Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mesi a se mwayen Jewova itilize pou l bay lèzòm delivrans

Mesi a se mwayen Jewova itilize pou l bay lèzòm delivrans

Mesi a se mwayen Jewova itilize pou l bay lèzòm delivrans

“Menm jan nan Adan tout moun mouri, se konsa tou, nan Kris, yo tout pral retounen jwenn lavi.” —1 KOR. 15:22, NW.

1, 2. a) Lè Andre ak Filip te rankontre Jezi, ki sa yo te di? b) Ki sa k fè nou ka di nou gen plis prèv pase kretyen ki t ap viv nan premye syèk la ki montre se Jezi ki Mesi a?

“NOU jwenn Mesi a.” Se Andre, frè apot Pyè, ki te di pawòl sa yo, paske li te gen konviksyon Jezi, moun Nazarèt la, se Moun Bondye te wen an. Filip te gen konviksyon sa a tou e li t al chèche Natanayèl, zanmi l, pou l di l: “Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofèt yo te pale a tou. Se Jezi, moun lavil Nazarèt, pitit gason Jozèf la.” —Jan 1:40, 41, 45.

2 Èske w gen konviksyon toutbonvre Jezi se Mesi yo te pwomèt la, “Mwayen prensipal” Jewova itilize pou l bay “delivrans” lan (Ebre 2:10, NW)? Jodi a, nou gen plis prèv pase disip ki t ap viv nan premye syèk la ki montre Jezi se Mesi a. Soti lè Jezi te fèt pou rive lè l te resisite, Pawòl Bondye enspire a ban nou yon seri prèv ki montre byen klè Jezi se Kris la. (Li Jan 20:30, 31.) Labib montre tou, pandan Jezi nan syèl la, l ap fin fè travay li antanke Mesi a (Jan 6:40; li 1 Korentyen 15:22). Si w baze sou sa w aprann nan Bib la, ou menm tou ou kapab di jodi a ou “jwenn Mesi a”. Men, toudabò, annou egzamine pou nou wè ki jan premye disip yo te rive tire bon konklizyon yo te jwenn Mesi a.

Yo te revele “sekrè sakre” konsènan Mesi a ofiramezi

3, 4. a) Ki jan disip ki t ap viv nan premye syèk la te fè rive “jwenn Mesi a”? b) Poukisa w ka di se sou Jezi sèlman tout pwofesi ki konsène Mesi a akonpli?

3 Ki sa k fè disip Jezi ki t ap viv nan premye syèk la te kapab di avèk asirans se li ki Mesi a? Se paske tikras pa tikras, Jewova te bay yon seri siy pa mwayen pwofèt yo ki t ap pèmèt moun idantifye Mesi a lè l vini. Gen yon biblis ki konpare metòd sa a ak yon estati an mab ki gen plizyè pati ki fòme l. Imajine plizyè moun ki pa t janm rankontre youn lòt epi yo chak pote yon pati nan yon estati nan yon chanm. Lè yo mete tout pati yo ansanm, yo fòme yon estati ki pa manke anyen. Sandout, ou t ap di dwe gen yon moun ki te fè chak pati nan estati sa a e ki te voye yon pati bay chak moun sa yo. Menm jan ak chak pati nan estati sa a, chak pwofesi yo te bay anrapò ak Mesi a bay yon enfòmasyon enpòtan sou li.

4 Men, èske sa posib pou tout pwofesi ki te konsène Mesi a ta akonpli paraza sou yon sèl moun? Gen yon moun k ap fè rechèch ki di posiblite pou tout pwofesi ki konsène Mesi a ta akonpli paraza sou yon sèl moun nan tèlman piti, sa enposib. Se sa k fè, avèk rezon, li te tire konklizyon sa a: “Atravè tout listwa, se sou Jezi, e se sou Jezi sèlman, tout pwofesi yo akonpli.”

5, 6. a) Ki jan yo pral egzekite jijman yo pwononse kont Satan an? b) Ki jan Bondye te revele ofiramezi ki moun ki t ap “desandans” li te pwomèt la?

5 Bagay pwofesi ki gen rapò ak Mesi a te atire atansyon sou li a se yon “sekrè sakre” ki gen anpil aspè enpòtan ladan l pou tout linivè (Kol. 1:26, 27, NW; Jen. 3:15, NW). Nan sekrè sa a, gen jijman kont Satan Ledyab la, “sèpan ki la depi lontan an”, li menm ki te fè lèzòm tonbe nan peche ak nan lanmò a (Rev. 12:9). Ki jan yo t apral egzekite jijman sa a? Jewova te anonse gen yon “madanm” ki t apral fè yon “desandans” ki t ap kraze tèt Satan. “Desandans” sa a yo te anonse a t ap gen pou l kraze tèt sèpan an, e konsa li t ap efase bagay ki lakòz rebelyon, maladi ak lanmò a. Sepandan, Bondye t ap pèmèt Satan blese “desandans” madanm nan anvan, yon fason senbolik.

6 Ofiramezi, Jewova te revele ki moun ki t ap “desandans” li te pwomèt la. Men sa Bondye te pwomèt Abraram: “Grasa desandans ou a, tout nasyon sou tè a pap manke pa beni tèt yo.” ​(Jen. 22:18, NW). Moyiz te anonse Moun sa a t ap vin yon pi gwo “pwofèt” pase l (Det. 18:18, 19). Yo te fè David konnen avèk asirans Mesi a t ap yon desandan l e li t ap eritye twòn li an pou toutan, e pwofèt yo te pale sou sa tou. —2 Sam. 7:12, 16; Jer. 23:5, 6.

Prèv ki montre Jezi se Mesi a

7. Nan ki sans Jezi soti nan “madanm” Bondye a?

7 Bondye te voye Pitit li a, premye kreyasyon l lan, pou l vin “desandans” lan. Pitit sa a soti nan òganizasyon Bondye a ki nan syèl la ki fòme ak kreyati espirityèl, yon òganizasyon ki tankou yon madanm pou Bondye. Sa te mande pou sèl Pitit Bondye fè a “rabese tèt li” e pou l fèt antanke yon moun pafè sou tè a (Fil. 2:5-7, Bib Kreyòl La; Jan 1:14). Lefètke lespri sen te ‘kouvri Mari tankou yon lonbray’, sa te bay garanti moun ki t apral fèt la t ap yon ‘moun ki t apral viv apa pou Bondye a e ki t ap Pitit Bondye’. —Lik 1:35.

8. Ki jan Jezi te akonpli pwofesi konsènan Mesi a lè l te prezante tèt li pou yo batize l?

8 Pwofesi yo te bay konsènan Mesi a montre ki kote e ki lè Jezi t ap parèt. Jan yo te anonse sa, Jezi te fèt nan vil Betleyèm (Mika 5:2). Nan premye syèk la, Juif yo te gen anpil espwa Mesi a pa t lwen vini. Kèk ladan yo, ki te gen espwa sa a, te mande Jan Batis ‘si se pa li menm ki Kris la’. Men, li te reponn yo: “Gen yon moun ki gen pou vini ki gen plis pouvwa anpil pase mwen.” ​(Lik 3:15, 16). Jezi t al jwenn Jan ann otòn ane 29 nan epòk pa nou an pou l fè l batize l. Li te gen 30 an lè sa a, li te prezante tèt li kòm Mesi a nan moman egzak li te dwe fè sa a (Dàn. 9:25). Annapre, li te kòmanse ministè l, yon ministè kote l te fè anpil bagay, avèk pawòl sa yo: “Tan fikse a akonpli, e wayòm Bondye a vin pre.” —Mak 1:14, 15, NW.

9. Menm lè disip Jezi yo potko gen tout detay sou li, ki konviksyon fèm yo te genyen?

9 Sepandan, moun yo te bezwen byen ajiste panse yo. Moun yo te gen rezon akeyi Jezi kòm Wa, men se annapre yo t ap konprann Wayòm li an te gen pou l vini alavni e se nan syèl la li t ap ye (Jan 12:12-16; 16:12, 13; Tra. 2:32-36). Malgre sa, lè Jezi te mande: “Ki moun yo di mwen ye?”, Pyè te reponn li san l pa ezite: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.” ​(Mat. 16:13-16). Nan yon lòt okazyon, Pyè te reponn menm jan an lè anpil nan moun ki t ap koute Jezi yo te vire y ale paske yo pa t byen konprann yon ansèyman li te bay. —Li Jan 6:68, 69.

Koute Mesi a

10. Poukisa Jewova te montre li nesesè pou yon moun koute Pitit li a?

10 Lè sèl Pitit Bondye fè a te nan syèl la, li te yon espri ki pisan. Lè Jezi te sou tè a, li te “reprezantan Papa a”. (Jan 16:27, 28, NW.) Men sa l te di: “Bagay m’ap moutre nou la a, se pa nan mwen yo sòti. Yo sòti nan Bondye ki voye m lan.” ​(Jan 7:16). Nan moman transfigirasyon an, Jewova te fè konnen se Jezi ki Mesi a nan yon lòd li te bay. Men sa li te di: “Koute li.” ​(Lik 9:35). Wi, disip yo te bezwen koute Moun Bondye chwazi a, sètadi yo te bezwen obeyi l. Sa te mande pou yo gen lafwa nan li e pou yo fè bon aksyon. De bagay sa yo vrèman enpòtan pou nou fè Bondye plezi e pou nou gen lavi etènèl la. —Jan 3:16, 35, 36.

11, 12. a) Pou ki rezon Juif ki t ap viv nan premye syèk la pa t aksepte Jezi kòm Mesi a? b) Kiyès ki te mete lafwa nan Jezi?

11 Byenke gen anpil gwo prèv ki te montre se Jezi ki Mesi a, pifò Juif nan premye syèk la pa t aksepte l kòm Mesi a. Poukisa? Paske yo te deja gen ide pa yo konsènan Mesi a. Pa egzanp, yo te panse li t ap yon mesi ki t ap antre nan zafè politik e ki t apral libere yo anba dominasyon bout di Women yo. (Li Jan 12:34.) Se sa k fè yo pa t ka aksepte yon Mesi moun te meprize, moun te evite, yon Mesi ki te fèt pou doulè, ki te konn maladi, e finalman, ki te mouri, jan pwofesi yo te anonse sa (Iza. 53:3, 5). Menm kèk nan disip Jezi yo ki te fidèl te santi yo desi poutèt li pa t pote yon delivrans nan domèn politik pou yo. Men, yo te rete fidèl, e avèk letan, yo te vin konprann bagay yo pi byen. —Lik 24:21.

12 Yon lòt rezon ki fè moun yo pa t aksepte Jezi antanke Mesi Bondye te pwomèt la se akoz ansèyman l yo. Anpil moun te twouve li difisil pou yo aksepte ansèyman sa yo. Pa egzanp, Jezi te anseye pou yon moun antre nan Wayòm nan, li dwe ‘bliye tèt li’, li dwe ‘manje’ chè Jezi ak san l, li dwe “fèt yon dezyèm fwa” e li pa dwe “moun lemonn”. (Mak 8:34; Jan 3:3; 6:53; 17:14, 16.) Moun ki te ògeye yo, moun ki te rich yo ak moun ki te ipokrit yo te twouve kòmandman sa yo te twò difisil pou yo suiv. Men, Juif ki te enb yo te aksepte Jezi kòm Mesi a. Menm jan an tou, kèk Samariten te aksepte l kòm Mesi a e yo te di: ‘Se li menm vre ki Sovè lemonn.’ —Jan 4:25, 26, 41, 42; 7:31.

13. Ki jan yo te blese Jezi nan talon nan yon sans senbolik?

13 Jezi te anonse prèt an chèf yo t ap kondane l e se moun ki pa t Juif ki t ap kloure l sou yon poto, men li t ap leve vivan sou twazyèm jou a (Mat. 20:17-19). Lè l te di li se “Kris la, Pitit Bondye a”, devan Sanedren an, yo te panse sa l te di a se yon blasfèm (Mat. 26:63-66). Pilat te wè li pa t “fè anyen ki merite lanmò”, men akoz Juif yo te akize l kòm yon moun k ap fè soulèvman tou, Pilat te “renmèt yo Jezi pou yo te fè li sa yo te vle a”. (Lik 23:13-15, 25.) Konsa, yo te “renye” “Ajan prensipal lavi a” e yo te rive touye l malgre tout gwo prèv ki te montre se Bondye ki te voye l (Tra. 3:13-15, NW). Jan yo te anonse sa, yo te “touye” Mesi a lè yo te kloure l sou yon poto pandan jou Pak ane 33 epòk nou an (Dàn. 9:26, 27; Tra. 2:22, 23). Lè yo te touye l fason kriyèl sa a, se kòmsi yo te blese l nan “talon”, jan Jenèz 3:15 te anonse sa.

Rezon ki fè Mesi a te mouri

14, 15. a) Ki de rezon ki fè Jewova te aksepte kite Jezi mouri? b) Ki sa Jezi te fè apre l te fin resisite?

14 Jewova te aksepte kite Jezi mouri pou de rezon enpòtan. Premyèman, lefètke Jezi te rete fidèl jiskaske li mouri, sa te rezoud yon aspè enpòtan nan “sekrè sakre” a. Li te montre byen klè yon moun ki pafè ka toujou demontre li gen “atachman pou Bondye” e li ka soutni souvrènte Bondye kèlkeswa gwosè eprèv Satan ta ka met devan l (1 Tim. 3:16, NW). Dezyèmman, jan Jezi te di sa, “Moun Bondye voye nan lachè a [...] [te] vin bay lavi [l kòm ranson] pou peye delivrans anpil moun”. (Mat. 20:28.) Li te bay “ranson egalego” sa a pou peye pou peche nou eritye antanke desandan Adan, e ranson sa a fè l posib pou tout moun ki aksepte Jezi kòm mwayen Bondye bay delivrans lan jwenn lavi etènèl. —1 Tim. 2:5, 6, NW.

15 Apre Kris te fin pase twa jou nan tonm nan, li te resisite. Pandan 40 jou, li te fè disip li yo wè l, konsa li te montre yo li vivan e li te pwofite ba yo lòt enstriksyon (Tra. 1:3-5). Ansuit, li te monte nan syèl la pou l prezante valè sakrifis li te fè a bay Jewova e pou l ret tann tan fikse kote prezans li antanke Wa Bondye chwazi a t apral kòmanse. Antretan, li te gen anpil bagay pou l fè.

Jezi ap fin fè travay li antanke Mesi a

16, 17. Esplike ki jan Jezi jwe wòl Mesi a apre li te fin monte nan syèl la.

16 Pandan syèk ki pase apre Jezi te fin resisite yo, antanke moun Bondye etabli kòm Wa sou kongregasyon kretyen an, li siveye aktivite kongregasyon an fidèlman (Kol. 1:13). Lè lè a te rive, li te kòmanse egzèse pouvwa l kòm Wa nan Wayòm Bondye a. Pwofesi biblik yo ansanm ak evènman k ap pase nan monn nan montre prezans li antanke Wa te kòmanse an 1914, e “fen sistèm nan” te kòmanse tou (Mat. 24:3, NW; Rev. 11:15). Yon ti tan apre sa, li menm ansanm ak zanj ki sen l ap dirije yo te mete Satan ak demon yo deyò nan syèl la. —Rev. 12:7-10.

17 Travay predikasyon ak travay ansèyman Jezi te kòmanse nan ane 29 epòk nou an prèske rive nan bout li jodi a. Talè konsa, Jezi pral jije tout moun. Apre sa, li pral di moun ki sanble ak mouton yo pou yo ‘pran eritaj yo an, wayòm ki te prepare pou yo depi anvan Bondye te kreye lemonn nan’, paske yo te aksepte l kòm mwayen Jewova itilize pou l ba yo delivrans lan. (Mat. 25:31-34, 41, Bib Kreyòl La.) Li pral detwi moun ki pa aksepte l kòm Wa yo lè l pral dirije lame selès yo pou efase tout mechanste. Annapre, Jezi ap mare Satan e l ap lage ni Satan ni demon l yo nan “gwo twou san fon an”. —Rev. 19:11-14; 20:1-3.

18, 19. Ki sa Jezi reyalize nan akonplisman wòl li antanke Mesi a, e ki byenfè sa ap pote pou moun ki obeyisan yo?

18 Pandan Rèy mil an an, Jezi pral aji ann amoni nèt ak tout tit li pote yo, tankou “Konseye estrawòdinè, Dye pisan, Papa etènèl, Prens lapè”. (Iza. 9:6, 7, NW.) Wayòm Jezi an pral fè lèzòm vin pafè, san wete moun l ap resisite yo (Jan 5:26-29). Mesi a pral mennen lèzòm nan “sous dlo ki bay lavi a”, sa vle di l ap ede moun ki obeyisan yo jwi relasyon pezib avèk Jewova. (Li Revelasyon 7:16, 17.) Apre eprèv final la, yo pral “jete” tout rebèl yo, san wete Satan ak demon l yo, “nan lètan dife” a. Lè yo lage Satan “nan lètan dife” a, se konsa yo pral kraze tèt “sèpan” an. —Rev. 20:10.

19 Jezi ranpli wòl li antanke Mesi a yon fason ki vrèman estrawòdinè e ki vrèman san fay! Latè pral yon paradi k ap ranpli ak moun li rachte yo. Moun sa yo pral gen yon sante ki pafè e yo pral viv nan lajwa pou toutan. Lè sa a, tout repwòch yo te lage sou non Jewova a, yon non ki sakre, pral efase e souvrènte l pral jistifye yon fwa pou tout. Ala yon eritaj estrawòdinè moun ki obeyi Moun Bondye chwazi a pral jwenn talè konsa!

Èske w jwenn Mesi a?

20, 21. Poukisa w dwe pale ak lòt moun konsènan Mesi a?

20 Depi 1914 n ap viv nan epòk parousia a, oswa prezans Kris la. Byenke prezans Kris antanke Wa nan Wayòm Bondye a envizib, akonplisman pwofesi yo montre aklè se nan epòk sa a nou ye (Rev. 6:2-8). Sepandan, menm jan ak Juif ki t ap viv nan premye syèk la, pifò moun nan epòk nou an pa konnen prèv ki montre se nan epòk prezans Mesi a nou ye. Yo menm tou, yo ta renmen jwenn yon mesi ki enterese nan zafè politik oubyen k ap sèvi ak dirijan gouvènman lèzòm yo pou l dirije. Men, ou menm, ou konnen Jezi ap dirije kounye a antanke Wa nan Wayòm Bondye a. Èske w pa t kontan lè w te aprann sa? Menm jan ak disip ki t ap viv nan premye syèk la, ou te santi w pouse pou w di: “Nou jwenn Mesi a.”

21 Jodi a, lè w ap pale ak lòt moun konsènan laverite, èske w fè yo konnen wòl Jezi jwe antanke Mesi a? Si w fè sa, w ap vin gen plis apresyasyon pou sa l te fè pou ou, sa l ap fè pou ou kounye a e sa l pral fè pou ou alavni. Menm jan ak Andre ak Filip, sandout, ou konn pale ak fanmi w e ak zanmi w konsènan Mesi a. Èske w pa ta ka montre yo ankò ak plis zèl toujou Jezi Kris se vrèman Mesi Bondye te pwomèt la, mwayen Bondye itilize pou l bay delivrans lan?

Èske w ka esplike?

• Ki jan disip ki t ap viv nan premye syèk la te fè jwenn Mesi a?

• Ki de rezon enpòtan ki fè Jezi te mouri?

• Ki sa Jezi pral fè alavni nan akonplisman wòl li antanke Mesi a?

[Kesyon]

[Foto nan paj 21]

Ki jan moun nan premye syèk la te fè konnen Jezi se Mesi yo te pwomèt la?

[Foto nan paj 23]

Lè w ap pale ak lòt moun, èske w fè yo konnen wòl Jezi jwe antanke Mesi a?