki annafè ak moun ki san konprann sa prale mal pou li.” ​(Pwo. 13:20, NW; 1 Kor. 15:33). Pa gen pèsonn pami nou ki ta renmen ‘sa ale mal pou li’. Nou tout ta renmen “vin saj”. Pèsonn pa ka ajoute sou sajès Jewova e pa gen moun ki ka kòwonp li. Sepandan, anrapò ak frekantasyon, li ban nou yon bèl egzanp. Reflechi sou sa: pami moun ki enpafè yo, ki jan de moun Jewova chwazi kòm zanmi l?

12. Ki kalite moun Jewova chwazi kòm zanmi l?

12 Jewova pale de Abraram kòm ‘zanmi l’. (Iza. 41:8, NW.) Abraram se te yon moun ki te montre li fidèl, li jis e li obeyisan yon fason estrawòdinè. Se te yon moun ki te gen lafwa (Jak 2:21-23). Se moun konsa Jewova te chwazi kòm zanmi l. E se moun konsa li chwazi kòm zanmi l jodi a tou. Si Jewova chwazi moun konsa pou zanmi l, èske li pa vrèman enpòtan pou nou menm tou nou byen chwazi zanmi nou, yon fason pou nou ka mache ak moun ki saj e pou nou vin saj?

13. Lè n ap chwazi zanmi, ki sa ki kapab ede nou fè bon chwa?

13 Ki sa ki kapab ede w fè bon chwa nan domèn sa a? Lè w etidye egzanp kèk moun nan Bib la, sa kapab motive w fè sa. Ou kapab panse ak amitye ki te genyen ant Rit ak Nawomi, bèlmè li, amitye ki te genyen ant David ak Yonatàn oubyen amitye ki te genyen ant Timote ak Pòl (Rit 1:16, 17; 1 Sam. 23:16-18; Fil. 2:19-22). Youn nan rezon ki fè moun sa yo te bon zanmi, sèke amitye yo a te baze sou bonjan lanmou yo te gen pou Jewova. Èske w kapab jwenn moun ki renmen Jewova menm jan avè w pou zanmi w? Ou mèt sèten kongregasyon kretyen an gen anpil moun konsa ladan l ou ka chwazi kòm zanmi w. Zanmi konsa pap pouse w fè anyen ki ka fè sa ale mal pou ou. Okontrè, y ap ede w obeyi Jewova, y ap ede w pwogrese nan domèn espirityèl e y ap ede w simen pou lespri a. (Li Galat 6:7, 8.) Y ap ede w rete nan lanmou Bondye.

Respekte otorite

14. Ki sa ki fè souvan li difisil pou nou respekte otorite?

14 Dezyèm fason nou ka demontre nou renmen Jewova a gen rapò ak otorite. Nou dwe respekte otorite. Poukisa pafwa li difisil anpil pou nou fè sa? Youn nan rezon yo, sèke moun ki gen otorite yo enpafè. E nou menm tou, nou enpafè. Nou fèt ak tandans pou nou rebele, yon tandans n ap lite avè l.

15, 16. a) Poukisa li enpòtan pou nou respekte moun Jewova konfye responsablite pou yo pran swen pèp li a? b) Ki leson enpòtan nou aprann sou fason Jewova te konsidere rebelyon Izrayelit yo te fè kont Moyiz la?

15 Ou kapab ap poze tèt ou kesyon sa a: ‘Si l difisil konsa pou nou respekte otorite, poukisa nou bezwen fè sa?’ Repons kesyon sa a gen rapò ak kesyon souvrènte a. Kiyès ou chwazi kòm chèf ou, kòm souvren w? Si se Jewova nou chwazi kòm Souvren nou, nou dwe respekte otorite l. Si se pa li nou chwazi, èske vrèman nou kapab di li se Chèf nou? Anplis de sa, souvan Jewova sèvi ak moun enpafè pou l egzèse otorite l. Li konfye yo responsablite pou yo pran swen pèp li a. Si nou rebele kont moun sa yo, ki jan Jewova ap konsidere sa nou fè a? —Li 1 Tesalonisyen 5:12, 13.

16 Pa egzanp, lè Izrayelit yo te plenyen e yo te rebele kont Moyiz, Jewova te konsidere se kont li menm menm yo te rebele (Nonb 14:26, 27). Bondye pa chanje. Si jamè nou ta rebele kont moun li bay otorite yo, se kont li menm nou t ap rebele.

17. Ki bon atitid nou ta dwe chèche genyen parapò ak moun ki gen otorite nan kongregasyon an?

17 Apot Pòl montre bon atitid nou ta dwe chèche genyen parapò ak moun ki gen responsablite nan kongregasyon kretyen an. Men sa li te ekri: “Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt nou, paske yo toujou ap veye sou nanm nou antanke moun ki gen kont pou yo rann, dekwa pou yo fè sa ak kè kontan, e non pa nan plenyen, paske sa t ava mal pou nou.” ​(Ebre 13:17, NW). Donk, nan atitid nou, nou bezwen fè anpil efò pou nou gen yon etadespri ki obeyisan e pou nou soumèt nou. Nou dwe sonje se pou nou fè anpil efò pou nou rete nan lanmou Bondye. Èske objektif sa a pa merite pou nou fè tout sa nou kapab pou nou atenn li?

Rete pwòp devan Jewova

18. Poukisa Jewova vle nou rete pwòp?

18 Twazyèm fason nou ka demontre nou renmen Jewova, se lè nou fè tout efò nou pou nou rete pwòp devan l. Souvan, paran yo fè anpil efò pou pitit yo pwòp. Poukisa? Youn nan rezon ki fè yo fè sa, se paske sa enpòtan pou byennèt timoun yo e pou sante yo. Anplis de sa, lè yon timoun pwòp, sa fè yo pale an byen de fanmi l, paske sa montre paran l yo renmen l e yo ba l atansyon. Se pou menm rezon sa yo Jewova vle pou nou pwòp. Li konnen, pou nou kapab byen, li esansyèl pou nou pwòp. Li konnen tou lè nou pwòp, sa fè yo pale an byen de li, antanke Papa nou ki nan syèl la. Li enpòtan anpil pou nou pwòp, paske moun yo ka santi yo atire pou yo vin sèvi Bondye n ap sèvi a, si yo remake nou diferan ak moun ki nan monn kòwonpi sa a.

19. Ki jan nou fè konnen li enpòtan pou nou pwòp fizikman?

19 Nan ki domèn nou dwe rete pwòp? An reyalite, nou dwe rete pwòp nan tout domèn. Nan Izrayèl tan lontan an, Jewova te montre byen klè li enpòtan pou pèp li a rete pwòp fizikman (Lev. 15:31). Lalwa Moyiz la te pale sou yon seri sijè tankou fason pou moun yo elimine dechè, fason pou yo netwaye veso e fason pou yo lave men yo, pye yo ak rad yo (Egz. 30:17-21; Lev. 11:32; Nonb 19:17-20; Det. 23:13, 14). Sa te fè Izrayelit yo sonje Jewova, Bondye yo a, se yon Dye ki sen. Sa vle di li “pwòp” e li “separe ak peche”. Moun k ap sèvi l yo bezwen sen menm jan li sen an. —Li Levitik 11:44, 45.

20. Nan ki domèn nou bezwen rete pwòp?

20 Kidonk, nou bezwen pwòp ni anndan, ni deyò. Nou bezwen fè efò pou nou kenbe panse nou pwòp. Nou bezwen rete kole ak prensip Jewova bay sou pwòpte moral yo fidèlman, kèlkeswa jan monn ki antoure nou an degrade nan domèn seksyèl. Sa k pi enpòtan, nou bezwen veye pou adorasyon nou an rete pwòp, pou l pa kontamine ak okenn bagay ki soti nan fo relijyon. Nou bezwen toujou kenbe nan lespri nou avètisman enspire nou jwenn nan Izayi 52:11 lan ki di: “Wete kò nou, wete kò nou, soti la, pa touche anyen ki pa pwòp. Soti nan mitan l, rete pwòp.” Jodi a, nou rete pwòp nan domèn espirityèl lè nou veye pou nou pa patisipe nan anyen ki gen rapò ak fo adorasyon. Se sa k fè, pa egzanp, nou pran tout prekosyon nou pou nou pa patisipe nan fèt relijye yo ak lòt fèt moun yo gen nan monn nan jodi a. Se vre, li pa fasil pou nou rete pwòp. Men, sèvitè Jewova yo fè tout sa yo kapab pou yo rete pwòp paske lè yo fè sa, sa ede yo rete nan lanmou Bondye.

21. Ki jan nou kapab sèten n ap rete nan lanmou Bondye?

21 Jewova vle nou rete nan lanmou li pou toutan. Sepandan, nou chak pèsonèlman nou bezwen veye pou nou fè tout sa nou kapab pou nou rete nan lanmou Bondye. N ap rive rete nan lanmou Bondye lè nou suiv egzanp Jezi e nou demontre nou renmen Jewova lè nou obeyi kòmandman L yo. Si nou fè sa, nou kapab gen asirans anyen “pap kapab separe nou ak lanmou Bondye ki nan Kris Jezi, Seyè nou an”. —Wom. 8:38, 39, NW.

Èske nou sonje?

• Ki jan konsyans nou kapab ede nou rete nan lanmou Bondye?

• Poukisa nou ta dwe renmen moun Jewova renmen?

• Poukisa li enpòtan anpil pou nou respekte otorite?

• Ki enpòtans pwòpte gen pou pèp Bondye a?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 20]

YON LIV KI ANKOURAJE NOU GEN BON KONDUIT

Pandan kongrè distri 2008/2009 la, yo te pibliye yon liv ki gen tit “Rete nan lanmou Bondye”, yon liv ki gen 224 paj. Ki objektif nouvo liv sa a? Yo fè li nan objektif pou ede kretyen yo rive konnen prensip Jewova yo e pou yo renmen yo. Prensipalman, li konsantre sou konduit kretyen yo dwe genyen. Si nou etidye liv “Rete nan lanmou Bondye” a avèk swen, l ap ede nou gen plis konviksyon meyè fason nou kapab viv kounye a se lè nou viv ann amoni ak prensip Jewova yo, e lè nou viv konsa sa ap ede nou jwenn lavi etènèl la alavni.

Mete sou sa, yo fè liv sa a pou ede nou wè obeyi Jewova se pa yon chay. Okontrè, se yon fason nou montre Jewova jis nan ki pwen nou renmen l. Konsa, liv sa a ap pouse nou poze tèt nou kesyon sa a: ‘Poukisa mwen obeyi Jewova?’

Gen kèk moun, malerezman, ki pa rete nan lanmou Jewova. An jeneral, se pwoblèm konduit ki fè sa, se pa kesyon doktrin. Se sa k fè se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou ogmante lanmou nou ak apresyasyon nou pou lwa Jewova yo ak prensip li yo ki la pou gide nou nan lavi nou chak jou! Nou gen konfyans nouvo liv sa a ap ede mouton Jewova yo sou tout tè a pou yo pran pozisyon fèm pou sa ki jis, pou yo pwouve Satan se yon mantè, e sitou pou yo rete nan lanmou Bondye. —Jid 21.

[Foto nan paj 18]

“Si nou obsève kòmandman m yo, n ap rete nan lanmou mwen, menm jan mwen obsève kòmandman Papa a e mwen rete nan lanmou li.”