Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sa Jezi te anseye sou Bondye

Sa Jezi te anseye sou Bondye

Sa Jezi te anseye sou Bondye

“Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye, esepte Papa a. E pèsonn pa konnen kilès Papa a ye, esepte Pitit la ak moun Pitit la vle revele sa.” —LIK 10:22, BIB KREYÒL LA.

ANVAN premye Pitit Bondye a te vin yon moun sou tè a, li te pase yon kantite tan moun pa ka konte ansanm ak Papa l, yo te pwòch anpil (Kolosyen 1:15). Konsa, Pitit la te vin konnen panse Papa l, santiman l ak fason li aji. Lè Pitit sa a te vin sou tè a kèk tan aprè, antanke Jezi, li te chofe pou l anseye laverite sou Papa l. Nou ka aprann anpil bagay sou Bondye lè nou koute sa Pitit li a di.

Non Bondye Non Bondye, ki se Jewova, te gen yon kokenn enpòtans pou Jezi. Pitit sa a, Papa a renmen anpil, te vle pou lòt moun konnen non Papa l e pou yo itilize l. Non pa Jezi vle di “Jewova se delivrans”. Nan nuit anvan Jezi te mouri a li te anmezi pou l di pawòl sa yo nan yon priyè li te fè Jewova: “Mwen te fè yo konnen non ou.” ​(Jan 17:26, Bib Kreyòl La). Se pa etonan lefètke Jezi te itilize non Papa l e li te fè lòt moun konnen non sa a. Aprè tou, kòman moun ki t ap koute l yo t ap fè konprann laverite sou Jewova si yo pa menm konn non l e si yo pa konnen sa non sa a reprezante *?

Kokenn lanmou Bondye genyen Yon lè, men sa Jezi te di nan yon priyè li t ap fè Bondye: “Papa, [...] ou te renmen mwen depi anvan ou te kreye lemonn.” ​(Jan 17:24, Bib Kreyòl La). Piske Bondye te renmen Jezi anpil lè l te nan syèl la, lè Jezi te vin sou tè a li te chèche fè moun konnen lanmou sa a ak tout bèl fasèt ki ladan l.

Jezi te montre Jewova gen yon lanmou ki trè vas. Men sa Jezi te di: “Bondye te tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit gason l lan, dekwa pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou yo genyen lavi etènèl.” ​(Jan 3:16, Bib Kreyòl La). Mo grèk lè yo tradui l ki bay “lemonn” nan pa vle di “tè a”. Jan yo itilize l la a, li fè referans ak moun, wi, li fè referans ak tout limanite. Bondye tèlman renmen lèzòm li te bay Pitit ki pi chè pou li a, yon fason pou moun ki fidèl yo ka libere anba peche ak lanmò e pou yo gen posiblite pou yo viv pou toutan. Nou pa ka rive konprann yon kokenn lanmou konsa, yon lanmou ki tèlman pwofon. —Women 8:38, 39.

Jezi te pale konsènan yon verite ki ban nou yon kokenn asirans: Jewova gen anpil lanmou pou chak moun k ap adore l. Jezi te anseye Jewova tankou yon bèje, e pou li chak mouton nan twoupo l la se yon mouton e yo chak gen enpòtans nan je l (Matye 18:12-14). Jezi te di pa menm yon senp tikit pap tonbe atè san Jewova pa konnen. Apre sa, Jezi ajoute: “Ata grenn cheve nan tèt nou, yo tout konte.” ​(Matye 10:29-31). Si Jewova gen kapasite pou l remake menm yon tikit ki manke nan yon nich byen presi, ale wè pou nou menm lèzòm! Èske l pa gen kapasite plis toujou pou l remake chak moun k ap adore l e pou l gen sousi pou yo chak? Si Jewova ka konte chak branch cheve ki nan tèt nou e li wè yo chak, èske gen yon detay nan lavi nou li pa ka wè, tankou sa nou bezwen, bagay n ap lite kont yo, bagay ki enkyete nou?

Papa l ki nan syèl la Jan nou sot wè sa nan atik ki vin anvan an, Jezi se sèl Pitit Bondye fè a. Li pa etonan lefètke byen souvan lè Pitit sa a Jewova renmen anpil la, ap pale ak Jewova e lè l ap pale de Jewova li rele l “Papa”. Anfèt, premye fwa yo rapòte pawòl Jezi yo, pawòl li te di nan tanp lan lè li te gen 12 an, li te pale de Jewova antanke “Papa” l (Lik 2:49, Bib Kreyòl La). Mo “Papa” a parèt anviwon 190 fwa nan Evanjil yo. Jezi te itilize diferan fason pou l pale de Jewova, li rele l “Papa nou” e li rele l “Papa m”. (Matye 5:16; 6:9; 7:21.) Lefètke Jezi itilize tit sa a libe libè, sa montre li posib pou moun enpafè gen relasyon amikal ak Jewova, yon relasyon ki baze sou konfyans.

Li gen mizèrikòd e li prèt pou l padone Jezi te konnen antanke imen enpafè nou bezwen Jewova manifeste anpil mizèrikòd anvè nou. Nan parabòl Jezi te bay sou pitit gason gaspiyè a, li te konpare Jewova ak yon papa ki gen anpil konpasyon, yon papa ki konn padone e ki ouvri de bra l pou l resevwa pitit li ki repanti ki retounen vin jwenn li (Lik 15:11-32). Kidonk, pawòl sa yo Jezi te di yo ban nou asirans Jewova ap chèche tout ti chanjman yon moun ki peche fè nan kè l, chanjman ki ka bay Jewova yon baz pou l montre mizèrikòd anvè moun ki peche a. Jewova prèt pou l padone moun ki fè peche e ki repanti. Men sa Jezi te di: “M ap di nou sa: Se konsa ap gen plis jwa nan syèl la pou yon sèl pechè ki repanti, pase pou katrevendiznèf moun jis ki pa bezwen repantans.” ​(Lik 15:7, Bib Kreyòl La). Ki moun ki pa t ap santi yon Bondye ki gen mizèrikòd konsa atire l?

Sila ki konn tande priyè a Anvan Jezi te vin sou tè a, nan syèl la, kote li te ye a, li te wè ak pwòp je l jan Jewova se yon Bondye ki konn tande priyè, yon Bondye ki pran plezi nan priyè sèvitè li yo ki fidèl fè (Sòm 65:2). Pou rezon sa a, pandan ministè Jezi sou tè a, li te anseye moun ki t ap koute l yo fason pou yo priye e li te aprann yo sa pou yo mande nan priyè yo. Li te ba yo konsèy pou yo “pa plede repete yon bann pawòl pou gremesi”. Li te ankouraje moun yo pou yo priye pou volonte Bondye fèt ‘sou latè, tankou l fèt nan syèl la’. Nou menm tou, nou ka priye pou nou jwenn sa nou bezwen chak jou, nou ka priye pou nou jwenn padon pou peche nou e pou nou reziste devan tantasyon (Matye 6:5-13). Jezi te anseye moun yo Jewova reponn priyè sèvitè L yo, li ba yo sa yo mande l ak senserite e ak lafwa, menm jan yon papa konn fè sa pou pitit li. —Matye 7:7-11.

Pa gen dout, Jezi te fè tout sa l kapab pou l anseye moun yo laverite sou Jewova e li te aprann moun yo ki kalite Bondye Jewova ye. Men, gen yon lòt bagay ankò Jezi te chofe pou l te aprann moun yo sou Jewova. Se mwayen Jewova t apral itilize pou l pote chanjman nan lemonnantye yon fason pou L reyalize objektif li genyen ni pou tè a ni pou moun k ap viv sou li yo. Anfèt, se aspè sa a nan mesaj Jezi a ki te tèm predikasyon l lan.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Non Jewova parèt anviwon 7 000 fwa nan tèks orijinal Bib la. Sans non sa a genyen se: “M ap vin tounen sa m ap vin tounen.” ​(Egzòd 3:14, NW). Bondye ka tounen kèlkeswa sa l jije ki nesesè pou l reyalize objektif li genyen. Konsa, non Bondye se garanti Bondye ap toujou veridik ak tèt li, e kèlkeswa pwomès li fè, l ap reyalize l.