Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se paske Jewova fè nou favè ki fè nou se byen l

Se paske Jewova fè nou favè ki fè nou se byen l

Se paske Jewova fè nou favè ki fè nou se byen l

“Se byen Jewova nou ye.” —WOM. 14:8.

1, 2. a) Ki privilèj nou genyen? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

NASYON Izrayèl la te gen yon privilèj san parèy lè Jewova te di l: “Se nou menm m’ap chwazi pou moun pa m nan mitan tout pèp ki sou latè.” ​(Egz. 19:5). Jodi a, moun ki fè pati kongregasyon kretyen an gen yon privilèj tou lefètke se byen Jewova yo ye (1 Pyè 2:9; Rev. 7:9, 14, 15). Se yon privilèj k ap fè nou jwenn byenfè pou toutan.

2 Se vre se yon privilèj nou genyen lè se byen Jewova nou ye, men tou, se yon responsablite. Gen moun ki ka poze tèt yo kesyon sa a: ‘Èske m ap kapab rive fè sa Jewova atann de mwen yo? Si m ta tonbe nan peche, èske li pap rejte m? Lefètke se byen Jewova m ap ye, èske sa pap fè m pèdi libète m?’ L ap bon pou nou egzamine kesyon sa yo. Men, toudabò, nou bezwen reflechi sou yon lòt kesyon: Ki byenfè yon moun jwenn lè se byen Jewova li ye?

Lefètke se byen Jewova nou ye, sa fè nou gen kè kontan

3. Ki jan desizyon Rahab te pran pou l sèvi Jewova a te fè l jwenn byenfè?

3 Èske moun ki pou Jewova yo jwenn byenfè lefètke yo pou li? Annou konsidere ka Rahab, yon pwostitye ki t ap viv nan vil Jeriko. Pa gen dout li te leve nan adore fo dye Kanaran yo, yon adorasyon ki te kòwonpi. Sepandan, lè l te tande pale de viktwa Jewova te bay pèp Izrayèl la, li te vin konprann se Jewova ki vrè Dye a. Se sa k fè li te riske lavi l pou l pwoteje moun ki te fè pati pèp Bondye te chwazi a e li te lage lavi li nan men yo. Men sa Labib di: “Eske se pat poutèt sa [Rarab, fanm movèz vi a,] te fè a Bondye te fè l gras, lè l te resevwa mesaje jwif yo, lè l te fè yo pran yon lòt wout pou tounen lakay yo?” ​(Jak 2:25). Imajine byenfè li te jwenn lè l te vin fè pati pèp Bondye a, yon pèp ki te pwòp, yon pèp Bondye te aprann mache nan chemen lanmou ak jistis grasa Lalwa. Se pa ti kontan li dwe te kontan lè l te sispann viv fason l te konn viv anvan an! Li te marye ak yon Izrayelit e li te gen yon pitit gason, Bowaz, ki te vin yon gwo sèvitè Bondye. —Joz. 6:25; Rit 2:4-12; Mat. 1:5, 6.

4. Ki byenfè Rit te jwenn lefètke li te pran desizyon pou l sèvi Jewova?

4 Rit, ki te moun Mowab, te pran desizyon tou pou l sèvi Jewova. Lè l te yon timoun, petèt li te konn adore Kemòch ak lòt dye Mowab yo, men li te vin konnen Jewova, vrè Dye a. Li te marye ak yon Izrayelit ki te vin pran refij nan peyi l. (Li Rit 1:1-6.) Annapre, Rit ak Òpa, bèlsè li, te pran wout pou y al Betleyèm ansanm ak bèlmè yo, Nawomi. Men, Nawomi te ankouraje de jèn medam yo retounen lakay yo paske li pa t ap fasil pou y al viv ann Izrayèl. Òpa te ‘tounen al jwenn moun li yo ansanm ak dye l’ap sèvi yo’ vre. Men, Rit li menm pa t fè sa. Li te gen lafwa e li te montre pou kiyès li te vle ye. Men sa li te di Nawomi: “Pa fòse m kite ou! Tanpri, kite m ale avè ou. Kote ou prale, mwen prale avè ou. Kote ou rete, m’a rete avè ou. Se moun pa ou yo ki va moun pa m. Bondye w’ap sèvi a, se li m’a sèvi tou.” ​(Rit 1:15, 16). Piske Rit te chwazi sèvi Jewova, li te jwenn byenfè grasa yon dispozisyon espesyal ki te gen nan Lalwa Bondye a pou moun ki vèv yo, moun ki pòv yo ak moun ki pa gen tè yo. Rit te jwenn kè kontan, pwoteksyon ak sekirite anba zèl Jewova.

5. Ki sa w wè lè w ap gade moun k ap sèvi Jewova fidèlman yo?

5 Petèt ou konnen kèk moun ki gen plizyè dizèn ane depi yo vwe tèt yo bay Jewova e ki pa janm sispann sèvi l fidèlman. Mande yo ki byenfè yo jwenn lefètke y ap sèvi l. Se vre pa gen moun ki pa gen pwoblèm, men nou wè prèv klè ki montre pawòl salmis la te di yo reyèl. Li te di: “Byennere pèp ki gen Jewova pou Bondye” l la! —Sòm 144:15, NW.

Jewova rezonab nan sa l ap atann de nou

6. Poukisa nou pa ta dwe panse nou pap rive fè sa Jewova atann de nou?

6 Petèt w ap mande tèt ou si w ap kapab rive fè sa Jewova atann de ou yo. Li fasil pou w santi ou pap ka rive fè sa Bondye atann nan men sèvitè l yo, ou pap kapab viv ann amoni ak lwa l yo e ou pap kapab pale nan non l. Pa egzanp, Moyiz te santi li pa t ase kalifye lè Jewova t ap voye l al pale ak Izrayelit yo e ak wa Ejip la. Men, Bondye pa t derezonab nan sa l t ap atann de Moyiz. Li te ede l konprann ‘sa pou l fè’. (Li Egzòd 3:11; 4:1, 10, 13-15.) Piske Moyiz te aksepte èd Bondye te ofri l la, li te jwenn lajwa nan fè volonte L. Jewova rezonab menm jan an nan sa l ap atann de nou. Li konnen nou enpafè e li vle ede nou (Sòm 103:14). Lè nou sèvi Bondye antanke disip Jezi, se pa yon bagay ki twòp pou nou, okontrè, se yon bagay ki bay fòs. Anfèt, lè nou fè sa, lòt moun jwenn byenfè e nou fè kè Jewova kontan. Men sa Jezi te di: “Vini jwenn mwen, [...] m’a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye.” —Mat. 11:28, 29.

7. Poukisa w kapab gen konfyans Jewova ap ede w fè sa l ap atann de ou?

7 Jewova ap toujou ban nou ankourajman nou bezwen, depi nou mete konfyans nou nan pisans li. Sandout, Jeremi pa t konn pale avèk kran. Se sa k fè lè Jewova te chwazi l kòm pwofèt, li te di: “Aa! Senyè Bondye sèl mèt! Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale.” Annapre, li te menm di: “Mwen p’ap pale nan non l ankò.” ​(Jer. 1:6; 20:9). Sepandan, grasa ankourajman Jewova te ba li, li te rive preche yon mesaj anpil moun pa t vle tande pandan 40 an. Jewova te ba l asirans plizyè fwa ak pawòl sa yo: “M’ap kanpe la avè ou pou m pwoteje ou, pou m delivre ou.” —Jer. 1:8, 19; 15:20.

8. Ki jan nou montre nou mete konfyans nou nan Jewova?

8 Menm jan Jewova te fòtifye Moyiz ak Jeremi, se konsa tou li kapab ede kretyen yo jodi a pou yo fè sa l ap atann de yo. Sa ki enpòtan ou bezwen fè se mete konfyans ou nan Bondye. Labib di: “Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Senyè a nan tou sa w’ap fè. Li menm, l’a moutre ou chemen pou ou pran.” ​(Pwo. 3:5, 6). Nou montre nou gen konfyans nan Jewova lè nou aksepte èd li ban nou pa mwayen Pawòl li a e pa mwayen kongregasyon an. Si nou kite Jewova dirije nou nan tout sa n ap fè nan lavi a, pa gen anyen k ap anpeche nou rete fidèl ak li.

Jewova pran swen chak moun ki nan pèp li a

9, 10. Ki kalite pwoteksyon Bondye pwomèt l ap bay nan Sòm 91?

9 Gen kèk moun ki gendwa ta renmen vwe tèt yo bay Jewova, men ki kapab pè pou yo pa tonbe nan peche, pou yo pa vin endiy pou yo sèvi Jewova epi pou Jewova pa rejte yo. Erezman, Jewova ban nou pwoteksyon nou bezwen pou nou kenbe relasyon nou gen avè l la ki gen anpil valè pou li. Annou gade ki jan Sòm 91 montre sa.

10 Sòm sa a kòmanse ak pawòl sa yo: “Nenpòt moun ki abite nan kachèt Trèwo a ap jwenn lojman anba lonbray Toupisan an. M ap di Jewova: ‘Ou se refij mwen e ou se fòtrès mwen, ou se Bondye mwen. Se nan ou m ap mete konfyans mwen.’ Paske se li k ap delivre w anba pyèj chasè zwazo a.” ​(Sòm 91:1-3, NW). Remake Bondye pwomèt l ap pwoteje moun ki renmen l e ki mete konfyans yo nan li. (Li Sòm 91:9, 14.) De ki kalite pwoteksyon Bondye ap pale? Jewova te konn pwoteje kèk nan sèvitè l yo fizikman nan tan lontan. Nan kèk ka, li te fè sa pou l pwoteje liy fanmi kote Mesi a t ap soti a. Men, gen anpil lòt sèvitè Bondye ki fidèl yo mete nan prizon, yo toupizi e Satan fè touye yon fason kriyèl pou l fè yo pa kontinye rete fidèl ak Bondye (Ebre 11:34-39). Sèvitè Bondye ki fidèl yo jwenn kouraj yo bezwen pou yo andire sitiyasyon sa yo paske Jewova pwoteje yo espirityèlman yon fason pou yo pa pèdi fidelite yo. Se sa k fè nou kapab konprann Sòm 91 lan se yon pwomès ki ban nou garanti Bondye ap ban nou pwoteksyon espirityèl.

11. Ki sa “kachèt Trèwo a” ye, e ki moun Bondye bay pwoteksyon ladan l?

11 “Kachèt Trèwo a” salmis la pale de li a se yon andwa senbolik kote nou jwenn pwoteksyon espirityèl. Moun ki rete ladan l yo se moun Bondye envite lakay li. E moun sa yo an sekirite. Pa gen anyen, ni pèsonn ki ka mete lafwa yo ak lanmou yo gen pou Bondye an danje (Sòm 15:1, 2; 121:5). Andwa sa a se yon kachèt paske moun ki pa kwayan yo pa konnen sa l ye. Se nan andwa sa a, Jewova pwoteje moun ki di l: ‘Ou se Bondye m. Se nan ou m ap mete konfyans mwen.’ Si nou rete nan refij sa a, nou pa bezwen pè kòmkwa nou ka tonbe nan pyèj Satan, “chasè zwazo a”, epi nou ka pèdi favè Bondye poutèt sa.

12. Ki sa k ka mete relasyon nou ak Bondye an danje?

12 Ki sa k ka mete relasyon nou ak Bondye an danje, yon relasyon ki gen anpil valè? Salmis la te mansyone plizyè danje. Pami yo, gen ‘move maladi k’ap tonbe sou moun nan mitan lannwit ak epidemi k’ap touye moun gwo midi’. (Sòm 91:5, 6.) “Chasè zwazo a” pran anpil moun nan pyèj lè li fè yo gen dezi pou yo suiv pwòp opinyon pa yo olye yo fè sa Bondye mande (2 Kor. 11:3). Li pran lòt moun nan pyèj lè li fè yo vin ava, li fè yo vin ògeye e li fè yo vin materyalis. Gen lòt li twonpe ak yon seri bagay tankou patriyotis, evolisyon ak fo relijyon (Kol. 2:8). E gen anpil moun li pran nan pyèj lè li fè yo tonbe nan relasyon seksyèl imoral. Pyèj sa yo tankou epidemi nan domèn espirityèl e yo fè plizyè milyon moun pèdi lanmou yo te genyen pou Jewova a. —Li Sòm 91:7-10; Mat. 24:12.

Fason pou w pa pèdi lanmou w gen pou Bondye a

13. Ki jan Jewova pwoteje nou kont danje ki menase sante espirityèl nou?

13 Ki jan Jewova pwoteje pèp li a anba danje sa yo ki menase espirityalite yo? Salmis la di: “Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou.” ​(Sòm 91:11). Zanj yo ki nan syèl la gide nou e yo pwoteje nou yon fason pou nou kapab preche bon nouvèl la (Rev. 14:6). Apa zanj yo, ansyen yo pwoteje nou tou kont fo rezònman ki kapab twonpe nou paske yo rete kole sou Ekriti yo nan sa y ap anseye yo. Yo kapab bay moun k ap lite pou yo venk vye etadespri ki gen nan monn nan èd pèsonèl (Tit 1:9; 1 Pyè 5:2). Anplis, “esklav fidèl ki prevwayan an” bay manje espirityèl pou pwoteje nou kont teyori evolisyon an, kont dezi seksyèl imoral ki kapab fè nou tonbe nan peche. Manje espirityèl sa a ede nou pou nou pa kouri dèyè richès, dèyè gwo pozisyon e pou nou evite yon pakèt lòt move dezi ak move enfliyans ki ka fè nou mal (Mat. 24:45). Ki sa k ede w reziste devan bagay sa yo ki menase sante espirityèl ou?

14. Ki jan nou kapab tire pwofi nan pwoteksyon Bondye ban nou an?

14 Ki sa nou dwe fè pou nou rete nan “kachèt” Bondye a, kote nou jwenn pwoteksyon an? Menm jan nou toujou ap chèche pwoteje tèt nou kont yon seri danje, tankou aksidan, krim ak maladi, se konsa tou, nou bezwen toujou chèche pwoteje tèt nou kont danje nan domèn espirityèl. Se sa k fè nou ta dwe toujou byen sèvi ak direksyon Jewova ban nou nan piblikasyon yo, nan reyinyon kongregasyon yo ak nan asanble yo. Nou dwe chèche konsèy nan men ansyen yo. E nou jwenn byenfè lefètke frè ak sè nou yo demontre yon pakèt bèl kalite. An reyalite, lè nou rete pwòch kongregasyon an, sa ede nou vin saj. —Pwo. 13:20; li 1 Pyè 4:10.

15. Poukisa w ta dwe gen konfyans Jewova kapab pwoteje w kont nenpòt bagay ki ta ka fè w pèdi apwobasyon l?

15 Nou pa gen okenn rezon pou nou panse Jewova pa kapab pwoteje nou kont kèlkeswa bagay ki ka lakòz nou pèdi apwobasyon l (Wom. 8:38, 39). Li pwoteje kongregasyon an kont ènmi l yo, kit se ènmi li gen nan lòt relijyon, kit se ènmi li gen nan gouvènman yo. An jeneral, objektif ènmi sa yo se pa touye nou, men se separe nou ak Bondye nou an ki sen. Gen yon pwomès Jewova te fè ki reyalize sou nou. Li te di: “Tout zam y’a fè pou sèvi kont ou yo p’ap fè ou anyen.” —Iza. 54:17.

Kiyès ki ban nou libète?

16. Sa k fè monn nan pa kapab ban nou libète?

16 Lè se byen Jewova nou ye, èske sa fè nou pèdi libète nou? Anfèt, nou pèdi libète nou lè se pou monn nan nou ye. Monn nan lwen Jewova, e dye k ap dirije monn nan se yon dye ki mechan. Li mete moun yo nan esklavaj (Jan 14:30). Pa egzanp, sistèm Satan an sèvi ak presyon ekonomik pou l fè moun yo pèdi libète yo. (Konpare ak Revelasyon 13:16, 17.) Peche gen pouvwa tou pou l twonpe moun e pou l mete yo nan esklavaj (Jan 8:34; Ebre 3:13). Menmsi gen moun ki pa kwayan ki kapab fè konprann yon moun ap jwenn libète si l viv yon fason ki kontrè ak ansèyman Jewova yo, men moun ki koute yo pap pran tan pou yo rann yo kont se esklav yo vin esklav peche ak move fason y ap viv la. —Wom. 1:24-32.

17. Ki libète Jewova ban nou?

17 Sepandan, Jewova ap libere nou anba tout bagay ki ka fè nou mal si nou mete konfyans nou nan li. Sou kèk aspè, sitiyasyon nou ladan l lan sanble ak sitiyasyon yon moun ki gen yon maladi grav ki aksepte pou yon bon chirijyen libere l anba maladi sa a. Nou tout gen yon maladi grav konsa. Maladi sa a se peche nou eritye a. Se sèlman si nou mete konfyans nou nan Jewova, sou baz sakrifis Kris la, nou kapab gen espwa pou nou sove anba move konsekans peche pote pou nou e pou nou viv pou toutan (Jan 3:36). Menm jan nou t ap fè yon chirijyen plis konfyans plis nou tande y ap pale an byen de li, se konsa tou, tank nou kontinye ap aprann plis sou Jewova, se tank n ap gen plis konfyans nan li. Pakonsekan, annou kontinye etidye Pawòl Bondye a avèk swen paske sa ap ede nou renmen L e sa ap ede nou pa pè pou se byen L nou ye. —1 Jan 4:18.

18. Ki byenfè moun ki byen Jewova yo ap jwenn?

18 Jewova bay tout moun libète pou yo chwazi. Men sa Pawòl li a di: “Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo. Renmen Senyè a, Bondye nou an.” ​(Det. 30:19, 20). Li vle nou montre nou renmen l lè nou chwazi sèvi l. Lè Bondye nou renmen an aksepte pou nou vin pa l, sa pa fè nou pèdi libète nou, okontrè, sa fè nou vrèman gen kè kontan, yon kè kontan n ap toujou genyen.

19. Poukisa se yon favè san parèy Jewova fè nou lefètke se byen l nou ye?

19 Antanke pechè, nou pa merite pou yon Bondye ki pafè ta aksepte pou nou vin byen pa l. Se sèlman paske li fè nou favè ki fè sa posib (2 Tim. 1:9). Se sa k fè Pòl te ekri pawòl sa yo: “Si n ap viv, n ap viv pou Jewova, e si nou mouri, nou mouri pou Jewova. Se sa k fè, kit n ap viv, kit nou mouri, se byen Jewova nou ye.” ​(Wom. 14:8, NW). Asireman, nou pap janm regrèt dèske nou te chwazi pou se byen Jewova nou ye.

Ki repons nou ta bay?

• Ki byenfè nou jwenn lè se byen Jewova nou ye?

• Poukisa nou kapab rive fè sa Bondye atann de nou yo?

• Ki jan Jewova bay sèvitè l yo pwoteksyon?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Mande lòt moun ki byenfè yo jwenn lefètke se byen Jewova yo ye.

[Foto nan paj 10]

Ki fason Jewova ban nou pwoteksyon?