Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jezi Kris: Ki efè mesaj li a gen sou ou?

Jezi Kris: Ki efè mesaj li a gen sou ou?

Jezi Kris: Ki efè mesaj li a gen sou ou?

“Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l an kantite.” —JAN 10:10.

JEZI KRIS te vin sou latè sitou pou l bay, se pa t pou l resevwa. Grasa ministè l, li te bay limanite yon kado ki gen yon kokenn valè: yon mesaj ki fè konnen laverite sou Bondye ak sou volonte L. Moun ki byen reyaji devan mesaj sa a ka mennen yon pi bon lavi depi kounye a. Plizyè milyon vrè kretyen ki gen sou tè a ka rann temwayaj sou sa *. Men, nan fon mesaj Jezi t ap preche a nou jwenn kado ki gen plis enpòtans pase tout lòt kado yo: se lavi pafè li genyen an li te bay pou nou. Byennèt etènèl nou depann de fason nou reyaji devan aspè enpòtan sa a nan mesaj li a.

Sa Bondye ak Kris ban nou Jezi te konnen li gen pou l sibi yon lamò terib nan men ènmi l yo (Matye 20:17-19). Sepandan, men sa l te di nan Jan 3:16, yon pawòl anpil moun byen konnen: “Bondye te tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit gason l lan, dekwa pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou yo genyen lavi etènèl.” ​(Se nou ki mete mo a ann italik; Bib Kreyòl La). Anplis de sa, Jezi te di li vini pou l “bay nanm li [oubyen lavi l] kòm ranson pou anpil moun”. (Matye 20:28, NW.) Poukisa li te di li t ap bay lavi l olye li di yo t ap pran lavi l?

Piske Bondye gen yon kokenn lanmou pou lèzòm, li te pran dispozisyon pou l delivre yo ni anba peche yo eritye a ni anba konsekans peche a: enpèfeksyon ak lanmò. Bondye te fè sa lè l te voye sèl Pitit li fè a sou tè a pou l mouri an sakrifis. Jezi te aksepte fè sa san yo pa fòse l. Li te bay lavi pafè li te genyen antanke moun nan pou nou. Dispozisyon sa a Bondye te pran an, dispozisyon yo rele ranson an, se pi gwo kado Bondye bay limanite *. Se yon kado ki ka fè moun jwenn lavi etènèl.

Ki sa w dwe fè Èske ranson an se yon kado pou ou pèsonèlman? Sa vrèman depann de ou. Ann pran yon egzanp: Imajine yon moun ap lonje yon kado ki nan yon bwat byen vlope ba ou. An reyalite, kado sa a pap vin pa w toutotan w pa lonje men w pou w pran l epi pou w aksepte l. Se menm jan an tou, Jewova ofri w ranson an, men kado sa a pap pou ou si w pa lonje men w pou w pran l epi pou w aksepte l. Kòman w ka rive fè sa?

Jezi te di se moun ki “kwè” nan li k ap jwenn lavi etènèl. Lafwa gen rapò ak fason w ap mennen lavi w (Jak 2:26). Lè yon moun kwè nan Jezi, sa vle di, li viv ann amoni ni ak bagay Jezi te di ni ak bagay li te fè. Pou w rive fè sa, ou dwe aprann konnen Jezi ak Papa l byen. Men sa Jezi te di: “Lavi ki p’ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri.” —Jan 17:3.

Sa gen anviwon 2 000 an, Jezi Kris te preche yon mesaj ki chanje lavi plizyè milyon moun nan lemonnantye. Èske w ta renmen konnen plis bagay nan mesaj sa a? E èske w ta renmen konnen ki sa ou menm ak moun ou renmen yo ka fè pou nou pwofite mesaj sa a, pa kounye a sèlman, men pou toutan? Temwen Jewova yo ap byen kontan ede w.

Atik ki vin aprè yo pral ede w konnen Jezi Kris pi byen, li menm ki te preche yon mesaj ki ka chanje lavi w pou toutan.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Se pa tout moun ki di yo se kretyen ki vrè disip Kris. Moun k ap suiv Jezi toutbon yo se moun ki viv ann amoni ak verite Jezi te anseye sou Bondye ak sou volonte Bondye. —Matye 7:21-23.

^ § 5 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou sa Bib la anseye sou ranson an, gade chapit 5, ki gen tit “Ranson an: pi gwo kado Bondye bay”, nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.