Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo dekouvri trezò ki kache

Yo dekouvri trezò ki kache

Yo dekouvri trezò ki kache

ÈSKE sa rive w deja ou dekouvri yon trezò kache yon kote ou pa t panse ou t ap janm jwenn li? Sa te rive Ivo Laud, yon Temwen Jewova, nan jou ki te 27 mas 2005 lan, ann Estoni, pandan li t ap ede Alma Vardja, yon lòt Temwen Jewova parèy li ki gen bon ti laj, pou l kraze yon ti depo ki te la lontan. Apre yo te fin retire yon pati nan mi an ki bay sou deyò, yo te remake gen yon planch ki kouvri yon bò nan yon poto. Lè yo retire planch lan, yo jwenn yon fant ki mezire apeprè 10 santimèt lajè, 135 santimèt longè ak 10 santimèt wotè ki gen yon moso bwa menm lajè avè l ki kouvri l. (1) Se te yon ti konpatiman ki te gen yon trezò ki kache ladan l. Ki kalite trezò l te ye? Kiyès ki te sere l la?

Anndan konpatiman sa a te gen plizyè ti pakè ki te byen vlope ak yon papye pwès. (2) Anndan ti pakè yo te gen piblikasyon Temwen Jewova yo. Pifò nan piblikasyon sa yo, se te atik etid ki soti nan diferan nimewo Toudegad. Kèk nan atik yo te jwenn yo te la depi ane 1947. (3) Yo te byen kopye yo nan lang Estonyen. Nan kèk nan pakè sa yo, yo te jwenn endis ki montre kiyès ki te sere yo. Endis sa yo se te enfòmasyon ki montre Villem Vardja, mari Alma, te sibi kèk entèwogasyon. Yo te jwenn enfòmasyon tou ki montre konbyen tan li te pase nan prizon. Poukisa yo te mete l nan prizon?

Villem Vardja te gen responsablite nan kongregasyon Temwen Jewova nan Tartu a. Annapre, li te vin gen responsablite tou nan kongregasyon Otepää a, ann Estoni, youn nan peyi ki te fè pati Inyon sovyetik la. Sanble frè Vardja te aprann laverite kèk tan anvan Dezyèm Gè mondyal la. Kèk ane apre, nan jou ki te 24 desanm 1948, rejim kominis la te arete l poutèt aktivite li t ap mennen nan sèvis li pou Bondye. Polis sekrè a te pase l nan entèwogatwa e yo te maltrete l pandan yo t ap eseye fòse l bay non lòt moun ki Temwen. Yo te refize ba l posiblite pou l defann tèt li nan tribinal, e yo te kondane l pou l pase dizan nan yon prizon ris.

Villem Vardja te rete fidèl devan Jewova jiskaske li te mouri nan jou ki te 6 mas 1990. Madanm li pa t menm konnen si piblikasyon sa yo te egziste. Sanble li pa t di l sa pou sizoka li ta sibi yon entèwogatwa tou. Poukisa li te oblije kache piblikasyon yo? Li te kache yo paske KGB a (Komite pou sekirite Leta sovyetik) te gen abitid fouye kay Temwen Jewova yo san yo pa atann pou yo chèche piblikasyon. Sanble frè Vardja te kache piblikasyon yo yon fason pou l te ka asire l kwayan parèy li yo t ap ka jwenn manje espirityèl sizoka KGB a ta pran tout lòt bagay yo te posede. Anvan sa, ann ete 1990, yo te dekouvri lòt kote ankò ki te gen piblikasyon ki kache. Yo te dekouvri youn ladan yo nan Tartu, nan sid peyi Estoni. Se Villem Vardja ki te sere piblikasyon kote sa a tou.

Poukisa nou di dokiman sa yo se trezò? Se paske kopi sa yo ki te fèt alamen, ki sandout te mande anpil efò e ki te byen sere, montre byen klè ki jan Temwen yo te bay manje espirityèl yo te gen nan epòk sa a anpil valè (Mat. 24:45). Èske w rekonesan pou manje espirityèl ou resevwa nan epòk nou an nan zòn kote w ap viv la? Nan manje espirityèl la, gen Toudegad ki parèt nan lang Estonyen e ki parèt nan 170 lòt lang.