Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou nou kite “lwa bonte ki plen lanmou an” dirije lang nou

Se pou nou kite “lwa bonte ki plen lanmou an” dirije lang nou

Se pou nou kite “lwa bonte ki plen lanmou an” dirije lang nou

“Lè l louvri bouch li, se pawòl sajès ki soti, e lwa bonte ki plen lanmou an sou lang li.”—PWO. 31:26, NW.

1, 2. a) Ki kalite adoratè Jewova yo ta dwe kiltive? b) Sou ki sa atik sa a pral pale?

TE GEN yon wa nan tan lontan ki te rele Lemouwèl. Manman l te voye yon mesaj ba li ki gen anpil valè, e ladan l li te pale de yon kalite enpòtan yon bon madanm dwe genyen. Men sa l te di wa a: “Lè l louvri bouch li, se pawòl sajès ki soti, e lwa bonte ki plen lanmou an sou lang li.” ​(Pwo. 31:1, 10, 26.) Bonte ki plen lanmou an fè madanm ki saj la pale avèk cham, menm jan li fè sa pou tout lòt moun ki vle fè Jewova plezi. (Li Pwovèb 19:22.) Bonte ki plen lanmou an dwe parèt klè nan pawòl tout vrè adoratè Jewova yo.

2 Ki sa bonte ki plen lanmou an ye? Anvè ki moun yo dwe manifeste l? Ki sa k ap ede nou mete “lwa bonte ki plen lanmou an” sou lang nou? Lè nou fè sa, ki efè sa ap genyen sou fason nou kominike ni ak manm fanmi nou ni ak kretyen parèy nou?

Lè se lanmou fidèl ki dèyè bonte a

3, 4. a) Ki sa bonte ki plen lanmou an ye? b) Ki diferans ki gen ant bonte ki plen lanmou an ak bonte moun gen lakay yo natirèlman?

Jan ekspresyon bonte ki plen lanmou an montre sa, kalite sa a gen ladan l lanmou ak bonte. Li gen bonte, sa vle di li montre yon enterè sensè nan lòt moun e enterè sa a parèt klè nan bèl aksyon moun fè e nan pawòl moun di ki montre yo gen konsiderasyon pou lòt moun. Piske lanmou se yon aspè nan bonte ki plen lanmou an, pou yon moun demontre kalite sa a, sa mande pou l enterese nan byennèt lòt moun paske li gen lanmou pou yo. Men, nan lang orijinal la, mo lè yo tradui l ki bay bonte ki plen lanmou an vle di plis pase bonte ki soti nan lanmou. Yon moun ki gen bonte ki plen lanmou an se yon moun ki atache l volontèman ak yon lòt moun e ki rete fidèl ak moun sa a jiskaske objektif li pou moun sa a reyalize.

4 Bonte ki plen lanmou an diferan ak bonte moun gen lakay yo natirèlman. Yon moun kapab manifeste bonte moun gen lakay yo natirèlman an menm anvè etranje. Se kalite bonte sa a moun sou zile Malt yo te manifeste anvè apot Pòl ak 275 moun yo pa t menm konnen, lè bato yo a t al echwe sou zile a (Tra. 27:37–28:2). Yon lòt bò, bonte ki plen lanmou an se yon kalite moun manifeste anvè moun yo deja atache avè yo, moun yo deja gen relasyon ak yo *. Se te yon bonte konsa Kenit yo te demontre pou “pèp Izrayèl la lè yo t’ap tounen sòti nan peyi Lejip la”. —1 Sam. 15:6.

Meditasyon ak lapriyè trèzenpòtan

5. Ki sa k ap ede nou bride lang nou?

5 Li pa fasil pou bonte ki plen lanmou an parèt nan pawòl nou. Anpalan de lang, men sa disip Jak te di: “Pèsonn poko ka donte li. Se yon move bagay ou pa ka kontwole, li plen pwazon ki ka touye moun.” ​(Jak 3:8). Ki sa k ka ede nou donte pati sa a nan kò a ki si tèlman difisil pou kontwole? Pawòl Jezi te di chèf relijye nan epòk li a ede nou byen konprann ki sa nou ka fè. Li te di: “Sa ki nan kè yon moun, se sa ki sòti nan bouch li.” ​(Mat. 12:34). Pou bonte ki plen lanmou an dirije lang nou, nou bezwen grave kalite sa a nan kè nou, sa vle di moun nou ye pa anndan an. Annou egzamine kòman meditasyon ak lapriyè kapab ede nou fè sa san pwoblèm.

6. Poukisa nou dwe medite ak anpil apresyasyon sou fason Jewova montre bonte ki plen lanmou an?

6 Labib fè konnen Jewova Dye “chaje bonte ki plen lanmou”. (Egz. 34:6, NW.) Salmis la te di: “Bonte ki plen lanmou ou genyen an, o Jewova, li ranpli tè a.” ​(Sòm 119:64, NW). Ekriti yo gen yon bann istwa ki rakonte fason Jewova te demontre bonte ki plen lanmou an anvè adoratè li yo. Lè nou pran tan pou nou medite ak anpil apresyasyon sou ‘tout travay Jewova fè’ ​(NW), sa kapab ogmante dezi nou pou nou kiltive kalite sa a Bondye genyen. —Li Sòm 77:12.

7, 8. a) Ki aksyon Bondye te fè pou Lòt ak fanmi l ki demontre li gen bonte ki plen lanmou? b) Ki jan David te santi l antanke moun Bondye te montre bonte ki plen lanmou anvè l?

7 Pa egzanp, fè yon ti reflechi sou fason Jewova te delivre Lòt, neve Abraram nan, ak fanmi l, lè li t apral detwi Sodòm, vil kote yo t ap viv la. Tank lè destriksyon vil la t ap pwoche, zanj ki te vin kot Lòt yo t ap chofe l pou l kite vil la san pèdi tan ak tout fanmi l. Gade sa Bib la rakonte: “Lè [zanj] yo wè Lòt t’ap kalbende, yo pran men li, yo pran men madanm li ansanm ak de pitit fi li yo, yo mennen yo andeyò lavil la, yo lage yo. Yo te fè sa, paske Senyè a te gen pitye pou Lòt.” Èske sa pa touche nou lè nou reflechi sou fason Bondye te sove lavi yo, e èske sa pa pouse nou rekonèt aksyon sa a Bondye te fè a montre li gen bonte ki plen lanmou? —Jen. 19:16, 19.

8 Gade egzanp David, ansyen wa Izrayèl la, ki te chante konsa: ‘Jewova li menm toujou ap padone tout erè ou fè e li toujou ap geri tout maladi ou genyen.’ Se pa ti kontan David te kontan paske li te jwenn padon pou peche li te fè ak Batcheba a! Li te glorifye Jewova, lè l te di: “Paske menm jan syèl la pi wo pase tè a, se konsa bonte ki plen lanmou li genyen an pi plis pou moun ki gen lakrentif pou li yo.” ​(Sòm 103:3, 11, NW). Lè nou medite sou istwa sa yo ak lòt ankò ki soti nan Bib la, sa ap ranpli kè nou ak rekonesans pou Jewova ki gen bonte ki plen lanmou e sa ap pouse nou louwe li epi remèsye li. Plis nou gen rekonesans nan kè nou, se plis n ap anvi imite vrè Dye a. —Efe. 5:1.

9. Ki gwo rezon adoratè Jewova yo genyen pou yo demontre bonte ki plen lanmou an nan lavi yo chak jou?

9 Anpil egzanp nan Bib la montre ki jan Jewova demontre bonte ki plen lanmou an, sètadi lanmou fidèl li, anvè moun ki deja gen yon relasyon sere sere avè l. E moun ki pa gen yon relasyon konsa ak Jewova, Bondye vivan an, èske li sevè ak yo, sètadi li pa montre li gen bonte anvè yo? Non. Lik 6:35 montre kòman “[Bondye] bon ni pou engra ni pou mechan”. “Li fè solèy la leve ni pou moun ki mechan ni pou moun ki bon. Li fè lapli tonbe ni pou moun k’ap fè sa ki byen ni pou moun k’ap fè sa ki mal.” ​(Mat. 5:45). Anvan nou te aprann laverite pou n te konfòme lavi nou avè l, nou te benefisye bonte Bondye, bonte li montre anvè tout moun. Antanke adoratè li, kounye a, nou pwofite lanmou fidèl li, sa vle di bonte l ki plen lanmou ki pap janm kite nou an. (Li Izayi 54:10.) Se pa ti rekonesan nou ta dwe rekonesan pou sa! E se pa ti rezon sa ban nou pou nou demontre bonte ki plen lanmou an nan pawòl nou ak nan lòt aspè nan lavi nou chak jou!

10. Poukisa lapriyè se yon gwo èd nan efò n ap fè pou bonte ki plen lanmou an vin fè pati pèsonalite nou?

10 Youn nan pi gwo èd pou nou ka kiltive bonte ki plen lanmou an se lapriyè ki se yon privilèj. Se yon gwo èd paske lanmou ak bonte, de kalite ki bay bonte ki plen lanmou an, se de aspè nan fwi lespri Jewova a (Gal. 5:22). Nou kapab grave bonte ki plen lanmou nan kè nou lè nou kite lespri sen enfliyanse nou. Chemen ki pi dirèk pou yon moun resevwa lespri sen Jewova se mande l li pa mwayen lapriyè (Lik 11:13). Li bon pou nou priye san rete pou nou ka jwenn lespri sen Bondye e pou nou aksepte direksyon li. Se sèten, meditasyon ak lapriyè trèzenpòtan si nou ta renmen gen lwa bonte ki plen lanmou an sou lang nou.

Fason bonte ki plen lanmou an ka sou lang moun marye yo

11. a) Kòman n fè konnen Jewova vle pou mari yo manifeste bonte ki plen lanmou an anvè madanm yo? b) Ki jan lwa bonte ki plen lanmou an kapab ede yon mari pou l veye sou lang li?

11 Apot Pòl te ankouraje mari kretyen yo konsa: “Se pou nou kontinye renmen madanm nou, menm jan Kris te renmen kongregasyon an, e li te bay tèt li pou li.” ​(Efe. 5:25, NW). Apot Pòl te raple yo tou pawòl Jewova te di Adan ak Èv yo. Men sa l te ekri: “Se poutèt sa, gason an va kite papa l ak manman l, pou l mete tèt li ak madanm li, pou tou de fè yon sèl.” ​(Efe. 5:31). Sa klè, volonte Jewova se pou mari yo rete fidèl ak madanm yo, sa vle di pou yo toujou manifeste bonte ki plen lanmou an anvè yo. Yon mari ki kite lanmou ki fidèl la dirije lang li pap pale sou defo madanm li an piblik ni li pap pale madanm li mal. Li kontan fè lwanj pou madanm li (Pwo. 31:28). Si pou yon rezon kèlkonk vin gen ti kont ant yo de a, bonte ki plen lanmou an ap anpeche mari a sèvi ak lang li pou l rabese madanm li.

12. Ki jan yon madanm ka montre lwa bonte ki plen lanmou an dirije lang li?

12 Lwa bonte ki plen lanmou an dwe dirije lang madanm nan tou. Pawòl nan bouch li pa dwe tache ak enfliyans lespri monn nan. Piske li gen “yon gwo respè pou mari l”, li pale byen de li an piblik e konsa li pèmèt lòt moun gen plis respè pou li (Efe. 5:33, NW). Nan efò l ap fè pou timoun yo pa pèdi respè pou papa yo, li pa montre li pa dakò ak mari l ni li pa pase opinyon mari l anba pye devan timoun yo. Li rezoud pwoblèm sa yo poukont li ak mari l. Men sa Bib la di: “Bon konprann yon fanm fè kay li mache byen.” ​(Pwo. 14:1). Yon madanm konsa, lakay li se yon kote tout moun nan fanmi an santi yo byen e yo santi yo alèz.

13. Ki kote espesyalman lwa bonte ki plen lanmou an dwe domine, e ki jan sa ka fèt?

13 Menm lè moun marye yo poukont yo lakay yo, yo dwe kontinye itilize lang yo yon fason ki montre respè youn pou lòt. Men sa Pòl te ekri: “Men kounye a, kanta pou kòlè, raj, mechanste, jouman, voye tout bagay sa yo jete lwen nou toutbonvre, e mo sal pa dwe soti nan bouch nou.” Li te ajoute: “Se pou nou abiye nou avèk yon konpasyon ki pwofon anpil, ak bonte, imilite, dousè ak pasyans. [...] Abiye nou ak lanmou, paske li se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay.” ​(Kol. 3:8, 12-14, NW). Lè timoun yo abitye tande pawòl ki chaje ak lanmou e ki gen bonte nan kay la, nonsèlman sa bon pou yo, men tou y ap plis anvi imite fason paran yo pale.

14. Ki fason chèf fanmi an kapab itilize lang li pou l konsole moun ki anba otorite l?

14 Men sa salmis la te ekri sou Jewova: “Tanpri, se pou bonte ki plen lanmou w genyen an konsole m.” ​(Sòm 119:76, NW). Yon fason estrawòdinè Jewova konsole pèp li a, se lè li ba l konsèy ak direksyon (Sòm 119:105). Ki leson chèf fanmi yo kapab aprann nan men Papa nou ki nan syèl la nan fason pou yo itilize lang yo pou yo konsole moun ki anba otorite yo? Yo ka fè sa lè yo bay konsèy ak ankourajman lè sa nesesè. Ala yon bèl avantaj Adorasyon an fanmi an bay, paske li pèmèt fanmi an jwenn yon pakèt trezò espirityèl! —Pwo. 24:4.

Montre nou gen lanmou fidèl pou kretyen parèy nou

15. Kòman ansyen yo ak lòt kretyen ki gen matirite yo kapab itilize lang yo pou yo prezève lòt manm kongregasyon an, sa vle di pwoteje yo?

15 Wa David te priye konsa: “Se pou bonte ki plen lanmou ou genyen ansanm ak fidelite w prezève m toutan.” ​(Sòm. 40:11, NW). Kòman ansyen yo ak lòt kretyen ki gen matirite nan kongregasyon an kapab imite Jewova nan sans sa a? Lè yo itilize lang yo pou yo atire atansyon moun sou enfòmasyon ki gen nan Bib la, yo demontre yo gen bonte ki plen lanmou an. —Pwo. 17:17.

16, 17. Bay kèk fason nou kapab montre se bonte ki plen lanmou an k ap dirije lang nou.

16 Ki sa pou nou fè si nou wè yon kretyen ap aji yon fason ki pa ann amoni ak prensip Labib yo? Èske bonte ki plen lanmou an pap pouse nou itilize lang nou pou nou eseye ede l korije sitiyasyon an (Sòm 141:5)? Si nou vin konnen youn nan kretyen parèy nou yo te komèt yon peche grav, lanmou fidèl ap pouse nou ankouraje moun ki mal aji a pou li ‘rele ansyen yo nan kongregasyon an vin kote l, pou yo priye pou li, pou yo pase luil sou li nan non Jewova’. (Jak 5:14, NW.) Si moun ki peche a pa kontakte ansyen yo li menm pou peche grav li fè a, e nou menm nou pa kontakte ansyen yo nan plas li, nou pap montre nou gen bonte ki gen lanmou an. Anpil nan nou ka santi nou dekouraje, nou poukont nou, nou ka santi nou pa itil oswa nou ka santi dekourajman prèt pou pote nou ale. Youn nan fason pou nou montre lwa bonte ki plen lanmou an sou lang nou se lè nou “pale yon fason pou nou konsole moun ki tris yo”. —1 Tes. 5:14, NW.

17 Ki sa pou nou fè lè moun ki ènmi Bondye yo ap fè move pwopagann sou kretyen parèy nou? Olye nou doute sou fidelite frè nou yo, nou pa dwe ni pran pawòl sa yo oserye ni reponn. Men, si moun k ap akize kretyen parèy nou an rezonab, nou kapab mande l si li kapab pwouve sa l di yo. Si ènmi pèp Bondye a ap chèche konnen kèk enfòmasyon sou ki kote yo ka jwenn frè nou yo nan objektif pou yo fè yo mal, lanmou fidèl nou gen pou frè nou yo ap anpeche nou bay enfòmasyon sa yo. —Pwo. 18:24.

Moun ki gen “bonte ki plen lanmou ap jwenn lavi”

18, 19. Poukisa bonte ki plen lanmou an dwe toujou sou lang nou nan relasyon nou ak kretyen parèy nou yo?

18 Lanmou fidèl dwe parèt klè nan tout relasyon nou genyen ak lòt adoratè Jewova parèy nou yo. Menm nan moman difisil yo, lwa bonte ki plen lanmou an dwe toujou sou lang nou. Izrayelit yo te dwe montre yo gen bonte ki plen lanmou, men lè bonte sa a te disparèt “tankou lawouze ki disparèt anvan solèy fin leve”, Jewova pa t kontan ditou (Och. 6:4, 6). Yon lòt bò, Jewova kontan lè sèvitè l yo toujou montre bonte ki plen lanmou an. Gade ki jan li beni moun ki chwazi pousuiv kalite sa a.

19 Men sa Pwovèb 21:21 (NW) di: “[Yon] moun k ap pousuiv jistis ak bonte ki plen lanmou ap jwenn lavi, jistis ak glwa.” Youn nan benediksyon moun sa a ap jwenn se lavi, pa yon lavi tou kout, men lavi ki pap janm fini an. Jewova ap ede l pou l ka “resevwa lavi tout bon an”. (1 Tim. 6:12, 19.) Se sa k fè, nan tout sa n ap fè, annou “montre nou gen bonte ki plen lanmou [...] youn pou lòt”. —Zek. 7:9, NW.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou diferans ki genyen ant bonte ki plen lanmou an ak fidelite, ak lanmou, ak bonte, gade nan Toudegad 15 me 2002, paj 12-13, 18-19 (fransè).

Èske w ka esplike?

• Ki jan ou t ap esplike sa bonte ki plen lanmou an ye?

• Ki sa ki kapab ede nou gen lwa bonte ki plen lanmou an sou lang nou?

• Kòman moun marye yo kapab montre yo gen lanmou fidèl lè y ap pale youn ak lòt?

• Kòman nou ka montre lwa bonte ki plen lanmou an sou lang nou nan relasyon nou genyen ak kretyen parèy nou?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

David te bay Jewova glwa pou bonte li ki plen lanmou.

[Foto nan paj 24]

Èske w fè Adorasyon an fanmi an regilyèman?