Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te gen privilèj deja nan kongregasyon an? Èske w ka chèche gen privilèj ankò?

Èske w te gen privilèj deja nan kongregasyon an? Èske w ka chèche gen privilèj ankò?

Èske w te gen privilèj deja nan kongregasyon an? Èske w ka chèche gen privilèj ankò?

ÈSKE W te deja gen privilèj pou w gen responsablite nan kongregasyon an? Petèt ou te asistan ministeryèl oswa ou te ansyen. Petèt tou ou te nan sèvis aplentan. Sandout, ou te jwenn lajwa ak satisfaksyon nan asiyasyon ou te genyen yo. Men, pou yon rezon oswa pou yon lòt, ou te oblije remèt yo.

Petèt ou te remèt responsablite ou te genyen an pou w te ka pran swen fanmi w. Se gendwa tou laj oswa move sante ki te oblije w fè sa. Lefètke ou te pran desizyon sa yo, sa pa vle di ou te echwe pou sa (1 Tim. 5:8). Nan premye syèk la, Filip te sèvi kòm misyonè, men annapre li te vin rete stab nan vil Sezare pou l te ka okipe fanmi l (Tra. 21:8, 9). Nan Izrayèl tan lontan an, lè wa David te vin granmoun, li te fè aranjman pou Salomon, pitit li, ranplase l sou twòn nan (1 Wa 1:1, 32-35). Malgre sa, Jewova te kontinye renmen ni Filip ni David e li te kontinye apresye yo, e jis jounen jodi a moun respekte yo.

Sepandan, gendwa se retire yo te retire yon privilèj nan men w. Èske se manke w te manke sajès nan fason w te aji ki fè sa te rive? Oswa, èske se pwoblèm familyal ou te genyen ki te lakòz sa (1 Tim. 3:2, 4, 10, 12)? Petèt ou pa t dakò lefètke yo te pran privilèj sa a nan men w, e petèt ou fache jiska prezan.

Ou ka travay pou w jwenn privilèj ankò

Èske si yon moun pèdi yon privilèj li pa ka rejwenn li ankò? Nan pifò ka, li kapab rejwenn li. Sepandan, pou w retounen jwenn privilèj nan kongregasyon an, se pou w travay pou sa (1 Tim. 3:1). Men, poukisa w ta dwe dispoze travay pou w rejwenn privilèj nan kongregasyon an? Pou menm rezon ki fè w te vwe lavi w bay Jewova a: paske w renmen l e paske w renmen moun k ap sèvi l yo. Si w sèvi ankò pou w demontre ou gen lanmou sa a, sa ap pèmèt Jewova sèvi ak eksperyans ou te genyen anvan w te pèdi privilèj ou a ansanm ak eksperyans ou vin genyen apre w fin pèdi l la.

Sonje ki asirans Jewova te bay nasyon Izrayèl la apre l te fin pèdi pozisyon li te genyen devan Jewova a byenke yo te merite sa. Men sa li te di l: “Mwen se Senyè a, mwen p’ap chanje. Se poutèt sa nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou pa disparèt nèt.” ​(Mal. 3:6). Jewova te renmen pèp Izrayèl la e li te vle sèvi avè l toujou. Se konsa tou li enterese sèvi avè w toujou. Ki sa w ka fè kounye a? Pou yon moun rive jwenn privilèj nan kongregasyon an, sa pa depann tèlman de kapasite li genyen tou natirèlman. Sa plis depann de jan espirityalite l ye. Se sa k fè, pandan ou pa gen responsablite nan kongregasyon an kounye a, chèche fòtifye espirityalite w.

Pou w “vin djanm” nan lafwa, se pou w “chèche Jewova ansanm ak fòs li”. (1 Kor. 16:13, NW; Sòm 105:4, NW.) Yon fason ou ka fè sa, se lè w priye l ak tout kè w. Lè w ap pale ak Jewova konsènan sitiyasyon w ap viv, di l sa w santi epi mande l pou l ba ou lespri l. Lè w fè sa, w ap vin pi pwòch Jewova e sa ap fè w vin fèm (Sòm 62:8; Fil. 4:6, 13). Yon lòt fason w ka ranfòse espirityalite w se lè w etidye Pawòl Bondye a pi byen. Lefètke w gen mwens responsablite kounye a, li posib pou w pase plis tan nan etid pèsonèl ou e nan etid ou fè ak fanmi w. Petèt ou ka met yon pwogram sou pye pou w fè sa menmsi oparavan ou te gen youn e li te difisil pou w kenbe l.

Byennantandi, ou toujou reprezante Jewova antanke Temwen l (Iza. 43:10-12). Pi gwo privilèj nou kapab genyen se pou nou “konpayon travay Bondye”. (1 Kor. 3:9, NW.) Lè w ogmante patisipasyon w nan ministè a, se yon bèl fason ou kapab ranfòse espirityalite w ak espirityalite frè w ak sè w yo.

Fason pou w konbat santiman negatif ou genyen

Lefètke w te pèdi yon privilèj, sa ka fè w santi w wont oswa sa ka fè w gen regrè. Ou kapab gen tandans jistifye fason w te aji a. Si frè ki gen responsablite yo te koute w lè w t ap defann ou e menm apre sa yo te panse li pa t ap bon pou w kenbe privilèj ou te genyen an, sa kapab fè w gen santiman negatif e sa kapab fè ou pa anvi fè efò pou w jwenn privilèj ankò. Oswa, sa kapab fè li difisil pou w tire leson nan sa k te pase a. Annou fè yon ti pale sou Jòb, Manase ak Jozèf pou nou wè ki jan eksperyans yo te fè ka ede yon moun jere santiman negatif li genyen.

Jòb te konn reprezante lòt moun devan Jewova e se te yon ansyen ak yon jij nan sosyete li t ap viv la (Jòb 1:5; 29:7-17, 21-25). Men, nan yon moman difisil nan lavi l, li te pèdi richès li, pitit li ak sante l. Li te pèdi bon repitasyon li te genyen. Men sa li te di: “Moun ki pi jenn pase m yo ap pase m nan rizib.” —Jòb 30:1.

Jòb te santi li te inosan e li te vle defann tèt li devan Bondye (Jòb 13:15). Sepandan, li te dispoze ret tann Jewova e sa te bay bon rezilta. Li te aprann li te bezwen koreksyon, espesyalman anrapò ak fason li te reyaji devan eprèv li te jwenn nan (Jòb 40:6-8; 42:3, 6). Finalman, piske Jòb te enb, li te jwenn anpil benediksyon nan men Bondye. —Jòb 42:10-13.

Si w te pèdi privilèj ou poutèt ou te fè sa ki mal, ou gendwa ap mande tèt ou si Jewova ak kretyen parèy ou yo ap janm padone w vre e si y ap janm bliye sa w te fè a vre. Sonje sa k te rive Manase, wa peyi Jida. Nan 2 Wa 21:6, Bib la di: “Li [te] donnen nan fè sa ki mal nan je Senyè a pou l te fè l move jouk li pa kapab ankò.” Sepandan, Manase te mouri fidèl e li te toujou wa lè li te mouri. Kòman sa te rive fèt?

Finalman, Manase te vin jwenn disiplin e li te byen aji devan disiplin sa a. Apre l te fin refize koute tout avètisman yo te ba li, Jewova te voye Asiryen yo kont li. Yo te mete l nan chenn e yo te egzile l byen lwen, jis Babilòn. Pandan li la, “li rele Senyè a, Bondye li a, li rekonèt tout fòt li yo devan Senyè a, Bondye zansèt li yo. Li lapriyè Bondye”. Lefètke Manase te repanti sensèman e li te fè aksyon pou li montre sa, li te jwenn padon pou peche li yo. —2 Kwo. 33:12, 13.

Lè yon moun te pèdi privilèj li te genyen, li ra pou li retounen resevwa tout yon sèl kou. Sepandan, avèk letan, ou kapab resevwa kèk responsablite. Si w aksepte yo e ou fè tout sa w kapab pou w fè sa yo ba w fè a byen, souvan sa ap fè ou resevwa lòt responsablite toujou. Sa pa vle di sitiyasyon an ap vin jan ou ta renmen l lan tousuit. Gendwa gen bagay ki rive ki fè w pa kontan. Sepandan, si w gen yon bon etadespri e si w pèsevere, w ap jwenn bon rezilta.

Sonje egzanp Jozèf, pitit Jakòb. Lè li te gen 17 an, frè l yo te vann li ann esklavaj e sa yo te fè a pa t jis (Jen. 37:2, 26-28). Se sèten li pa t ap atann se konsa pitit gason papa l yo t ap trete l. Sepandan, li te aksepte bagay yo jan yo te ye a, e grasa benediksyon Jewova, “li te vin ap dirije kay mèt li” a (Jen. 39:2, NW). Annapre, yo te mete Jozèf nan prizon. Men, li te rete fidèl e Jewova te avè l. Se sa k fè finalman se li yo te bay jere prizon an. —Jen. 39:21-23.

Jozèf pa t konnen tout sa li t ap sibi yo se te pou yon rezon. Li te jis kontinye fè sa li kapab. Konsa, Jewova te sèvi avè l pou l prezève liy fanmi kote Desandans yo te pwomèt la t ap soti a (Jen. 3:15; 45:5-8). Byenke pa gen youn nan nou ki kapab jwe yon wòl enpòtan konsa menm jan ak Jozèf, istwa sa a ki enspire montre Jewova jwe yon wòl nan privilèj sèvitè l yo resevwa. Si w imite Jozèf, w ap kite pòt la ouvè pou Jewova sèvi avè w tou.

Tire leson nan move eksperyans ou te fè

Ni Jòb, ni Manase, ni Jozèf te fè eksperyans ki dekourajan. Toule twa mesye sa yo te aksepte bagay Jewova te pèmèt ki rive yo, e yo chak te tire bonjan leson nan sitiyasyon pa yo. Ki sa ou menm ou kapab aprann?

Chèche konprann ki sa Jewova ap eseye aprann ou. Lè Jòb te tonbe nan dezespwa, li te vin wè tèt li sèlman e li pa t wè pi gwo kesyon ki te soulve yo. Sepandan, koreksyon Jewova te ba li avèk amou te fè li vin wè bagay yo yon fason ki ekilibre. Men sa li te admèt: “Mwen te louvri bouch mwen pale sou sa m pa konprann.” ​(Jòb 42:3). Si w santi sa fè w mal lefètke ou te pèdi privilèj ou, ‘pa panse de tèt ou plis pase sa w dwe panse, men panse yon fason pou w vin gen bonsans’. (Wom. 12:3, NW.) Petèt Jewova ap ede w korije yon aspè nan pèsonalite w e ou ka pa fin byen konprann fason l ap fè sa.

Aksepte disiplin. Okòmansman, Manase te gendwa konprann li pa t merite yon blam sevè konsa. Sepandan, li te aksepte l, li te repanti e li te sispann aji fason li t ap aji a. Kèlkeswa resantiman ou genyen poutèt disiplin ou te resevwa a, ‘soumèt ou devan Bondye, konsa l’a leve ou lè pou l leve w la’. —1 Pyè 5:6; Jak 4:10.

Se pou w gen pasyans e se pou w dispoze kite Jewova fòme w. Eksperyans Jozèf te fè yo te gendwa fè l vin gen hèn nan kè l fasilman e yo te gendwa fè l anvi vanje tèt li. Olye de sa, li te vin gen sajès ak mizèrikòd (Jen. 50:15-21). Si w santi w desi, se pou w gen pasyans. Kite Jewova fòme w.

Èske te gen yon lè ou te gen responsablite nan kongregasyon an? Bay Jewova okazyon pou l ba w privilèj ankò. Fòtifye espirityalite w. Konbat santiman negatif ou genyen yo avèk pasyans e ak imilite. Se pou w dispoze resevwa kèlkeswa asiyasyon yo ba w la. Ou mèt gen asirans “lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p’ap janm refize l okenn bon bagay”. —Sòm 84:11.

[Antrefilè nan paj 30]

Se pou w vin djanm nan lafwa lè w priye Bondye ak tout kè w.

[Foto nan paj 31]

Lè w ogmante patisipasyon w nan ministè a, se yon bon fason ou ogmante espirityalite w.

[Foto nan paj 32]

Bay Jewova posiblite pou li ba w privilèj alavni.