Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske sa posib pou yon moun vin kwè gen yon Kreyatè?

Èske sa posib pou yon moun vin kwè gen yon Kreyatè?

Èske sa posib pou yon moun vin kwè gen yon Kreyatè?

“CHAK fwa panse m te rete sou posiblite pou gen yon Kreyatè, sa te fè m an kòlè, paske m pa t ka konprann ki jan yon moun ka gen pouvwa pou l anpeche limanite soufri, epoutan li pa fè sa!” Pawòl sa yo se yon moun ki te ate lontan ki te di yo. Li te pèdi manm fanmi l nan Olokos la, anpalan de epòk kote Nazi yo te touye plizyè milyon Juif. Se pa li sèlman ki konn reflechi konsa.

Anpil moun ki sibi zak mechanste twouve li difisil pou yo kwè nan Bondye. Pou moun sa yo jwenn konsolasyon, yo met nan tèt yo Bondye pa egziste. Ki rezon fondamantal ki fè gen moun ki pa kwè nan Bondye? Èske limanite t ap pi byen san Bondye e san relijyon, jan kèk moun panse sa? Èske li posib pou yon moun ki ate vin kwè nan yon Kreyatè ki gen lanmou?

Relijyon yo echwe

Kontrèman ak sa anpil moun ta ka kwè, youn nan rezon ki fè anpil moun ate se relijyon. Men esplikasyon yon istoryen ki rele Alister McGrath bay sou sa: “Prensipal bagay ki pouse moun vin ate se degoutans yo genyen pou move konpòtman relijyon yo genyen ak fason yo echwe.” Souvan, moun yo konsidere relijyon kòm youn nan rezon ki fè gen lagè ak vyolans. Gen yon filozòf ki rele Michel Onfray, ki ate, ki konn ap mande tèt li ki jan yon liv sakre fè enfliyanse de gwoup moun nan sans opoze: yon gwoup k ap “chèche pou yo sen”, e yon lòt gwoup k ap “fè vye zak mechanste”, tankou zak teworis.

Anpil moun gen move souvni konsènan eksperyans yo fè avèk relijyon. Pandan Bertil, yon jenòm nan peyi Lasyèd, te nan sèvis militè, li te tande yon prèt ki t ap jistifye vyolans. Prèt la te sèvi ak pawòl Jezi te di lè l te fè konnen moun ki pran epe yo ap peri anba kout epe. Li te di dwe gen yon moun ki pou sèvi ak epe sa a, se sa k fè yon sòlda se yon moun k ap fè travay Bondye. —Matye 26:52 *.

Bernadette, ki te pèdi papa l an Frans pandan Dezyèm Gè mondyal la, sonje jan l te santi l fache lè l te tande yon prèt di pawòl nou pral site la yo pandan li t ap fè antèman yon ti kouzin li ki te gen twazan: “Bondye pran tipitit sa a pou l ka vin tounen yon zanj.” Annapre, Bernadette te vin fè yon pitit, yon tigason ki te enfim, men, li pa t jwenn okenn konsolasyon nan men moun nan legliz li a anrapò ak sitiyasyon sa a tou.

Ciarán, ki te leve nan yon epòk kote te gen vyolans ann Ilann dinò, te rayi doktrin dife lanfè a. Li te konn di li rayi yon Bondye ki tèlman mechan pou l ta kreye yon kote konsa. Li te konn bay Bondye defi; li te konn di si Bondye egziste se pou l touye l paske li gen panse konsa sou li. Se pa sèl Ciarán ki revòlte kont doktrin dwòl sa yo legliz yo ap anseye. An reyalite, petèt se yon seri ansèyman legliz yo bay ki fè moun te vini ak teyori evolisyon an. Selon Alister McGrath, se paske Darwin te “vrèman rayi” doktrin dife lanfè a ki fè l te vin gen dout sou egzistans Bondye, se pa paske li te kwè nan evolisyon pase sa. McGrath pale tou de “gwo lapenn [Darwin] te genyen akoz yon pitit fi l ki te mouri”.

Gen anpil moun ki panse lè moun ap pratike relijyon, sa fè yo vin san sèvèl e yo vin fanatik. Irina, yon dam ki te gen degou pou sèmon ki pa gen sans ansanm ak priyè li konn tande moun ap plede repete yo, te di: “Mwen te gen enpresyon moun ki nan relijyon yo pa konn reflechi.” Louis se yon moun ki te vin gen degou poutèt zak mechanste moun ki nan relijyon ki fanatik yo ap fè. Li menm li pran yon pozisyon ki pi kategorik. Men sa li di: “Apre m fin wè pandan plizyè ane jan relijyon se yon bagay ki raz, kounye a mwen wè relijyon se yon vye bagay. Mwen te vin pa pran pa ak okenn relijyon.”

Èske moun pi byen san Bondye?

Kidonk, sa pa ta dwe etone nou lè nou wè gen anpil moun ki konsidere relijyon kòm yon baryè ki anpeche lèzòm fè pwogrè e ki anpeche yo gen lapè. Gen moun ki menm mande si limanite pa t ap pi byen san Bondye e san relijyon. Men, èske si yo rejte relijyon nèt, sa pap bay pwoblèm?

Voltaire, yon filozòf nan 18yèm syèk la, te revòlte kont bagay mal legliz nan epòk li a ki te kòwonpi t ap fè, e bagay sa yo te ba l degoutans. Epoutan, pou li menm, yon bagay ki trèzenpòtan pou nou konnen sa ki byen ak sa ki mal se egzistans Pèsonaj ki pi enpòtan an. Annapre, Friedrich Nietzsche, yon filozòf alman, te deklare Bondye mouri, poutan, li te pè pou yon filozofi ki fè konprann pa gen Bondye pa lakòz yon vid nan domèn moralite ki ta ka fè sosyete a vin pi mal. Èske filozòf sa yo te gen rezon pou yo pè?

Keith Ward, yon ekriven, te remake, byenke limanite antre nan tan modèn nan, sa pa redui zak mechanste yo, okontrè, olye zak mechanste yo diminye, yo “rive nan yon nivo moun pa t ap janm panse yo t ap rive”. Eksperyans lèzòm fè ak filozofi ki fè konprann pa gen Bondye a pa fè yo vire do bay yon seri bagay tankou koripsyon ak entolerans. Bagay sa yo fè anpil moun k ap reflechi, menm moun ki ate, rekonèt byenfè moun jwenn lè yo kwè nan Bondye.

Keith Ward montre jan lafwa nan Bondye bon pou lòm. Li di: “Lafwa fè moun toujou gen obligasyon pou yo gen moralite, li fè yo santi yo gen responsablite pou yo pran swen monn Bondye kreye a.” Anpil etid yo fèk fè montre moun ki relijye yo plis dispoze fè byen pou lòt moun. Atitid sa a yo genyen an ba yo satisfaksyon. Rechèch sa yo montre tout valè prensip Jezi te bay la genyen, kote l te di: “Gen plis kè kontan lè w bay pase lè w resevwa.” —Travay 20:35, NW.

Gen yon ansyen ate, yon travayè sosyal, ki te sezi wè pouvwa Labib genyen pou l enfliyanse lavi moun. Li te di: “Apre m fin pase anpil ane ap chèche ede moun, san m pa jwenn anpil siksè, pou yo chanje atitid yo genyen k ap fè yo ditò e k ap fè lòt moun ditò tou, mwen te sezi wè ki jan sa posib pou moun chanje totalman pou yo vin pi bon moun. Mwen te aprann tou chanjman yo kapab dire.”

Sepandan, selon kèk moun ki ate, lefètke moun yo kwè nan Bondye, yo plis fè masak ak lagè pase yo fè bon aksyon e pase yo fè byen anvè lòt moun. Byenke yo rekonèt lafwa gen yon bon efè sou enpe moun, yo menm yo toujou gen gwo dout sou egzistans yon Kreyatè. Poukisa?

Kèk lòt rezon ki fè gen moun ki pa kwè nan Bondye

Yo anseye anpil moun teyori evolisyon an chita sou bonjan prèv. Pa egzanp, Anila, te resevwa fòmasyon nan peyi Albani, nan yon sosyete ki ate. Men sa l di: “Nan lekòl mwen, yo te aprann nou yon moun ki kwè nan Bondye se yon moun ki kwè tout sa yo di l e ki pa eklere. Mwen te toujou ap aprann anpil bèl bagay sou plant yo ak lòt bagay ki vivan yo, men mwen te toujou panse tout bagay egziste grasa evolisyon paske sa te fè nou parèt kòm moun ki ann amoni ak sa lasyans di.” Jodi a, li admèt li “te aksepte prèv yo te ba li yo san l pa t menm reflechi sou yo”.

Petèt gen moun se egri yo egri. Temwen Jewova yo konn rankontre moun ki gen atitid sa a lè y ap preche kay an kay pou yo fè moun yo konnen esperans Bib la bay la. Te gen yon jèn Temwen ki te vin vizite Bertil nou te mansyone nan kòmansman an. Bertil sonje li t ap di tèt li: ‘Gade yon ti fanatik! Ou mal tonbe.’ Li rakonte ankò: “Mwen te fè l antre e m te kòmanse fè l konnen jan m te revòlte kont Bondye, kont Bib la ak relijyon.”

Gus, k ap viv nan peyi Ekòs, te gen pwoblèm akoz enjistis li te wè ki gen nan monn nan. Okòmansman, li te konn fè gwo diskisyon ak Temwen Jewova yo. Li te vrèman opoze ak yo e li te rete fèm sou opinyon l. Li te konn poze yon seri kesyon ki sanble ak kesyon Abakouk, yon pwofèt ebre, te poze Bondye, tankou: “Poukisa w’ap fè m wè tout mechanste sa yo? Ki jan ou ka rete kanpe konsa ap gade tout lenjistis sa yo?” —Abakouk [Abakik] 1:3.

Lefètke mechanste k ap fèt yo sanble pa di Bondye anyen, sa bay anpil moun pwoblèm depi lontan (Sòm 73:2, 3). Men sa Simone de Beauvoir, yon ekriven fransè, te di yon lè: “Li pi fasil pou m panse monn nan pa gen yon kreyatè pase pou m panse gen yon kreyatè ki responsab tout kontradiksyon ki gen nan monn nan.”

Sepandan, èske lefètke anpil relijyon pa ka esplike sa k fè gen kontradiksyon sa yo, sa vle di pa gen yon esplikasyon pou yo? Gus di finalman li te jwenn “yon esplikasyon ki te satisfè l sou rezon ki fè Kreyatè toupisan an pèmèt lèzòm ap soufri pandan yon ti tan”. Li di esplikasyon sa a se “te yon etap enpòtan pou [li]” *.

Gen moun ki di yo ate ki gendwa pa vrèman kwè nan teyori evolisyon an, ki gendwa santi yo gen bezwen espirityèl e ki gendwa menm konn priye. Annou wè sa k fè kèk moun ki te ate ak kèk moun ki te agnostik (moun ki panse moun pa ka konnen ni si Bondye egziste ni si l pa egziste) te reflechi plis sou kesyon Kreyatè a, e finalman, yo te vin gen yon relasyon sere ak Kreyatè yo a.

Ki sa ki te ede yo vin kwè nan yon Kreyatè?

Jenòm ki te vizite Bertil la te ede l rezone e li te montre l gen yon gwo diferans ant vrè krisyanis la ak relijyon moun ki pretann yo se kretyen yo. Bertil esplike gen yon bagay ki te fè plis efè sou li pase agiman jenòm nan t ap prezante sou egzistans yon Kreyatè. Li di: “Mwen te apresye pasyans li te demontre byenke m t ap fè tèt di. [...] Li te rete byen kalm, li te toujou pote piblikasyon pou mwen e li te byen prepare *.”

Svetlana se te youn nan moun teyori evolisyon an ak mouvman kominis la te enfliyanse. Li te kwè, nan lit pou lavi a, se sèlman bèt ki pi fò a ki kontinye viv. Men, pwennvi sa a te ba l pwoblèm. Sa yo te aprann li nan lekòl medsin te mete l nan plis konfizyon toujou. Men sa l rakonte: “Nan kou yo te fè sou filozofi ki fè konprann pa gen Bondye a, nou te aprann bèt ki pi fò a se li k ap kontinye viv. Tandiske nan kou yo te fè sou lamedsin yo, yo te aprann nou pou nou ede sa ki pi fèb yo.” Li t ap mande tèt li tou poukisa lèzòm yo pretann ki sot nan makak e ki pi devlope pase makak yo konn gen pwoblèm afektif alòske makak yo pa gen sa. Li te jwenn yon esplikasyon pou kontradiksyon sa yo yon kote li pa t menm panse li t ap jwenn yo. Men sa l di: “Grann mwen te esplike m selon Labib se enpèfeksyon nou ki fè nou gen santiman negatif.” Svetlana te kontan aprann tou Labib reponn lòt kesyon ankò tankou poukisa moun ki onèt yo ap soufri.

Leif, ki fèt nan yon peyi ki nan pati nò Ewòp, te kwè anpil nan teyori evolisyon an e li te konsidere Labib kòm yon liv lejann. Sepandan, yon jou, gen yon zanmi l ki te mete kwayans li yo an dout. Li te di l: “Èske w konnen se repete ou annik ap repete sa lòt moun di, san ou pa konn anyen sou Labib?” Leif esplike jan pawòl sa yo te gen efè sou li, li di: “Mwen te reyalize mwen pa t janm egzamine teyori evolisyon an vre. Mwen te annik aksepte l san poze kesyon. [...] Mwen panse youn nan bagay ki ka ede yon moun ki ate kòmanse reflechi se pwofesi biblik yo ak fason yo akonpli.” —Izayi 42:5, 9.

Ciarán, nou te mansyone okòmansman an, te santi l desi apre l fin pase plizyè ane nan aktivite politik. Lè l t ap reflechi sou lavi a, men ide ki te vin nan tèt li: se sèlman yon Bondye ki pisan e ki gen lanmou ki kapab rezoud pwoblèm lèzòm ap rankontre yo e ki kapab retire li menm pèsonèlman nan sitiyasyon dezespere li ye a. Avèk yon soupi, men sa l te di tèt li: ‘Jan m ta renmen jwenn Bondye sa a.’ Nan gwo moman detrès li t ap pase a, li te fè priyè sa a: “Si w ap koute m, montre m sa yon fason kèlkònk. Montre m yon fason pou m soti nan move sitiyasyon mwen ye a e montre m ki jan limanite ap rive sispann soufri.” Kèk jou apre, yon Temwen Jewova te frape pòt lakay li. Temwen an te esplike l sa Labib anseye sou fòs mechan k ap soutni gouvènman lèzòm yo e k ap enfliyanse yo (Efezyen 6:12). Esplikasyon sa a Ciarán te jwenn nan te konfime sa l te obsève e li te fè l dispoze aprann plis. Apre yo te fin fè plizyè lòt etid Labib ankò avè l, lafwa li te gen nan Kreyatè a ki renmen nou te kòmanse vin pi solid.

Ki relasyon ou genyen ak Kreyatè lòm nan?

Ipokrizi ki gen nan relijyon yo, ansèyman ki fè moun vin ate tankou teyori evolisyon an ak mechanste k ap vale teren fè anpil moun gen dout sou egzistans Kreyatè a, e genyen ki pa menm kwè li egziste. Men, si w aksepte pou w egzamine Labib, li ka ede w jwenn repons kesyon w yo, repons k ap satisfè w. L ap aprann ou tou panse Bondye gen pou ou yo “se panse lapè, se pa panse malè, [se panse] pou l [ba w] yon avni ansanm ak yon espwa”. (Jeremi 29:11, NW.) Bernadette, ki gen pitit li ki fèt enfim nan e ki te gen dout sou egzistans Kreyatè a, te santi espwa sa a rekonfòte l anba soufrans li yo, tankou yon pansman yo mete sou yon blese.

Esplikasyon Labib bay konsènan rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans yo touche lespri ak kè anpil moun ki te ate. Si w pran tan pou w chèche repons kesyon enpòtan konsa ou kapab genyen, ou menm tou w ap vin gen konviksyon “Bondye pa pi lwen okenn nan nou pase sa”. —Travay 17:27.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Pou w ka wè si vrè kretyen yo ta dwe patisipe nan lagè, gade atik “Peut-on concilier guerre et christianisme?” nan Toudegad 1ye oktòb 2009, paj 29-31 (fransè).

^ § 22 Pou w jwenn esplikasyon detaye sou rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans, gade liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a, soti nan paj 106 pou rive nan paj 114. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 25 Pou w jwenn agiman ki soutni kesyon kreyasyon an, gade Réveillez-vous! septanm 2006 la ki gen tit “Y a-t-il un Créateur?” Se Temwen Jewova ki pibliye peryodik sa a.

[Kare nan paj 29]

Kesyon teyori evolisyon an pa gen repons pou yo

• Ki jan lavi fè soti nan yon bagay ki pa gen lavi? —SÒM 36:9.

• Poukisa ni bèt yo ni plant yo repwodui selon espès yo? —JENÈZ 1:11, 21, 24-28.

• Si lèzòm soti nan makak ki enferyè, poukisa se pa sèlman lòm ki kontinye viv? —SÒM 8:5, 6.

• Èske teyori ki fè kwè se bèt ki pi fò a ki kontinye viv la ka bay yon esplikasyon pou tandans moun genyen pou yo fè byen anvè lòt moun? —WOMEN 2:14, 15.

• Èske limanite gen yon espwa toutbonvre pou lavni? — SÒM 37:29.

[Foto nan paj 28, 29]

Ki jan yon Bondye ki gen lanmou ka fè kreye yon monn kote timoun ap soufri?

Ipokrizi ki gen nan relijyon yo fè anpil moun vire do bay Bondye.