Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason Jezi fè jistis Bondye parèt pi klè

Fason Jezi fè jistis Bondye parèt pi klè

Fason Jezi fè jistis Bondye parèt pi klè

“Bondye te prezante [Kris] kòm yon ofrann pou pèmèt moun rekonsilye avèk Li, grasa lafwa yo genyen nan san li te vèse a. Bondye te fè sa pou l te ka montre jistis li.” —WOM. 3:25, NW.

1, 2. a) Ki sa Labib anseye nou sou sitiyasyon nou antanke pechè? b) Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

ANPIL moun byen konnen istwa Labib rakonte sou rebelyon ki te fèt nan jaden Edenn nan. Nou tout santi konsekans peche Adan an, jan yo esplike sa nan pawòl nou pral site la yo: “Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche.” ​(Wom. 5:12). Kèlkeswa efò nou fè pou nou fè sa ki dwat, nou fè erè kanmenm, se sa k fè nou bezwen pou Bondye padone nou. Menm apot Pòl te plenyen poutèt sa. Li te di: “Mwen pa fè byen mwen vle fè a, men mwen fè mal mwen pa vle fè a. Ala malere mwen malere, mezanmi!” —Wom. 7:19, 24.

2 Piske nou fèt nan peche, nou kapab poze tèt nou kesyon enpòtan sa yo: Ki jan sa te fè posib pou Jezi, moun Nazarèt la, te fèt san peche, e poukisa li te batize? Ki jan fason Jezi te viv la te fè jistis Jewova parèt pi klè? E sa ki pi enpòtan, ki sa lanmò Kris la akonpli?

Yo te mete jistis Bondye an dout

3. Ki jan Satan te twonpe Èv?

3 Adan ak Èv, premye paran nou yo, te konpòte yo an moun fou lè yo te rejte souvrènte Bondye, konsa, yo te soumèt yo anba dominasyon “sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele dyab la osinon Satan”. (Rev. 12:9.) Ann wè ki jan sa te pase. Satan te kesyone jistis Jewova Dye parapò ak fason li dirije. Li te fè sa lè l te mande Èv: “Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an?” Èv te repete kòmandman Bondye te bay la ki te byen klè. Li te di l gen yon pyebwa Bondye te di yo pa manyen l pou yo pa mouri. Satan te akize Bondye kòmkwa li te bay manti. Men sa Dyab la te di: “Se pa vre. Nou p’ap mouri kras.” Li te kontinye twonpe Èv lè l te fè l kwè gen bon bagay Bondye pa t vle l jwenn, e si l manje fwi a, li t ap vin tankou Bondye, sa vle di li t ap vin gen dwa granmoun li. —Jen. 3:1-5.

4. Ki jan lèzòm te vin tonbe anba dominasyon Satan an ki ann opozisyon ak dominasyon pa Jewova a?

4 Anfèt, Satan te fè konprann lèzòm t ap pi byen si yo pran endepandans yo parapò ak Bondye, olye pou yo soutni souvrènte l ki jis. Adan te koute madanm li e li te fè menm jan avè l lè l te manje fwi a. Konsa, Adan te pèdi favè Jewova, e sa ki pi rèd la, li te mete nou anba jouk peche ak lanmò. Anmenmtan sa te fè limanite tonbe anba dominasyon Satan, ‘dye monn sa a’, dominasyon ki ann opozisyon ak dominasyon Jewova a. —2 Kor. 4:4, Bib Kreyòl La; Wom. 7:14.

5. a) Ki jan Jewova te montre li fidèl ak pawòl li? b) Ki esperans Bondye te bay desandan Adan ak Èv yo?

Jan Jewova te di sa, li te kondane Adan ak Èv pou yo mouri (Jen. 3:16-19). Men, sa pa t vle di objektif Bondye te echwe. Okontrè! Lè Jewova t ap bay Adan ak Èv santans yo, li te tou bay desandan yo t apral genyen yo yon bèl esperans. Li te fè sa lè l te fè yo konnen li te gen objektif pou l voye yon “pitit pitit”, oswa yon desandans, Satan t apral blese nan talon. Sepandan, blese Desandans sa a Bondye te pwomèt la te resevwa nan talon l lan t ap geri e Desandans lan li menm t “ap kraze tèt [Satan]”. (Jen. 3:15.) Labib pale de sa lè l di pawòl sa yo konsènan Jezi Kris: “Pitit Bondye a parèt toutespre pou kraze travay Satan.” ​(1 Jan 3:8). Men, ki jan konduit Jezi ak lanmò l te fè jistis Bondye parèt pi klè?

Siyifikasyon batèm Jezi a

6. Ki jan nou fè konnen Jezi pa t eritye peche Adan an?

6 Lè Jezi te grandi pou l vin yon òm, li te vin egal ak Adan ki li menm tou te yon òm pafè anvan li te peche (Wom. 5:14; 1 Kor. 15:45). Sa vle di Jezi te oblije fèt tou pafè. Ki jan sa te fè posib? Men esplikasyon zanj Gabriyèl te bay Mari, manman Jezi: “Lespri Sen an ap vin sou ou, pisans Sila ki Souvren an ap kouvri ou anba lonbraj li. E, sila ki va fèt la, y ap rele li: Sen, Pitit Bondye a.” ​(Lik 1:35, Bib Kreyòl La). Byen bonè nan lavi Jezi, sanble Mari te fè Jezi konnen kèk enfòmasyon konsènan nesans li. Se sa k fè, lè Mari ak Jozèf, papa adoptif Jezi, t ap chèche Jezi e yo te jwenn li nan tanp Bondye a, Jezi, ki te yon timoun lè sa a, te mande yo: “Nou pa konnen se lakay Papa m pou m ye?” ​(Lik 2:49, NW). Sandout, depi lè Jezi te jèn, li te konnen li se Pitit Bondye. Se sa k fè sa te enpòtan anpil pou li pou l te fè jistis Bondye parèt pi klè.

7. Ki bagay ki te gen anpil valè Jezi te genyen?

7 Jezi te konn asiste reyinyon yo te fè pou adore Bondye regilyèman e sa montre li te enterese nan bagay espirityèl ak tout kè l. Piske lespri l te pafè, li dwe te kapte tout sa li te tande ak tout sa li te li nan Ekriti ebrayik yo (Lik 4:16). Li te gen yon lòt bagay ankò ki te gen anpil valè, se yon kò imen pafè li te kapab bay kòm sakrifis pou lèzòm. Lè Jezi t ap batize, li te priye, e petèt li t ap reflechi sou pwofesi ki nan Sòm 40:6-8 la. —Lik 3:21; li Ebre 10:5-10 *.

8. Poukisa Jan Batis te eseye anpeche Jezi batize?

8 Okòmansman, Jan Batis t ap chèche anpeche Jezi batize. Poukisa? Paske Jan t ap batize Juif yo kòm yon senbòl ki te montre yo repanti pou peche yo te fè kont Lalwa. Antanke fanmi pwòch Jezi, li dwe te konnen Jezi se yon moun ki jis, e pou rezon sa a, li pa t bezwen repanti. Jezi te bay Jan asirans pa gen okenn pwoblèm si l batize. Men sa Jezi te di l: “Kite sa fèt konsa kounyeya. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande.” —Mat. 3:15.

9. Ki sa batèm Jezi a te siyifi?

9 Antanke yon òm pafè menm jan ak Adan, Jezi te gendwa panse li te kapab fè pitit pou yon ras moun pafè soti nan li, e li ta kapab viv avèk yo nan paradi sou tè a pou toutan. Men, Jezi pa t janm gen dezi sa a, paske se pa t volonte Jewova pou li. Bondye te voye Jezi sou tè a antanke Desandans li te pwomèt la, oswa Mesi a. Sa te mande pou l sakrifye lavi li antanke òm pafè. (Li Izayi 53:5, 6, 12.) Natirèlman, batèm Jezi a pa gen menm siyifikasyon ak batèm pa nou an. Se pa vwe li te vwe lavi l bay Jewova, piske li te deja fè pati nasyon Izrayèl la, yon nasyon ki te deja vwe tèt li bay Bondye. Lè Jezi te batize a, se prezante li te prezante tèt li bay Bondye pou l fè volonte l jan Ekriti yo te anonse sa konsènan Mesi a.

10. Antanke Mesi a, ki sa fè volonte Bondye te vle di pou Jezi, e ki jan sa te fè l santi l?

10 Volonte Jewova pou Jezi te gen ladan l preche bon nouvèl Wayòm li an, fè disip, epi prepare yo pou travay fè disip la. Lè Jezi te prezante tèt li a, sa te vle di tou li te dispoze andire pèsekisyon ak yon lanmò atwòs pou l montre li soutni souvrènte Jewova Dye ki jis. Lefètke Jezi te renmen Papa l ki nan syèl la toutbonvre, li te pran plezi pou l fè volonte l e li te jwenn anpil satisfaksyon pou l bay kò l kòm sakrifis (Jan 14:31). Anplis, li te kontan lefètke li te konnen li te kapab ofri valè lavi pafè l la bay Bondye kòm ranson pou l sove nou anba peche ak lanmò. Èske Bondye te apwouve jès Jezi te fè a lè l te prezante tèt li pou l aksepte gwo responsablite sa yo? Wi, pa gen dout nan sa.

11. Ki jan Jewova te montre li te aksepte Jezi antanke Mesi, oswa Kris, li te pwomèt la?

11 Toule kat ekriven Evanjil yo rakonte pawòl klè Jewova Dye te di pou l montre li apwouve Jezi lè l t ap monte soti anba dlo a nan rivyè Jouden an. Gade sa Jan Batis te di: “Mwen wè Lespri Bondye a desann sot nan syèl la tankou yon ti pijon, li rete sou tèt [Jezi]. [...] Mwen wè sa ak je m, se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre.” ​(Jan 1:32-34). Anplis de sa, nan moman sa a, Jewova te di: “Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil.” —Mat. 3:17; Mak 1:11; Lik 3:22.

Li te fidèl jiska lamò

12. Ki sa Jezi te fè pandan twazan edmi ki te pase apre l te fin batize a?

12 Pandan twazan edmi ki te pase apre Jezi te fin batize a, li te depanse l pou l anseye moun konsènan Papa l e konsènan souvrènte L ki jis. Li te vwayaje nan tout Latè pwomiz apye, sa ki te fatigan pou li, men pa t gen anyen ki te ka anpeche l bay yon temwayaj afon sou laverite (Jan 4:6, 34; 18:37). Jezi te anseye lòt moun konsènan Wayòm Bondye a. Li te demontre sa Wayòm nan pral fè pou lèzòm lè l te fè mirak tankou: geri moun ki malad, bay plizyè foul moun ki grangou manje, e li te menm resisite moun ki mouri. —Mat. 11:4, 5.

13. Ki sa Jezi te anseye anrapò ak lapriyè?

13 Jezi pa t atire atansyon sou li pou ansèyman l yo ak mirak li te fè yo, olye de sa, li te montre tout glwa a se pou Jewova, konsa, li kite yon egzanp imilite estrawòdinè pou nou (Jan 5:19; 11:41-44). Jezi te montre tou ki bagay ki pi enpòtan nou bezwen priye pou yo. Nan priyè nou yo, nou kapab mande pou moun ‘konsidere non Bondye, Jewova, kòm sen’, e pou dominasyon Bondye a ki jis ranplase dominasyon Satan an ki mechan yon fason pou volonte Bondye “fèt sou tè a kou nan syèl la”. (Mat. 6:9, 10, nòt, NW.) Jezi te ankouraje nou tou pou nou aji ann amoni ak priyè nou yo lè nou “chèche wayòm Bondye a ak jistis li, an premye”. —Mat. 6:33, Bib Kreyòl La.

14. Byenke Jezi te pafè, poukisa sa te mande pou l fè anpil efò pou l jwe wòl li nan objektif Bondye?

14 Ofiramezi moman pou Jezi mouri kòm sakrifis la t ap pwoche, li te vin plis konsyan li gen yon kokennchenn responsablite sou do l. Objektif Papa a ak repitasyon l te depann de fason Jezi t ap andire eprèv enjis li t apral jwenn nan ak lanmò atwòs li t apral sibi a. Senk jou anvan l mouri, li te di nan lapriyè: “Kounye a, nanm mwen ap fremi. Kisa mwen ta di? Èske se: ‘Papa, sove m anba lè sa a?’ Okontrè! Se poutèt sa mwen te vini, jis nan lè sa a.” Apre Jezi fin eksprime santiman sa yo antanke imen, san l pa wè tèt li, li konsantre atansyon l sou bagay ki gen plis enpòtans lan, epi li priye konsa: “Papa, glorifye non ou!” Men sa Jewova te reponn tousuit: “Mwen te glorifye li. M ap glorifye li ankò.” ​(Jan 12:27, 28, Bib Kreyòl La). Pa gen dout nan sa, Jezi te dispoze pase anba pi gwo eprèv yon moun te kapab jwenn pou l pwouve entegrite l. Sepandan, nou kapab sèten lè l te tande pawòl sa yo soti nan bouch Papa l ki nan syèl la, sa te fè l gen anpil konfyans li t ap reyisi leve souvrènte Jewova byen wo e li t ap reyisi montre souvrènte sa a jis. Pa gen dout li te reyisi fè sa!

Sa lanmò Jezi akonpli

15. Poukisa Jezi te di: “Sa reyalize!” anvan l mouri?

15 Pandan Jezi sou poto soufrans lan e li prèske mouri, men sa l te di: “Sa reyalize!” ​(Jan 19:30, NW). Se pa de bagay enpòtan Jezi te rive akonpli grasa èd Bondye te ba li pandan twazan edmi ki te pase soti nan moman batèm li pou rive nan lanmò l! Lè Jezi te mouri, te gen yon gwo tranblemanntè, e ofisye lame women ki te responsab egzekisyon Jezi a te santi l pouse pou l di: “Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye.” ​(Mat. 27:54). Petèt ofisye sa a te wè jan yo t ap moke Jezi paske li te di li se Pitit Bondye. Malgre tout soufrans Jezi te jwenn, li te kenbe entegrite l e li te pwouve Satan se yon mantè san parèy. Anpalan de tout moun k ap soutni souvrènte Bondye yo, men sa Satan fè konnen: “Yon moun va bay tou sa li genyen pou l pa mouri.” ​(Jòb 2:4). Lefètke Jezi te rete fidèl, li montre Adan ak Èv te kapab rete fidèl tou devan eprèv yo te jwenn nan ki te pi fasil lontan. Sa ki pi enpòtan nan tout sa, sèke lavi Jezi ak lanmò l te soutni souvrènte Jewova ki jis e yo te leve l byen wo. (Li Pwovèb 27:11.) Èske lanmò Jezi te akonpli lòt bagay toujou? Wi!

16, 17. a) Ki sa k fè li te posib pou Jewova konsidere Temwen l ki t ap viv anvan epòk kretyen yo kòm moun ki jis? b) Ki jan Jewova te rekonpanse Pitit li a ki te fidèl, e ki sa Jezi Kris, Seyè a, kontinye ap fè?

16 Anpil sèvitè Jewova te viv anvan Jezi te vin sou tè a. Bondye te konsidere yo kòm moun ki jis e li te ba yo esperans l ap resisite yo (Iza. 25:8; Dàn. 12:13). Men, sou ki baz legal Jewova, Bondye ki sen an, te kapab beni moun enpafè sa yo yon fason estrawòdinè konsa? Men sa Labib esplike: “Bondye te prezante [Jezi Kris] kòm yon ofrann pou pèmèt moun rekonsilye avèk Li, grasa lafwa yo genyen nan san li te vèse a. Bondye te fè sa pou l te ka montre jistis li, paske li te gen pasyans e li te padone peche moun te fè nan tan lontan yo. Konsa, li montre pwòp jistis li nan moman nou ye la a, pou l ka toujou jis menm lè l fè konnen yon moun ki gen lafwa nan Jezi se yon moun ki jis.” —Wom. 3:25, 26 *, NW.

17 Pou Jewova te rekonpanse Jezi, li te resisite l e li te mete l nan yon pozisyon ki pi wo pase pozisyon li te genyen anvan l te vin sou tè a. Kounye a, antanke yon kreyati ki gen anpil glwa, Jezi imòtèl (Ebre 1:3). Antanke Gran Prèt e Wa, Jezi Kris, Seyè a, kontinye ede disip li yo fè jistis Bondye parèt pi klè. E se pa ti rekonesan nou rekonesan anvè Jewova, Papa nou ki nan syèl la, lefètke l ap rekonpanse tout moun ki fè sa e ki sèvi l fidèlman menm jan ak Pitit li a! —Li Sòm 34:3; Ebre 11:6.

18. Sou ki sa atik ki vin apre a pral pale?

18 Tout moun ki te fidèl ak Bondye yo, soti nan Abèl, te gen yon relasyon sere ak Jewova paske yo te demontre yo gen lafwa nan Desandans li te pwomèt la e yo te mete konfyans yo nan li. Jewova te konnen Pitit li a t ap kenbe entegrite l, e lanmò li t ap sèvi pou kouvri “peche moun sou tout latè” totalman (Jan 1:29). Lanmò Jezi pote benediksyon tou pou moun k ap viv jodi a (Wom. 3:26). Donk, ki benediksyon ranson Kris te bay la ka fè w jwenn? Se sou sijè sa a atik ki vin apre pral pale.

[Nòt anba paj]

^ § 7 La a, apot Pòl site Sòm 40:6-8 ki gen pawòl sa yo ladan l, selon tradiksyon grèk ki rele Septant lan: “Ou ban m yon kò.” Fraz sa a pa nan ansyen maniskri ki disponib pou Ekriti ebrayik yo.

^ § 16 Gade “Kesyon lektè yo poze” ki nan paj 6 ak 7.

Ki repons nou ta bay?

• Ki jan yo te mete jistis Bondye an dout?

• Ki sa batèm Jezi a te siyifi?

• Ki sa lanmò Jezi akonpli?

[Kesyon]

[Foto nan paj 9]

Èske w konnen sa batèm Jezi a te siyifi?