Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa jou Jewova a pral fè parèt aklè?

Ki sa jou Jewova a pral fè parèt aklè?

Ki sa jou Jewova a pral fè parèt aklè?

“Jou Jewova a ap vini tankou yon vòlè [...], e tè a ansanm ak aksyon ki fèt ladan l yo pral parèt aklè.” —2 PYÈ 3:10, NW.

1, 2. a) Ki jan sistèm ki la kounye a pral detwi? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

SISTÈM mechan ki la kounye a chita sou yon manti ki vle fè konprann lèzòm kapab dirije tè a byen san Jewova (Sòm 2:2, 3). Èske gen yon bagay ki chita sou manti ki kapab kontinye pou toutan? Jamè! Sepandan, nou pa bezwen atann monn Satan an ap kraze poukont li. Okontrè, se Bondye k ap detwi l lè moman li chwazi a rive, e l ap fè sa fason li chwazi a. Aksyon Jewova pral fè kont monn sa a ki mechan ap montre Jewova gen jistis ak lanmou yon fason ki pafè. —Sòm 92:7; Pwo. 2:21, 22.

2 Apot Pyè te di: “Jou Jewova a ap vini tankou yon vòlè. Nan jou sa a, syèl la pral disparèt ak yon bri ki tankou yon kout souflèt, men, bagay ki konpoze syèl la ak tè a ap vin cho anpil e yo pral fonn, e tè a ansanm ak aksyon ki fèt ladan l yo pral parèt aklè.” ​(2 Pyè 3:10, NW). De ki “syèl” e de ki “tè” y ap pale la a? Ki sa “bagay ki konpoze syèl la ak tè a” ki pral fonn yo ye? De ki sa Pyè t ap pale lè l te di “tè a ansanm ak aksyon ki fèt ladan l yo pral parèt aklè”? Repons kesyon sa yo ap ede nou prepare nou pou evènman ki bay lakrentif ki gen pou fèt talè konsa yo.

Syèl ak tè ki pral disparèt yo

3. Ki sa “syèl” yo pale de li nan 2 Pyè 3:10 la reprezante, e ki jan l ap disparèt?

3 Nan Bib la, lè yo itilize mo “syèl” la nan sans senbolik, y ap pale de gouvènman yo ki sou tèt moun y ap dirije yo (Iza. 14:13, 14; Rev. 21:1, 2). ‘Syèl ki pral disparèt la’ reprezante gouvènman lèzòm yo k ap dirije sosyete sa a ki lwen Bondye. Lefètke yo di syèl sa a ap disparèt “ak yon [gwo] bri ki tankou yon kout souflèt” oswa “ak yon gwo gwo bri”, dapre yon lòt tradiksyon Labib, sa vle di petèt syèl sa a ap disparèt vit.

4. Ki sa “tè” ki pral detwi a ye, e ki jan li pral detwi?

4 “Tè” a reprezante tout moun ki nan monn sa a ki lwen Bondye. Gen yon monn konsa ki te egziste nan epòk Noye a e ki te disparèt nan delij la dapre desizyon Bondye. “Dapre menm pawòl Bondye a, syèl la ak tè a ki la kounyeya a ap tann dife a. Yo la ap tann jou jijman an, lè tout mechan yo va disparèt.” ​(2 Pyè 3:7). Delij la te detwi tout mechan yo anmenmtan, men, nan “gwo tribilasyon an”, destriksyon ki gen pou fèt la ap fèt etap pa etap (Rev. 7:14, Bib Kreyòl La). Nan premye faz gwo tribilasyon an, Bondye ap dirije gouvènman yo pou yo detwi “Gwo Babilòn” nan. Konsa, l ap montre jan li rayi jennès espirityèl sa a (Rev. 17:5, 16; 18:8). Apre sa, nan gè Amagedòn nan, dènye faz gwo tribilasyon an, Jewova li menm ap detwi rès monn Satan an. —Rev. 16:14, 16; 19:19-21.

“Bagay ki konpoze syèl la ak tè a [...] pral fonn”

5. Ki sa ki fè pati bagay ki konpoze syèl la ak tè a?

5 ‘Bagay ki konpoze syèl la ak tè a ki pral fonn’ yo, ki sa yo ye? Dapre yon diksyonè biblik, ekspresyon lè yo tradui l ki bay “bagay ki konpoze” a gen sans “prensip fondamantal” oubyen “bagay de baz”. Diksyonè sa a di yo “itilize l pou yo pale de lèt ki nan yon alfabè ki se eleman ki pèmèt moun pale”. Konsa, ‘bagay ki konpoze syèl ak tè’ Pyè pale de yo a, se bagay fondamantal ki fè moun yo jan yo ye a, ki fè atitid yo, fason yo aji ak objektif yo depaman ak sa Bondye vle. Nan “bagay ki konpoze syèl la ak tè a”, gen “lespri lemonn” “k’ap travay kounyeya nan moun k’ap dezobeyi Bondye yo”. (1 Kor. 2:12, Bib Kreyòl La; li Efezyen 2:1-3.) Lespri sa a, oswa “lè a”, gaye tout kote nan monn Satan an. Li pouse moun yo panse, fè pwojè, pale epi aji yon fason ki ann amoni ak panse Satan, “chèf” k ap dirije “lè a”, ki ògeye e ki san respè.

6. Ki sa ki montre yon moun gen lespri monn nan?

6 Se sa k fè nou kapab di moun ki kite lespri monn nan gen efè sou yo kite Satan kontwole lespri yo ak kè yo. Konsa, yo panse menm jan avè l e yo gen menm atitid avè l. Kòm rezilta, yo fè sa lide yo di yo san yo pa chèche konnen volonte Bondye. Lè y ap fè fas ak yon sitiyasyon, yo reyaji sou baz ògèy oswa yon fason ki montre se enterè pa yo ki pi enpòtan pou yo. Yo pa gen respè pou otorite e yo suiv ‘dezi lachè yo ak dezi je yo’ ​(Bib Kreyòl La) san gade dèyè. —Li 1 Jan 2:15-17 *.

7. Poukisa nou dwe “prezève kè [nou]”?

7 Se sa k fè li vrèman enpòtan pou nou “prezève kè [nou]”. Nou kapab fè sa lè nou chwazi moun n ap frekante, nou chwazi sa n ap li ak lòt fason n ap detann nou avèk sajès, yon sajès ki soti nan Bondye, e nou aji konsa tou parapò ak sit wèb nou vizite lè n al sou Entènèt (Pwo. 4:23, NW). Men sa apot Pòl te ekri: “Fè atansyon pou nou pa kite pèsonn twonpe nou ak bèl diskou filozòf yo, ak diskisyon ki pa vo anyen. Bagay sa yo sòti nan koutim lèzòm, nan jan yo konprann bagay ki nan lemonn. Yo pa sòti nan Kris la.” ​(Kol. 2:8). Ofiramezi jou Jewova a ap pwoche pi pre, li vin pi ijan toujou pou nou suiv konsèy sa a, paske, ‘chalè’ ki pral degaje nan jou sa a ap fonn “bagay ki konpoze syèl la ak tè a” ki nan monn Satan an e l ap montre bagay sa yo pa ka reziste devan kòlè Bondye. Sa raple nou pawòl nou jwenn nan Malaki 4:1 an ki di: ‘Jou a ap vini. Pral fè cho anpil tankou nan yon fou. Tout awogan yo ansanm ak tout mechan yo pral boule tankou pay chèch. Wi, jou sa a, y’ap boule nèt san kite tras.’

“Tè a ansanm ak aksyon ki fèt ladan l yo pral parèt aklè”

8. Ki jan tè a ansanm ak aksyon ki fèt ladan l yo pral “parèt aklè”?

8 Ki sa Pyè te vle di lè l te ekri “tè a ansanm ak aksyon ki fèt ladan l yo pral parèt aklè”? Ekspresyon “parèt aklè” a montre Pyè t ap fè konnen pandan gwo tribilasyon an, Jewova pral fè wè aklè monn Satan an ann opozisyon ak li e ak Wayòm li an e li merite pou l detwi. Men sa Izayi di nan Izayi 26:21, nan yon pwofesi ki konsène epòk sa a: “Senyè a ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.”

9. a) Ki sa nou dwe rejte, e poukisa? b) Ki sa nou dwe kiltive, e poukisa?

9 Nan jou Jewova a, moun ki kite monn nan pase yo nan moul li e ki gen lespri monn nan pral montre kiyès yo ye toutbonvre. Y ap menm touye youn lòt. Gen anpil detant ki gen vyolans ladan yo ki popilè anpil jodi a e gendwa se yo k ap prepare lespri anpil moun pou moman kote “yonn pral touye lòt” la (Zek. 14:13). Èske sa pa montre li vrèman enpòtan pou nou rejte fim, liv, jwèt videyo ak lòt bagay ankò ki kapab fè nou vin ògeye e ki kapab fè nou vin renmen vyolans, de defo Bondye rayi (2 Sam. 22:28; Sòm 11:5)? Olye de sa, annou kiltive fwi lespri sen Bondye a, paske, kalite ki nan fwi lespri a ap fè nou chape nan jou kòlè Bondye a. —Gal. 5:22, 23.

“Lòt syèl ak lòt tè” yo

10, 11. Ki sa “lòt syèl” la ak “lòt tè” a ye?

10 Li 2 Pyè 3:13. “Lòt syèl” la se Wayòm Bondye a ki nan syèl la ki te etabli nan ane 1914 lè ‘dèle yo te bay nasyon yo’ te rive nan bout li (Lik 21:24). Gouvènman sa a gen Jezi Kris ladan l ansanm ak 144 000 moun ki pral dirije avè l yo. Pifò nan moun sa yo deja resevwa rekonpans yo nan syèl la. Nan liv Revelasyon an, yo pale de moun sa yo ki fidèl antanke “vil sent lan, nouvo Jerizalèm nan”. (Bib Kreyòl La.) Yo di tou li “t’ap desann sòti bò kote Bondye ye nan syèl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fyanse li”. (Rev. 21:1, 2, 22-24.) Menm jan vil Jerizalèm ki sou tè a se te sant gouvènman pèp Izrayèl nan tan lontan an, nouvo Jerizalèm nan ak lemarye a fòme gouvènman ki pral dirije monn nouvo a. Vil sa a ki nan syèl la ap ‘desann sot nan syèl la’, sa vle di moun ki fòme l yo pral konsantre atansyon yo sou tè a.

11 “Lòt tè” a se nouvo sosyete moun ki pral gen sou tè a ki pral soumèt yo anba Wayòm Bondye a. Paradi espirityèl pèp Bondye a ladan l kounye a pral etabli finalman nan bèl “tè k ap vini an”, kote ki fèt pou li vre a (Ebre 2:5, NW). Ki jan nou ka fè pati nouvo sistèm sa a?

Prepare nou pou gran jou Jewova a

12. Poukisa moun ki nan monn nan ap pantan lè jou Jewova a vini?

12 Ni Pòl, ni Pyè te anonse jou Jewova a t ap vini “tankou yon vòlò”, sa vle di sanzatann. (Li 1 Tesalonisyen 5:1, 2.) Menm vrè kretyen yo jodi a, k ap tann jou sa a, ap sezi lè l parèt bridsoukou (Mat. 24:44). Sepandan, moun nan monn nan, se pa sezi y ap sezi sèlman. Men sa Pòl te ekri: “Lè n’ap tande moun [ki pap sèvi Bondye yo] ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n’ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. P’ap gen chape pou yo.” —1 Tes. 5:3.

13. Ki sa pou nou fè si nou pa vle moun yo twonpe nou lè yo pral di “gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl”?

13 Moun yo gen pou yo di “gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl”, men se pral yon lòt manti ki soti nan demon yo. Manti sa a pap twonpe sèvitè Jewova yo. Men sa Pòl te ekri: “Nou pa moun k’ap viv nan fènwa. Jou sa a p’ap vin sou nou tankou yon vòlè, san nou pa atann. Paske, nou tout se moun k’ap viv nan limyè.” ​(1 Tes. 5:4, 5). Kidonk, annou rete nan limyè a, lwen fènwa ki gen nan monn Satan an. Men sa Pyè te ekri: “Frè mwen renmen anpil yo, kounyeya nou tou avèti. Pran prekosyon nou pou nou pa kite mechan sa yo [fo anseyan ki nan kongregasyon an] trennen nou ale ak manti yo, pou nou pa pèdi pozisyon kote nou kanpe fèm lan.” —2 Pyè 3:17.

14, 15. a) Ki jan Jewova montre li onore nou? b) Ki pawòl enspire nou dwe pran oserye?

14 N ap remake Jewova pa annik di nou sèlman “pran prekosyon” epi li ret la. Men, li onore nou. Nou kapab di sa paske, nan bonte li, li “avèti” nou nan sans li ban nou yon ide jeneral sou sa ki gen pou fèt alavni.

15 Malerezman, gen moun ki aji yon fason ki montre yo pa vrèman pran konsèy yo ba yo pou yo pa kite dòmi pran yo a oserye e ki menm pa kwè gen rezon valab pou yo ba yo konsèy sa a. Yo gendwa ap di: ‘Nou gen plizyè dizèn ane depi y ap di nou sa.’ Moun ki panse konsa yo bezwen konprann lè yo pale konsa, yo montre se nan Jewova ak Jezi yo pa gen konfyans, se pa sèlman nan esklav la. Jewova di nou “mèt tann” li (Aba. 2:3). Nan menm sans lan tou, men sa Jezi te di: “Pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini.” ​(Mat. 24:42). Anplis, Pyè te ekri: “Reflechi sou ki jan de moun nou dwe ye: nou dwe gen yon konduit ki sen e nou dwe montre nan aksyon nou nou gen atachman pou Bondye, pandan n ap tann jou Jewova a e pandan nou toujou kenbe l nan lespri nou.” ​(2 Pyè 3:11, 12, NW). Esklav fidèl la ansanm ak Kolèj santral la pap janm pran pawòl sa yo alalejè!

16. Ki atitid nou dwe fè atansyon pou nou pa genyen, e poukisa?

16 Anfèt, se “move sèvitè” a ki konprann Mèt la ap fè reta (Mat. 24:48, Bib Kreyòl La). Move sèvitè sa a fè pati yon gwoup moun yo pale de yo nan 2 Pyè 3:3, 4 (NW). Nan vèsè sa yo, Pyè te di “nan dènye jou yo, ap gen mokè k ap moke” moun ki obeyi Jewova lè yo toujou kenbe jou l la nan lespri yo, e y ap fè sa “selon dezi pa yo”. Olye mokè sa yo konsantre yo sou travay Wayòm nan, yo pito konsantre yo sou pwòp tèt yo ak sou pousuiv dezi egoyis yo. Annou bat pou nou pa janm adopte yon atitid dezobeyisan konsa e ki danjere! Olye de sa, pou nou toujou montre nou apresye “se pou nou ka sove kifè Senyè a ap pran tout pasyans sa a ak nou”, annou kontinye patisipe afon nan travay predikasyon Wayòm nan ak nan travay fè disip la e annou pa bay tèt nou twòp traka konsènan ki lè yon seri evènman gen pou rive, paske se nan men Jewova sa ye. —2 Pyè 3:15; li Travay 1:6, 7.

Mete konfyans nou nan Bondye k ap sove nou an

17. Ki jan kretyen ki te fidèl yo te reyaji parapò ak konsèy Jezi te ba yo pou yo kite Jerizalèm nan, e poukisa?

17 Apre lame women an te anvayi Jide nan ane 66 epòk pa nou an, kretyen fidèl ki t ap viv Jerizalèm yo te suiv konsèy Jezi te bay pou yo kite vil la nan premye okazyon yo te jwenn (Lik 21:20-23). Poukisa yo te aji vit konsa avèk detèminasyon? Siman se paske yo te kenbe avètisman Jezi a nan lespri yo. Se sèten yo te konnen yo t apral jwenn difikilte lè yo te pran desizyon sa a, paske, Jezi te di sa. Men, anmenmtan tou, yo te konnen Jewova pa t ap abandone yo. —Sòm 55:22.

18. Ki jan pawòl Jezi nou jwenn nan Lik 21:25-28 la enfliyanse pwennvi w sou gwo tribilasyon an?

18 Nou menm tou, nou bezwen met tout konfyans nou nan Jewova, paske se li menm sèl k ap kapab sove nou lè pi gwo tribilasyon ki pral frape sistèm sa a depi l egziste a rive. Apre kòmansman gwo tribilasyon sa a, men anvan Jewova egzekite jijman l sou rès monn nan, moun pral “faya poutèt y ap pè, e poutèt bagay y ap tann ki gen pou rive sou latè”. (NW.) Pandan ènmi Bondye yo pral tranble tèlman yo pral pè, sèvitè Bondye yo ki fidèl pap gen okenn laperèz. Okontrè, y ap rejwi paske y ap konnen yo toupre jwenn delivrans yo. —Li Lik 21:25-28.

19. Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

19 Vrèmanvre, ala yon bèl avni k ap ret tann moun ki rete separe ak monn nan e ki pa kite “bagay ki konpoze syèl la ak tè a” ki nan monn nan gen enfliyans sou yo! Sepandan, jan nou pral wè sa nan atik ki vin apre a, si nou vle gen lavi, nou bezwen fè plis pase annik pa fè sa ki mal. Nou bezwen kiltive kalite ki fè Jewova plezi e nou bezwen fè aksyon ki fè kè l kontan. —2 Pyè 3:11.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou defo lespri monn nan fè moun genyen, gade Comment raisonner à partir des Écritures, paj 140-143.

Èske w ka esplike?

• Ki sa “syèl” ak “tè” ki la kounye a reprezante?

• Ki sa “bagay ki konpoze syèl la ak tè a” reprezante?

• Ki sa “lòt syèl ak lòt tè” a reprezante?

• Poukisa nou mete tout konfyans nou nan Bondye?

[Kesyon]

[Foto nan paj 5]

Ki jan w ka “prezève kè w” epi rete separe ak monn nan?

[Foto nan paj 6]

Ki jan nou ka montre nou konprann “se pou nou ka sove kifè Senyè a ap pran tout pasyans sa a ak nou”?