Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w suiv Kris ak tout kè w?

Èske w suiv Kris ak tout kè w?

Èske w suiv Kris ak tout kè w?

‘Jan n ap mache a, kontinye fè sa plis toujou.’ —1 TES. 4:1, NW.

1, 2. a) Ki gwo bagay moun nan epòk Jezi yo te wè? b) Poukisa epòk pa nou an se yon epòk estrawòdinè tou?

ÈSKE W janm reflechi sou jan sa dwe te enteresan pou moun ki t ap viv nan epòk Jezi a? Petèt ou gendwa reflechi sou posiblite yo te genyen pou Jezi geri yo anba yon maladi yon fason pou yo sispann soufri. Petèt ou gendwa reflechi tou sou jan sa te enteresan pou yo wè l, pou yo tande l k ap pale e pou yo aprann nan men l oswa pou yo wè l k ap fè yon mirak (Mak 4:1, 2; Lik 5:3-9; 9:11). Ala yon gwo privilèj nou t ap genyen si nou te la lè Jezi t ap fè tout bèl bagay sa yo (Lik 19:37)! Paske, pa gen okenn lòt jenerasyon ki wè bagay sa yo. Lè Jezi te vin sou tè a e “li [te] bay tèt li tankou bèt yo ofri”, li te akonpli anpil bagay pou lèzòm. Sa li te fè a pap janm fèt ankò. —Ebre 9:26; Jan 14:19.

2 Sepandan, epòk pa nou an tou se yon epòk estrawòdinè. Sa k fè sa? Se paske n ap viv nan epòk Ekriti yo dekri kòm tan “pou tout bagay fini” an e kòm “dènye jou yo”. (Dàn. 12:1-4, 9; 2 Tim. 3:1.) Se nan peryòd sa a yo te mete Satan deyò nan syèl la. Talè konsa, yo pral mare l e yo pral lage l “nan gwo twou san fon an”. (Rev. 12:7-9, 12; 20:1-3.) Nan peryòd sa a tou, nou gen yon gwo privilèj pou nou preche “bon nouvèl [...] konsènan wayòm nan” sou tout tè a e pou nou pale moun yo de esperans Paradi a. Travay sa a pap janm fèt ankò. —Mat. 24:14, NW.

3. Yon ti tan anvan Jezi te monte nan syèl la, ki sa li te mande disip li yo pou yo fè, e ki sa sa t apral mande?

3 Yon ti tan anvan Jezi te monte nan syèl la, men sa li te di disip li yo: “N’a sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.” ​(Tra. 1:8). Travay sa a t apral mande pou yo anseye moun sou tout latè. Nan ki objektif? Nan objektif pou yo fè lòt disip Kris anvan lafen an vini (Mat. 28:19, 20). Men, ki sa nou dwe fè si nou vle reyisi nan travay sa a Kris ban nou fè a?

4. a) Dapre pawòl Pyè yo nou jwenn nan 2 Pyè 3:11, 12, ki sa ki enpòtan pou nou fè? b) Ki sa nou bezwen veye?

4 Remake sa apot Pyè te di: “Ki jan de moun nou dwe ye nan aksyon ki montre nou gen yon konduit ki sen e nan aksyon ki montre nou gen atachman pou Bondye, pandan n ap tann e pandan nou toujou kenbe prezans jou Jewova a nan lespri nou.” ​(2 Pyè 3:11, 12, NW). Pawòl Pyè yo montre, nan dènye jou yo n ap viv la, li enpòtan pou nou byen veye pou nou fè aksyon ki montre nou gen atachman pou Bondye. Aksyon sa yo gen ladan yo predikasyon bon nouvèl la. Se sa k fè nou kontan wè fason frè nou yo sou tout tè a ap fè travay sa a Jezi te ba yo fè a avèk zèl! Anmenmtan tou, nou rann nou kont nou bezwen veye pou presyon nou jwenn nan monn Satan an chak jou ansanm ak move tandans nou genyen pa fè nou vin frèt nan sèvis n ap bay Bondye a. Donk, annou egzamine ki jan nou kapab asire nou nou kontinye suiv Kris.

Annou aksepte responsablite Bondye ban nou yo avèk kè kontan

5, 6. a) Pou ki rezon Pòl te felisite kretyen parèy li yo ki te Jerizalèm, e ki avètisman li te ba yo? b) Poukisa nou pa dwe pran responsablite Bondye ban nou yo alalejè?

5 Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen Jerizalèm yo, li te felisite kwayan parèy li yo poutèt yo te andire avèk fidelite anba pèsekisyon yo te jwenn. Men sa li te di: “Chonje sa ki te rive nou nan tan lontan. Lè sa a, nou te fèk fin resevwa limyè Bondye a, nou te soufri anpil. Men, nou te kenbe fèm nan batay la.” Wi, Jewova te sonje yo pou fidelite yo (Ebre 6:10; 10:32-34). Felisitasyon Pòl te bay kretyen ebre sa yo dwe te ankouraje yo anpil. Sepandan, nan menm lèt sa a, li te ba yo yon avètisman. Li te montre yo lèzòm gen yon tandans ki ka fè yo gen mwens zèl nan sèvis y ap bay Bondye a si yo pa kontwole l. Li te di kretyen yo dwe fè atansyon pou yo pa “refize” suiv kòmandman Bondye yo, sa vle di pou yo pa chèche eskiz nan sans sa a. —Ebre 12:25.

6 Avètisman Pòl te bay pou moun ki gen tandans “refize” ranpli responsablite Bondye ba yo valab pou kretyen jodi a tou. Nou rann nou kont nou bezwen pran detèminasyon pou nou pa janm pran responsablite nou genyen antanke kretyen yo alalejè e pou nou pa janm diminye zèl nou nan sèvis n ap bay Bondye a (Ebre 10:39). Anfennkont, lavi nou oswa lanmò nou depann de sèvis sakre nou an. —1 Tim. 4:16.

7, 8. a) Ki sa k ap ede nou kontinye sèvi Bondye avèk zèl? b) Si zèl nou te genyen okòmansman an rafredi, ki sa nou dwe sonje konsènan Jewova ak Jezi?

7 Ki sa k ap anpeche nou chèche eskiz pou nou pa ranpli obligasyon nou genyen anvè Bondye? Youn nan fason nou kapab konbat tandans sa a, se lè nou reflechi regilyèman sou sans ve nou te fè a. Anfèt, nou te pwomèt Jewova se fè volonte l ki t ap pi enpòtan pou nou nan lavi a, e nou vle kenbe pwomès sa a. (Li Matye 16:24.) Se sa k fè pafwa nou bezwen pran yon ti tan pou nou mande tèt nou: ‘Lè m t ap batize mwen te gen detèminasyon pou m respekte ve mwen te fè bay Bondye a. Èske m toujou gen menm detèminasyon sa a? Oubyen, èske avèk letan mwen pèdi zèl mwen te genyen okòmansman an?’

8 Si apre nou fin egzamine tèt nou onètman, nou remake nou yon ti jan ralanti sou sèvis nou, l ap bon pou nou sonje pawòl ankourajan pwofèt Sefànya te di yo: “Pa dekouraje! Senyè a, Bondye nou an, la nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k’ap delivre nou. Li kontan wè sa n’ap fè.” ​(Sef. 3:16, 17). Toudabò, pawòl ankourajan sa yo te konsène Izrayelit nan tan lontan yo ki te retounen Jerizalèm apre yo te pase yon bann tan ann egzil nan Babilòn. Men, yo konsène nou menm tou ki fè pati pèp Bondye a jodi a. Piske travay n ap fè a se travay Jewova, nou pa dwe bliye ni Jewova, ni Pitit li a, Jezi, ap soutni nou e y ap fòtifye nou pou nou ranpli responsablite Bondye ban nou yo (Mat. 28:20; Fil. 4:13). Si nou kontinye fè travay Bondye ban nou an avèk zèl, l ap ede nou pou nou kontinye pwogrese nan domèn espirityèl.

Annou ‘chèche wayòm Bondye a an premye’ avèk zèl

9, 10. De ki sa Jezi t ap pale prensipalman nan parabòl li te bay kote li t ap pale de yon gwo soupe a, e ki leson nou ka tire ladan l?

9 Pandan Jezi t ap manje yon repa lakay yon gwo chèf pami Farizyen yo, li te bay yon parabòl kote li te pale de yon gwo soupe. Nan parabòl sa a, li pale de okazyon divès kalite moun te genyen pou yo fè pati Wayòm syèl la. Li te montre tou ki lè yon moun ap “chèche eskiz” ​(NW). (Li Lik 14:16-21.) Nan parabòl li a, moun yo te envite nan soupe a t ap bay eskiz pou yo pa ale ladan l. Gen youn nan yo ki di li bezwen al gade yon tè li fèk achte. Gen yon lòt ki di li te achte kèk bèf e li bezwen al egzamine yo. Gen yon lòt ankò ki di: “Mwen fèk sot marye, se poutèt sa mwen pa ka ale.” Eskiz sa yo pa t kanpe sou anyen. Paske nòmalman, yon moun ki achte yon tè oswa ki achte yon bèt ap egzamine yo anvan l achte yo. Epi, poukisa yon moun ki fèk marye pa kapab aksepte yon envitasyon ki enpòtan? Nou kapab konprann rezon ki fè, nan parabòl Jezi a, moun ki te lanse envitasyon an te fache.

10 Tout moun ki fè pati pèp Bondye a kapab tire yon leson nan parabòl Jezi a. Ki leson sa a? Nou pa dwe janm kite bagay pèsonèl nou, tankou bagay Jezi mansyone nan parabòl li a, vin tèlman enpòtan pou nou, yo fè nou mete sèvis n ap bay Bondye a sou kote. Si yon kretyen pa kite bagay pèsonèl li nan plas li dwe kite yo a, l ap vin frèt nan ministè a tikras pa tikras. (Li Lik 8:14.) Pou nou anpeche sa rive, se pou nou viv ann amoni ak konsèy Jezi te bay lè l te di: “Chèche wayòm Bondye a ak jistis li, an premye.” ​(Mat. 6:33, Bib Kreyòl La). Ala ankourajan sa ankourajan lè nou wè sèvitè Bondye yo, jèn kou granmoun, suiv bonjan konsèy sa a! Anfèt, gen anpil nan yo ki senplifye lavi yo yon fason pou yo ka fè plis nan ministè a. Dapre eksperyans yo fè, yo konnen lè yon moun ‘chèche wayòm Bondye a an premye’ e li fè sa avèk zèl, l ap jwenn kè kontan toutbon ak anpil satisfaksyon.

11. Ki istwa nan Bib la ki montre li enpòtan pou nou zele e pou nou sèvi Bondye ak tout kè nou?

11 Pou nou ka konprann jan li enpòtan pou nou zele nan sèvis n ap bay Bondye a, remake yon evènman ki te pase nan lavi yon wa ann Izrayèl yo te rele Yewoach. Yewoach te enkyete paske li te konprann peyi Siri t apral anvayi Izrayèl. Se sa k fè li t al kriye bay Elicha. Lè sa a, pwofèt la ba l lòd pou l tire yon flèch nan direksyon Siri. Konsa, li te montre Izrayèl t ap pote laviktwa sou nasyon sa a grasa Jewova. Se sèten sa te dwe bay wa a fòs. Apre sa, Elicha di Yewoach pou l pran flèch li yo epi pou l frape yo atè. Li te fè sa twa fwa. Sa te fè Elicha fache. Paske, si wa a te frape yo atè senk oswa sis fwa, sa t ap vle di li t ap “bat moun peyi Siri yo jouk [li] ta fini nèt nèt ak yo”. Poutèt sa, se twa viktwa sèlman Yewoach t apral genyen e li pa t ap genyen viktwa sa yo nèt. Piske li te montre li manke zèl, li pa t ap gen anpil viktwa (2 Wa 13:14-19). Ki leson nou kapab tire nan istwa sa a? Jewova ap ban nou anpil benediksyon a kondisyon nou fè travay li a ak tout kè nou e avèk zèl.

12. a) Ki sa k ap ede nou pa vin frèt nan sèvis n ap bay Bondye a pandan n ap lite ak pwoblèm nou jwenn nan lavi a? b) Pale de byenfè ou jwenn lè w toujou aktif nan ministè a.

12 Pwoblèm nou jwenn nan lavi a kapab vle fè nou frèt nan sèvis n ap bay Bondye a e yo kapab teste nan ki pwen nou atache ak sèvis n ap ba li a. Gen anpil frè ak sè ki gen pwoblèm ekonomik. Gen lòt ki santi yo dekouraje paske yo gen yon maladi grav, e sa fè yo pa ka fè tout sa yo ta renmen fè nan sèvis Jewova. Sepandan, nou chak nou kapab fè yon seri bagay k ap ede nou pa pèdi zèl nou e k ap ede nou kontinye suiv Kris ak tout kè nou. Tanpri, gade kèk sijesyon ak kèk vèsè ki nan kare ki gen tit “Ki sa k ap ede w kontinye suiv Kris?” la. Gade pou wè ki fason ou kapab aplike yo. Si w fè sa, w ap tire anpil pwofi. Lè nou aktif nan ministè a, sa ede nou pou nou stab nan laverite, sa fè lavi nou pi bèl, sa fè nou plis anpè e sa fè nou gen plis kè kontan (1 Kor. 15:58). Anplis, lè nou sèvi Bondye ak tout nanm nou, sa ede nou “tann jou Bondye a, jou ki gen pou rive a”. —2 Pyè 3:12.

Analize sitiyasyon w onètman

13. Ki jan nou kapab konnen si n ap sèvi Bondye ak tout nanm nou?

13 Sepandan, li bon pou nou sonje se pa kantite tan yon moun pase nan ministè a ki montre si l ap sèvi Bondye ak tout nanm li. Sitiyasyon chak moun pa menm. Yon moun ki pase sèlman youn oswa dezèdtan nan ministè a chak mwa ap fè Jewova plezi si se sa sèlman sante l pèmèt li fè. (Konpare ak Mak 12:41-44.) Donk, pou nou kapab konnen si n ap sèvi Jewova ak tout nanm nou, nou bezwen analize sitiyasyon nou ak kapasite nou onètman. Antanke disip Kris, nou vle vin gen menm pwennvi ak li. (Li Women 15:5; 1 Kor. 2:16.) Ki sa Jezi te bay premye plas nan lavi l? Men sa li te di foul yo nan Kapènawòm: “Fòk mwen anonse bon nouvèl wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se poutèt sa, yo te voye mwen.” ​(Lik 4:43, Bib Kreyòl La; Jan 18:37). Pandan w ap reflechi sou zèl Jezi te montre nan ministè l, analize sitiyasyon pa w pou w wè si w kapab fè plis nan ministè a. —1 Kor. 11:1.

14. Ki diferan fason nou kapab etann ministè nou?

14 Apre nou fin byen analize sitiyasyon nou, nou ka wè gen posiblite pou nou pase plis tan nan ministè a (Mat. 9:37, 38). Pa egzanp, gen plizyè milye nan jèn ki fè pati òganizasyon an ki ogmante patisipasyon yo nan ministè a apre yo fin fè klas yo e ki goute lajwa yon moun jwenn lè l ap sèvi Jewova avèk zèl antanke pyonye. Èske ou menm tou ou pa ta renmen goute lajwa sa a? Gen frè ak sè, apre yo fin analize sitiyasyon yo, ki deside pou yo deplase al nan yon lòt zòn nan peyi yo oswa pou y al nan peyi etranje kote gen plis bezwen pwoklamatè Wayòm nan. Gen lòt toujou ki aprann yon lòt lang pou yo kapab ede moun ki pa pale menm lang ak yo. Byenke li kapab pa fasil pou nou etann ministè nou, si nou fè sa, n ap jwenn anpil benediksyon e nou kapab ede anpil moun “rive konn verite a”. —1 Tim. 2:3, 4; 2 Kor. 9:6.

Egzanp biblik pou nou suiv

15, 16. Egzanp ki moun nou kapab imite ki te zele antanke disip Kris?

15 Ki jan kèk nan apot yo te reyaji lè Jezi te ba yo envitasyon pou yo vin disip li? Konsènan Matye, men sa yon pasaj nan Bib la di: “Li kite tout bagay, li swiv Jezi.” ​(Lik 5:27, 28). Konsènan Pyè ak Andre, ki t ap peche pwason lè Jezi te ba yo envitasyon sa a, men sa nou li: “Menm lè a tou, yo kite filè yo, yo suiv li.” Annapre Jezi te wè Jak ak Jan, ki t ap repare filè yo ansanm ak papa yo. Ki jan yo te reyaji lè Jezi te ba yo envitasyon sa a? Men sa Bib la di: “Menm lè a, yo kite ni [bato a], ni papa yo, epi yo suiv Jezi.” —Mat. 4:18-22, Bib Kreyòl La.

16 Yon lòt egzanp ankò se Sol, ki te vin apot Pòl. Byenke li te konn maltrete kretyen yo avèk vyolans, li te fè chanjman nan lavi l e li te vin ‘yon nonm yo chwazi’ pou pale moun de Kris. Bib la di: “Menm lè a tou, [Pòl] kòmanse bay mesaj la nan sinagòg yo, li t’ap fè moun konnen Jezi se pitit Bondye.” ​(Tra. 9:3-22). Byenke Pòl te jwenn anpil difikilte ak pèsekisyon, li pa t janm pèdi zèl li. —2 Kor. 11:23-29; 12:15.

17. a) Ki sa w dispoze fè pou w suiv Kris? b) Ki benediksyon nou jwenn lè nou fè volonte Bondye ak tout kè nou e ak tout fòs nou?

17 Se sèten nou vle imite bèl egzanp disip sa yo te bay e nou vle aksepte envitasyon pou nou vin disip Jezi a san pèdi tan e ak tout nou menm (Ebre 6:11, 12). Ki benediksyon nou jwenn lè nou kontinye suiv Kris avèk zèl e ak tout kè nou? Nou jwenn kè kontan lefètke n ap fè volonte Bondye e nou jwenn satisfaksyon lè nou aksepte plis privilèj nan kongregasyon an. (Sòm 40:8; li 1 Tesalonisyen 4:1.) Wi, lè nou depanse nou pandan n ap suiv Kris, nou jwenn yon seri benediksyon: lespri nou anpè, nou jwenn satisfaksyon ak kè kontan, nou gen favè Bondye ak esperans pou nou jwenn lavi etènèl. —1 Tim. 4:10.

Èske nou sonje?

• Ki travay enpòtan yo konfye nou, e ki jan nou dwe konsidere travay sa a?

• Ki tandans lèzòm genyen nou bezwen fè atansyon ak li, e poukisa?

• Ki analiz nou dwe fè onètman?

• Ki sa k ap ede nou kontinye suiv Kris?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 27]

Ki sa k ap ede w kontinye suiv Kris?

▪ Li Pawòl Bondye a chak jou epi medite sou sa w li. —Sòm 1:1-3; 1 Tim. 4:15.

▪ Priye souvan pou lespri Bondye ede w e pou l gide w. —Zek. 4:6; Lik 11:9, 13.

▪ Frekante moun ki montre yo vrèman zele nan ministè a. —Pwo. 13:20; Ebre 10:24, 25.

▪ Ou bezwen rekonèt epòk n ap viv la se yon epòk ki mande pou w aji ann ijans. —Efe. 5:15, 16.

▪ Ou bezwen rekonèt konsekans yo ap grav si w “chèche eskiz” pou w pa fè sa w dwe fè. —Lik 9:59-62.

▪ Pran abitid reflechi sou ve ou te fè a ak sou pakèt benediksyon ou jwenn poutèt w ap sèvi Jewova e w ap suiv Kris ak tout kè w. —Sòm 116:12-14; 133:3; Pwo. 10:22.