Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Bondye lage nou?

Èske Bondye lage nou?

Èske Bondye lage nou?

“O, Jewova, poukisa w kontinye rete lwen? Poukisa w rete kache nan moman detrès yo? *”—SÒM 10:1, NW.

LÈ W gade tit kèk jounal, sa ka fè w wè n ap viv nan “moman detrès”. Lè malè frape nou, pa egzanp, lè nou sibi yon krim, nou fè yon aksidan grav oswa lè nou gen yon moun pa nou ki mouri, nou kapab poze kesyon sa yo: ‘Èske Bondye wè sa k pase a? Èske sa pa di l anyen? Èske l egziste vre?’

Men, èske w konn mande tèt ou si li posib pou sa w ap atann de Bondye yo chita sou yon fo rezònman? Pou w konprann sa, annou pran yon egzanp. Imajine yon timoun ki fache paske papa l al travay. Timoun nan anvi wè papa l e li ta renmen pou papa l antre lakay. Li santi l poukont li. Pandan jounen an, l ap plede mande: “Kote papa m?”

Li fasil pou nou wè fay ki gen nan fason timoun nan wè bagay yo. Anfèt, nan moman sa a, papa l al travay pou l pran swen fanmi an. Èske sa posib tou pou gen yon fay nan fason nou wè bagay yo lè n ap mande: “Kote Bondye te ye”?

Pa egzanp, gen moun ki ta renmen pou Bondye aji tankou yon bouwo pou l pini moun ki fè sa ki mal. Gen lòt ki konsidere Bondye tankou tonton Nwèl ki la sèlman pou l bay moun kado tankou yon travay, yon mari, yon madanm oswa menm yon boul bòlèt pou yo genyen nan lotri.

Tout moun sa yo panse si Bondye pa fè nou jistis tousuit oswa si l pa ban nou yon bagay nou mande l, se paske li pa gen kè sansib pou nou lè n ap soufri e li pa konnen sa nou bezwen. Sepandan, pwennvi sa a pa kòrèk. Alaverite, kounye a menm Jewova Dye ap travay pou l pran swen limanite, men se pa fason anpil moun ap mande l pou l fè sa.

Alò, èske Bondye lage nou? Pou nou reponn kesyon sa a, nou bezwen gade kòmansman istwa lèzòm nan moman relasyon Bondye ak lèzòm te vin andomaje yon fason ki grav, men, pa nan pwen pou l pa ka ranje.

Move konsekans peche pote

Imajine yon kay ki an movèzeta pandan plizyè ane. Tèt kay la anfonse, pòt yo demonte e pa deyò kay la byen lèd. Yon lè, kay sa a te byen bèl, men li pa bèl ankò. Pou kantite domaj kay sa a genyen, sa ap mande anpil reparasyon e se pa yon travay k ap fèt nan yon ti moman.

Kounye a, annou konsidere domaj limanite sibi pandan anviwon 6 000 an, depi lè yon espri envizib, Satan, te sedui Adan ak Èv pou l fè yo rebele kont Bondye. Anvan sitiyasyon sa a, de premye moun yo te gen yon sante pafè e yo te gen espwa pou yo viv pou toutan ansanm ak tout desandan yo t apral genyen yo (Jenèz 1:28). Sepandan, lè Adan ak Èv te peche a, se kòmsi yo te ravaje fanmi yo t apral genyen an anvan menm li te egziste.

Pinga w souzestime move konsekans rebelyon sa a pote. Men sa Labib di: “Se poutèt yon sèl moun [Adan] peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò.” ​(Women 5:12). Nonsèlman peche a pote lanmò pou nou, men tou, li andomaje relasyon nou ak Kreyatè nou an e li gen konsekans sou kò nou, sou lespri nou e sou santiman nou. Sa fè nou nan yon kondisyon kote nou sanble ak yon kay ki nan yon eta deplorab. Jòb, yon nonm ki te jis, te rezime sitiyasyon nou ladan l lan avèk reyalis lè l te di: “Lavi nou kout, men li pa manke traka!” —Jòb 14:1.

Men, èske Bondye te lage lèzòm apre Adan ak Èv te fin peche? Non. Okontrè, depi lè sa a pou rive jis jodi a, Papa nou ki nan syèl la ap travay pou byen lèzòm. Pou nou ka apresye plis toujou sa l ap fè pou nou kounye a, annou egzamine twa etap ki enpòtan nan reparasyon yon kay e annou egzamine ki jan chak etap sa yo gen rapò ak sa Bondye deja ap fè pou l repare tout sa limanite sibi.

1 Apre mèt yon kay ki gen domaj fin fè enspeksyon kay la, li dwe deside si l ap repare l oswa si l ap kraze l nèt.

Tousuit apre rebelyon ann Edenn nan, Jewova Dye te anonse objektif li genyen pou l repare tout sa limanite sibi. Li te di espri envizib ki te pouse moun yo rebele a pawòl sa yo: “Ou menm ak fanm lan, m’ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w’ap mòde l nan talon pye l.” —Jenèz 3:15.

Nan pawòl sa yo, Jewova te pwomèt l ap detwi zanj ki te pouse de premye moun yo rebele nan jaden Edenn nan (Women 16:20; Revelasyon 12:9). Anplis de sa, Jewova te anonse gen yon “pitit pitit”, oswa yon desandans, ki t ap vin rachte lèzòm anba peche * (1 Jan 3:8). Konsa, Jewova te pwomèt byen klè sa l t apral fè. Li te montre li t apral repare kreyasyon l lan e li pa t ap kraze l nèt. Men, reparasyon sa a t ap mande tan.

2 Yon achitèk prepare yon plan ki montre byen klè ki sa k pral fèt nan travay reparasyon an.

Jewova Dye te bay Izrayelit yo yon seri lwa e li te ba yo plan yon tanp yo t ap gen pou yo konstwi kote yo ta dwe adore l. Men sa Labib di: “Tou sa se lonbray bagay ki te gen pou vini yo.” ​(Kolosyen 2:17). Menm jan ak plan yon kay, bagay sa yo te reprezante yon bagay ki pi enpòtan.

Pa egzanp, Izrayelit yo te konn ofri sakrifis bèt bay Bondye pou yo te ka jwenn padon pou peche yo (Levitik 17:11). Sakrifis sa yo te reprezante yon pi gwo sakrifis ki t apral fèt plizyè syèk annapre, yon sakrifis ki t ap pèmèt yo rachte lèzòm toutbonvre *. Tabènak la ak tanp lan se de kote Izrayelit yo te konn adore Bondye. Plan kote sa yo te reprezante etap Mesi a t ava franchi depi lè l mouri an sakrifis la pou rive lè l monte nan syèl la. —Gade  tablo ki nan paj 7 la.

3 Mèt kay la chwazi yon bòs k ap suiv plan an e k ap fè reparasyon an.

Jezi se Mesi yo te pwomèt la. Li t apral suiv modèl sakrifis Izrayelit yo te konn fè yo pou l bay lavi l pou l sove limanite. Se sa k fè Jan Batis te rele l “ti mouton Bondye a k’ap wete peche moun sou tout latè”. (Jan 1:29.) Jezi te aksepte misyon l lan ak tout kè l. Li te di: “Se pa pou fè volonte pa m mwen desann sot nan syèl la, men pou m fè volonte moun ki voye m lan.” —Jan 6:38.

Volonte Bondye pou Jezi se pa t sèlman pou Jezi vin ‘bay lavi l pou l peye delivrans anpil moun’, men tou, se pou l te fè yon alyans avèk disip li yo pou yon Wayòm (Matye 20:28; Lik 22:29, 30). Wayòm sa a se mwayen Bondye ap itilize pou l akonpli objektif li pou limanite. Yo rele mesaj ki konsène Wayòm Bondye a yon “bòn nouvèl” paske li montre Bondye mete yon gouvènman nan syèl la ki pral pran kontwòl bagay sou tè a. —Matye 24:14; Dànyèl 2:44 *.

Travay reparasyon an ap kontinye

Anvan Jezi te monte nan syèl la, li te bay disip li yo lòd sa a: “Fè moun tout nasyon vin disip. Batize yo nan non Papa a, Pitit la, ak Lespri Sen an. [...] Gade! Mwen avèk nou chak jou, pou jis lafen di monn rive.” —Matye 28:19, 20, Bib Kreyòl La.

Se sa k fè reparasyon limanite pa t ap fini ak lanmò Jezi. Li t apral kontinye “jis lafen di monn rive”, sètadi jiskaske Wayòm Bondye a kòmanse pran kontwòl latè. Se nan tan sa a n ap viv kounye a. Nou konnen sa paske siy Jezi te anonse anrapò ak epòk “lafen di monn” nan ap akonpli kounye a *. —Matye 24:3-14; Lik 21:7-11; 2 Timote 3:1-5.

Jodi a, nan 236 peyi, Temwen Jewova yo obeyi kòmandman Jezi te bay pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan. Anfèt, jounal sa a w ap li a fèt pou ede w aprann plis bagay sou Wayòm nan e konsènan sa l pral akonpli. Nan paj 2 nan chak nimewo Toudegad, w ap jwenn pawòl sa yo: “Peryodik sa a [...] rekonfòte moun yo grasa bon nouvèl ki fè konnen Wayòm Bondye a, ki se yon gouvènman reyèl ki nan syèl la, pral mete yon fen nan tout mechanste e li pral fè tè a tounen yon paradi talè konsa. Li ankouraje moun pou yo mete lafwa yo nan Jezi Kris, li menm ki te mouri pou nou ka gen lavi etènèl, e k ap gouvène kounye a antanke Wa nan Wayòm Bondye a.”

Se vre, jiska prezan ou kapab toujou tande pale de atak teworis, de katastwòf natirèl, oswa yon malè ka frape w. Men, yon etid Labib ap ede w gen konviksyon Bondye pa lage lèzòm. Okontrè, “Bondye pa pi lwen okenn nan nou pase sa”. (Travay 17:27.) E pwomès li fè pou l reban nou sa premye paran nou yo te pèdi yo pral akonpli. —Izayi [Ezayi] 55:11.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Jan Labib fè konn sa, Jewova se non Bondye.

^ § 16 Pou w ka jwenn plis esplikasyon sou Jenèz 3:15, gade chapit 19 nan liv Approchez-vous de Jéhovah a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 19 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 5 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 22 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou Wayòm Bondye a, gade chapit 8 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a.

^ § 25 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sa, gade chapit 9 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a.

[Tablo/Foto nan paj 7]

 (Gade peryodik la)

“Kopi sa ki vrè a”: Sa tabènak la te reprezante

LOTÈL LA

Volonte Bondye pou l aksepte sakrifis Jezi a. —EBRE 13:10-12.

GRAN PRÈT LA

Jezi.—EBRE 9:11.

1 Nan Jou pwopisyasyon an, gran prèt la te ofri yon sakrifis pou peche pèp la. —LEVITIK 16:15, 29-31.

1 Jou ki te 14 Nizan ane 33 epòk nou an, Jezi te bay lavi l an sakrifis pou nou. —EBRE 10:5-10; 1 JAN 2:1, 2.

SEN AN

Lefètke Jezi te vin pitit espirityèl Bondye.—MATYE 3:16, 17; WOMEN 8:14-17; EBRE 5:4-6.

RIDO A

Kò Jezi, ki te tankou yon baryè ki te separe lavi l sou tè a ak lavi l nan syèl la.—1 KORENTYEN 15:44, 50; EBRE 6:19, 20; 10:19, 20.

2 Gran prèt la te travèse lòt bò rido ki te separe Sen an ak Trèsen an.

2 Apre Jezi te fin resisite, li te ‘travèse lòt bò rido a’ lè l te monte nan syèl la pou l ‘parèt pou nou devan Bondye’.—EBRE 9:24-28.

TRÈSEN AN

Syèl la.—EBRE 9:24, NW.

3 Yonfwa gran prèt la te antre nan Trèsen an, li te lage kèk gout san nan san sakrifis la devan lach alyans lan.—LEVITIK 16:12-14.

3 Lè Jezi te prezante valè san li te vèse a genyen, li te ban nou posiblite pou nou jwenn vrè padon pou peche nou yo.—EBRE 9:12, 24; 1 PYÈ 3:21, 22.