Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moun ki chanje monn nan

Moun ki chanje monn nan

Moun ki chanje monn nan

Gen plizyè milya moun ki viv sou tè a e apre sa yo mouri. Pifò nan yo pa t fè okenn bagay estrawòdinè pou moun ta sonje yo. Sepandan, gen kèk nan yo ki te enfliyanse listwa e yo menm enfliyanse lavi w ap mennen chak jou.

OU LEVE nan maten, w ap prepare w pou al travay. Ou limen limyè nan kay la pandan w ap prepare w. Ou pran yon liv oubyen yon jounal pou w li pandan w nan bis la. Ou sonje pou w pran antibyotik yo te preskri w pou w konbat yon maladi w genyen. Jounen w apèn kòmanse, e w gentan pwofite sa kèk moun remakab te fè.

Michael Faraday Fizisyen anglè sa a te fèt an 1791. Se li ki te envante motè elektrik ak dinamo, yon aparèy ki pwodui elektrisite. Dekouvèt li te fè yo pèmèt yo mete elektrisite disponib pou moun itilize.

Ts’ai Lun Se te yon ofisyèl nan lakou anperè a nan peyi Lachin. Se li yo di ki te envante yon metòd pou yo fabrike papye, ozanviwon ane 105 epòk nou an, konsa li vin posib pou yo fè papye an gwo kantite.

Johannes Gutenberg Se Alman sa a ki te envante premye machin près ki gen karaktè ki mobil, ozanviwon ane 1450 yo. Machin sa yo fè bagay yo enprime yo koute pi bon mache. Konsa, moun vin gen aksè ak yon kantite enfòmasyon sou yon pakèt sijè diferan.

Alexander Fleming Se Ekosè sa a, ki te konn fè rechèch, ki te dekouvri yon antibyotik li te rele penisilin nan ane 1928. Kounye a, yo itilize antibyotik anpil pou yo trete yon pakèt maladi mikwòb bay.

Pa gen dout nan sa, dekouvèt ak envansyon kèk moun te fè pèmèt plizyè milya moun jwenn anpil byenfè oubyen yo pèmèt yo gen yon pi bon sante.

Sepandan, gen yon moun ki pi remakab lontan pase tout lòt moun. Yo pa konnen l kòm yon moun ki te fè okenn dekouvèt ni nan domèn syantifik ni nan domèn medikal. Okontrè, mesye sa a, ki te mouri sa gen anviwon 2 000 an, pa t yon moun rich ni li pa t gen yon gwo pozisyon nan sosyete li t ap viv la. Poutan, li te kite yon mesaj ki gen fòs, yon mesaj ki pote espwa ak rekonfò pou moun. Lè anpil moun konsidere kokenn enfliyans mesaj li a gen sou lavi moun toupatou sou latè, yo dakò se li menm ki vrèman chanje monn nan.

Moun sa a se Jezi Kris. Ki mesaj li te preche? E ki efè mesaj li a ka gen sou lavi pa w?