Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa w bezwen vwe tèt ou bay Jewova?

Poukisa w bezwen vwe tèt ou bay Jewova?

Poukisa w bezwen vwe tèt ou bay Jewova?

“Yè oswa, Bondye m’ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj li bò kote m.” —TRA. 27:23.

1. Ki etap moun ki prezante tèt yo pou yo batize yo deja franchi, e ki kesyon sa soulve?

“SOU baz sakrifis Jezi Kris la, èske w repanti pou peche w, e èske w vwe tèt ou bay Jewova pou w fè volonte l?” Kesyon sa a se youn nan de kesyon yo konn poze moun ki pral batize yo nan fen diskou batèm yo. Poukisa kretyen yo dwe vwe tèt yo bay Jewova? Ki byenfè nou jwenn lè nou vwe tèt nou bay Bondye? Sa k fè yon moun pa ka sèvi Bondye fason ki kòrèk la si li pa vwe tèt li ba Li? Pou nou konprann repons kesyon sa yo, li nesesè pou nou konprann ki sa sa vle di lè yon moun vwe tèt li bay Jewova.

2. Ki sa sa vle di pou yon moun vwe tèt li bay Jewova?

2 Ki sa sa vle di pou yon moun vwe tèt li bay Bondye? Gade ki jan apot Pòl te pale de relasyon l ak Bondye. Li te di Jewova se ‘Bondye l’ap sèvi a, se mèt li’. Li te di sa devan yon pakèt moun ki te ansanm avè l sou yon bato ki te an danje. (Li Travay 27:22-24.) Se Jewova ki mèt tout vrè kretyen yo, tandiske monn nan li menm “anba pouvwa Satan”. (1 Jan 5:19.) Jewova vin mèt kretyen yo lè yo vwe tèt yo ba li nan lapriyè e li aksepte ve sa a. Ve sa a se yon bagay pèsonèl. Apre yo fin fè l, lòt etap la se batize.

3. Ki sa batèm Jezi a te montre, e ki jan disip li yo kapab imite l?

3 Jezi kite yon egzanp pou nou lè l te chwazi pou l fè volonte Bondye. Piske Jezi te fèt nan nasyon Izrayèl la, yon nasyon ki te vwe bay Bondye, li te deja vwe bay Bondye. Men, lè Jezi te batize, li te fè plis pase sa Lalwa te mande. Pawòl Bondye a montre li te di: “Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou.” ​(Ebre 10:7; Lik 3:21.) Batèm Jezi a te montre li te prezante tèt li bay Bondye, Papa li, pou l fè volonte L. Disip li yo imite l lè yo prezante tèt yo pou yo batize. Sepandan, lè disip yo batize, yo menm, se demontre yo demontre devan tout moun yo te vwe tèt yo bay Bondye pèsonèlman nan lapriyè.

Byenfè nou jwenn lè nou vwe tèt nou bay Bondye

4. Ki sa amitye David ak Yonatàn te genyen an aprann nou sou kesyon angajman an?

4 Vwe nou vwe tèt nou bay Bondye a se yon bagay ki enpòtan. Se plis pase yon senp angajman. Men, ki byenfè nou jwenn lè nou vwe tèt nou bay Bondye? Pou nou ka pi byen konprann, annou egzamine ki byenfè yon moun jwenn lè l pran yon angajman ak yon lòt moun. Annou pran amitye, pa egzanp. Pou yon moun zanmi yon lòt moun, li dwe aksepte responsablite ki mache ak sa. Sa mande pou l pran yon angajman anvè zanmi l la, sa vle di li bay tèt li obligasyon pou l montre l enterese ak zanmi l la. Youn nan pi bèl amitye Bib la pale de li se amitye David ak Yonatàn nan. Antanke zanmi, yo te menm fè yon alyans youn ak lòt. (Li 1 Samyèl 17:57; 18:1, 3.) Byenke li pa fasil pou w jwenn zanmi ki pran yon angajman youn anvè lòt nan nivo sa a, pifò amitye ki vin sere toutbonvre yo se amitye ki chita sou angajman, sètadi amitye kote toulede zanmi yo santi yo gen obligasyon youn anvè lòt. —Pwo. 17:17; 18:24.

5. Ki jan yon esklav te kapab jwenn byenfè nètale lakay yon bon mèt?

5 Lalwa Bondye te bay Izrayèl la pale de sitiyasyon kote yon moun te ka pran yon angajman ki t ap fè l jwenn byenfè. Si yon esklav te vle rete pou l sèvi yon bon mèt nètale yon fason pou l te ka jwenn byenfè sa pote, li te kapab pran yon angajman avè l pou sa. Men sa Lalwa te di: “Si esklav la di: Mwen renmen mèt mwen, mwen renmen madanm mwen ak pitit mwen yo, mwen pa vle vin lib ankò, enben, lè sa a, mèt la va mennen l devan Bondye. L’a fè l pwoche bò pòt la, osinon bò chanbrann pòt la, l’a pèse zòrèy li ak yon bagay pwenti. Konsa esklav la va rete ap sèvi li jouk li mouri.” —Egz. 21:5, 6.

6, 7. a) Ki jan moun jwenn byenfè lè yo siyen yon kontra? b) Ki sa sa montre sou relasyon nou gen avèk Jewova a?

6 Maryaj se yon domèn ki mande pou yon moun pran yon angajman ki serye anpil. Moun ki marye yo pran yon angajman youn anvè lòt, e se pa jis yon akò ekri yo fè. Yon fi ak yon gason k ap viv ansanm san yo pa marye pap janm ka santi yo vrèman an sekirite, ni pitit yo genyen yo nonplis. Men, moun ki marye yo pran yon angajman youn ak lòt, e selon Labib, sa ba yo obligasyon pou yo chèche rezoud pwoblèm yo rankontre yo avèk amou. —Mat. 19:5, 6; 1 Kor. 13:7, 8; Ebre 13:4.

7 Nan tan biblik yo, moun te konn fè kontra nan domèn biznis ak travay, e sa te pote anpil byenfè pou yo (Mat. 20:1, 2, 8). Jodi a, se menm bagay la tou. Pa egzanp, nou jwenn byenfè lè nou siyen kontra ak yon moun. Nou konn fè sa lè n ap fè yon biznis ak yon moun oswa lè n ap kòmanse travay nan yon konpayi. Donk, si yon angajman ka ranfòse yon amitye, yon maryaj e si li ka fè yon moun santi l an sekirite nan yon travay, imajine jan sa ka gen bon efè sou relasyon w ak Jewova! Yon moun ki vwe tèt li totalman bay Jewova pa ka pa jwenn byenfè! Kounye a, annou egzamine ki jan pèp Izrayèl tan lontan an te jwenn byenfè lefètke li te vwe bay Jewova Dye e sa k fè se pa t yon senp angajman.

Byenfè nasyon Izrayèl la te jwenn lefètke li te vwe bay Bondye

8. Lè pèp Izrayèl la te vwe tèt li bay Bondye, ki sa sa te vle di?

8 Tout nasyon Izrayèl la te vwe tèt li bay Jewova. Jewova te rasanble yo toupre mòn Sinayi, epi li te di yo: “Si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m’ap chwazi pou moun pa m nan mitan tout pèp ki sou latè.” Tout pèp la reponn ansanm, yo di: “N’a[p] fè tou sa Senyè a di nou fè.” ​(Egz. 19:4-8). Lè Izrayelit yo te vwe tèt yo bay Bondye, yo te fè plis pase pran angajman pou yo fè yon bagay. Sa te vle di se Jewova ki mèt yo, e se sa k fè Jewova te boule avèk yo antanke ‘moun pa l’.

9. Ki byenfè pèp Izrayèl la te jwenn lefètke li te vwe tèt li bay Bondye?

9 Izrayelit yo te jwenn byenfè lefètke se Jewova ki te mèt yo. Jewova te demontre li fidèl ak yo e li te pran swen yo tankou yon papa oswa yon manman ki gen lanmou pou pitit li pran swen pitit li. Men sa Bondye te di Izrayèl: “Eske yon manman ka bliye pitit l’ap bay tete a? Eske li ka pa sansib pou pitit li pote nan vant li a? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p’ap janm bliye nou!” (Iza. 49:15). Jewova te bay Izrayelit yo Lalwa pou gide yo, pwofèt pou ankouraje yo ak zanj pou pwoteje yo. Men sa yon salmis te ekri: ‘Li fè pitit Jakòb yo konnen pawòl li. Li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside. Li pa aji konsa ak okenn lòt nasyon.’ ​(Sòm 147:19, 20; li Sòm 34:7, 19; 48:14.) Si Jewova te pran swen nasyon sa a ki te pou li nan tan lontan, se konsa tou l ap pran swen moun ki vwe tèt yo ba li jodi a.

Rezon ki fè nou ta dwe vwe tèt nou bay Bondye

10, 11. Èske lè nou fèt nou fè pati fanmi Bondye a? Esplike poukisa.

10 Gen moun ki ta renmen vwe tèt yo bay Bondye e ki ta renmen batize, men ki kapab poze tèt yo kesyon sa a: ‘Poukisa mwen pa ka sèvi Bondye san m pa vwe tèt mwen ba li?’ Rezon an parèt byen klè lè nou konsidere nan ki sitiyasyon nou ye. Pa bliye, akoz peche Adan an, pa gen youn nan nou ki fèt nan fanmi Bondye a (Wom. 3:23; 5:12). Lè nou vwe tèt nou bay Bondye, nou ranpli yon kondisyon ki trèzenpòtan ki pèmèt li aksepte nou nan fanmi l lan. Annou wè poukisa.

11 Nou chak gen yon papa ki te ban nou lavi, men pa gen youn nan papa sa yo ki te ka bay pitit li lavi toutbon an, sa vle di lavi nan lapèfeksyon (1 Tim. 6:19). Nou pa fèt tou pitit Bondye paske lè de premye moun yo te peche a, sa te fè lèzòm vin separe ak Papa yo, Kreyatè yo a, ki renmen yo. (Konpare ak Detewonòm 32:5.) Depi lè sa a, lèzòm vin pa fè pati fanmi Jewova a, yo vin lwen Bondye.

12. a) Ki jan lèzòm ki enpafè kapab vin fè pati fanmi Bondye a? b) Ki etap nou dwe franchi anvan nou batize?

12 Malgre sa, nou chak kapab mande Bondye pou l aksepte nou fè pati fanmi l lan antanke sèvitè l *. Piske nou se pechè, ki jan sa fè posib? Apot Pòl te ekri pawòl sa yo: “Lè nou [te] lènmi Bondye, li [te] rekonsilye nou avèk li grasa lanmò Pitit li a.” ​(Wom. 5:10, Bib Kreyòl La). Lè nou batize, nou fè Bondye demann pou l ban nou yon bon konsyans yon fason pou l ka aksepte nou (1 Pyè 3:21). Men, anvan nou batize, gen lòt etap nou dwe franchi. Nou dwe aprann konnen Bondye, aprann gen lafwa nan li, repanti epi chanje fason n aji (Jan 17:3; Tra. 3:19; Ebre 11:6). Men, gen yon lòt bagay ankò pou nou fè anvan Bondye aksepte nou nan fanmi l lan. Ki sa?

13. Poukisa li apwopriye pou yon moun vwe tèt li bay Bondye anvan li vin fè pati adoratè l yo ki gen apwobasyon l e ki fòme yon fanmi?

13 Anvan pou yon moun ki te lwen Jewova kapab vin fè pati fanmi l lan, ki fòme ak sèvitè l li bay apwobasyon l, li dwe fè Jewova yon pwomès solanèl. Annou pran yon egzanp pou nou ka konprann. Imajine yon papa, yon moun respektab, ki montre li enterese avèk bonte nan yon jèn ki pa gen ni manman ni papa. E li ta renmen adopte l kòm pitit li. Tout moun konnen papa sa a se yon bon moun. Men, anvan l adopte jèn nan kòm pitit li, li mande l pou l fè yon pwomès. Li di l konsa: “Anvan m aksepte w kòm pitit mwen, mwen vle konnen si w ap renmen m e si w ap respekte m kòm papa w.” Se sèlman si jèn sa a aksepte fè pwomès la mesye a ap aksepte l antre nan fanmi l. Èske sa pa rezonab? Menm jan an tou, se sèlman moun ki aksepte pou yo vwe tèt yo bay Jewova Jewova aksepte nan fanmi l lan. Men sa Bib la di: “Se pou nou ofri tèt nou ba li kòm yon sakrifis vivan ki vwe ba li e ki akseptab pou li.” —Wom. 12:1, The New English Bible.

Lè yon moun fè sa, li montre li gen lanmou ak lafwa

14. Nan ki sans, lè nou vwe tèt nou bay Bondye, se montre nou montre nou renmen l?

14 Lè nou vwe tèt nou bay Bondye, nou montre nou renmen l ak tout kè nou. Sou kèk aspè, se menm bagay ak lè moun k ap marye fè yon ve. Yon kretyen k ap marye demontre li renmen fiyanse l lè l fè ve pou l rete fidèl avè l kèlkeswa sa k rive. Se pa tankou lè yon moun fè pwomès pou l fè yon bagay, men se yon angajman kretyen sa a pran anvè yon moun. Yon kretyen k ap marye konnen li pap ka gen privilèj pou l viv avèk fiyanse l si li pa fè ve li dwe fè lè de moun ap marye a. Nan menm sans lan, se sèten nou pap kapab jwenn byenfè yon moun jwenn lè l fè pati fanmi Jewova a, si nou pa vwe tèt nou ba li. Donk, byenke nou enpafè, nou vwe tèt nou bay Bondye, paske nou vle se li ki pou mèt nou e nou detèmine pou nou rete fidèl ak li, kèlkeswa sa k rive. —Mat. 22:37.

15. Poukisa nou kapab di se lafwa nou genyen an ki pouse nou vwe tèt nou bay Bondye?

15 Lè nou vwe tèt nou bay Bondye, nou montre nou gen lafwa. Poukisa nou di sa? Lafwa nou gen nan Jewova a fè nou gen konfyans sa ap bon pou nou si nou pwoche bò kote l (Sòm 73:28). Nou konnen li pap toujou fasil pou nou mache avèk Bondye nan mitan “jenerasyon moun kòwonpi, moun pèvèti” n ap viv ladan l lan, men nou kwè nan pwomès Bondye fè pou l ede nou reyisi nan efò n ap fè nan sans sa a (Fil. 2:15; 4:13). Nou konnen nou enpafè, men nou gen konfyans Jewova ap fè nou mizèrikòd lè nou fè yon fot. (Li Sòm 103:13, 14; Women 7:21-25.) Nou gen lafwa Jewova ap rekonpanse nou poutèt nou pran detèminasyon pou nou rete entèg devan l. —Jòb 27:5.

Lè nou vwe tèt nou bay Bondye, sa fè nou gen kè kontan

16, 17. Sa k fè lè nou vwe tèt nou bay Jewova, sa fè nou gen kè kontan?

16 Lè nou vwe tèt nou bay Jewova, sa fè nou gen kè kontan, paske sa mande pou nou ba l tout nou menm. Jezi te bay yon verite ki enpòtan anpil lè l te di: “Gen plis benediksyon [“kè kontan”, NW] pou moun k’ap bay pase pou moun k’ap resevwa.” ​(Tra. 20:35). Jezi te jwenn anpil kè kontan nan ministè l sou tè a paske li te depanse l pou l ede anpil moun. Pou l te ede lòt moun jwenn chemen lavi a, li te konn pa pran repo, li te konn pa manje e li te konn bay vag sou konfò l, lè sa te nesesè (Jan 4:34). Jezi te pran plezi pou l fè kè Papa l kontan. Li te di: “Mwen toujou fè sa ki fè l plezi.” —Jan 8:29; Pwo. 27:11.

17 Jezi te montre disip li yo fason pou yo viv pou yo jwenn satisfaksyon lè l te di yo: “Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li.” ​(Mat. 16:24). Si nou fè sa, n ap vin pi pwòch Jewova. Èske gen yon lòt moun nou ka lage kò nou nan men l konsa e ki ka pran swen nou avèk plis lanmou?

18. Sa k fè lè nou viv ann amoni ak ve nou fè bay Jewova, nou gen plis kè kontan pase si nou te bay tout nou menm pou nou fè yon bagay oswa si nou te vwe tèt nou bay yon lòt moun?

18 Lè nou vwe tèt nou bay Jewova epi nou viv ann amoni ak ve nou fè a, sa vle di lè nou fè volonte l, sa fè nou gen plis kè kontan pase si nou te bay tout nou menm pou nou fè yon bagay oswa si nou te vwe tèt nou bay nenpòt lòt moun. Pa egzanp, gen anpil moun ki konsakre tout lavi yo nan chèche richès materyèl, men yo pa gen kè kontan toutbonvre e yo pa jwenn vrè satisfaksyon an. Sepandan, moun ki vwe tèt yo bay Jewova yo gen kè kontan nètale (Mat. 6:24). Yo gen privilèj pou yo travay kòm “konpayon travay Bondye”, e sa fè yo gen kè kontan. Yo pa vwe tèt yo bay yon travay, men yo vwe tèt yo bay Bondye nou an, yon Bondye ki apresye sa moun fè nan sèvis li (1 Kor. 3:9, NW). Pa gen okenn lòt moun ki te ka plis apresye espri sakrifis yo demontre a pase l. Li pral menm fè moun ki fidèl ki fin vyeyi yo vin jèn ankò yon fason pou l ka kontinye pran swen yo pou toutan. —Jòb 33:25; li Ebre 6:10.

19. Ki privilèj moun ki vwe tèt yo bay Jewova yo genyen?

19 Lefètke nou vwe tèt nou bay Jewova, nou vin gen yon relasyon sere sere avè l. Men sa Labib di: “Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou.” ​(Jak 4:8; Sòm 25:14). Nan atik ki vin apre a, nou pral pale sou rezon ki fè nou kapab gen asirans nou fè yon bon chwa lè nou chwazi sèvi Jewova.

[Nòt anba paj]

^ § 12 Se nan fen rèy mil an an “Lòt mouton” Jezi yo ap vin pitit Bondye. Men, piske yo vwe tèt yo ba li, li apwopriye pou yo rele l “Papa” yo e li apwopriye pou li konsidere yo kòm moun ki fè pati fanmi adoratè l yo. —Jan 10:16; Iza. 64:8; Mat. 6:9; Rev. 20:5.

Ki repons nou ta bay?

• Ki sa sa vle di pou yon moun vwe tèt li bay Bondye?

• Lè nou vwe tèt nou bay Bondye, ki byenfè nou jwenn?

• Poukisa kretyen yo dwe vwe tèt yo bay Jewova?

[Kesyon]

[Foto nan paj 6]

Lè nou viv ann amoni ak ve nou fè bay Bondye a, sa fè nou gen kè kontan nètale.