Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Sou ki wout apot Pòl te pase pandan premye vwayaj li te fè Wòm nan?

Travay 28:13-16 fè konnen bato Pòl te pran pou l al ann Itali a te akoste nan yon vil yo rele Puteoli (nan epòk pa nou an yo rele l Pozzuoli), nan bè Nap. Apre sa, Pòl te vwayaje al Wòm sou yon wout yo rele Via Appia. Wout sa a se te wout prensipal vil sa a.

Yo te bay wout sa a non dapre non yon politisyen women, ki te rele Appius Claudius Caecus, ki te kòmanse konstwi l nan ane 312 anvan epòk nou an. Wout sa a mezire ant 5 a 6 mèt lajè e li fèt ak yon seri gwo wòch vòlkanik. Li te rive a anviwon 583 kilomèt nan direksyon sidès parapò ak vil Wòm. Li te relye Wòm ak yon waf yo rele Brundusium (yo rele l Brindisi nan epòk pa nou an) ki te tankou yon pòtay ki pèmèt moun al ann Oryan. Chak 24 kilomèt anviwon, gen yon seri kote yo te prepare sou wout la kote moun ki t ap vwayaje yo te konn kanpe pou yo achte sa yo bezwen, pou yo dòmi, pou chanje cheval oswa charyo.

Pòl li menm sanble se apye li te fè wout sa a. Pati li te vwayaje sou li a te mezire 212 kilomèt. Nan pati sa a te gen yon marekaj yo rele marekaj Ponten, ki te tèlman gen marengwen e ki tèlman gen movèzodè, sa te lakòz yon ekriven women te ekri pou plenyen poutèt sa. Nan direksyon nò parapò ak marekaj sa a, te gen yon mache yo te rele Mache Apiyis ki te a anviwon 65 kilomèt parapò ak Wòm, e te gen yon kote moun ka rete pou yo repoze yo ki te rele Twa Otèl ki te a anviwon 50 kilomèt parapò ak Wòm. Gen kretyen ki te sot nan vil Wòm ki t ap tann Pòl nan toule de kote sa yo. Lè li te wè yo, Li te “di Bondye mèsi, [e] li [te] pran kouray”. —Travay 28:15.

De ki kalite tablo yo pale nan Lik 1:63 a?

Nan Evanjil Lik la, yo rakonte zanmi Zekarya yo te mande l ki non li t ap bay tipitit gason l ki te fèk fèt la. Zekarya “mande yo yon ti tablo, epi li ekri: Se Jan ki non li.” ​(Lik 1:63). Selon yon ouvraj yon biblis ekri, mo grèk lè yo tradui l ki bay “ti tablo” a fè referans ak “yon ti tablo pou moun ekri ki fèt an jeneral avèk bwa e ki gen yon sifas ki fèt ak lasi yo byen prepare ki sou yon sèl bò tablo a”. Pou yo prepare tablo sa yo, yo pran de ti moso planch epi yo mete kouplè sou yo pou yo kenbe yo ansanm. Yo fouye planch yo, men yo pa fouye yo twòp, epi yo mete lasi ki fèt ak gato myèl sou yo epi yo fè lasi a byen lis. Yon moun te ka itilize yon bagay ki pwenti pou l ekri sou sifas sa a. Annapre, yo te ka efase sa ki ekri sou li a epi yo refè l byen lis pou yo ka ekri sou li ankò.

Gen yon liv (Reading and Writing in the Time of Jesus) ki di: “Tablo pent ki soti nan vil Ponpeyi, eskilti ki soti nan divès zòn nan anpi women an ak egzanp tablo yo jwenn nan fouy ki fèt toupatou soti ann Ejip pou rive nan mi Adriyen [nan nò Grann Bretay] montre yo te konn sèvi ak ti tablo sa yo anpil.” Tout kategori moun te ka gen jan de ti tablo sa yo: komèsan, otorite nan gouvènman yo, e petèt menm kèk kretyen nan premye syèk la.

[Foto nan paj 9]

Via Appia

[Foto nan paj 9]

Yon ti tablo ki te fèt pou elèv lekòl, nan 2yèm syèk nan epòk nou an.

[Liy kredi]

Avèk otorizasyon British Library