Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou bay Bondye glwa chak jou nan lavi nou

Annou bay Bondye glwa chak jou nan lavi nou

Annou bay Bondye glwa chak jou nan lavi nou

“DEPI granmaten, fè m chonje jan ou renmen m anpil. Moutre m chemen pou m pran an.” ​(Sòm 143:8). Se konsa salmis David te priye Jewova. Lè w leve lematen epi w ap remèsye Jewova pou yon lòt jounen lavi li ba ou, menm jan ak David, èske ou mande Jewova pou l gide w nan desizyon w ap pran e pou l ede w aji pi bon fason w ta dwe aji a? Sandout ou fè sa.

Piske nou se sèvitè Jewova ki vwe lavi nou ba li, “kit n’ap manje, kit n’ap bwè, nenpòt kisa n’ap fè”, nou bat pou nou fè l “pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye”. (1 Kor. 10:31.) Nou konprann fason nou viv chak jou ka swa onore Jewova, swa dezonore l. Nou sonje tou Pawòl Bondye a fè konnen Satan ap akize frè Kris yo “lajounen kou lannwit”, men, an reyalite, se tout sèvitè Bondye ki sou tè a nèt l ap akize (Rev. 12:10). Se sa k fè nou detèmine pou nou bay Satan yon repons pou fo akizasyon l yo e pou nou fè kè Jewova kontan lè nou bay Papa nou ki nan syèl la yon sèvis sakre “lajounen kou lannwit”. —Rev. 7:15; Pwo. 27:11.

Annou gade de gwo fason nou ka bay Bondye glwa chak jou nan lavi nou. Premye a se lè nou fikse bon priyorite e dezyèm nan se lè nou demontre konsiderasyon pou lòt moun.

Fason nou kapab respekte ve nou te fè bay Bondye a

Lè nou te vwe lavi nou bay Jewova, nou te demontre nou vle sèvi l ak tout kè nou. Mete sou sa, nou te pwomèt Jewova nou t ap mache nan chemen l yo “chak jou”, sètadi pou toutan (Sòm 61:5, 8). Ki sa nou fè pou nou respekte pwomès sa a? Ki jan nou demontre nou renmen Jewova ak tout kè nou chak jou?

Pawòl Bondye a montre nou responsablite Jewova ban nou yo byen klè (Det. 10:12, 13). N ap jwenn kèk ladan yo nan kare ki gen tit  “Responsablite Bondye ban nou” yo ki nan paj 22. Se Bondye ki ban nou responsablite sa yo, donk yo enpòtan. Men, ki jan nou ka fè pou nou distenge kiyès nan yo ki gen priyorite lè nou gen de oswa twa nan yo pou nou fè anmenmtan?

Sa nou bay premye plas la se sèvis sakre nou an, sa gen ladan l etidye Labib, priye, asiste reyinyon yo epi patisipe nan ministè a (Mat. 6:33; Jan 4:34; 1 Pyè 2:9). Men, se pa tout tan nou nèt nou pase nan aktivite espirityèl yo. Nou bezwen travay, nou bezwen al lekòl e nou gen yon seri lòt responsablite lakay nou. Malgre sa, nou fè tout sa nou kapab pou nou òganize nou yon fason pou travay pwofàn nou ak lòt aktivite nou genyen yo pa anpyete sou aktivite ki gen rapò ak sèvis sakre nou an, tankou asiste reyinyon yo. Pa egzanp, lè n ap planifye pou n al an vakans, nou veye pou n pa rate vizit siveyan sikonskripsyon an, pou n pa rate asanble espesyal, asanble sikonskripsyon oswa kongrè distri. Pafwa, li kapab posib pou nou fè plizyè bagay ansanm. Pa egzanp, nou gendwa pase tan avèk fanmi nou lè nou patisipe nan netwayaj Sal Wayòm nan ansanm. Nou ka sèvi ak moman poz midi nan travay nou pou nou bay kòlèg nou temwayaj. Nou ka sèvi ak moman yo bay rekreyasyon nan lekòl nou pou n bay lòt elèv temwayaj. Chak fwa nou gen yon desizyon oubyen yon chwa pou nou fè nan lavi nou, tankou chèche travay, chwazi sa n ap aprann oubyen chwazi zanmi, nou dwe kite se pi gwo priyorite nou genyen nan lavi a, anpalan de adorasyon Jewova, Papa nou ki nan syèl la, ki ede nou pran desizyon an. —Ekl. 12:13.

Annou montre konsiderasyon pou lòt moun

Jewova vle pou nou montre konsiderasyon pou lòt moun e pou nou aji avèk bonte anvè yo. Sepandan, Satan li menm ankouraje moun pou yo egoyis. Monn li an plen moun ki “renmen tèt yo”, ki “renmen plezi”, e li chaje ak moun k ap “simen pou pwòp chè yo”. (2 Tim. 3:1-5, Bib Kreyòl La; Gal. 6:8, Bib Kreyòl La.) Gen anpil moun ki pa reflechi sou efè aksyon yo genyen sou lòt moun. Vrèman, toupatou, moun yo ap viv selon “lachè”. —Gal. 5:19-21, Bib Kreyòl La.

Se pa ti diferan atitid moun lespri sen Jewova ap dirije yo diferan! Yo demontre yo gen lanmou, byenveyans ak bonte nan fason yo aji ak lòt moun (Gal. 5:22). Pawòl Bondye a di nou pou nou mete bezwen lòt moun anvan bezwen pa nou. Se sa k fè nou pran ka youn lòt toutpandan youn respekte lavi prive lòt (1 Kor. 10:24, 33; Fil. 2:3, 4; 1 Pyè 4:15). Nou demontre yon konsiderasyon espesyal pou kwayan parèy nou. Men, nou fè efò pou nou ede moun ki pa kwayan yo tou (Gal. 6:10). Èske jodi a menm ou ka chèche okazyon pou w montre ou janti ak yon moun ou rankontre? —Gade kare ki gen tit  “Moun ki bezwen nou montre nou gen konsiderasyon pou yo” a ki nan paj 23.

Se pa nan yon moman espesyal oubyen nan yon sikonstans espesyal sèlman nou dwe aji avèk konsiderasyon (Gal. 6:2; Efe. 5:2; 1 Tes. 4:9, 10). Men, se chak jou nou dwe chèche konnen nan ki sitiyasyon lòt moun nou konnen yo ye epi nou bezwen dispoze ede yo si sa nesesè, menmsi sa ta ka deranje nou. Nou dwe pataje avèk yo kèlkeswa sa nou genyen avèk jenewozite, tankou tan nou, sa nou posede, eksperyans nou ak sajès nou. Jewova ban nou asirans lè nou donan ak lòt moun, li menm tou l ap donan avèk nou. —Pwo. 11:25; Lik 6:38.

Yon sèvis sakre “lajounen kou lannwit”

Èske li posib toutbon pou nou bay Jewova yon sèvis sakre “lajounen kou lannwit”? Wi, e nou fè sa lè nou patisipe nan tout aspè nan adorasyon n ap bay Jewova a regilyèman e avèk dilijans (Tra. 20:31). Nou kapab bay sèvis sakre a premye plas nan lavi nou lè nou li Pawòl Bondye a epi nou medite sou li chak jou, lè nou priye regilyèman, lè nou fè efò pou nou la nan tout reyinyon yo e lè nou pwofite tout okazyon nou jwenn pou nou bay temwayaj. —Sòm 1:2; Lik 2:37; Tra. 4:20; 1 Tes. 3:10; 5:17.

Èske pèsonèlman nou bay Jewova yon sèvis sakre konsa? Si wi, annou toujou fè tout sa nou kapab pou nou montre nou vle fè kè l kontan, nou vle bay yon repons kont akizasyon Satan yo e nou vle fè sa chak jou nan tout aspè nan lavi nou. Annou fè efò pou nou bay Jewova glwa nan tout sa n ap fè e nan kèlkeswa sitiyasyon nou twouve nou. Annou kite prensip li yo dirije nou nan pawòl nou ak nan konduit nou e annou kite yo gide nou nan desizyon n ap pran. Annou demontre apresyasyon nou genyen pou fason li pran swen nou avèk amou e pou fason li ede nou lè nou mete tout konfyans nou nan li e lè nou sèvi ak fòs nou nan sèvis li. Anplis, annou aksepte konsèy ak disiplin li ban nou pou redrese nou lè enpèfeksyon nou fè nou pa suiv prensip li yo. —Sòm 32:5; 119:97; Pwo. 3:25, 26; Kol. 3:17; Ebre 6:11, 12.

Annou kontinye viv chak jou pou nou bay Bondye glwa. Lè nou fè sa, n ap jwenn fòs pou nanm nou e Papa nou ki nan syèl la ap pran swen nou avèk amou pou toutan. —Mat. 11:29; Rev. 7:16, 17.

[Kare/Foto nan paj 22]

 Responsablite Bondye ban nou

• Priye souvan. —Wom. 12:12.

• Li Bib la epi etidye l. Aplike sa nou aprann ladan l yo nan lavi nou. —Sòm 1:2; 1 Tim. 4:15.

• Fè lwanj pou Jewova nan mitan kongregasyon an. —Sòm 35:18; Ebre 10:24, 25.

• Bay fanmi nou sa yo bezwen nan domèn materyèl, pran swen yo nan domèn espirityèl ak nan domèn afektif. —1 Tim. 5:8.

• Preche bon nouvèl Wayòm nan epi fè disip. —Mat. 24:14; 28:19, 20.

• Pran swen tèt nou fizikman, espirityèlman e nan domèn afektif, sa ki mande pou nou pran detant k ap reban nou fòs. —Mak 6:31; 2 Kor. 7:1; 1 Tim. 4:8, 16.

• Byen ranpli responsablite nou genyen nan kongregasyon an. —Tra. 20:28; 1 Tim. 3:1.

• Pran swen kay nou ak Sal Wayòm nan. —1 Kor. 10:32.

[Kare/Foto nan paj 23]

 Moun ki bezwen nou montre nou gen konsiderasyon pou yo

• Yon frè oswa yon sè ki aje. —Lev. 19:32.

• Yon moun ki malad oswa ki gen pwoblèm nan domèn afektif. —Pwo. 14:21.

• Yon manm kongregasyon nou an ki gen yon bezwen ijan e nou ka ede l. —Wom. 12:13.

• Yon manm fanmi pwòch nou. —1 Tim. 5:4, 8.

• Yon kwayan parèy nou ki gen konjwen l mouri. —1 Tim. 5:9.

• Yon ansyen k ap travay di nan kongregasyon nou. —1 Tes. 5:12, 13; 1 Tim. 5:17.