Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘Wi, wayòm ou an ap kanpe djanm’

‘Wi, wayòm ou an ap kanpe djanm’

Annou pwoche bò kote Bondye

‘Wi, wayòm ou an ap kanpe djanm’

2 SAMYÈL 7:1-16

TOUTOLON listwa, gen anpil dirijan imen ki pèdi pozisyon yo te genyen paske moun yo t ap dirije yo retire pouvwa a nan men yo. Gen kèk ladan yo se pandan eleksyon yo pèdi pouvwa a, gen lòt se pa lafòs yo mete yo deyò. E Jezi Kris li menm, Wa k ap dirije Wayòm Bondye a ki nan syèl la? Èske gen yon moun oubyen yon bagay ki ka anpeche l dirije antanke Wa Bondye chwazi a? Nou ka jwenn repons lan nan Pawòl Jewova te di David, wa Izrayèl tan lontan an, nan 2 Samyèl chapit 7.

Depi nan kòmansman chapit la, nou aprann David pa santi l alèz, lefètke pou yon senp wa imen ap viv nan yon bèl palè, alòske lach Bondye a te anba yon vyepti tant *. David eksprime jan li ta renmen bati yon kay, oubyen yon tanp ki apwopriye pou Jewova (Vèsè 2). Men, se pa David ki t apral bati kay la. Pa mwayen pwofèt Natàn Jewova di David se yon pitit gason l pito ki pral konstwi tanp lan. —Vèsè 4, 5, 12, 13.

Jewova te apresye dezi David te gen nan kè l pou l konstwi tanp lan. Poutèt fidelite David e pou akonplisman pwofesi yo, Bondye fè yon alyans avè l. Li di wa David li pral chwazi yon moun pami desandan l yo e moun sa a pral dirije pou letènite. Men sa Natàn te di David konsènan pwomès Bondye te fè a: “Wi, mezon w lan ak wayòm ou an ap kanpe djanm devan w pou tan endefini, twòn ou an ap vin tabli yon fason fèm pou tan endefini.” ​(Vèsè 16, NW). Kiyès ki t apral eritye alyans sa a, e ki t ap gen pou l dirije pou toutan an? —Sòm 89:20, 29, 34-36.

Jezi, moun Nazarèt, se te yon desandan David. Lè yon zanj t ap anonse nesans Jezi, men sa li te di: “Bondye, Senyè a, va ba li twòn David, papa li. L ap domine sou ras Jakòb pou tout tan. E, wayòm li a p ap janm fini.” ​(Lik 1:32,33, Bib Kreyòl La). Donk, alyans Jewova te fè ak David la jwenn akonplisman nan Jezi Kris. Kidonk, se pa lèzòm ki chwazi Jezi pou l dirije, men se grasa pwomès solanèl Bondye te fè a ki ba li dwa pou l dirije pou toutan. E nou dwe sonje pwomès Bondye yo toujou reyalize. —Izayi [Ezayi] 55:10, 11.

Gen de leson ki gen anpil valè nou ka aprann nan 2 Samyèl chapit 7 la. Premyèman, nou ka gen asirans pa gen anyen ni pèsonn ki ka anpeche Jezi Kris dirije. Konsa, nou ka gen konfyans li pral reyalize objektif prensipal dominasyon l lan, ki se akonpli volonte Bondye konplètman sou tè a menm jan sa deja fèt nan syèl la. —Matye 6:9, 10.

Dezyèmman, sa aprann nou yon bèl leson sou Jewova. Pa bliye Jewova te wè entansyon ki te nan kè David e sa te gen anpil valè nan je l. Li ankourajan pou nou konnen fidelite nou nan adorasyon n ap bay Jewova a gen anpil valè nan je l. Nan kèk ka, konn gen sitiyasyon nou pa ka kontwole, tankou pwoblèm sante oubyen pwoblèm vyeyès ki ka anpeche nou fè tout sa kè n ta vle nou fè nan sèvis Bondye. Si se sa, nou ka jwenn rekonfò lefètke nou konnen Jewova wè menm entansyon ki nan kè nou, yon kè ki plen lanmou e k ap sèvi l fidèlman.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Lach alyans lan se te yon kòf sakre yo te bati selon enstriksyon ak modèl Jewova te bay. Li te reprezante prezans Jewova nan Izrayèl tan lontan an. —Egzòd 25:22.