Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou toujou gen menm mantalite ak Kris

Annou toujou gen menm mantalite ak Kris

Annou toujou gen menm mantalite ak Kris

“[Annou] gen menm mantalite Kris Jezi te genyen an.” —WOM. 15:5, NW.

1. Poukisa nou ta dwe chèche gen menm mantalite ak Kris?

“VIN jwenn mwen, [...] aprann nan men m, e n ap jwenn fòs pou nanm nou, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m.” Pawòl sa yo, se Jezi Kris ki te di yo (Mat. 11:28, 29, NW). Envitasyon sa a Jezi te fè avèk amou montre byen klè ki mantalite li te genyen. Li montre tou li gen lanmou. Pa gen lòt moun ki te kapab yon pi bon egzanp pou nou suiv. Byenke Jezi se Pitit Bondye li te ye e li te gen anpil pisans ak anpil otorite, li te montre li te kapab mete tèt li nan plas lòt moun e li te kapab trete yo avèk tandrès. Li te fè sa sitou pou moun ki te nan nesesite yo.

2. Ki aspè nan mantalite Kris nou pral egzamine?

2 Nan atik sa a ak nan de atik ki vin apre l yo, nou pral egzamine ki jan nou ka vin gen menm mantalite ak Kris, ki jan nou kapab kenbe mantalite sa a epi ki jan nou ka demontre nou gen “lide Kris” nan lavi nou (1 Kor. 2:16). Nou pral konsantre sou senk aspè nan mantalite Kris: dousè ak imilite l, bonte li, obeyisans li anvè Bondye, kouraj li ak lanmou li, yon lanmou li te toujou demontre.

Annou aprann nan men Jezi ki te gen tanperaman dou

3. a) Ki leson Jezi te aprann disip li yo sou imilite? b) Ki reyaksyon Jezi te genyen lè disip li yo te montre yo gen kèk feblès?

3 Jezi, Pitit Bondye a ki te pafè, te aksepte ak tout kè l pou l vin sou tè a pami lèzòm enpafè k ap pratike peche pou l sèvi yo e pou l sèvi Papa l. Gen kèk nan moun sa yo ki t apral touye l pi devan. Sepandan, Jezi te toujou kenbe jwa l ak metriz li (1 Pyè 2:21-23). Si “nou kenbe je nou kole” sou Jezi kòm egzanp nou, sa ap ede nou fè menm jan avè l lè nou gen pwoblèm ak lòt moun akoz defo yo ak enpèfeksyon yo (Ebre 12:2). Jezi te envite disip li yo pou yo ‘antre anba jouk li a ansanm avè l’ pou yo ka aprann nan men l (Mat. 11:29, nòt anba paj, NW). Ki sa yo t ap kapab aprann konsa? Yon bagay yo t ap kapab aprann, sèke Jezi te gen tanperaman dou e li te pasyan ak disip li yo malgre yo te gen defo. Nan nuit anvan Jezi te mouri a, li te lave pye yo. Konsa, li te ba yo yon leson yo pa t ap janm bliye ki te montre yo se pou yo “gen imilite nan kè” yo. (Li Jan 13:14-17.) Annapre, lè Pyè, Jak ak Jan pa t reyisi “pa kite dòmi pran” yo, avèk bonte, Jezi te rekonèt se fatige yo te fatige. Li te di Simon: “Simon! W’ap dòmi? [...] Pa dòmi, tande! Lapriyè fò pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men se kò nou ki fèb.” —Mak 14:32-38.

4, 5. Ki jan egzanp Jezi kapab ede nou fas ak mankman lòt moun?

4 Ki jan nou reyaji si yon kwayan parèy nou gen lespri konpetisyon lakay li, li fasil pou l fache, oswa li pran anpil tan anvan li aplike konsèy ni ansyen yo ni “esklav fidèl ki prevwayan an” bay (Mat. 24:45-47, NW)? Nou kapab petèt aksepte lè moun nan monn nan gen yon seri defo akoz enpèfeksyon, sepandan, lè se frè nou yo ki gen defo sa yo li kapab vrèman difisil pou n padone yo. Si defo lòt moun genyen nui w fasilman, ou bezwen poze tèt ou kesyon sa a: ‘Ki sa mwen kapab fè pou m vin gen “lide Kris”?’ Eseye sonje sa: Jezi pa t fache ak disip li yo menm lè yo te montre yo gen mankman nan domèn espirityèl.

5 Annou pran egzanp Pyè. Lè Jezi te mande l pou l soti nan bato a e pou l mache vin jwenn li sou dlo a, Pyè te fè sa pandan yon ti moman. Men, apre sa, Pyè wè tanpèt la epi li kòmanse antre nan dlo a. Èske Jezi te vin fache epi li di Pyè: “Se bon pou ou! W a manyè aprann”? Non. “Menm lè a, Jezi lonje men l, li pran Pyè, li di li: Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt?” ​(Mat. 14:28-31). Si nou ta wè yon frè nou manke konfyans oswa lafwa, èske nan yon sans nou pa ta ka lonje men ba li pou nou ede l vin gen plis lafwa? Pa gen dout nan sa, se yon leson nou kapab tire nan fason Jezi te aji avèk Pyè avèk dousè.

6. Ki sa Jezi te aprann apot yo konsènan chèche plas enpòtan?

6 Pyè li menm tou te konn nan diskisyon apot yo te konn genyen konsènan kiyès nan yo ki pi enpòtan. Jak ak Jan te vle se yo menm ki pou chita sou bò dwat ak sou bò goch Jezi nan Wayòm li an. Lè Pyè ak lòt apot yo te tande sa, yo te fache. Jezi te konnen fason yo te panse a se sosyete yo te leve ladan l lan ki petèt te fè yo panse konsa. Apre l fin rele yo vin jwenn li, li di yo: “Nou konnen jan chèf nasyon yo fè diktatè sou yo epi grannèg yo domine sou nasyon yo. Men, pou nou menm, sa p ap konsa. Okontrè, moun ki ta vle vin gran nan mitan nou, yo dwe sèvitè nou. E, moun ki ta vle vini an premye, yo dwe esklav nou.” Apre sa, Jezi site tèt li kòm egzanp, li di: “Konsa tou, Pitit Lòm nan pa t vini pou yo sèvi li, men, pou li sèvi epi pou Ii bay lavi li pou peye delivrans anpil moun.” —Mat. 20:20-28, Bib Kreyòl La.

7. Ki sa nou chak ka fè pou gen inite nan kongregasyon an?

7 Si nou reflechi sou imilite Jezi, sa ap ede nou aji antanke “moun ki pi piti” pami frè yo (Lik 9:46-48). Lè nou aji konsa, sa fè gen inite nan mitan nou. Tankou yon papa ki gen yon gwo fanmi, Jewova vle pou pitit li yo “viv ansanm” nan inite (Sòm 133:1). Jezi te priye Papa l pou tout vrè kretyen yo ini yon fason ‘pou moun ki nan lemonn yo ka rive rekonèt se Li ki te voye l, pou yo ka rive konnen Li renmen yo menm jan Li renmen l lan’. (Jan 17:23.) Konsa, inite nou genyen an ede moun idantifye nou kòm disip Kris. Pou nou gen inite sa a, nou dwe wè enpèfeksyon lòt moun menm jan ak Jezi. Li te konn padone moun ki fè sa ki mal e li te aprann yo se sèlman lè yon moun konn padone l ap jwenn padon nan men Bondye. —Li Matye 6:14, 15.

8. Ki sa nou ka aprann nan egzanp sèvitè Bondye ki gen lontan y ap sèvi l yo?

8 Nou kapab aprann anpil bagay tou lè nou imite lafwa moun ki gen lontan depi y ap imite Kris yo. Menm jan ak Jezi, dabitid, moun sa yo tolere enpèfeksyon lòt moun. Yo konnen lè nou gen konpasyon pou lòt moun menm jan ak Kris, nonsèlman sa ede nou sipòte ‘feblès moun ki fèb yo’ genyen, men sa pèmèt nou gen inite nan mitan nou tou. Anplis, sa ankouraje tout moun nan kongregasyon an pou yo gen menm mantalite ak Kris. Sa apot Pòl te vle pou kretyen nan vil Wòm yo, se sa moun ki gen lontan y ap imite Kris yo vle pou frè yo tou. Apot Pòl te di kretyen sa yo: “Mwen swete pou Bondye ki bay andirans ak konsolasyon an pèmèt nou gen menm mantalite Kris Jezi te genyen an nan mitan nou, yon fason pou nan tèt ansanm, ak yon sèl bouch, nou ka glorifye Sila a ki Bondye Seyè nou an Jezi Kris, e ki [se] Papa l.” ​(Wom. 15:1, 5, 6, NW). Wi, lè nou sèvi Jewova nan inite, sa louwe li.

9. Poukisa nou bezwen lespri sen pou nou ka imite egzanp Jezi?

9 Jezi te makònen “imilite” ak dousè, yon kalite ki soti nan fwi lespri Bondye a. Se sa k fè pou nou kapab byen imite Jezi, nonsèlman nou bezwen byen etidye egzanp li, men tou nou bezwen lespri sen Jewova. Nou bezwen priye Jewova pou li ban nou lespri sen l e nou bezwen fè tout sa nou kapab pou nou kiltive fwi lespri a ki se: “Lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bonte, byenveyans, lafwa, dousè, metriz.” ​(Gal. 5:22, 23, NW). Si nou suiv egzanp imilite ak dousè Jezi kite pou nou an, n ap fè Jewova, Papa nou ki nan syèl la, kontan.

Jezi te trete lòt moun avèk bonte

10. Ki jan Jezi te montre li gen bonte?

10 Bonte fè pati fwi lespri sen an tou. Jezi te toujou trete lòt moun avèk bonte. Tout moun ki te chèche Jezi avèk senserite te kontan pou yo wè jan li “te akeyi yo avèk jantiyès” ​(NW). (Li Lik 9:11.) Ki sa nou ka aprann nan men Jezi anrapò ak bonte? Yon moun ki gen bonte se yon moun ki amikal, ki janti e ki senpatik. Se konsa Jezi te ye. Li te gen pitye pou moun yo “paske li [te] wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò”. —Mat. 9:35, 36.

11, 12. a) Bay yon egzanp kote Jezi te aji avèk konpasyon. b) Ki sa w kapab aprann nan egzanp sa a ou sot wè a?

11 Nonsèlman Jezi te gen pitye ak konpasyon pou moun, men tou li te konn fè sa li kapab pou l ede yo. Ann pran yon egzanp. Te gen yon fi ki te gen yon emoraji pandan 12 an. Li te konnen dapre Lalwa Moyiz la, maladi sa a li te genyen an te fè li pa pwòp pou li patisipe ansanm ak lòt moun nan vrè adorasyon an, e moun ki te touche l yo t ap vin pa pwòp tou (Lev. 15:25-27). Malgre sa, repitasyon Jezi ak fason li te konn trete moun dwe te konvenk fi sa a Jezi te kapab geri l e li t ap dispoze fè sa. Men sa li t ap di: “Si mwen kapab manyen menm rad li, mwen delivre!” Li te ranmase kouraj li e li te manyen rad la. Lamenm, li te santi li geri.

12 Jezi te konnen gen yon moun ki te manyen l, e se sa k fè li t ap gade toutotou l pou l wè kiyès sa a ki te manyen l lan. Fi a lage kò l atè a nan pye Jezi tou ap tranble e li avwe l se li. Li te fè sa sandout paske li te panse yo t apral reprimande l lefètke li te vyole Lalwa. Èske Jezi te reprimande malerèz sa a ki t ap soufri a? Non. Okontrè, men sa li te di fi a nan yon ton ki te fè fi a pa santi li koupab: “Pitit fi mwen, lafwa w delivre w. Ale nan lapè.” ​(Mak 5:25-34, Bib Kreyòl La). Ala ankouraje bon pawòl sa yo dwe te ankouraje l!

13. a) Ki jan Jezi te montre li pa t menm jan ak Farizyen yo? b) Ki jan Jezi te trete timoun?

13 Kontrèman ak Farizyen yo ki te gen kè di, Kris pa t janm sèvi ak otorite l pou l rann lavi moun pi difisil (Mat. 23:4). Olye de sa, avèk bonte e avèk pasyans, li te anseye moun prensip Jewova yo. Jezi te gen afeksyon pou disip li yo. Li te toujou trete yo avèk amou e avèk bonte, tankou yon vrè zanmi (Pwo. 17:17; Jan 15:11-15). Menm timoun te santi yo alèz lè yo te bò kote Jezi, e sandout li menm tou li te alèz bò kote yo. Li pa t janm twò okipe pou l fè yon ti kanpe sou sa li t ap fè pou l pase yon ti tan avèk yo. Nan yon okazyon, disip Jezi yo te eseye anpeche kèk moun pote pitit yo ba li pou li touche yo. Yo te fè sa paske, menm jan ak chèf relijye yo nan epòk la, yo te toujou panse yo se moun ki enpòtan. Jezi pa t kontan ak yo ditou. Li te di yo: “Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini, paske [“wayòm Bondye a”, NW] se pou [...] moun ki tankou timoun sa yo.” Apre sa, li sèvi ak timoun yo pou l bay disip li yo yon leson. Li di yo: “Sa m’ap di nou la a, se vre wi: Si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p’ap janm ka mete pye l nan [“wayòm Bondye a”, NW].” —Mak 10:13-15.

14. Ki byenfè timoun yo jwenn lè yo jwenn moun ki vrèman enterese nan yo?

14 Imajine ki jan kèk nan timoun sa yo dwe te santi yo plizyè ane apre lè yo vin gran epi yo sonje jan Jezi Kris ‘te pran yo nan bra l e li te beni yo’. (Mak 10:16.) Jodi a tou, timoun ki gen ansyen ak lòt moun ki te montre yo vrèman enterese nan yo ak bon mobil ap kontan sonje moun sa yo lè yo vin gran. Sa k pi enpòtan, sèke pandan timoun sa yo piti a, y ap aprann lespri sen Jewova sou pèp li a.

Annou montre nou gen bonte nan yon monn ki pa gen bonte

15. Poukisa nou pa dwe sezi lefètke moun yo manke bonte jodi a?

15 Gen anpil moun jodi a ki panse yo pa gen tan pou yo trete lòt moun avèk bonte. Se sa k fè, chak jou, moun ki fè pati pèp Jewova a rankontre moun ki pa gen bonte nan lekòl yo, nan travay yo, lè y ap vwayaje ak lè yo nan ministè a, paske moun yo gen lespri monn nan. Lè moun yo pa aji avèk nou avèk bonte, sa kapab deranje nou, sepandan nou pa ta dwe sezi. Jewova te enspire apot Pòl pou l fè konnen, nan “dènye jou yo”, vrè kretyen yo t ap gen pou yo pran kontak ak moun ki “renmen pwòp tèt yo, [...] [ki pa] gen afeksyon pou pwochen yo”. —2 Tim. 3:1-3, NW.

16. Ki sa nou chak kapab fè pou nou ankouraje frè nou yo aji avèk bonte nan kongregasyon an?

16 Sepandan, nan vrè kongregasyon kretyen an, gen yon bon anbyans, e li diferan nèt ak monn nan kote moun yo pa gen bonte. Lè nou chak imite Jezi, n ap kapab kontribye pou bon anbyans sa a kontinye egziste. Ki jan nou ka fè sa? Pou kòmanse, anpil moun nan kongregasyon an bezwen pou nou ede yo e pou nou ankouraje yo paske yo gen pwoblèm sante ak lòt pwoblèm ankò. Nan “dènye jou” sa yo nou ye la a, pwoblèm yo gendwa ap ogmante, men se pa pwoblèm ki fèk parèt. Nan tan biblik yo, kretyen yo te soufri anba menm pwoblèm sa yo. Se sa k fè li bon pou nou aji pou nou ede kretyen parèy nou yo menm jan kretyen nan tan lontan yo te konn fè sa. Pa egzanp, Pòl te konseye kretyen yo konsa: “Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo. Se pou nou pran pasyans ak tout moun.” ​(1 Tes. 5:14). Sa mande pou nou aji avèk bonte menm jan ak Kris.

17, 18. Ki jan nou kapab montre nou gen bonte menm jan ak Kris?

17 Kretyen yo gen responsablite pou yo ‘akeyi frè yo avèk jantiyès’, pou yo trete yo menm jan Jezi t ap trete yo. Yo dwe montre yo enterese sensèman ni nan moun yo konnen depi dèzane, ni nan moun yo rankontre pou premye fwa (3 Jan 5-8). Menm jan Jezi te konn pran inisyativ pou l montre li gen konpasyon pou moun, nou menm tou nou dwe fè sa e nou dwe toujou yon sous ankourajman pou lòt moun. —Iza. 32:2; Mat. 11:28-30.

18 Nou chak ka montre nou gen bonte lè nou aji pou nou montre lòt moun nou gen sousi pou yo e nou konprann pwoblèm yo. Chèche fason ak okazyon pou w fè sa. Fè tout sa w kapab nan sans sa a! Men sa Pòl te di: “Nan lanmou fratènèl, se pou nou gen yon afeksyon ki gen tandrès youn pou lòt. Se pou nou pran devan nan onore youn lòt.” ​(Wom. 12:10, NW). Sa mande pou nou suiv egzanp Jezi, sa vle di pou nou amikal ak lòt moun, pou nou aji avèk bonte e pou nou montre yon “lanmou [...] ki san ipokrizi” pou yo (2 Kor. 6:6, Bib Kreyòl La). Pòl te dekri lanmou nou dwe genyen ki sanble ak lanmou Kris te demontre a konsa: “Lanmou gen pasyans ak byenveyans. Lanmou pa jalou sò moun, li pa vante tèt li, li pa kite ògèy plen tèt li.” ​(1 Kor. 13:4, NW). Olye nou gen rankin kont frè ak sè nou yo, annou suiv konsèy sa a pito: “Se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.” —Efe. 4:32.

19. Ki bon rezilta nou jwenn lè nou montre nou gen bonte menm jan ak Kris?

19 Lè nou fè sa nou kapab pou nou vin gen bonte e nou toujou aji avèk bonte menm jan ak Kris nan kèlkeswa sitiyasyon an, n ap jwenn anpil benediksyon. Lè sa a, lespri Jewova ap aji san pwoblèm nan kongregasyon an e l ap ede tout moun pou yo devlope tout aspè ki gen nan fwi lespri a. Anplis, lè nou imite egzanp Jezi kite a e nou ede lòt moun pou yo fè sa tou, n ap adore Bondye nan lajwa ak nan inite, e sa ap fè kè l kontan. Kidonk, annou toujou fè efò pou nou montre dousè ak bonte menm jan ak Kris nan fason nou trete lòt moun.

Èske w ka esplike?

• Ki jan Jezi te montre li gen ‘tanperaman dou e li gen imilite nan kè l’?

• Ki jan Jezi te montre li gen bonte?

• Bay kèk fason nou kapab montre nou gen dousè e nou gen bonte menm jan ak Kris nan monn enpafè sa a.

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Lè lafwa yon frè nou febli, menm jan sa te rive Pyè, èske nou ede l fòtifye lafwa l?

[Foto nan paj 10]

Ki sa w ka fè pou kongregasyon an toujou yon kote ki pezib e ki gen bonte ladan l?