Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske latè pral detwi?

Èske latè pral detwi?

Èske latè pral detwi?

“MOUN pa janm bouke pale de lafendimonn, omwen nan zafè fim.” Se John Scalzi, yon jounalis, ki te di pawòl sa yo. Sa k fè moun yo renmen gade fim ki montre ki jan lafenndimonn pral fèt konsa? Men sa Scalzi reponn: “Se paske [fim] yo pale sou yon bagay nou pè.” Èske w dakò ak sa? Èske nou gen bonjan rezon pou nou pè fason tout vi ki sou tè a pral detwi e pou nou pè lè yo pral detwi a?

Se prèske chak jou, nou tande pale de katastwòf natirèl ki bay gwo pwoblèm toupatou sou tè a. Yo fè fim sou katastwòf sa yo ki fè moun pè anpil, e yo pase yo nan televizyon ak sou Entènèt. Lè nou wè tout imaj sa yo ki montre moun toutbon k ap detwi ak kote y ap detwi, li fasil pou nou vin konprann “lafendimonn nan” se yon bagay ki menase lavi nou, se pa jis yon bagay yo imajine e yo montre yo nan fim.

Gen kèk syantifik ki bay opinyon yo sou ki jan tè a pral detwi, e lè yo fè sa, se pè moun vin plis pè. Genyen ki menm anonse sa nou ka rele dat espirasyon tè a. An mas 2008, gen yon jounal (Monthly Notices of the Royal Astronomical Society) ki te rapòte gen de astwonòm ki fè konnen lè tè a ap gen anviwon 7,59 milya ane, solèy la pral anglouti l e l ap redui l an vapè.

Èske se vre tè a ap detwi apre 7,59 milya ane? Èske nan syèk k ap vini an, lèzòm ap gen pou yo disparèt?

Èske planèt nou an gen yon dat espirasyon?

Men asirans Labib ban nou: “Yon jenerasyon prale, e yon lòt ap vini, men tè a ap rete la pou tan endefini.” ​(Eklezyas 1:4, NW). Jewova Dye te “fonde tè a sou andwa fiks li yo” yon fason ki solid e li te fè l pou l dire “pou tan endefini, wi pou toutan”. (Sòm 104:5, NW.) Èske nou kwè pawòl sa yo Bondye te enspire yo se laverite? Poukisa nou dwe kwè tè a pap detwi, malgre gen syantifik ki di l ap detwi?

Fè yon ti reflechi sou pwodui ki sou etajè yon magazen. Genyen ladan yo ki gen yon dat espirasyon sou yo. Kiyès ki mete dat sa a? Èske se mèt magazen an ki annik chwazi mete yo parapò ak eksperyans li, konesans li oswa parapò ak enfòmasyon li genyen? Non, se pa li. Se moun ki fè pwodui yo ki detèmine dat y ap espire yo. Nou kwè nan dat sa a paske nou konnen moun ki fè pwodui yo konnen yo pi byen pase nenpòt lòt moun. Nan menm sans lan, nou bezwen fè Moun ki fè planèt nou an anpil konfyans. Pawòl li a di nou li “mete latè nan plas li, l’ap rete fèm” pou toutan gen tan. Donk, latè pa gen okenn dat espirasyon. —Sòm 119:90.

Sepandan, èske, menm jan ak yon pwodui, sa posib pou lèzòm tèlman fin kraze tè a pèsonn pa ka repare l ankò? Non, sa pa posib ditou! Kontrèman ak moun k ap fè pwodui yo, Jewova “gen tout pouvwa”. (Jòb 42:2.) Se sa k fè li ban nou garanti sa a avèk konfyans: “[Pawòl mwen] p’ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m te vle l fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l fè a.” ​(Izayi [Ezayi] 55:11). Nou kapab sèten “Senyè ki kreye nou an” pap kite anyen anpeche l akonpli objektif li gen pou tè a (Sòm 95:6). Ki objektif sa a? Ki jan Bondye ap akonpli l?

Wayòm Bondye a pral akonpli objektif Li

Nonsèlman Pawòl Bondye a ban nou garanti tè a pap janm detwi, men tou, li di nou Bondye te ‘fè l pou l te yon kote pou moun rete’. (Izayi 45:18.) Se vre lèzòm rete sou tè a depi plizyè milye ane, men objektif Bondye a poko reyalize.

Jewova se “Bondye ki gen kè kontan an” e li “renmen jistis”. (1 Timote 1:11, NW; Sòm 37:28, NW.) Objektif li se pou tout moun viv ak kè kontan e pou pa gen enjistis ankò sou tè a. Pou Bondye akonpli objektif li, li te anonse l ap etabli yon Wayòm nan syèl la ki pou dirije tout tè a (Dànyèl 2:44). Lè Jezi te sou tè a, li te toujou pale de Wayòm Bondye a. Li te ankouraje disip li yo pou yo priye pou Wayòm nan paske li te konnen Wayòm sa a pral pote yon pakèt benediksyon pou latè (Matye 6:9, 10; 24:14). Ki benediksyon konsa?

Pral gen lapè ak sekirite toupatou paske Bondye pwomèt l ap efase lagè. —Sòm 46:9.

Pral gen manje ann abondans pou tout moun. —Sòm 72:16.

Pap gen pwoblèm sante ankò paske “pèsonn nan peyi a p’ap plenyen di li malad ankò”. —Izayi 33:24.

Pap gen lapenn, paske “p’ap gen lanmò ankò”. —Revelasyon 21:4.

Bondye pwomèt sèvitè l yo pral bati kay yo, e y ap rete ladan yo an sekirite, epi “kè [yo ap] kontan pou toutan”. —Izayi 65:17-24, NW.

Pa gen dout nan sa, ou anvi viv nan kondisyon yo dekri anwo yo. Jewova gen yon zèl ki tankou dife, sètadi li chofe anpil, pou l akonpli tout sa l te anonse yo (Izayi 9:6, 7). Men, petèt ou di tèt ou: ‘Sa gen plizyè milye ane depi Bondye fè ekri pwomès li yo nan Bib la, poukisa yo poko reyalize toujou?’

N ap jwenn delivrans lan grasa pasyans Bondye

Ou mèt gen konfyans ‘Senyè a pap pran twòp reta pou [l] reyalize pwomès li yo’. Labib esplike nou Bondye demontre li pasyan avèk nou paske li renmen nou. Donk, nou bezwen “konprann sa byen, se pou nou ka sove kifè Senyè a ap pran tout pasyans sa a ak nou”. (2 Pyè 3:9, 15.) Men, poukisa Bondye oblije pran pasyans ak nou pou nou ka sove?

Toudabò, se paske Bondye konnen anvan pou l bay moun ki jis yo tè a kòm yon kote pou yo rete, yon kote k ap gen sekirite e k ap chaje richès, fòk li “detwi moun k’ap detwi latè” yo (Revelasyon 11:18). Sepandan, piske Jewova renmen lèzòm, li “pa ta renmen pèsonn peri”. Se sa k fè, avèk pasyans, Papa nou ki nan syèl la “avèti [mechan an] pou l chanje, pou l kite move pant l’ap swiv la”. Se nan objektif sa a, Jewova fè preche mesaj Wayòm li an nan lemonnantye * (Ezekyèl 3:17, 18). Tout moun ki byen reyaji devan avètisman Bondye a e ki viv ann amoni ak prensip jis li yo ap sove e y ap jwenn lavi etènèl sou tè a k ap tounen yon paradi.

Pwoche bò kote Bondye e l ap delivre w

Pa gen dout, Labib gen “bòn nouvèl” pou nou (Matye 24:14). Li gen pawòl Bondye ladan l, pawòl nou kapab fè konfyans. Pawòl sa yo fè nou konnen tè a pap janm detwi. Anplis, selon pwofesi biblik yo, nou kapab gen asirans “talè konsa, p’ap gen mechan ankò”. Talè konsa, se sèlman moun ki jis devan Bondye yo ki “pral resevwa peyi a [“tè a”, NW] pou byen yo, y’a viv ak kè poze nèt ale”. (Sòm 37:9-11, 29; Matye 5:5; Revelasyon 21:3, 4.) Antretan, men sa Bondye kontinye mande nou avèk pasyans: “Tounen vin jwenn mwen pou nou ka delivre, nou tout ki rete sou latè!” ​(Izayi 45:22). Ki jan w ap reyaji?

Sa w panse si w ta pran detèminasyon pou w vin jwenn Bondye? Men egzòtasyon nou jwenn nan Sòm 37:34 (NW): “Met espwa w nan Jewova epi kenbe chemen l bay la e, li va leve w pou w vin posede tè a. Lè y ap derasinen mechan yo, w ap wè sa.” Temwen Jewova yo ap kontan ede w aprann plis bagay toujou sou objektif etènèl Bondye gen pou tè a yon fason pou w kapab la lè objektif sa a ap akonpli.

[Nòt anba paj]

^ § 21 Gen plis pase sèt milyon Temwen Jewova nan 236 peyi ki obeyi kòmandman Jezi bay nan Matye 28:19, 20 an. Chak ane, yo pase anviwon yon milya èdtan edmi ap anseye moun konsènan objektif estrawòdinè Bondye gen pou tè a.

[Liy kredi pou foto nan paj 31]

Foto NASA