Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Jezi se Mikayèl akanj lan?

Èske Jezi se Mikayèl akanj lan?

Lektè nou yo ta renmen konnen

Èske Jezi se Mikayèl akanj lan?

▪ Repons lan se wi. Nan plizyè kilti, li kouran pou yon moun gen plis pase yon sèl non. Menm bagay la rive pou kèk non moun ki nan Bib la. Pa egzanp yo te rele patriyach Jakòb Izrayèl tou (Jenèz 35:10). Apot Pyè li menm, Bib la pale de li sou plizyè non: Simeyòn, Simon, Pyè, Sefas, ak Simon Pyè (Matye 10:2; 16:16; Jan 1:42; Travay 15:7, 14). Kòman nou ka fè sèten Mikayèl [Michèl] se yon lòt non yo bay Jezi? Annou konsidere prèv biblik ki vin annapre yo.

Bib la pale de Mikayèl [Michèl], kreyati espirityèl pisan an, senk fwa. Non an parèt twa fwa nan liv Dànyèl la. Lè nou li Dànyèl [Danyèl] 10:13, 21, nou wè yo pale de Mikayèl ki te pote sekou bay yon zanj yo te voye. Nan vèsè sa yo, yo rele Mikayèl “youn nan prensipal prens yo” e yo rele l “prens pèp la” ​(NW). Ansuit, nan Dànyèl 12:1 an, nou aprann nan tan lafen an “Mikayèl va leve kanpe, gran prens ki kanpe pou pran defans pitit pèp ou a” ​(NW).

Revelasyon 12:7 se yon lòt vèsè ki mansyone non Mikayèl. Vèsè sa a montre jan “Mikayèl ak zanj li yo” ​(NW) batay nan yon gè ki trèzenpòtan, kote yo rive pimpe Satan Ledyab ak demon l yo deyò nan syèl la.

Remake nan chak vèsè ki mansyone pi wo a, yo dekri Mikayèl kòm yon gèrye, yon zanj k ap batay pou l pwoteje pèp Bondye a. Li menm batay ak Satan, pi gwo ènmi Jewova a.

Nan vèsè 9 liv Jid la, yo rele Mikayèl “akanj” lan. Prefiks “ak” la vle di “prensipal” oswa “chèf”, e nan Bib la yo pa janm itilize mo “akanj” lan o pliryèl. Nan sèl lòt vèsè kote yo mansyone yon akanj, se nan 1 Tesalonisyen 4:16, kote Pòl ap pale de Jezi ki te resisite, men sa l di: “Seyè a [Jezi] li menm ap desann sot nan syèl la ak yon vwa k ap bay lòd, ak yon vwa akanj, ak twonpèt Bondye.” ​(NW). Donk, la a li klè se Jezi Kris menm yo idantifye antanke akanj lan oswa zanj an chèf la.

Sou baz sa nou sot egzamine yo, ki konklizyon nou ka tire? Se Jezi Kris ki Mikayèl akanj lan. Toule de non yo, Mikayèl (ki vle di “Kiyès ki tankou Bondye?”) ak Jezi (ki vle di “Jewova se delivrans”), mete aksan sou wòl li antanke prensipal moun k ap defann souvrènte Bondye. Men sa Filipyen 2:9 di: “Bondye leve l [Jezi ki glorifye] mete chita kote ki pi wo a. Li ba li yon non ki pi gran pase tout lòt non.”

Li enpòtan pou nou note lavi Jezi pa t kòmanse lè l te fèt antanke òm sou tè a. Anvan Jezi te vin sou tè a, yon zanj te vizite Mari pou l di l li pral ansent pa mwayen lespri sen e li dwe rele pitit la Jezi (Lik 1:31). Pandan ministè l, Jezi te pale souvan de lavi li t ap mennen anvan l te vin sou tè a. —Jan 3:13; 8:23, 58.

Kidonk, Mikayèl akanj lan se Jezi anvan l te vin sou tè a. E apre Jezi fin resisite e li retounen nan syèl la, li reprann sèvis li a antanke Mikayèl, zanj an chèf la, “pou glwa Bondye Papa a”. —Filipyen 2:11, Bib Kreyòl La.