Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Evite bagay ki ka distrè nou nan epòk nou gen yon “bòn nouvèl” pou nou preche a

Evite bagay ki ka distrè nou nan epòk nou gen yon “bòn nouvèl” pou nou preche a

Evite bagay ki ka distrè nou nan epòk nou gen yon “bòn nouvèl” pou nou preche a

TOULE kat mesye ki te gen lèp yo te reflechi sou chwa yo te genyen devan yo. Okenn moun pa t fè yo charite nan pòtay vil la. Siryen ki te antoure vil Samari yo te anpeche manje antre nan vil la yon fason pou moun Samari yo te ka mouri grangou. Manje te tèlman chè, yon moun t ap pèdi tan l si l te antre nan vil la pou l al achte manje. Yo te deja rapòte yon ka kote yo te manje yon moun. —2 Wa 6:24-29.

Mesye ki te gen lèp yo te mande tèt yo: ‘Poukisa nou pa al nan kan Siryen yo? Nou pa gen anyen pou n pèdi.’ Yo te ale menm jou a apre solèy fin kouche. Lè yo rive nan kan an, pa t gen okenn bri. Pa t gen okenn sòlda ki t ap veye. Cheval yo ak bourik yo te mare e yo pa t wè okenn sòlda. Yo toule kat voye je yo gade anndan yon tant. Pa t gen okenn moun nan tant lan, men te gen anpil manje ak anpil bagay pou moun bwè. Yo manje e yo bwè kont yo. Kat mesye yo te jwenn lò, ajan, rad ak lòt bagay ki gen valè. Yo te pran yo y ale avèk yo epi y al sere yo. Apre sa, yo te retounen pran plis bagay toujou. Pa t gen okenn moun nan kan an. Jewova te fè yon mirak li fè Siryen yo tande bri yon lame. Yo te panse lame sa a te vin atake yo, se sa k fè yo te kouri kite zòn nan apye e yo te kite tout bagay dèyè. Konsa, nenpòt moun te ka pran bagay sa yo.

Mesye yo te kontinye pran bagay ki gen valè pou yo sere. Sepandan, lè yo te sonje jan moun Samari yo te nan grangou, konsyans yo te kòmanse repwoche yo. Youn te kòmanse ap di lòt: “Sa n’ap fè a pa bon non! Nou gen bòn nouvèl konsa, nou pa ka kenbe l pou nou ase.” Apre sa, yo kouri retounen Samari y al bay lòt moun bon nouvèl konsènan bagay yo te jwenn yo. —2 Wa 7:1-11.

Nou menm tou n ap viv nan yon epòk nou kapab kalifye kòm yon epòk kote ‘nou gen yon bòn nouvèl nou pa ka kenbe pou nou ase’. Men sa Jezi te di pandan li t ap atire atansyon disip li yo sou yon aspè enpòtan nan “siy fen sistèm nan” ​(NW): “Fòk yo gen tan mache bay bòn nouvèl [“wayòm nan”, NW] toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesay la. Se lè sa a atò lafen an va rive.” ​(Mat. 24:3, 14). Ki efè pawòl sa yo ta dwe gen sou nou?

Aktivite pèsonèl nou genyen kapab chaje tèt nou

Mesye ki te gen lèp yo te tèlman kontan poutèt sa yo te dekouvri a, pandan yon ti tan, yo te bliye moun Samari yo. Yo te konsantre sou sa yo te kapab pran pou tèt yo. Èske yon bagay konsa kapab rive nou? “Grangou” fè pati siy ki t ap gen pou make fen sistèm nan (Lik 21:7, 11). Jezi te bay disip li yo avètisman sa a: “Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou.” ​(Lik 21:34). Antanke kretyen, nou ta dwe fè atansyon pou nou pa kite sousi nou genyen pou bagay nou bezwen chak jou nan lavi a fè nou bliye n ap viv nan yon epòk kote ‘nou gen yon bòn nouvèl nou pa ka kenbe pou nou ase’.

Gen yon kretyèn ki rele Blessing ki pa t kite enterè pèsonèl li fè l neglije sèvis li. Li te sèvi antanke pyonye, li te fin fè klas li, apre sa, li te marye ak yon Betelit e li te vin fè pati fanmi Betèl peyi Benen an. Men sa li di: “Mwen se yon menajè e mwen vrèman pran plezi nan travay mwen.” Kounye a, Blessing kapab reflechi avèk kè kontan sou 12 an li genyen depi li nan sèvis aplentan e li kapab rejwi lefètke li pa janm bliye n ap viv nan yon epòk kote ‘nou gen yon bòn nouvèl nou pa ka kenbe pou nou ase’.

Fè atansyon ak distraksyon ki ka pran tout tan nou

Lè Jezi t ap voye 70 disip li al preche, men sa li te di yo: “Rekòt la anpil, men pa gen ase travayè pou ranmase li. Mande mèt jaden an pou l voye travayè nan jaden l lan.” ​(Lik 10:2). Menm jan si yo pa fè yon rekòt nan moman pou l fèt la, l ap pèdi, se menm jan an tou, si nou pa patisipe nan travay predikasyon an, anpil moun ka pèdi lavi yo. Se sa k fè Jezi te di ankò: “Pa rete nan di pèsonn bonjou nan chemen.” ​(Lik 10:4). Nan lang orijinal la, mo yo tradui ki bay “pa rete nan di pèsonn bonjou” a vle di plis pase annik di yon moun “bonjou”. Li kapab gen ladan l tou anbrase yon zanmi nou rankontre epi gen konvèsasyon byen long avè l. Konsa, Jezi te anseye disip li yo pou yo pa kite anyen distrè yo yon fason pou yo ka byen itilize tan y ap pase nan ministè a. Li te enpòtan anpil pou moun yo tande mesaj disip li yo t ap preche a.

Reflechi sou kantite tan ou kapab pase nan distraksyon. Pifò kote sou tè a, depi dèzane, se televizyon ki konn fè pifò moun plis gaspiye tan yo. Men, e telefòn selilè ak òdinatè? Gen yon sondaj ki te fèt nan peyi Grann Bretay sou 1 000 moun ki adilt ki montre pifò moun k ap viv nan peyi sa a pase 88 minit ap gade televizyon an mwayèn chak jou, 62 minit nan telefòn selilè, 53 minit ap voye e-mail bay moun e 22 minit ap voye mesaj tèks.” Kantite tan yo pase nan bagay sa yo de fwa plis pase kantite tan yon pyonye oksilyè pase nan ministè a chak jou. Konbyen tan ou menm ou pase ap itilize mwayen kominikasyon sa yo?

Ernst ak Hildegard Seliger te montre yo veyatif anrapò ak fason yo itilize tan yo. Yo de a ansanm pase plis pase 40 an nan kan konsantrasyon nazi ak nan prizon kominis yo. Apre yo te fin lage yo, yo te sèvi antanke pyonye jiskaske yo mouri e lavi yo sou tè a fini.

Anpil moun te renmen ekri yo. Yo te gendwa pase tout tan yo ap li lèt moun ekri yo e yo te gendwa pase tout tan yo ap reponn moun sa yo. Sepandan, se bagay espirityèl yo ki te pi enpòtan pou yo.

Byennantandi, nou tout nou renmen kenbe kontak ak fanmi nou e ak moun pa nou, e pa gen anyen mal nan sa. Li toujou bon pou nou fè ti chanjman nan aktivite nou. Sepandan, l ap bon pou nou kontwole kantite tan nou pase ap distrè nou nan epòk nou ye la a, yon epòk pou nou preche bon nouvèl la.

Preche bon nouvèl la afon

Ala yon benediksyon sa ye lefètke n ap viv nan yon epòk ‘nou gen yon bòn nouvèl nou pa ka kenbe pou nou ase’ pou nou preche. Annou fè atansyon pou nou pa bliye nan ki epòk n ap viv menm jan okòmansman kat mesye ki te gen lèp yo te bliye nan ki sitiyasyon moun Samari yo te ye. Sonje sa yo te di annapre: “Sa n’ap fè a pa bon non!” Menm jan an tou, li pa bon pou nou kite aktivite pèsonèl nou ak tan nou pase ap distrè nou anpeche nou patisipe afon nan ministè a.

Nan sans sa a, nou gen yon moun ki se yon egzanp estrawòdinè nou kapab suiv. Apre Pòl te reflechi sou 20 premye ane li te pase nan ministè a, men sa li te di: “Mwen preche bon nouvèl konsènan Kris la afon.” ​(Wom. 15:19, NW). Pòl pa t kite anyen kase zèl li. Annou demontre nou gen zèl menm jan ak li lè n ap preche mesaj Wayòm nan nan epòk n ap viv la kote ‘nou gen yon bòn nouvèl nou pa ka kenbe pou nou ase’ a.

[Foto nan paj 28]

Blessing pa t kite aktivite pèsonèl li distrè l nan sèvis li antanke minis aplentan.

[Foto nan paj 29]

Frè ak sè Seliger te toujou veye sou fason y ap sèvi ak tan yo.