Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘Lè a’ prèske rive

‘Lè a’ prèske rive

‘Lè a’ prèske rive

DISIP Jezi yo te swaf pou yo wè soufrans fini, menm jan ak pwofèt Abakouk. Lè yo te aprann sa Wayòm Bondye a t apral fè pou l ranje bagay yo sou tè a, men ki kesyon yo te poze Jezi: “Ki lè bagay sa yo ap fèt, e ki siy k ap siy prezans ou [antanke Wa nan Wayòm nan] e k ap siy fen sistèm nan?” ​(Matye 24:3, NW). Lè Jezi t ap reponn yo, li te fè yo konnen se sèl Jewova Dye ki konnen ki lè egzakteman Wayòm nan ap pran kontwòl latè nèt (Matye 24:36; Mak 13:32). Sepandan, Jezi ak kèk lòt moun nan Bib la te anonse kèk bagay ki t ap rive sou tè a ki t ap montre tan fikse a pa lwen. —Gade  kare ki adwat la.

Èske w pa remake se bagay sa yo menm k ap rive jodi a? Mete sou sa, Jezi te anonse t ap gen yon travay ansèyman ki t ap gen pou fèt sou tout tè a. Men sa l te di: “Bon nouvèl wayòm sa a ap preche nan lemonn antye pou li sèvi kòm temwayaj bay tout nasyon. Epi, apre sa, lafen an ap rive.” —Matye 24:14, Bib Kreyòl La.

Se egzakteman travay sa a Temwen Jewova yo ap fè jodi a. Gen plis pase sèt milyon Temwen, ki gaye nan anviwon 236 peyi, k ap anonse sa Wayòm nan pral fè e k ap ede moun suiv prensip jis Bondye yo. Volonte Bondye se efase tout soufrans ak tout doulè. Si w kontinye aprann plis toujou sou Wayòm Bondye a, w ap gen esperans pou w viv pou toutan nan yon monn ki pa gen soufrans.

[Kare nan paj 8]

 Vèsè ki montre n ap viv nan dènye jou yo

MATYE 24:6, 7; REVELASYON 6:4

• Lagè fèt nan yon nivo sa pa t janm fèt anvan.

MATYE 24:7; MAK 13:8

• Gwo tranblemanntè.

• Rate manje.

LIK 21:11; REVELASYON 6:8

• Epidemi mòtèl.

MATYE 24:12

• Mechanste gaye toupatou.

• Lanmou moun yo genyen youn pou lòt rafredi.

REVELASYON 11:18

• Moun yo ap detwi tè a.

2 TIMOTE 3:2

• Yo renmen lajan anpil.

• Yo dezobeyi paran yo.

• Yo renmen tèt yo depase limit.

2 TIMOTE 3:3

• Yo pa gen lanmou pou pwochen yo.

• Yo pa dispoze antann yo.

• Yo san kontwòl, e sa rive nan kèlkeswa kouch sosyete a.

• Yo pa vle wè sa ki byen.

2 TIMOTE 3:4

• Yo pito plezi olye yo renmen Bondye.

2 TIMOTE 3:5

• Anpil nan yo pretann yo se kretyen yon fason ipokrit.

MATYE 24:5, 11; MAK 13:6

• Gen anpil fo pwofèt.

MATYE 24:9; LIK 21:12

• Yo pèsekite vrè kretyen yo.

MATYE 24:39

• Moun yo pa koute avètisman Bib la bay yo.

[Foto nan paj 8]

Temwen Jewova yo ap anseye moun konsènan Wayòm Bondye a sou tout tè a.