Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jezi Kris: Jis nan ki pwen mesaj li a gen efè sou lavi moun?

Jezi Kris: Jis nan ki pwen mesaj li a gen efè sou lavi moun?

Jezi Kris: Jis nan ki pwen mesaj li a gen efè sou lavi moun?

“Asireman, temwayaj ki dire pi lontan sou mesye saj ki soti Kapènawòm nan sèke li kontinye kapte kè moun ak panse yo avèk anpil dousè *.” —OTÈ GREGG EASTERBROOK.

MO YO gen pouvwa. Lè moun ap pale epi yo itilize pawòl ki gen sajès, pawòl yo byen chwazi, sa ka touche kè moun, sa ka ba yo espwa e sa ka chanje lavi yo. Pa gen okenn moun ki janm di pawòl ki gen plis fòs pase pawòl Jezi Kris. Jezi te bay yon diskou anpil moun jodi a rele Sèmon sou montay la. Men sa yon moun ki te tande Jezi k ap bay diskou sa a te ekri kèk tan apre: “Lè Jezi fin di pawòl sa yo, foul moun yo te sezi tande sa l t’ap moutre yo.” —Matye 7:28.

Jis jodi a, toupatou sou latè, gen moun ki konnen anpil nan pawòl Jezi te di yo. Ann egzamine kèk nan pawòl sa yo ki gen anpil enpòtans.

“Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan anmenmtan.” —Matye 6:24.

“Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l pou yo.” —Matye 7:12.

“Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye.” —Matye 22:21.

“Gen plis benediksyon pou moun k’ap bay pase pou moun k’ap resevwa.” —Travay 20:35.

Men Jezi te fè plis pase annik di pawòl ki ret grave nan memwa moun. Mesaj li t ap preche a te gen pouvwa paske li te fè moun konnen laverite sou Bondye. Li te anseye moun yo sa pou yo fè pou lavi yo vin gen sans toutbonvre. E li te montre yo aklè se Wayòm Bondye a ki solisyon pou tout soufrans lèzòm ap rankontre yo. Pandan n ap egzamine mesaj sa a nan paj ki vin aprè yo, nou pral wè poukisa Jezi kontinye kapte ‘kè plizyè milyon moun ak panse yo avèk anpil dousè.’

[Nòt anba paj]

^ § 2 Se vil Kapènawòm yo konsidere kòm vil kote Jezi te rete nan distri Galile. —Mak 2:1.