Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou montre nou obeyisan e nou gen kouraj menm jan ak Kris

Annou montre nou obeyisan e nou gen kouraj menm jan ak Kris

Annou montre nou obeyisan e nou gen kouraj menm jan ak Kris

“Pran kouraj. Mwen deja gen laviktwa sou lemonn.” —JAN 16:33, Bib Kreyòl La.

1. Nan ki pwen Jezi te aksepte soufri pou l obeyi Bondye?

JEZI KRIS te toujou fè volonte Bondye. Li pa t janm menm gen lide pou l ta dezobeyi Papa l ki nan syèl la (Jan 4:34; Ebre 7:26). Sepandan, lè li te sou tè a, li te twouve l nan sitiyasyon kote sa pa t fasil pou l rete obeyisan. Depi lè Jezi te kòmanse travay predikasyon l lan, ènmi l yo, Satan ladan l tou, te eseye swa konvenk li, swa fòse l, swa twonpe l yon fason pou l pa kenbe fidelite l (Mat. 4:1-11; Lik 20:20-25). Ènmi sa yo te fè l soufri mantalman, yo te blese santiman l e yo te fè l soufri fizikman. Finalman, yo te reyisi fè touye l sou yon poto soufrans (Mat. 26:37, 38; Lik 22:44; Jan 19:1, 17, 18). “Li te vin obeyisan jis li [aksepte] mouri” ​(NW) malgre li te soufri anpil pandan yo t ap fè l sibi tout bagay sa yo. —Li Filipyen 2:8.

2, 3. Lefètke Jezi te rete obeyisan malgre li te soufri anpil, ki sa sa aprann nou?

2 Eksperyans Jezi te fè sou tè a, sa l te soufri, te aprann li sa obeyisans anba eprèv vle di (Ebre 5:8). Yon moun ta gendwa panse Jezi pa t gen anyen ankò pou l aprann anrapò ak sèvi Jewova paske anvan li te vin sou tè a li te gen yon bon relasyon avèk Jewova pandan yon peryòd tan moun pa ka konnen e se li ki te “ouvriye abil” Jewova te itilize lè l t ap kreye tout bagay la (Pwo. 8:30, NW). Sepandan, lefètke li te rete fidèl lè l te yon imen malgre li te soufri anpil, li te pwouve entegrite l totalman. Jezi, Pitit Bondye a, te grandi nan domèn espirityèl. Ki sa eksperyans li te fè yo ka aprann nou?

3 Byenke Jezi te pafè, li pa t konte sou tèt li sèlman pou l rete obeyisan totalman. Li te konn priye Bondye pou l mande l èd li yon fason pou l te ka toujou obeyi l. (Li Ebre 5:7.) Pou nou ka rete fidèl, nou menm tou, nou bezwen gen imilite e nou bezwen priye Bondye regilyèman pou li ede nou. Se sa k fè apot Pòl te bay kretyen yo konsèy sa a: “Menm mantalite Kris Jezi te genyen an, kenbe l nan nou tou. [...] Li te imilye tèt li e li te vin obeyisan jis li [aksepte] mouri.” ​(Fil. 2:5-8, NW). Jezi pwouve lèzòm kapab obeyisan malgre y ap viv nan yon sosyete ki mechan. Nou konnen Jezi te pafè, men, èske li posib pou moun enpafè tankou nou rete obeyisan?

Nou kapab obeyisan menmsi nou enpafè

4. Esplike ki sa libète pou nou deside a vle di.

4 Bondye te kreye Adan ak Èv e li te ba yo entèlijans ak libète pou yo deside. Antanke desandan yo, nou menm tou, nou gen libète pou nou deside. Men, ki sa sa vle di? Sa vle di nou kapab deside swa pou nou fè sa ki byen, swa pou nou fè sa ki mal. Yon lòt fason nou kapab esplike sa, sèke Bondye ban nou libète pou nou chwazi obeyi l oswa dezobeyi l. Libète sa a fè nou responsab aksyon nou tou. Anfèt, desizyon nou pran kapab fè nou gen lavi oswa lanmò. Anplis, yo gen efè sou moun ki pwòch nou.

5. Ki lit nou chak ap mennen, e ki sa nou kapab fè pou nou rete obeyisan?

5 Lefètke nou eritye peche, obeyisans se pa yon bagay nou genyen tou natirèlman. Li pa toujou fasil pou nou obeyi lwa Bondye yo. Pòl te gen pwoblèm sa a tou. Li te ekri: “Nan tout kò m, mwen santi yon lòt lwa k’ap goumen ak lalwa mwen renmen an. Lwa sa a kenbe m prizonye anba otorite peche a ki nan tout kò mwen.” ​(Wom. 7:23). An reyalite, li pi fasil pou nou obeyi lè sa pa mande pou nou fè sakrifis, pou nou soufri, oswa lè sa nan avantaj nou. Men, ki jan nou reyaji lè nou anvi obeyi alòske ‘dezi lachè ak dezi je’ nou fè nou anvi fè lekontrè? Dezi lachè yo ak dezi je yo soti nan enpèfeksyon nou gen nan nou e nan “lespri lemonn” nan ki antoure nou e ki enfliyanse nou. Dezi sa yo fò anpil (1 Jan 2:16, Bib Kreyòl La; 1 Kor. 2:12, Bib Kreyòl La). Pou nou kapab reziste kont yo, nou bezwen ‘prepare kè nou’ anvan nou tonbe nan yon sitiyasyon difisil oswa anvan nou rankontre yon tantasyon, e nou bezwen pran detèminasyon pou nou obeyi Jewova kèlkeswa eprèv nou rankontre a (Sòm 78:8, NW). Bib la bay egzanp plizyè moun ki te rete obeyisan paske yo te prepare kè yo. —Ezra 7:10; Dàn. 1:8.

6, 7. Montre ki jan etid pèsonèl nou kapab ede nou pran desizyon ki saj.

6 Yon fason nou kapab prepare kè nou se lè nou pran san nou pou nou etidye Ekriti yo ak piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la. Imajine ou twouve w nan sitiyasyon ki prezante annapre a. Imajine ou fin fè etid pèsonèl ou nan jou swa ou abitye fè l la. Ou fèk fin priye Jewova pou l ba w lespri l ki kapab ede w aplike sa w te aprann nan Pawòl li a. Ou planifye pou w gade yon fim nan televizyon nan demen swa. Ou tande y ap fè reklam pou fim nan. Sepandan, ou konnen tou gen kèk sèn imoral ak kèk sèn vyolan ladan l.

7 Ou reflechi sou konsèy Pòl bay nan Efezyen 5:3 a ki di: “Nou pa dwe menm pale de fònikasyon nan mitan nou, ni konsènan nenpòt kalite salte, ni konsènan avaris, etandone sa pa konvnab pou moun ki sen.” ​(NW). Ou sonje tou konsèy Pòl bay nan Filipyen 4:8 la. (Li l.) Pandan w ap reflechi sou konsèy enspire sa yo, ou mande tèt ou: ‘Si m deside gade fim sa a k ap gen enfliyans sou kè m ak lespri m, èske m ap obeyi Bondye yon fason strik menm jan ak Jezi?’ Ki sa w ap fè? Èske w ap gade fim nan kanmenm?

8. Poukisa nou dwe suiv prensip wo nivo Jewova yo?

8 Se t ap yon erè si nou ta diminye nan detèminasyon nou genyen pou nou suiv prensip Jewova yo. Sa ka rive nou si nou ta panse nou fò ase pou nou reziste kont enfliyans move frekantasyon ka gen sou nou, menm lè frekantasyon sa a parèt sou fòm divètisman ki vyolan e ki imoral. Depreferans, nou ta dwe pwoteje tèt nou ak pitit nou kont move enfliyans sa yo ki reflete lespri Satan. Moun ki gen òdinatè fè tout sa yo kapab pou yo anpeche òdinatè y ap itilize a pran viris paske viris yo kapab detwi enfòmasyon ki sou òdinatè a, yo kapab fè l pa fonksyone byen e yo kapab menm kontwole l epi itilize l pou yo atake lòt òdinatè. Èske nou menm nou pa ta dwe veye plis toujou pou nou pwoteje tèt nou kont “riz” Satan yo? —Efe. 6:11, nòt anba paj, NW.

9. Poukisa nou dwe pran detèminasyon pou nou obeyi Jewova chak jou?

9 Se prèske chak jou nou jwenn sitiyasyon kote nou bezwen deside si n ap aji ann amoni ak prensip Jewova yo oswa si nou pap aji ann amoni ak yo. Pou nou sove, nou dwe obeyi Bondye e nou dwe viv ann amoni ak prensip li yo. Menm jan ak Kris, lè nou obeyi l ‘jis nou [aksepte] mouri’, nou montre nou gen vrè lafwa a. Jewova ap rekonpanse nou si nou kenbe fidelite nou. Men yon pwomès Jezi te fè: “Moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va delivre.” ​(Mat. 24:13). Kidonk, nou bezwen demontre nou gen kouraj menm jan ak Jezi. —Sòm 31:24.

Jezi se pi gwo egzanp nou genyen nan domèn kouraj

10. Ki kalite presyon yo ka mete sou nou, e ki reyaksyon nou ta dwe genyen?

10 Akoz atitid moun nan monn nan genyen ak konduit yo, nou bezwen gen kouraj pou nou pa kite yo kòwonp nou. Kretyen yo gen presyon sou plan moral, sosyal, ekonomik e nan domèn relijyon e presyon sa yo kapab fè yo pa suiv prensip Jewova yo ki jis. Gen anpil nan nou ki jwenn opozisyon nan men fanmi nou. Nan kèk peyi, enstitisyon ki la pou anseye moun yo ap fè pwopagann pou teyori evolisyon an avèk plis fòs jodi a e plis moun vin pa kwè nan Bondye. Fas ak tout presyon sa yo, nou pa ka annik kwaze bra nou san nou pa fè anyen. Nou bezwen aji yon fason pou nou reziste kont presyon sa yo. Konsa, n ap pwoteje tèt nou. Egzanp Jezi kite montre nou ki jan n ap kapab reyisi nan sans sa a.

11. Lè nou medite sou egzanp Jezi kite, ki jan sa ka ban nou plis kouraj?

11 Jezi te di disip li yo: “Nou va jwenn tribilasyon nan lemonn. Men, pran kouraj. Men deja gen laviktwa sou lemonn.” ​(Jan 16:33). Li pa t janm kite monn nan enfliyanse l. Li pa t janm kite l anpeche l fè travay predikasyon li te gen pou l fè a, ni li pa t janm kite l fè presyon sou li pou l sispann suiv prensip ki makònen ak vrè adorasyon an e ki makònen ak bon konduit li te dwe genyen. Nou dwe fè menm jan an. Pandan Jezi t ap lapriyè, men sa li te di konsènan disip li yo: “Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn.” ​(Jan 17:16). Lè nou etidye egzanp Jezi kite nan domèn kouraj e nou medite sou sa, sa ka ede nou jwenn kouraj nou bezwen pou nou pa fè pati monn nan.

Nan domèn kouraj, annou pran leson nan men Jezi

12-14. Site kèk egzanp kote Jezi te montre li gen kouraj.

12 Toutpandan Jezi t ap akonpli ministè l, li te montre li gen kouraj. Grasa otorite li te genyen antanke Pitit Bondye, li te “antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t’ap vann ak tout moun ki t’ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t’ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t’ap vann pijon yo” san l pa t pè (Mat. 21:12). Lè kèk sòlda te vin arete Jezi nan dènye nuit anvan li te mouri a, avèk kouraj, li te pwoteje disip li yo. Li te di sòlda yo: “Si se mwen n’ap chache, kite lòt mesye sa yo al fè wout yo.” ​(Jan 18:8). Yon ti tan apre sa, li te di Pyè pou l depoze epe l la. Konsa, li te montre li pa t met konfyans li nan zam lèzòm fè, men nan Jewova pito. —Jan 18:11.

13 Avèk kouraj, Jezi te denonse fo anseyan nan epòk li a ki pa t gen lanmou, ansanm ak fo ansèyman yo t ap bay yo. Men sa li te di yo: “Malè pou nou, pwofesè lalwa ak Farizyen! Ipokrit! Paske, nou fèmen pòt wayòm syèl la devan lèzòm. [...] Nou kite bagay ki pi enpòtan nan lalwa, tankou jistis, pitye ak fidelite. [...] Nou netwaye gode ak asyèt sou deyò, alòske, andedan kè nou plen ak lide vòlè epi avèk mechanste.” ​(Mat. 23:13, 23, 25, Bib Kreyòl La). Disip Jezi yo t ap bezwen gen menm kouraj la paske chèf relijye yo ki te ipokrit t apral pèsekite yo tou e yo t apral touye kèk nan yo. —Mat. 23:34; 24:9.

14 Jezi te montre li gen kouraj tou menm lè li t ap fè fas ak demon yo. Yon lè, li te rankontre yon mesye ki te gen demon sou li e ki te tèlman gen fòs pèsonn pa t ka mare l menm ak yon chenn. Sepandan, Jezi pa t kite demon yo entimide l e li te fè yo tout soti sou mesye a (Mak 5:1-13). Jodi a, Bondye pa bay kretyen yo pouvwa pou yo fè mirak konsa. Sepandan, nan travay predikasyon an ak travay ansèyman n ap fè a, nou menm tou nou nan yon gè espirityèl kont Satan, li menm ki “bouche lespri [moun k’ap peri yo]”. (2 Kor. 4:4.) Menm jan sa te ye pou Jezi, zam nou itilize yo “se pa menm ak zam moun k’ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam [nou yo] se zam ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò”, sa vle di move ansèyman relijye ki byen anrasinen nan tèt moun yo (2 Kor. 10:4). Egzanp Jezi kite pou nou an aprann nou anpil bagay sou fason pou nou itilize zam espirityèl Bondye ban nou yo.

15. Sou ki sa kouraj Jezi te genyen an te chita?

15 Se pa t paske Jezi te yon bravedanje ki fè li te gen kouraj, men se paske li te gen lafwa. Se sou sa kouraj nou an dwe chita tou (Mak 4:40). Ki jan nou kapab vin gen vrè lafwa a? La ankò, egzanp Jezi ede nou. Jezi te montre li konnen Ekriti yo byen e li te gen yon konfyans total nan yo. Epe Jezi te genyen an se pa t yon epe toutbon, men se te epe lespri a, sa vle di Pawòl Bondye a. Souvan, li te kore sa l t ap anseye yo ak yon sitasyon ki te soti nan Ekriti yo. Nan anpil okazyon, anvan li te di yon pawòl, li te konn di: “Men sa ki ekri,” sa vle di men sa ki ekri nan Pawòl Bondye a *.

16. Ki jan nou kapab ogmante lafwa nou?

16 Pou nou gen yon lafwa ki kapab sipòte eprèv n ap jwenn kanmenm antanke disip Jezi, nou bezwen li Labib chak jou, nou bezwen etidye l chak jou e nou bezwen asiste reyinyon yo regilyèman. Konsa, verite lafwa nou bati sou yo a ap antre nan lespri nou (Wom. 10:17). Nou bezwen medite tou sou sa nou aprann yo, sa vle di nou bezwen byen reflechi sou yo, yon fason pou yo ka desann nan kè nou. Se sèlman si lafwa nou vivan l ap kapab pouse nou aji avèk kouraj (Jak 2:17). Anplis, nou bezwen priye pou nou jwenn lespri sen paske lafwa fè pati fwi lespri a. —Gal. 5:22.

17, 18. Ki jan yon jèn sè te montre li gen kouraj nan lekòl li?

17 Yon jèn sè yo rele Kitty te rive konprann lè yon moun gen vrè lafwa a, sa fè l gen kouraj. Depi l te toupiti, li te konnen li pa t dwe “wont anonse Bòn Nouvèl la” nan lekòl li. Li te vrèman vle bay kamarad li yo yon bon temwayaj (Wom. 1:16). Chak ane, li te pran rezolisyon pou l pale kamarad li yo de bon nouvèl la, men li pa t janm rive fè sa paske li te manke kouraj. Lè l te prèske rive nan fen adolesans li, li te chanje lekòl. Li te di tèt li: “Fwa sa a, m ap preche pou tout lè m pa t preche yo.” Li te priye pou l ka jwenn kouraj menm jan ak Kris e pou l te ka sezi okazyon an lè l prezante.

18 Premye jou lekòl la, yo te mande elèv yo pou yo prezante tèt yo youn apre lòt. Plizyè ladan yo te di nan ki relijyon yo leve e yo te fè konnen yo pa vrèman pratike l. Kitty te reyalize li te jwenn sa l te priye Jewova pou li a. Lè tou pa l te rive, li te di avèk fyète: “Mwen se yon Temwen Jewova e se Labib ki gide m nan kesyon ki gen rapò ak adorasyon e ki gen rapò ak moralite.” Pandan l kontinye ap pale, gen kèk nan elèv yo ki te fè figi yo yon jan ki te montre yo te panse l se yon egare lefètke li pran relijyon l oserye. Sepandan, kèk nan elèv yo te koute l e yo te poze l kesyon annapre. Pwofesè a te menm pale de Kitty kòm yon moun ki pa pè pou l di sa l kwè. Kitty kontan lefètke li te tire leson nan egzanp Jezi te bay nan domèn kouraj.

Annou montre nou gen lafwa ak kouraj menm jan ak Kris

19. a) Sa sa mande pou yon moun gen vrè lafwa a? b) Ki jan nou ka fè kè Jewova kontan?

19 Apot yo tou te rann yo kont yo te bezwen gen lafwa pou yo te ka aji avèk kouraj. Yon lè, yo te sipliye Jezi konsa: “Fè nou gen plis konfyans [“lafwa”, NW] non.” ​(Li Lik 17:5, 6.) Pou nou gen vrè lafwa a, sa mande plis pase annik kwè Bondye egziste. Sa mande pou nou devlope yon relasyon entim avèk Jewova e pou nou fè l konfyans. Relasyon sa a dwe sanble ak relasyon yon pitit genyen ak papa l ki renmen l anpil e ki byen boule avè l. Men sa Salomon te ekri anba enspirasyon: “Pitit mwen, si ou gen bon konprann, mwen p’ap manke kontan. M’a kontan anpil lè m’a tande bon pawòl k’ap sòti nan bouch ou.” ​(Pwo. 23:15, 16). Menm jan an tou, lè nou pran pozisyon pou prensip jis Jewova yo avèk kouraj, Jewova kontan. E lè nou konn sa, sa ban nou plis kouraj toujou. Kidonk, annou toujou imite egzanp Jezi lè nou pran pozisyon pou sa ki jis!

[Nòt anba paj]

Èske w ka esplike?

• Ki sa k ap ede nou rete obeyisan malgre nou enpafè?

• Sou ki sa vrè lafwa a chita, e ki jan sa ka ede nou gen kouraj?

• Ki sa k ap rive lè nou obeyisan e nou montre nou gen lafwa menm jan ak Kris?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Èske w “prepare kè” w pou w ka reziste devan tantasyon?

[Foto nan paj 15]

Menm jan ak Jezi, nou kapab montre nou gen kouraj ki chita sou lafwa a.