Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fòmasyon Bondye bay la gen anpil valè

Fòmasyon Bondye bay la gen anpil valè

Fòmasyon Bondye bay la gen anpil valè

“Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m konnen Jezikri.”—FIL. 3:8.

1, 2. Ki sa kèk kretyen chwazi fè, e poukisa?

ROBERT te fò lekòl depi lè l te toupiti. Lè l te gen uitan sèlman, youn nan pwofesè l yo te vin lakay li pou l te ka di l pa gen limit sou sa li kapab akonpli. Li te di l li ta renmen yon jou pou l vin yon doktè. Lè Robert te vin pi gran, li te tèlman fè bèl nòt lè l t ap fini klas li, li te kapab al nan nenpòt gwo inivèsite nan peyi l. Men, Robert te prefere pa chwazi sa anpil moun konsidere kòm yon gwo opòtinite yon fason pou l te ka atenn objektif li te genyen pou l vin pyonye pèmanan.

2 Menm jan ak Robert, gen anpil kretyen, jèn kou granmoun, ki gen anpil bèl opòtinite devan yo nan sistèm sa a. Gen nan yo ki chwazi pa pwofite posiblite sa yo nèt yon fason pou yo rive atenn objektif espirityèl yo genyen (1 Kor. 7:29-31). Poukisa yon seri kretyen tankou Robert dispoze bay tout yo menm nan travay predikasyon an? Rezon prensipal la se paske yo renmen Jewova. Mete sou sa, yo konprann ki jan fòmasyon Bondye bay la gen anpil valè. Èske w pran tan pou w reflechi sou fason lavi w te ka ye si w pa t konnen laverite? Lè nou reflechi sou kèk nan gwo benediksyon nou jwenn lefètke Jewova anseye nou, sa ap ede nou kontinye apresye bon nouvèl la e sa ap ede nou zele nan pataje l ak lòt moun.

Se yon gwo privilèj nou genyen pou Bondye anseye nou

3. Poukisa nou kapab gen asirans Jewova dispoze anseye moun ki enpafè yo?

3 Avèk bonte, Jewova dispoze anseye moun ki enpafè yo. Men yon pwofesi Izayi 54:13 bay anrapò ak kretyen wen yo: “Se Senyè a menm ki pral moutre pitit ou yo tout bagay. Yo pral viv alèz ak kè poze.” Pawòl sa yo aplikab pou “lòt mouton” Kris yo tou (Jan 10:16). E gen yon pwofesi k ap akonpli nan epòk nou an ki montre sa. Nan yon vizyon Izayi te genyen, li te wè moun k ap sot nan tout nasyon k ap vin an foul nan vrè adorasyon an. Li di youn ap di lòt: “Ann ale sou mòn Senyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L’a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n’a mache nan chemen l’ap mete devan nou an.” ​(Iza. 2:1-3). Vrèman, se yon gwo privilèj nou genyen pou Bondye anseye nou!

4. Pou Jewova anseye yon moun, ki sa moun sa a bezwen?

4 Ki sa nou bezwen pou nou jwenn fòmasyon Bondye bay la? Pou yon moun jwenn fòmasyon sa a, li enpòtan anpil pou l enb e pou l dispoze aprann. Men sa salmis David te ekri: “Senyè a bon, li pa nan patipri [...]. Li pran men moun ki soumèt devan l yo [“l ap anseye moun ki enb yo”, NW], li fè yo mache nan bon chemen an.” ​(Sòm 25:8, 9). E men sa Jezi te di: “O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre ou pran bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.” ​(Lik 10:21). Èske yon Bondye konsa pa atire w, yon Bondye ki bay ‘moun ki soumèt devan l yo’, sètadi moun ki enb yo, ‘favè li’? —1 Pyè 5:5.

5. Ki sa k te fè l posib pou nou rive gen konesans sou Bondye?

5 Èske nou menm ki sèvitè Jewova nou kapab di se pwòp kapasite nou oubyen pwòp sajès nou ki fè nou jwenn laverite? Non. Anfèt, nou pa t ap janm ka gen konesans sou Bondye poukont nou. Men sa Jezi te di: “Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye m lan pa rele l vini.” ​(Jan 6:44). Jewova atire moun ki tankou mouton yo, “bagay apresyab ki nan tout nasyon yo”, grasa travay predikasyon an e grasa lespri sen (Aga. 2:7, NW). Èske w pa kontan dèske w se youn nan moun Jewova te atire vin jwenn Pitit li a? —Li Jeremi 9:23, 24.

Fòmasyon Bondye bay la chanje lavi nou

6. Ki gwo efè “konesans Bondye” a gen sou moun ki vin genyen l yo?

6 Pwofesi Izayi a sèvi ak yon bèl imaj pou l dekri fason pèsonalite moun ap transfòme nan epòk nou an. Yon seri moun ki te vyolan anvan vin pezib kounye a. (Li Izayi 11:6-9.) Moun ki te ènmi youn ak lòt akoz yo pa soti nan menm ras, yo pa gen menm nasyonalite, yo pa nan menm tribi oubyen yo pa gen menm kilti vin aprann viv ansanm. Nan yon sans, yo “fè zam yo tounen zouti pou travay tè”. (Iza. 2:4.) Ki sa k fè yo fè gwo chanjman sa yo? Se paske yo vin gen “konesans Bondye” e yo mete l ann aplikasyon nan lavi yo. Byenke sèvitè Bondye yo enpafè, yo fòme yon vrè fanmi entènasyonal. Fason tout kalite moun enterese nan bon nouvèl la ak byenfè li fè yo jwenn se prèv ki montre ki jan fòmasyon Bondye bay la gen anpil valè. —Mat. 11:19.

7, 8. a) Bay kèk nan bagay ki tankou “gwo fò” fòmasyon Bondye bay la ede moun yo venk. b) Ki sa k montre fòmasyon Bondye bay la pèmèt moun fè louwanj pou li?

7 Apot Pòl te konpare ministè sèvitè Bondye yo ap akonpli a ak yon gè espirityèl. Men sa l te ekri: ‘Zam n’ap sèvi nan batay n’ap mennen an, se pa menm ak zam moun k’ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam nou se zam ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. N’ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon, n’ap kraze tou sa lèzòm nan lògèy yo ap fè pou anpeche moun konnen Bondye.’ ​(2 Kor. 10:4, 5). Anba ki bagay konsa ki tankou “gwo fò” fòmasyon Bondye bay la libere moun yo? Li libere yo, pa egzanp, anba fo ansèyman, sipèstisyon ak filozofi lèzòm (Kol. 2:8). Fòmasyon Bondye bay la ede moun venk move abitid yo te genyen e li ede yo kiltive kalite ki fè Bondye plezi (1 Kor. 6:9-11). Li pèmèt moun amelyore fason y ap viv nan fanmi yo. E li bay moun ki pèdi espwa yo yon bon objektif nan lavi a. Se kalite fòmasyon sa a moun bezwen jodi a.

8 Youn nan kalite Jewova ede moun kiltive se onètete, e se sa eksperyans ki vin apre a montre (Ebre 13:18). Gen yon fi ann End ki te aksepte yon etid biblik e avèk letan, li te vin yon pwoklamatris ki poko batize. Yon jou, pandan li t ap rantre lakay li apre l te fin patisipe nan konstriksyon yon Sal Wayòm, li te jwenn yon bijou lò atè toupre yon estasyon bis. Bijou sa a te vo uisan dola ameriken. Byenke li pa t gen gwo mwayen, li te pote bijou a nan yon pòs polis. Polisye ki te la a pa t ka kwè sa l te wè a. Annapre, gen yon lòt polisye ki te mande l: “Poukisa w te chwazi remèt bijou sa a?” Men sa l te di: “Ansèyman ki nan Bib la fè m chanje, se sa k fè mwen se yon moun onèt kounye a.” Polisye a te tèlman enpresyone, li te di ansyen ki te akonpaye pwoklamatris la: “Gen plis pase 38 milyon moun nan Eta sa a, si w rive ede dis moun pou yo vin menm jan ak fi sa a, se t ap yon gwo bagay.” Lè nou konsidere fason plizyè milyon moun pote amelyorasyon nan lavi yo grasa fòmasyon Bondye bay la, èske nou pa gen anpil rezon pou nou louwe Jewova?

9. Ki sa k pèmèt moun fè gwo chanjman nan lavi yo?

9 Pouvwa Pawòl Bondye a genyen pou l transfòme moun ansanm ak èd Jewova bay pa mwayen lespri sen l pèmèt moun fè gwo chanjman nan lavi yo (Wom. 12:2; Gal. 5:22, 23). Men sa Kolosyen 3:10 fè nou konnen: “Kounyeya, nou tounen yon lòt kalite moun, n’ap chanje jouk n’a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an.” Mesaj nou jwenn nan Labib, Pawòl Bondye a, gen kapasite pou l revele ki sa yon moun ye toutbon nan fon kè l. Li ka chanje fason l panse e menm fason li konsidere bagay yo. (Li Ebre 4:12.) Yon moun ki gen yon konesans egzak sou Ekriti yo e ki mete prensip jis Jewova yo ann aplikasyon nan lavi l ap vin zanmi Bondye e l ap gen esperans pou l viv pou toutan.

Jewova prepare nou pou lavni

10. a) Poukisa se Jewova sèlman ki kapab ede nou prepare nou pou lavni? b) Ki gwo chanjman ki pral fèt talè konsa sou tout tè a?

10 Se Jewova sèlman ki nan pozisyon pou l ede nou prepare nou pou lavni, paske li konnen ki sa demen sere pou limanite. Se li ki deside ki jan avni limanite ap ye (Iza. 46:9, 10). Pwofesi ki nan Bib la fè nou konnen “gwo jou Senyè a pa lwen rive”. (Sef. 1:14.) Anrapò ak jou sa a, sa ki di nan Pwovèb 11:4 la ap reyalize: “Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se [moun ki jis], sa ka sove lavi ou.” Sa k ap gen enpòtans lè lè a rive pou Jewova egzekite jijman l sou monn Satan an se relasyon nou avèk li. Lajan pap gen okenn valè. Anfèt, men sa Ezekyèl 7:19 di: “Y’ap voye tou sa yo genyen ki fèt an ajan jete nan lari. Yo p’ap ka santi sa yo genyen ki fèt an lò.” Lefètke nou gentan konn sa, nou kapab aji avèk sajès depi kounye a.

11. Ki jan fòmasyon Bondye bay la ede nou prepare nou pou lavni?

11 Yon fason klè fòmasyon Jewova bay la prepare nou pou jou l la, se lefètke fòmasyon sa a ede nou fikse bonjan priyorite. Men sa apot Pòl te ekri Timote: “Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye.” Menmsi nou pa gen anpil lajan, nou ka tire pwofi nan konsèy sa a Jewova te enspire Pòl pou l bay la. Nan ki sans? Olye nou chèche fè tout sa nou kapab pou nou ranmase lajan, nou ta dwe fè tout posib nou pou nou “fè anpil byen” epi pou nou “rich devan Bondye [“rich nan fè bèl aksyon”, NW]”. Lè nou mete bagay espirityèl yo an premye nan lavi nou, n ap “anpile yon bon trezò byen solid pou pita”. (1 Tim. 6:17-19.) Lè nou fè sakrifis konsa, sa demontre nou gen sajès pratik paske Jezi te di: “Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemonn antye si l pèdi lavi li?” ​(Mat. 16:26, 27). Piske jou Jewova a toupre, nou chak nou t ap fè byen si nou ta mande tèt nou: ‘Ki kote mwen anpile trezò m yo? Èske m ap sèvi Bondye oswa m ap sèvi Richès?’ —Mat. 6:19, 20, 24.

12. Poukisa nou pa ta dwe dekouraje si kèk moun meprize ministè nou an?

12 Pami “bèl aksyon” nou jwenn nan Pawòl Bondye a pou kretyen yo fè, sa k pi enpòtan an se travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la, yon travay ki ka sove lavi (Mat. 24:14; 28:19, 20). Jan sa te konn fèt nan premye syèk la, jodi a kapab gen kèk moun ki meprize ministè nou an. (Li 1 Korentyen 1:18-21.) Men, sa pa vle di mesaj nou an gen mwens valè pou sa e li pa enpòtan pou nou bay moun yo okazyon pou yo met lafwa yo nan li pandan gen tan pou sa toujou (Wom. 10:13, 14). Lefètke n ap ede lòt moun pou yo tire pwofi nan fòmasyon Bondye bay la, n ap jwenn anpil benediksyon.

Jewova beni sèvitè l yo lè yo fè sakrifis

13. Ki sakrifis apot Pòl te fè pou bon nouvèl la?

13 Anvan apot Pòl te vin kretyen, li te resevwa fòmasyon pou l te ka reyisi nan sistèm juif la. Petèt li te gen 13 an lè l te kite Tas, vil kote l te fèt la, pou l al Jerizalèm yon fason pou l te resevwa fòmasyon nan men Gamalyèl, yon anseyan Lalwa moun te respekte anpil (Tra. 22:3). Avèk letan, moun ki t ap viv nan epòk Pòl la te kòmanse remake l, e si l te kontinye konsa, petèt li t ap vin gen gwo renome nan Jidayis la (Gal. 1:13, 14). Li te kite tout sa dèyè lè l te aksepte bon nouvèl la e lè l te kòmanse preche. Èske Pòl te regrèt chwa li te fè a? Non. Anfèt, men sa l te ekri: “Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m konnen Jezikri tankou Senyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra.” —Fil. 3:8.

14, 15. Ki benediksyon nou jwenn antanke “konpayon travay Bondye”?

14 Jodi a, kretyen yo fè sakrifis pou bon nouvèl la menm jan ak Pòl (Mak 10:29, 30). Èske nou pèdi yon bagay dèske nou fè sa? Robert, nou te site nan kòmansman atik la, te di yon bagay ki valab pou anpil lòt moun. Men sa l te di: “Mwen pa regrèt anyen. Ministè aplentan an ban m lajwa ak satisfaksyon e li pèmèt mwen ‘goute, epi wè jan Jewova bon’. Chak fwa mwen fè yon sakrifis nan domèn materyèl pou m ka atenn objektif espirityèl mwen fikse, benediksyon Jewova ban mwen yo toujou vo plis pase sakrifis mwen te fè a. Se kòmsi mwen pa t fè okenn sakrifis vre. Se byenfè sèlman m jwenn!” —Sòm 34:8; Pwo. 10:22.

15 Si w deja gen kèk tan depi w ap patisipe nan travay preche ak anseye a, sandout ou menm tou ou te gen posiblite pou w goute epi pou w wè jan Jewova bon. Èske gen moman kote w te santi èd lespri l pandan w t ap prezante bon nouvèl la? Èske w te wè lajwa sou figi moun yo tank Jewova ap ouvri kè yo pou yo koute mesaj la (Tra. 16:14)? Èske Jewova te ede w venk kèk obstak, e petèt sa te ba w posiblite pou w fè plis nan ministè a? Èske l te soutni w nan moman difisil, yon fason pou w te ka kontinye sèvi l nan moman kote w te santi w pa kapab ankò (Fil. 4:13)? Lè nou wè fason Jewova ede nou pèsonèlman pandan n ap akonpli ministè nou, sa fè li vin pi reyèl pou nou e sa fè nou santi nou pi pre l (Iza. 41:10). Èske se pa yon benediksyon sa ye dèske nou se youn nan “konpayon travay Bondye” yo k ap patisipe nan gwo travay sa a kote Bondye ap anseye moun yo? —1 Kor. 3:9, NW.

16. Ki jan w konsidere efò ak sakrifis ou fè anrapò fòmasyon Bondye bay la?

16 Gen anpil moun ki ta renmen akonpli yon bagay enpòtan k ap dire pou lontan. Nan monn nan, moun yo pa pran lontan pou yo bliye menm gwo bagay kèk moun te akonpli. Sepandan, travay Jewova ap fè jodi a anrapò ak sangtifikasyon non li ap rete nan istwa teyokratik la pou toutan. Yo pap janm bliye travay sa a (Pwo. 10:7; Ebre 6:10). Se pou nou toujou cheri privilèj nou genyen pou nou patisipe nan kokenn travay ansèyman sa a, yon travay moun pap janm bliye.

Ki repons nou ta bay?

• Pou Jewova anseye yon moun, ki sa moun sa a bezwen?

• Ki jan fòmasyon Bondye bay la chanje lavi moun?

• Ki jan nou jwenn benediksyon lè nou ede lòt moun jwenn fòmasyon Bondye bay la?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Moun Jewova anseye yo fòme yon vrè fanmi entènasyonal.

[Foto nan paj 24]

Èske se pa yon benediksyon sa ye dèske nou se youn nan “konpayon travay Bondye” yo?