Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te kontan li dènye Toudegad ki te parèt yo? Gade pou wè si w ka reponn kesyon sa yo:

• Nan ki sans Bondye ka fè nou rich?

Nan tan lontan, Jewova te beni kèk moun, tankou Abraram ak Salomon; li te ba yo richès materyèl. Men, richès kretyen yo bezwen plis, sètadi richès Bondye ka ede yon moun jwenn, gen ladan l lafwa, lapè, kontantman ak lajwa. —1/9-F, paj 3-7.

• Ki leson nou kapab tire nan sove Jezi te sove Pyè lè l te kòmanse antre nan dlo a (Mat. 14:28-31)?

Si nou remake yon frè sanble manke lafwa, nan yon sans nou kapab lonje men ba li pou nou ede l vin gen plis lafwa. —15/9, paj 8.

• Ki sa delivrans nou an te koute Jewova?

Jewova te aksepte yo fè Pitit li a soufri e yo pase l nan betiz. Anplis, menm jan Abraram te dispoze sakrifye pitit li a, Jewova te aksepte yo touye Pitit li a kòmsi l te yon kriminèl. —15/9, paj 28-29.

• Poukisa Kodèks Vatikan an se yon trezò?

Kodèks sa a se yon maniskri grèk ki te fèt mwens pase 300 an apre yo te fin ekri Bib la. Li gen prèske tout liv Ekriti ebrayik yo ak Ekriti grèk kretyen yo. Se yon zouti biblis yo itilize pou yo konnen ki sa tèks orijinal Bib la te di. —1/10-F, paj 18-19.

• Ki leson Pwovèb 24:27 aprann nou anrapò ak yon moun ki vle ‘fonde yon fwaye’?

Yon gason ki vle marye ta dwe prepare l pou responsablite sa a. Sa vle di li dwe prepare l pou l pran swen yon fanmi nan domèn materyèl e li dwe prepare l tou pou l pran swen l nan domèn espirityèl. —15/10, paj 12.

• Poukisa li pa kòrèk pou yo pale de Temwen Jewova yo kòm yon relijyon potestan?

Relijyon potestan an te parèt nan 16yèm syèk la ann Ewòp. Se te chèche yo t ap chèche fè yon refòm nan Legliz katolik la. Yon relijyon k ap suiv objektif refòm nan se yon relijyon potestan. Temwen Jewova yo pa rekonèt pap la gen yon otorite inivèsèl. Pou yo menm, se Bib la ki pi enpòtan. Anplis, yo rejte pakèt ansèyman ak pratik ki pa baze sou Labib ki gen nan relijyon potestan yo. —1/11-F, paj 19.

• Èske yon moun bezwen aprann ebre ak grèk pou l konprann Labib?

Non. Se pa konesans yon moun genyen sou ansyen lang sa yo k ap fè l plis anmezi pou l konprann mesaj ki nan Bib la. Yon moun ki etidye lang sa yo toujou depann de diksyonè ak liv gramè ki fèt sou yo. Lefètke se pa mwayen tradiksyon sèlman Jewova te fè prezève pawòl pi gwo Sèvitè l la, sa montre yon moun kapab itilize tradiksyon Bib ki nan lang yo pale jodi a e li kapab aprann verite ki nan Bib la ladan yo. —1/11-F, paj 20-23.

• Ki jan Jewova ak Jezi ban nou egzanp nan kesyon politès?

Byenke Jewova gen yon gwo pozisyon, li trete lèzòm avèk anpil jantiyès e avèk anpil respè. Lè l t ap pale ak Abraram, ak Moyiz, li te sèvi ak yon mo ebre souvan yo mete “tanpri” pou yo tradui l (Jen. 13:14, NW; Egz. 4:6, NW). Bondye koute moun tou lè y ap pale avè l (Jen. 18:23-32). Jezi te fè sa tou. Li te dispoze ede moun ki nan antouraj li yo, e byen souvan li te konn menm sèvi ak non yo. —15/11, paj 25.

• Poukisa vrè kretyen yo pa fete fèt Nouvèl ane linè a?

Nouvèl ane linè a se yon gwo fèt nan kalandriye peyi Azi yo. Nan fèt sa a, souvan moun yo asire yo y ap gen chans pandan ane a e yo montre yo respekte espri yo. Kretyen yo onore paran yo e yo respekte yo, men yo pa patisipe nan fèt moun ap fè pou zansèt yo ki mouri pou yo ka jwenn pwoteksyon nan men yo, ni nan fèt moun ap fè pou chèche favè nan men swadizan dye ki kapab pwoteje lakay yo. —1/12-F, paj 20-23.