Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou menm mesye yo, èske nou soumèt nou anba otorite Kris?

Nou menm mesye yo, èske nou soumèt nou anba otorite Kris?

Nou menm mesye yo, èske nou soumèt nou anba otorite Kris?

“Kris la se chèf tout gason.” —1 KOR. 11:3.

1. Ki sa k montre Jewova se yon Dye ki gen lòd?

MEN sa nou li nan Revelasyon 4:11: “O Bondye, Mèt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l.” Piske se Jewova Dye ki kreye tout bagay, se li menm ki Souvren linivè, e li gen otorite sou tout sa li kreye. Nou kapab wè Jewova “pa yon Bondye dezòd, men se yon Bondye lapè” nan fason li òganize zanj yo, ki fòme yon fanmi. —1 Kor. 14:33, NW; Iza. 6:1-3; Ebre 12:22, 23.

2, 3. a) Kiyès ki te premye kreyasyon Bondye? b) Ki pozisyon premye Pitit la genyen parapò ak Papa l?

2 Bondye te deja egziste depi yon kantite tan moun pa ka konte anvan li te kòmanse kreye tout bagay. Premye sa l te kreye se yon kreyati espirityèl yo rele “Pawòl la”. Yo rele l konsa paske se li menm ki te Pòtpawòl Jewova. Se pa mwayen Pawòl la tout lòt bagay te vin egziste. Annapre, li te vin sou tè a e li te yon moun ki pafè, e yo te vin konnen l sou non Jezi Kris. —Li Jan 1:1-3, 14.

3 Ki sa Ekriti yo di konsènan pozisyon Bondye genyen parapò ak premye Pitit li a? Men sa Bondye te enspire apot Pòl pou l ekri: “Mwen vle nou konprann sa byen: Kris la se chèf tout gason, gason se chèf fanm. Bondye se chèf Kris la.” ​(1 Kor. 11:3). Kris soumèt anba otorite Papa l. Pou lapè ak lòd kapab egziste nan mitan kreyati entèlijan yo, li esansyèl pou gen nan kreyati sa yo ki gen otorite e pou gen lòt ki soumèt anba otorite yo. Menm Kris, moun ‘Bondye te [itilize pou l] kreye tout bagay’ la, dwe soumèt anba otorite l. —Kol. 1:16.

4, 5. Ki jan Jezi te konsidere pozisyon l parapò ak Jewova?

4 Ki jan Jezi te konsidere kesyon soumèt devan otorite Jewova a ak kesyon vin sou tè a? Gade sa Ekriti yo di: “Byenke [Kris Jezi] te egziste nan menm fòm ak Bondye, li pa t anvizaje fè yon dappiyanp sou pozisyon Bondye, sa vle di pou l ta egal avè l. Non, li te pito kite fòm li te genyen an, li te pran fòm yon esklav e li te vin tankou lèzòm. Anplis de sa, lè l te vin twouve l nan fòm lòm, li te imilye tèt li e li te vin obeyisan jis li mouri, wi, jis li mouri sou yon poto soufrans.” —Fil. 2:5-8, NW.

5 Jezi te toujou fè volonte Papa l avèk imilite. Men sa l te di: “Mwen pa kapab fè anyen pou kò mwen. [...] Jijman mwen bon paske sa m’ap chache fè a se pa sa m vle, men sa moun ki voye m lan vle.” ​(Jan 5:30). Men yon lòt bagay li te di: “Mwen toujou fè sa k fè [Papa m] plezi.” ​(Jan 8:29.) Men sa l te di Papa l nan yon priyè li te fè yon ti tan anvan l te mouri: “Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m fè.” ​(Jan 17:4). Sa klè, Jezi pa t gen pwoblèm pou l rekonèt Bondye gen otorite sou li e pou l soumèt li anba otorite sa a.

Pitit la jwenn byenfè lefètke li soumèt li ak Papa a

6. Ki kalite estrawòdinè Jezi te demontre?

6 Lè Jezi te sou tè a, li te demontre yon seri kalite estrawòdinè. Pami kalite sa yo gen gwo lanmou li te demontre li gen pou Papa l. Li te di: “Mwen renmen Papa m.” ​(Jan 14:31). Mete sou sa, li te demontre li renmen moun anpil tou. (Li Matye 22:35-40.) Jezi te janti e li te gen konsiderasyon pou moun, li pa t di ni li pa t konn aji an diktatè. Men sa l te di: “Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m’a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n’a viv ak kè poze. Paske, jouk m’ap ban nou an fasil pou pote, chay m’ap ban nou an pa lou.” ​(Mat. 11:28-30). Moun tout laj ki te tankou mouton yo, sitou moun yo te maltrete yo, te jwenn anpil soulajman grasa bèl pèsonalite Jezi e grasa mesaj rekonfòtan li t ap preche a.

7, 8. Selon Lalwa, ki sa fi ki te gen san ap koule sou li a pa t gen dwa fè, men ki jan Jezi te trete l?

7 Annou konsidere fason Jezi te aji avèk fi. Pandan tout listwa, gen anpil gason ki te maltrete fi anpil. Chèf relijye nan Izrayèl tan lontan yo te konn fè sa tou. Men, Jezi li menm te trete fi yo avèk respè. Sa te parèt klè nan fason li te aji ak yon fi ki te gen 12 an depi yon san t ap koule sou li. Labib di “li te soufri anpil” nan men plizyè doktè e li te fin depanse tout sa l genyen ap chèche yon solisyon. Men, malgre li te fè tout efò sa yo, “maladi a te vin pi rèd sou li”. Selon Lalwa, yo te konsidere l kòm yon moun ki pa t pwòp. E kèlkeswa moun ki ta manyen l lan, li t ap vin pa pwòp tou. —Lev. 15:19, 25.

8 Lè fi sa a te tande Jezi t ap geri moun malad, li te antre nan yon foul moun ki te antoure Jezi paske li te di tèt li: “Si m kapab manyen ke rad li sèlman, m’a geri.” Li manyen Jezi, epi li geri menm moman an. Jezi te konnen fi a pa t dwe manyen rad li. Sepandan, li pa t kouri dèyè l. Okontrè, li te janti avèk li. Li te konprann ki jan li dwe te santi l apre tout ane li te pase malad yo, e li te konprann li te vrèman bezwen pou yon moun ede l. Avèk konpasyon, Jezi te di l: “Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt.” —Mak 5:25-34.

9. Ki jan Jezi te reyaji lè disip li yo te eseye anpeche timoun vin jwenn li?

9 Menm timoun yo te santi yo alèz avèk Jezi. Yon fwa, te gen moun ki te mennen timoun vin jwenn Jezi, disip li yo te reprimande moun yo, sandout yo te panse li pa t vle timoun vin nui l. Men Jezi pa t wè bagay yo konsa. Labib fè nou konnen: ‘Lè Jezi wè sa, li pat kontan menm. Li di disip yo: Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini, paske wayòm Bondye a, se pou moun ki tankou timoun sa yo.’ Annapre, “li pran timoun yo nan bra l, li mete men l sou tèt yo chak, li beni yo”. Jezi pa t annik kite timoun yo vin jwenn li, men li te kontan akeyi yo. —Mak 10:13-16.

10. Ki jan Jezi te fè vin gen kalite li te demontre yo?

10 Ki jan Jezi te fè vin gen kalite li te demontre pandan l t ap viv sou tè a? Anvan li te vin viv sou tè a antanke moun, li te suiv Papa l pandan lontan e li te aprann fason li aji. (Li Pwovèb 8:22, 23, 30.) Lè l te nan syèl la, li te wè fason Jewova te egzèse otorite l sou tout kreyati l yo avèk amou e li te vin menm jan avè l. Èske Jezi t ap kapab fè sa si l pa t soumèt li devan Papa l? Jezi te pran plezi pou l soumèt li devan Papa l, e Jewova te kontan gen yon Pitit konsa. Lè Jezi te sou tè a, li te demontre kalite estrawòdinè Papa l ki nan syèl la genyen yo yon fason ki pafè. Ala yon privilèj nou genyen dèske nou kapab soumèt nou devan Kris, Wa Bondye mete dirije nan Wayòm syèl la!

Imite kalite Kris yo

11. a) Kiyès nou ta dwe fè anpil efò pou nou imite? b) Nan kongregasyon an, poukisa gason yo sitou ta dwe fè anpil efò pou yo imite Jezi?

11 Tout moun ki fè pati kongregasyon kretyen an, gason yo sitou, ta dwe toujou fè anpil efò pou yo imite kalite Kris yo. Jan nou te deja wè sa, Labib di “Kris la se chèf tout gason”. Menm jan Kris te imite Chèf li, vrè Dye a, se konsa gason ki kretyen yo ta dwe fè efò pou yo imite chèf pa yo a, sètadi Kris. Lè apot Pòl te vin kretyen, se sa menm li te fè. Li te bay lòt kretyen yo konsèy sa a: “Se pou nou swiv egzanp mwen, menm jan mwen menm mwen swiv egzanp Kris la.” ​(1 Kor. 11:1). Apot Pyè li menm te di: “Se pou sa menm Bondye te rele nou, paske Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye.” ​(1 Pyè 2:21). Gen yon lòt rezon ankò ki fè li enpòtan pou gason yo sitou imite Kris. Se paske se yo menm ki vin ansyen ak asistan ministeryèl nan kongregasyon an. Menm jan Jezi te kontan imite Jewova, se konsa gason ki kretyen yo ta dwe kontan imite Kris e yo ta dwe kontan imite kalite l yo.

12, 13. Ki jan ansyen yo ta dwe aji avèk mouton Jewova konfye yo?

12 Ansyen ki nan kongregasyon kretyen an gen obligasyon pou yo chèche vin menm jan ak Kris. Pyè te bay ansyen yo konsèy sa a: “Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y’ap fòse nou. Men, fè l paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l ak tout kè nou. Pa fè menm jan ak chèf k’ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo.” ​(1 Pyè 5:1-3). Ansyen yo pa ta dwe aji an diktatè, yo pa ta dwe ap chèche domine sou twoupo a, yo pa ta dwe neglije bezwen twoupo a genyen, ni yo pa ta dwe di avè l. Lefètke yo imite egzanp Kris, yo bezwen fè efò pou yo demontre yo gen lanmou, konsiderasyon, imilite ak bonte nan fason y ap boule ak mouton yo, mouton Jewova konfye yo.

13 Moun ki pran latèt nan kongregasyon an se moun ki enpafè, e se toutan yo ta dwe sonje yo gen limit (Wom. 3:23). Se sa k fè yo ta dwe toujou chèche aprann plis sou Jezi e yo ta dwe imite lanmou li te demontre a. Yo bezwen byen reflechi sou fason Bondye ak Kris boule ak moun e yo ta dwe fè anpil efò pou yo imite yo. Men ki egzòtasyon Pyè ban nou: “Nou tout, se pou nou youn soumèt devan lòt. Sèvi ak imilite kòm tabliye. Paske, Bondye kenbe tèt ak awogan yo. Men, moun ki rabese tèt yo, Bondye ba yo gras.” —1 Pyè 5:5, Bib Kreyòl La.

14. Jis nan ki pwen ansyen yo ta dwe onore lòt moun?

14 Mesye ki nome nan kongregasyon an dwe demontre bèl kalite nan fason y ap boule ak twoupo Bondye a. Men sa Women 12:10 fè konnen: “Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k’ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n’ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.” Ansyen yo ak asistan ministeryèl yo gen respè pou lòt moun, yo onore yo. Menm jan ak lòt kretyen yo, mesye sa yo ‘pa dwe fè anyen nan lide pou fè tèt yo pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt yo. Men, yo dwe soumèt yo. Yo dwe mete nan tèt yo lòt moun yo pi bon pase yo’. (Fil. 2:3.) Pa gen dout nan sa, moun ki pran latèt yo dwe konsidere lòt moun yo gen plis valè pase yo. Lè yo fè sa, yo suiv konsèy Pòl te bay lè l te di: “Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman. Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l, konsa n’a fè l grandi nan konfyans li nan Bondye. Paske Kris la pat chache sa ki te fè l plezi.” —Wom. 15:1-3.

‘Bay madanm nou tout respè yo merite’

15. Ki jan mari yo ta dwe aji ak madanm yo?

15 Kounye a, annou konsidere konsèy Pyè te bay mesye marye yo. Men sa l te ekri: “Nou menm mari, nan tout bagay se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi fèb pase nou. Ba yo tout respè yo merite.” ​(1 Pyè 3:7). Lè nou bay yon moun tout respè li merite, nou ba l anpil valè. Konsa, nou demontre konsiderasyon pou opinyon moun sa a, pou bezwen l genyen ak dezi l e nou ka menm sede devan opinyon l, bezwen l oswa dezi l si pa gen yon rezon enpòtan ki anpeche n fè sa. Se konsa yon mari ta dwe aji ak madanm li.

16. Ki sa Pawòl Bondye a di ki sèvi avètisman pou mari yo anrapò ak kesyon bay madanm yo tout respè yo merite?

16 Apre Pyè te fin di mari yo pou yo bay madanm yo tout respè yo merite, li te di yon pawòl ki sèvi kòm avètisman. Men sa l te di: “Konsa, anyen p’ap antrave lapriyè nou.” ​(1 Pyè 3:7). Sa montre nou aklè fason yon gason trete madanm li se yon bagay Jewova bay anpil enpòtans. Si l pa ba l tout respè li merite, sa ka fè Jewova pa koute priyè l yo. Mete sou sa, an jeneral, èske madanm yo pa byen reyaji lè mari yo ba yo tout respè yo merite?

17. Nan ki pwen yon mari ta dwe renmen madanm li?

17 Men ki konsèy Pawòl Bondye a bay anrapò ak kesyon pou yon mari bay madanm li tout respè li merite: “Se pou mari yo renmen madanm yo menm jan yo renmen pwòp tèt pa yo. [...] Pèsonn pa janm rayi kò li. Okontrè, li ba l manje, li pran swen l, tankou Kris la ap fè sa pou [kongregasyon an]. [...] Se pou chak mari renmen madanm yo tankou yo renmen tèt pa yo.” ​(Efe. 5:28, 29, 33). Nan ki pwen mari yo ta dwe renmen madanm yo? Men sa Pòl te ekri: “Nou menm, mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen [kongregasyon an], jouk li te asepte mouri pou li.” ​(Efe. 5:25). Vrèman, yon mari ta dwe prè pou l bay lavi l pou madanm li, menm jan Kris te fè sa pou lòt moun. Lè yon mari kretyen trete madanm li avèk tandrès, avèk konsiderasyon, li ba l atansyon li bezwen e li pa aji avè l yon fason egoyis, li pi fasil pou madanm nan soumèt anba otorite l.

18. Ki sa k ap ede mari yo pran responsablite yo nan maryaj yo?

18 Èske li twò difisil pou mari yo onore madanm yo konsa? Non, Jewova pa t ap janm mande yo fè yon bagay ki twòp pou yo. Mete sou sa, moun k ap sèvi Jewova yo gen posiblite pou yo jwenn pi gwo fòs ki egziste nan linivè a, sètadi lespri sen Bondye. Gade sa Jezi te di: “Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l, lè nou mande l li.” ​(Lik 11:13). Mari yo ka priye Jewova pou yo mande l ede yo pa mwayen lespri l pou yo byen boule ak lòt moun, san wete madanm yo. —Li Travay 5:32.

19. Sou ki sa atik ki vin apre a pral pale?

19 Vrèman, gason yo gen gwo responsablite pou yo aprann ki jan pou yo soumèt devan Kris e pou yo imite fason li egzèse otorite l. Men, ki responsablite fi yo genyen, sitou fi ki marye yo? Atik ki vin apre a pral pale sou fason yo ta dwe konsidere wòl yo jwe nan dispozisyon Jewova pran pou gen otorite a.

Èske nou sonje?

• Ki kalite Jezi genyen nou ta dwe imite?

• Ki jan ansyen yo ta dwe boule ak mouton yo?

• Ki jan yon mari ta dwe trete madanm li?

[Kesyon]

[Foto nan paj 10]

Imite Jezi lè w onore lòt moun.