Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pa kite opinyon lòt moun enfliyanse w

Pa kite opinyon lòt moun enfliyanse w

Pa kite opinyon lòt moun enfliyanse w

SELON kote a, moun yo gen diferan opinyon sou sa ki apwopriye oswa ki akseptab, sou sa ki merite louwanj oswa ki pa bon. Opinyon sa yo chanje tou avèk letan. Donk, lè n ap li istwa ki nan Ekriti yo ki te pase nan tan lontan, nou bezwen pran an konsiderasyon opinyon moun yo te genyen nan epòk biblik yo ak sa ki te enpòtan pou yo, olye nou analize istwa sa yo dapre opinyon pa nou oswa dapre sa ki enpòtan pou nou.

Pa egzanp, ann pran de bagay yo pale de yo souvan nan Ekriti grèk yo: onè ak lawont. Pou nou kapab pi byen konprann pasaj kote yo pale sou onè ak lawont yo, nou bezwen reflechi sou fason moun te konprann bagay sa yo nan epòk sa a.

Sa ki te enpòtan pou moun yo nan premye syèk la

Men sa yon pwofesè di: “Nan kilti Grèk yo, Women yo, ansanm ak moun ki t ap viv Jide yo, onè ak lawont se de bagay ki te gen anpil enpòtans. Moun te viv pou yo jwenn onè, pou yo gen bon repitasyon, pou yo selèb, pou lòt moun apwouve yo e pou yo respekte yo.” Kòm bagay sa yo te enpòtan pou yo, opinyon lòt moun te gen anpil enfliyans sou yo.

Nan yon sosyete kote moun yo te sansib anpil pou kesyon ran an, soti nan boujwa yo rive nan esklav yo, prestij, pozisyon ak onè se sa ki te gen plis enpòtans. Nonsèlman moun yo te bay tèt yo anpil enpòtans, men yo te vle pou lòt moun ba yo enpòtans tou. Yon moun te onore yon lòt moun lè l te rekonèt an piblik moun nan te aji yon fason li te dwe aji. Yon moun te onore yon lòt moun tou lè l te pran ka moun nan byen an piblik akoz richès li, pozisyon l oswa ran sosyal li. Yon moun te kapab jwenn onè lè li fè bèl aksyon oswa lè li pi fò pase lòt moun nan yon domèn. Yon lòt bò, pou yo te fè yon moun wont, oswa pou yo te lage dezonè sou li, yo te konn imilye l an piblik oswa yo te konn pase l nan rizib. Moun sa a pa t vin santi l wont akoz konsyans li, men sitou paske sosyete a te kondane l.

Lè Jezi t ap pale de yon moun yo bay “plas devan” oswa yo bay “plas dèyè” nan yon festen, li t ap pale de onè oswa lawont yon moun te ka jwenn parapò ak kilti nan epòk la (Lik 14:8-10, Bib Kreyòl La). Nan omwen de okazyon, disip Jezi yo te fè diskisyon sou “kilès nan yo ki pi enpòtan”. (Lik 9:46; 22:24, Bib Kreyòl La.) Yo te enkyete anpil pou yon bagay ki te enpòtan nan sosyete yo t ap viv la. Chèf relijye yo ki te ògeye e ki te gen espri konpetisyon te konsidere predikasyon Jezi t ap fè a kòm yon danje pou onè yo ak otorite yo. Yo te eseye genyen l nan diskisyon yo te fè avè l an piblik, devan foul moun, men yo te echwe chak fwa. —Lik 13:11-17.

Dapre Juif yo, Grèk yo ak Women yo nan premye syèk la, yon lòt bagay ki te pote lawont pou yon moun se lè yo te “arete l an piblik e yo te lage move akizasyon sou do l”. Se te yon bagay imilyan pou yo mare yon moun e pou yo mete l nan prizon. Kit moun nan te koupab, kit li pa t koupab, sa te avili l devan zanmi l, fanmi l e devan tout kominote a. Etikèt yo te mete sou moun nan te kapab fè l pèdi diyite l ak relasyon l genyen ak lòt moun. Sepandan, sa te pi mal toujou lè yo te dezabiye l oswa yo te filange l ak kout frèt. Lè yo te trete yon moun konsa, moun te meprize l, yo te pase l nan rizib e moun te pèdi tout respè pou li.

Lè yo te touye yon moun sou yon poto, se pi gwo imilyasyon moun nan te kapab jwenn. Konsènan fason sa a yo te konn egzekite moun, gen yon pwofesè ki rele Martin Hengel ki di: “Se yon chatiman yo te rezève pou esklav.” Li te kontinye pou l di: “Antanke yon chatiman pou esklav, se te yon gwo imilyasyon, yon gwo lawont, e sa te bay anpil soufrans.” Yon moun ki te jwenn dezonè konsa, sosyete a te met anpil presyon sou fanmi l ak zanmi l pou yo abandone l. Piske Kris te mouri konsa, tout moun ki te vle vin kretyen nan premye syèk la te fè fas ak moun k ap pase yo nan rizib an piblik. Sandout, pifò moun te panse sa pa fè sans pou yon moun vle fè konnen li se disip yon moun yo te touye sou yon poto. Men sa apot Pòl te ekri: “Sa n ap preche, se Kris ki kloure sou yon poto.” Li te di tou sa “lakòz Juif yo bite, e pou nasyon yo, se bagay moun sòt”. (1 Kor. 1:23, NW.) Ki sa premye kretyen yo te fè nan sitiyasyon sa a?

Yo te gen lòt bagay ki te enpòtan pou yo

Kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te respekte lalwa e yo te fè tout sa yo kapab pou lawont pa tonbe sou yo akoz yon move aksyon. Men sa apot Pyè te di: “Pinga pèsonn nan nou kite se poutèt li se asasen, oubyen poutèt li se vòlè, oubyen poutèt li se malfektè, oubyen ankò poutèt l ap mele nan afè moun, ki fè l ap soufri.” ​(1 Pyè 4:15, Bib Kreyòl La). Sepandan, Jezi te di disip li yo t ap gen pou yo jwenn pèsekisyon pou non li (Jan 15:20). Pyè te di tou: ‘Si yon moun ap soufri paske se kretyen li ye, li pa bezwen wont pou sa. Okontrè, se pou li fè lwanj Bondye.’ ​(1 Pyè 4:16.) Pou yon disip Jezi te ka pa santi l wont lè moun ap fè l soufri, sa te mande pou l rejte fason sosyete a te wè bagay yo nan epòk la.

Kretyen yo pa t dwe kite sa lòt moun panse enfliyanse fason yo aji. Nan premye syèk la, pou majorite moun, sa pa t gen sans pou Mesi a se yon moun yo te kloure sou yon poto. Pwennvi sa a moun yo te genyen an te gendwa enfliyanse kretyen yo. Sepandan, lefètke yo te kwè Jezi se Mesi a, yo te oblije suiv li, menmsi moun te pase yo nan rizib poutèt sa. Men sa Jezi te di: “Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m’a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m lan, m’a wont pran li pou moun pa m tou.” —Mak 8:38.

Jodi a tou, nou kapab jwenn presyon pou nou sispann suiv Jezi. Nou kapab jwenn presyon nan men kondisip nou, vwazen nou, kòlèg travay nou k ap eseye enfliyanse nou pou nou fè sa ki imoral, pou nou pa onèt, oswa pou nou aji lòt fason ankò ki pa nòmal pou yon kretyen. Moun sa yo kapab eseye fè nou santi nou wont paske n ap suiv prensip Bondye yo. Men, ki jan nou ta dwe reyaji?

Imite moun ki te meprize lawont yo

Pou Jezi te kapab kenbe entegrite l devan Jewova, li te aksepte pou yo touye l fason ki te pi imilyan an. Bib la di: “Li [te] andire soufrans sou yon poto, li [te] meprize lawont.” ​(Ebre 12:2, NW). Ènmi Jezi yo te ba l kalòt, yo te krache sou li, yo te retire rad sou li, yo te filange l ak kout frèt, yo te kloure l sou yon poto e yo te joure l (Mak 14:65; 15:29-32). Sepandan, byenke yo te vle fè moun pèdi respè pou Jezi, li te meprize lawont. Ki jan l te fè sa? Li pa t bay legen malgre yo te trete l konsa. Jezi te konnen li pa t pèdi diyite l devan Bondye, e se sèten li pa t chèche glwa nan men moun. Byenke li te mouri tankou yon esklav, Jewova te glorifye l lè li te resisite l e li te ba li pi gwo pozisyon yon moun ka genyen bò kote l. Men sa nou li nan Filipyen 2:8-11 (Bib Kreyòl La): “[Kris Jezi] rabese tèt li. Sa vle di, li obeyi rive jis nan lanmò. [...] Poutèt sa tou, Bondye leve li byen wo. E, li ba li yon Non ki sou tèt tout non. Konsa, tout jenou dwe koube devan Non Jezi, ni nan syèl, ni sou latè, ni nan latè! Konsa tou, tout lang dwe deklare Jezi Kris se Senyè, pou glwa Bondye Papa a.”

Jezi pa t endiferan devan imilyasyon li te santi akoz fason yo t apral touye l la. Lefètke yo te kondane Pitit Bondye a pou blasfèm, sa t apral lage dezonè sou Papa l, e se sèten sa te enkyete Pitit la. Jezi te mande Jewova pou l pa kite l pran imilyasyon sa a. Men sa li te di Jewova nan lapriyè: “Wete gode soufrans sa a devan je mwen.” Malgre sa, Jezi te aksepte pou l fè volonte Bondye (Mak 14:36). Jezi te andire presyon li te sibi a e li te meprize lawont. Se moun ki te aksepte pwennvi moun nan epòk la ki t apral sibi lawont. Se sèten Jezi pa t gen menm pwennvi ak moun sa yo.

Yo te arete disip Jezi yo tou e yo te filange yo ak kout frèt. Nan je anpil moun, tretman sa a te dezonore yo. Moun pa t pran yo pou anyen e yo te meprize yo. Men sa pa t dekouraje yo. Vrè disip yo pa t kite opinyon lòt moun enfliyanse yo ni yo pa t kite moun fè yo wont (Mat. 10:17; Tra. 5:40; 2 Kor. 11:23-25). Yo te konnen se pou yo ‘pran poto soufrans yo jou apre jou, e se pou yo suiv Jezi nètale’. —Lik 9:23, 26, NW.

E nou menm jodi a? Bagay moun yo nan monn nan konsidere kòm bagay ki sòt, ki fèb e ki meprizab, Bondye konsidere yo kòm bagay ki saj, ki gen fòs e ki onorab (1 Kor. 1:25-28). Èske nou pa t ap montre nou sòt e nou pa wè lwen si nou ta kite opinyon lòt moun enfliyanse nou?

Tout moun k ap chèche onè nan men monn nan oblije bay sa monn nan panse de yo enpòtans. Men, menm jan ak Jezi ak premye disip li yo, nou menm, nou vle Jewova vin Zanmi nou. Se sa k fè se bagay li bay valè nou bay valè e nou gen menm pwennvi avè l sou bagay ki ta dwe fè yon moun wont.

[Foto nan paj 4]

Jezi pa t kite pwennvi moun yo genyen sou sa ki ta dwe fè yon moun wont enfliyanse l.