Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ou kapab okipe nan sèvis Bondye a e ou kapab gen lajwa ladan l

Ou kapab okipe nan sèvis Bondye a e ou kapab gen lajwa ladan l

Ou kapab okipe nan sèvis Bondye a e ou kapab gen lajwa ladan l

JEWOVA vle pou w gen lajwa (Sòm 100:2). Antanke sèvitè l, sandout ou okipe anpil. Petèt ou pa t okipe konsa lè w te fèk vwe lavi w bay Bondye, men, kounye a, responsablite pwofàn ou genyen ak responsablite espirityèl ou genyen kapab fè w santi w gen yon chay sou do w. Ou kapab menm santi w koupab lè w wè ou pa rive akonpli tout sa w ta renmen akonpli. Ki jan w kapab fè tout aktivite w gen pou w fè epi anmenmtan pou w kenbe “kontantman” Bondye bay la? —Ney. 8:10.

W ap viv nan yon tan ki difisil e gen anpil bagay k ap fè presyon sou ou, se sa k fè ou bezwen byen òganize w. Nan sans sa a, gen yon konsèy Pòl te bay anba enspirasyon ki byen tonbe pou ou. Li te di: “Fè atansyon pou nou mache kòrèkteman. Pa mache tankou moun ki pa saj, men tankou moun ki saj. Pinga nou gaspiye tan nou, paske jou sa yo move.” —Efe. 5:15, 16, Bib Kreyòl La.

Avèk konsèy saj sa a nan lespri w, ki jan w kapab fikse objektif ou kapab atenn epi fè ekilib ant etid pèsonèl, pran swen fanmi w, predikasyon, travay pwofàn ak lòt aktivite w genyen ki nesesè?

Èske w sonje lajwa w te genyen lè w te vwe lavi w bay Bondye e ou te batize? Se konesans ou te vin genyen sou Jewova e sou objektif li ki te fè w gen jwa sa a. Petèt ou te pase plizyè mwa ap etidye avèk dilijans anvan w te vin gen konesans sa a ak jwa sa a. Men, pa gen dout, tout efò w te fè yo te vo lapèn. Etid sa a te chanje lavi w an byen.

Pou w kenbe jwa w, ou bezwen kontinye nouri tèt ou espirityèlman. Si li difisil pou w jwenn tan pou w li Bib la e pou w etidye l, gade pou w wè ki fason w sèvi ak tan w. Menmsi se kèk minit sèlman ou pase ap etidye Labib epi ap medite sou li chak jou, sa ap fè w santi w pi pre Jewova, e asireman, sa ap ede w gen kè kontan.

Majorite sèvitè Bondye yo kapab pran nan tan yo pase nan aktivite ki mwens enpòtan pou yo pase l nan aktivite ki pi enpòtan. Ou kapab poze tèt ou kesyon sa a: ‘Konbyen tan m pase nan li jounal, nan gade televizyon, nan koute mizik oswa nan yon lòt aktivite mwen renmen?’ Ou kapab pran plezi nan aktivite sa yo, sepandan, ou bezwen ekilibre (1 Tim. 4:8). Si w remake fason w sèvi ak tan w lan pa pwofitab pou ou, pran dispozisyon pou w ranje sa.

Men sa Adam, yon papa ki gen twa pitit e ki ansyen, di ki ede l: “Mwen bat pou lavi m rete senp. Mwen pa gen pastan ki pran anpil tan m, ni mwen pa posede anyen ki mande pou m pase anpil tan ap pran swen l. Sa pa vle di mwen rejte tout bagay ki ka fè m plezi, tou senpleman, mwen pa renmen detant ki konplike.”

Si w reflechi sou bon rezilta ou te jwenn grasa desizyon ou te pran anvan yo, sa kapab reba w lajwa epi sa kapab ede w rete pozitif. Pa egzanp, men sa Mariusz, yon ansyen ki gen twa pitit, di: “Lefètke mwen te kòmanse etidye Bib la, mwen vin gen yon pwennvi pozitif sou lavni. Detanzantan, mwen jwenn difikilte, e anpil ladan yo se Jewova sèlman ki konnen yo. Men, grasa èd li ban mwen, mwen gen lajwa lè m ap reflechi sou lavni.”

Jan w kapab wè sa nan ka Mariusz, menm lè w gen yon atitid pozitif, sa pap anpeche gen bagay ki enkyete w pafwa. Sepandan, yon atitid pozitif kapab fè w santi w pi byen e li kapab ede w jere pwoblèm ou jwenn nan lavi a pi byen. Men sa nou li nan Pwovèb 15:15: “Lè ou nan lafliksyon, chak jou se pwoblèm. Men, lè kè ou kontan, lavi se yon fèt pou ou.” Reflechi tou sou lanmou Bondye deja montre li gen pou ou. Lè w reflechi sou sa, sa kapab fè w vin renmen l plis e sa kapab ba w plis lajwa. —Mat. 22:37.

Lè w bay Jewova ansanm ak sèvis li premye plas nan lavi w, sa ap ogmante lajwa ki gen nan fanmi w. Lè tout moun nan fanmi w demontre bèl kalite kretyen yo dwe genyen yo, sa ap fè gen mwens pwoblèm nan fanmi an, tout moun ap santi yo pi pwòch youn lòt e yo pran plis plezi pou youn ansanm ak lòt. Konsa, tout moun nan fanmi an ap santi kay la se yon kote ki anpè, ki gen inite. —Sòm 133:1.

Si tout moun nan fanmi w patisipe nan aktivite espirityèl yo ansanm, ap gen plis jwa anndan fanmi an. Men sa Mariusz di: “Mwen vrèman apresye tan nou pase ansanm an fanmi. Madanm mwen soutni m anpil. Depi sa posib, li toujou bò kote m, kit se lè m nan predikasyon, kit se lè m ap fè netwayaj nan estad yo anvan kongrè yo, kit se lè mwen pral bay diskou nan lòt kongregasyon. Sa ankouraje m anpil.”

Ekriti yo di se pou kretyen yo bay fanmi yo sa yo bezwen nan domèn materyèl (1 Tim. 5:8). Men, si travay pwofàn ou pran twòp tan w ak enèji w, li kapab fè w pèdi jwa w nan sèvis Bondye a. Priye Jewova sou sa (Sòm 55:22). Gen kèk kretyen ki pran desizyon pou yo chèche yon lòt travay, yon fason pou yo bay Wayòm Bondye a premye plas nan lavi yo. Yon kretyen pa ta dwe kite avantaj materyèl yon travay ki byen peye, men k ap pran twòp tan l ak enèji l, anpeche l konsantre sou bagay espirityèl yo ki pi enpòtan. —Pwo. 22:3.

Petèt l ap bon pou w ekri avantaj ak enkonvenyan ki gen nan yon travay ou ka jwenn, oswa nan travay ou ladan l kounye a. Byennantandi, yon travay ki byen peye e ki bay satisfaksyon kapab enteresan. Sepandan, èske travay sa a pèmèt ou ede fanmi w pou l anfòm nan domèn espirityèl? Reflechi seryezman sou avantaj ak enkonvenyan yo epi pran yon desizyon k ap montre se relasyon w ak Jewova ki pi enpòtan pou ou.

Si travay ou gen kounye a fè li difisil pou w fè pwogrè nan domèn espirityèl, ou bezwen fè chanjman nan sitiyasyon w. Gen anpil kretyen ki fè gwo chanjman nan lavi yo pou yo jwenn tan pou bagay espirityèl yo. Men sa yon frè k ap viv nan peyi Polòy di: “Te gen yon lè mwen te oblije kite konpayi mwen t ap travay ladan l lan, paske, souvan, mwen t ap vwayaje pou travay la. Mwen pa t gen ase tan ni pou bagay espirityèl yo ni pou m pran swen fanmi m.” Kounye a, li nan yon travay ki pran mwens tan l ak enèji l lontan.

Ou kapab gen lajwa lè w ede lòt moun

Jezi te di: “Gen plis kè kontan lè w bay pase lè w resevwa.” ​(Tra. 20:35, NW). Kretyen yo gen anpil okazyon pou yo bay. Pafwa, ou pa bezwen fè anpil bagay pou yon moun pou ni ou menm ni li menm jwenn lajwa. Ou kapab souri ba li, ba l lanmen oswa remèsye l avèk senserite pou fason li travay di nan asiyasyon li genyen nan kongregasyon an.

Men ankourajman apot Pòl te bay kretyen parèy li yo: “Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo.” ​(1 Tes. 5:14). Moun ki deprime yo gendwa santi yo pa kapab jere pwoblèm yo genyen ak pwòp fòs pa yo. Èske w kapab ede moun sa yo? Si w remake gen yon frè w k ap pèdi lajwa l nan sèvis Jewova, eseye ankouraje l. Lè w fè sa, sa ap ankouraje w tou. Gen pwoblèm, pa gen moun sou latè ki kapab rezoud yo. Sepandan, ou kapab montre sensèman ou gen konpasyon pou frè w e ou kapab ankouraje l pou l konte sou Jewova k ap toujou kapab ede l. Moun ki konte sou li yo pa janm desi. —Sòm 27:10; Iza. 59:1.

Yon lòt bagay pratik ou kapab fè ankò, se envite moun ou remake ki manke lajwa a pou l akonpaye w nan ministè a. Lè Jezi te voye 70 disip li yo al preche, li te voye yo “de pa de”. (Lik 10:1.) Èske w pa panse lè li te fè sa se yon mwayen li te ba yo pou youn ankouraje lòt? Èske w pa ka itilize mwayen sa a pou w ede kèk moun nan kongregasyon an rejwenn lajwa yo te genyen?

Jodi a, gen anpil bagay nan lavi a ki kapab fè nou gen enkyetid. Sepandan, men sa Pòl di nou: “Se pou nou toujou kontan nan lavi n’ap mennen ansanm nan Senyè a. M’ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.” ​(Fil. 4:4). Piske ou renmen Bondye, ou obeyi l e ou kontinye patisipe nan travay li ba w fè a avèk zèl, lavi w gen sans e sa ba w lajwa. Anplis, Jewova ede w pou w fè fas ak presyon ansanm ak pwoblèm ou jwenn. —Wom. 2:6, 7.

Lefètke nou gen lafwa, nou kapab wè jan nou toupre monn nouvo Jewova pwomèt la. Ala benediksyon nou pral jwenn, e ala kontan kè nou pral kontan (Sòm 37:34)! Donk, nou gen rezon pou kè nou kontan pou sa k ap ret tann nou, san nou pa bliye tout benediksyon nou jwenn depi kounye a. Vrèman, nou kapab “fè sèvis pou Senyè a ak kè kontan”. —Sòm 100:2.

[Chema nan paj 8]

(Gade peryodik la)

Si w vle kontinye gen lajwa, ou gendwa bezwen fè ajisteman nan fason w jere tan w.

DETANT ak DIVÈTISMAN

PRAN SWEN KAY LA ak FANMI AN

TRAVAY

REYINYON YO

ETID PÈSONÈL

MINISTÈ A

[Foto nan paj 10]

Èske w kapab ede lòt moun rejwenn lajwa yo te genyen?