Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te kontan li dènye Toudegad ki te parèt yo? Gade pou wè si w ka reponn kesyon sa yo:

• Si yon tibebe mouri pandan l ap devlope nan vant manman l, èske li posib pou l resisite?

Lavi kòmanse depi nan moman fegondasyon an. Jewova kapab resisite yon moun kèlkeswa lè l te mouri a, paske “pa gen anyen Bondye pa ka fè”. (Mak 10:27.) Men, Labib pa di dirèkteman si Jewova ap resisite tibebe ki te mouri nan vant yo. —15/4-CR, paj 12, 13.

• Poukisa nou ka tire pwofi si nou obsève foumi yo, daman yo, krikèt yo ak jeko yo?

Kat ti bèt sa yo gen yon sajès yo fèt avè l. E yo glorifye sajès Bondye (Pwo. 30:24-28). —15/4-CR, paj 16-19.

• Ki evènman enpòtan ki te rive Temwen Jewova yo, sa gen santan?

An 1909, syèj mondyal Watch Tower Bible and Tract Society, ki se youn nan asosyasyon legal òganizasyon Temwen Jewova yo itilize, te deplase sot Pittsburgh, an Pennsilvani, pou l al Bwouklin, Nouyòk, e se la li toujou ye. —1/5-F, paj 22-24.

• Poukisa Labib pale an byen de silans?

Li montre lè yon moun fè silans, se yon fason li demontre respè, sa kapab ede l medite, e se yon prèv ki montre li gen diskresyon ak disènman. (Sòm 37:7; 63:6; Pwo. 11:12). —15/5-CR, paj 3-5.

• Nan ki sans John Wycliffe, William Tyndale, Robert Morrison ak Adoniram Judson sanble?

Yo tout te renmen Pawòl Bondye a e yo tout te tradui l nan lang moun ki soti nan pèp la te ka li. Wycliffe ak Tyndale te tradui l ann anglè, Morrison te tradui l an chinwa, e Judson te tradui l nan lang biman (Myanmar). —1/6-F, paj 8-11.

• Konbyen wa nan peyi Jida ki te demontre yo gen yon zèl estrawòdinè pou kay Jewova a?

Gen diznèf wa ki te gouvène sou pati sid wayòm Jida a, e gen kat nan yo ki te demontre yon zèl estrawòdinè: Aza, Yewochafat, Izkiya ak Yochiya. —15/6-CR, paj 7-11.

• Èske tout kretyen wen ki sou tè a patisipe nan bay manje espirityèl la?

Non. Tout moun ki wen ak lespri Bondye yo fè pati klas esklav fidèl ki prevwayan an, men se manm Kolèj santral la ki responsab pou yo bay manje espirityèl la. —15/6-CR, paj 22-24.

• Sa k fè rad Jezi te konn mete anba lòt rad li yo te gen valè konsa pou sòlda women yo?

Sòlda ki te la lè yo t ap touye Jezi a pa t chire rad sa a pou fè l fè plizyè moso. An jeneral, se koud yo te konn koud de moso twal pou fè yon rad konsa, men rad pa Jezi a pa t gen okenn kouti ladan l. Sa te fè l gen plis valè. —1/7-F, paj 22.

• Poukisa nou ka di lanmou te fè yon gwo diferans ant fason Jezi te trete moun ak fason chèf relijye yo te fè sa?

Olye chèf sa yo te renmen moun ki te fè pati pèp la, yo te meprize yo. Mete sou sa, yo pa t renmen Bondye. Jezi li menm te renmen Papa l e li te gen pitye pou moun ki te fè pati pèp la (Mat. 9:36). Li te gen tandrès, konpasyon ak bonte. —15/7-CR, paj 15.

• Poukisa kesyon lajan se kapab yon tètchaje nan maryaj, e ki sa k ka ede koup yo pou yo pa gen pwoblèm nan domèn sa a?

Souvan, de moun ki marye fè kont sou kesyon lajan paske yo manke gen konfyans youn nan lòt oubyen paske yo gen dout youn sou lòt. Oubyen se konn paske yo pa t leve menm jan. Pou koup yo pa gen pwoblèm nan domèn sa a, yo kapab fè kat bagay: aprann pale avèk kalm sou kesyon lajan, mete yo dakò sou fason y ap itilize kòb yo touche, fè yon bidjè pou fanmi an epi deside sou sa chak moun ap fè. —1/8-F, paj 10-12.