Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kiyès ki ka delivre moun k ap rele yo?

Kiyès ki ka delivre moun k ap rele yo?

Kiyès ki ka delivre moun k ap rele yo?

“Bondye, moutre wa a jan pou l dirije tankou ou! [...] L’a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li.”—SÒM 72:1, 12.

1. Ki sa sitiyasyon David la aprann nou sou mizèrikòd Bondye?

SE PA ti touchan pawòl ki nan vèsè ki soutni tèm etid la touchan e se pa ti ankourajan yo ankourajan! Sanble se David, ansyen wa peyi Izrayèl ki te ekri yo. Kèk ane anvan l te ekri yo, li te fè adiltè ak Batcheba e sa te ba l remò. Nan moman sa a, David te sipliye Bondye, li te di l: “Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib. [...] Se tout tan peche m lan devan je m. [...] Wi, depi m fèt, mwen fèt ak peche nan kè m. Depi nan vant manman m, mwen gen peche nan kè m.” ​(Sòm 51:1-5). Jewova gen anpil mizèrikòd, e li sonje nou eritye peche.

2. Kòman Sòm 72 la ka ede nou?

2 Jewova konprann sitiyasyon kritik n ap viv la. Men, jan sa te predi, Wa Bondye chwazi a ap “delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L’a delivre tout malere ki san sekou. L’a gen pitye pou pòv malere yo. L’a sove lavi tout moun ki nan bezwen”. (Sòm 72:12, 13.) Ki jan li pral pote yo sekou? Sòm 72 la di nou kòman sa pral fèt. Yo te konpoze chante ki nan sòm sa a konsènan rèy Salomon pitit David la. Chante sa a bay yon apèsi sou fason dominasyon Jezi Kris la, Pitit Bondye a, pral soulaje tout moun sou tè a k ap soufri.

Yon apèsi sou dominasyon Kris la

3. Ki sa Salomon te mande Bondye, e ki sa Bondye te ba li?

3 Apre David, ki te granmoun, te fin di pou yo mete Salomon kòm wa, li te bay Salomon yon seri enstriksyon presi e Salomon te byen suiv yo. (1 Wa 1:32-35; 2:1-3) Apre sa, Jewova te pale ak Salomon nan yon rèv, li te di l: “Kisa ou ta vle m ba ou?” Salomon te mande yon sèl bagay: “Bay sèvitè w la yon kè ki obeyisan pou l jije pèp ou a, pou l distenge byen ak mal.” Bondye te reponn priyè sa a Salomon te fè avèk imilite a, nonsèlman li te ba li sa l te mande l la, men tou li te ba l plis pase sa. —1 Wa 3:5, 9-13; NW.

4. Ki sa yon dirijan nan epòk Salomon an te di sou rèy Salomon an?

4 Jewova te beni Salomon, se sa k fè pandan Salomon t ap dirije a te gen lapè ak pwosperite nan peyi a, e ni anvan l, ni apre l, pa gen okenn gouvènman sou tè a ki rive fè sa (1 Wa 4:25). Gen anpil moun ki te vin wè ki jan bagay yo te ye anba dominasyon Salomon an, pami moun sa yo te gen rèn peyi Cheba a ak tout pakèt moun ki te akonpaye l yo. Rèn nan te di Salomon: “Sa m te tande nan peyi m sou ou [...], se te vre! [...] Sa m te tande a se pa mwatye sa m wè a. Bon konprann ou ak richès ou pi plis pase sa yo te di m lan.” ​(1 Wa 10:1, 6, 7). Men, Jezi te gen plis sajès lontan pase Salomon, se sa k fè l te gen rezon di “gen yon moun la a ki pi enpòtan pase Salomon”, anpalan de tèt li. —Mat. 12:42, NW.

Soulajman anba rèy Gran Salomon an

5. Ki sa Sòm 72 la aprann nou, e ki apèsi sa ban nou?

5 Annou egzamine kèk detay nan Sòm 72 la pou nou aprann plis sou benediksyon dominasyon Jezi Kris la, Gran Salomon an, pral pote. (Li Sòm 72:1-4.) Sòm sa a montre ki jan Jewova konsidere “dominasyon prens” lan, sa vle di Pitit li a, Jezi Kris, yo rele “Prens lapè” a. (Iza. 9:6, 7, NW.) Gran Salomon an pral ‘defann kòz malere, e l ap wete pitit pòv malere yo nan mizè’, l ap fè sa anba direksyon Bondye. Dominasyon l lan pral pote lapè ak lajistis. Pandan Jezi te sou tè a, li te bay yon apèsi sou ki jan bagay yo pral ye anba dominasyon l lan ki pral dire mil an. —Rev. 20:4.

6. Ki apèsi Jezi te bay sou benediksyon Wayòm nan pral pote yo?

6 Annou konsidere kèk bagay Jezi Kris te fè ki ban nou yon apèsi sou sa l pral fè pou lèzòm yon fason pou l reyalize sa Sòm 72 te predi a. Konpasyon Jezi te demontre pou moun k ap soufri yo gen rezon fè gwo enpresyon sou nou (Mat. 9:35, 36; 15:29-31). Pa egzanp, gen yon mesye ki te gen lèp ki te pwoche kot Jezi, li te sipliye l, li di: “Si ou vle, ou kapab geri mwen.” Jezi reponn li: “Wi, mwen vle ou geri.” Epi mesye a te geri (Mak 1:40-42)! Apre sa, Jezi te rankontre yon vèv ki te gen yon sèl pitit, yon gason, e pitit la te mouri. “Kè [Jezi] fè l mal”, li di jenòm nan: “Leve.” Epi jenòm lan leve. Li te vivan ankò. —Lik 7:11-15.

7, 8. Site kèk mirak Jezi te fè ki te montre li gen pouvwa pou l geri maladi.

7 Jewova te bay Jezi pouvwa pou l fè mirak. Sa parèt nan ka “yon fi ki te gen yon san k ap koule sou li depi douz an”. Byenke “li te soufri anpil nan men plizyè doktè, e li te depanse tout sa l te genyen”, anfèt, li te vin pi mal. Dam nan antre nan mitan foul moun yo e li manyen Jezi, sa te kontrè ak sa Lalwa te di anrapò ak sa yon fi ki gen yon ‘san k ap koule sou li’ te dwe fè (Lev. 15:19, 25). Jezi santi gen yon fòs ki soti nan li, se sa k fè, li mande ki moun ki te manyen l. Dam nan “t ap tranble tèlman l te pè. [...] Li met ajenou nan pye Jezi e li di l tout laverite”. Lè Jezi rann li kont Jewova te geri dam nan, li te pale avè l ak anpil jantiyès, li te di l: “Pitit fi m, lafwa w geri w. Ale anpè. Ou geri nèt anba maladi ki t ap fè w soufri a.” —Mak 5:25-27, 30, 33, 34, NW.

8 Sandout pouvwa Bondye te bay Jezi pou l geri maladi te gen yon gwo efè sou moun ki t ap gade yo. Dayè, anpil moun dwe te sezi wè Jezi k ap geri moun ki te malad yo anvan li te bay bèl diskou anpil moun konnen ki rele Sèmon sou montay la (Lik 6:17-19). Lè Jan Batis te voye de nan disip li yo al mande Jezi si se li menm ki Mesi a, yo te jwenn Jezi “ap geri anpil moun malad ak anpil moun enfim, li t’ap wete yo anba pouvwa move lespri, li t’ap fè anpil avèg wè ankò”. Apre, Jezi di de disip yo: “Ale rakonte Jan sa nou sot wè ak sa nou sot tande la a: je avèg yo louvri, moun ki t’ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun soudè yo tande, moun mouri yo leve, pòv yo tande bon nouvèl la.” ​(Lik 7:19-22). Se pa ti ankouraje mesaj sa a dwe te ankouraje Jan!

9. Sou ki sa mirak Jezi yo te bay yon apèsi?

9 Se vre, soulajman Jezi te pote pou moun ki t ap soufri yo pandan l t ap preche sou tè a pa t dire anpil tan. Moun li te geri yo ak moun li te resisite yo te vin mouri apre. Men, mirak sa yo Jezi te fè lè l te sou tè a se yon apèsi sou gwo soulajman k ap dire toutan lèzòm pral benefisye lè l pral dirije antanke Mesi a.

Pral gen yon paradi sou tout tè a!

10, 11. a) Konbyen tan benediksyon Wayòm nan ap pote yo ap dire, e ki jan dominasyon Jezi a pral ye? b) Ki moun ki pral avèk Kris nan paradi a, e ki sa l ap bezwen fè pou l ka viv pou toutan?

10 Eseye imajine kòman lavi a pral ye sou tè a nan paradi a. (Li Sòm 72:5-9.) Tout adoratè sèl vrè Dye a pral kapab pwofite lavi nan paradi a toutotan solèy la ak lalin nan egziste, sa vle di pou toutan! “Tankou lapli k’ap tonbe nan jaden, tankou gwo lapli k’ap wouze tè a”, se konsa dominasyon Jezi Kris, Wa a, pral ye pou nou.

11 Pandan w ap imajine akonplisman sòm sa a, èske kè w pa cho pou w viv nan yon paradi sou tè a pou toutan? Nou ka konprann ki jan malfektè a te kontan lè Jezi te di l: “W ap avèk mwen nan Paradi a.” ​(Lik 23:43, NW). Pandan Rèy mil an Jezi a, mesye sa a pral resisite. Si l soumèt anba dominasyon Kris la, l ap ka viv sou tè a pou toutan ak kè kontan e ak yon sante ki pafè.

12. Pandan Rèy mil an Kris la, ki posiblite ki pral genyen pou moun ki enjis ki resisite yo?

12 Anba dominasyon Jezi Kris, Gran Salomon an, “moun ki jis la pral boujonnen,” sa vle di li pral fleri oswa vin anpil (Sòm 72:7, NW). Lè sa a, tout moun pral benefisye lanmou ak konpasyon Kris, menm jan sa te ye lè l te sou tè a. Nan monn nouvo Bondye pwomèt la, lanmou li genyen pral fè l bay menm moun ki “enjis” ki resisite yo posiblite pou yo konfòme yo ak prensip li yo e y ap gen posiblite gen lavi (Tra. 24:15, NW). Li klè, Bondye pap pèmèt moun ki refize viv ann amoni ak kòmandman l yo kontinye viv pou yo pa vin twouble lapè ak trankilite nan monn nouvo a.

13. Jis nan ki pwen dominasyon Wayòm nan pral etann sou tè a, e sa k fè lapè l ap pote a pap janm fini?

13 Dominasyon Gran Salomon an pral tabli sou tout tè a jan pawòl ki nan Sòm nan di sa: “L’ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a. Moun ki rete nan dezè a pral soumèt devan li, lènmi l yo pral manje pousyè.” ​(Sòm 72:8, 9). Wi, Jezi Kris pral dirije tout tè a (Zek. 9:9, 10). Moun ki aksepte dominasyon l lan ak benediksyon li pral pote yo pral “soumèt devan” l ak tout kè yo. Yon lòt bò, y ap detwi moun ki kontinye fè peche san yo pa repanti yo, menmsi yo gen “santan”. (Iza. 65:20.) “Yo pral manje pousyè.”

Li vle ede nou paske li konprann nou

14, 15. Ki jan nou fè konnen Jezi konprann santiman lèzòm e li pral ‘delivre pòv yo k ap rele nan pye l’?

14 Lèzòm ki enpafè nan yon sitiyasyon ki tris e yo vrèman bezwen èd. Men, gen espwa pou nou. (Li Sòm 72:12-14.) Jezi, Gran Salomon an, byen konprann sitiyasyon nou ladan l lan paske li konnen nou enpafè. Epitou, Jezi te soufri akoz sa ki jis e Bondye te pèmèt li pase anba eprèv yo poukont li. Dayè, Jezi te tèlman soufri, “swe t’ap koule sou li tonbe atè tankou gwo degout san”. (Lik 22:44.) Annapre, pandan l sou poto soufrans lan, li te rele byen fò: “Bondye, Bondye, poukisa ou lage m konsa?” ​(Mat. 27:45, 46). Malgre tout soufrans sa yo, e byenke Satan te fè tout sa l kapab pou l fè l vire do bay Jewova, li te rete fidèl ak Jewova Dye.

15 Nou mèt gen asirans Jezi wè doulè nou e l ap “delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. [L ap] delivre tout malere ki san sekou”. Kòm Jezi gen anpil sousi pou nou menm jan ak Papa l, li pral ‘koute pòv yo’ e li pral “bay moun ki nan gwo lapenn yo kouray. L’ap geri moun ki blese yo”. (Sòm 69:33; 147:3.) Jezi “kapab soufri ak nou nan feblès nou,” paske li “pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou”. (Ebre 4:15.) Se pa ti kontan nou kontan konnen Jezi ap gouvène nan syèl la kounye a antanke Wa e li vle mete yon fen nan soufrans lèzòm!

16. Sa k fè Salomon te ka konprann moun l ap dirije yo?

16 Salomon te gen sajès ak klèvwayans e sandout, se bèl kalite sa yo ki te fè l “gen pitye pou pòv malere yo”. Mete sou sa, li te viv anpil sitiyasyon difisil. Youn nan frè l yo, ki te rele Amnòn, te vyole Tama, sè li. Absalòm li menm, frè Salomon tou, te touye Amnòn poutèt sa (2 Sam. 13:1, 14, 28, 29). Absalòm te dèyè pran twòn nan nan men David, men l pa t rive fè sa e Yowab te touye l (2 Sam. 15:10, 14; 18:9, 14). Apre sa, Adoniya, yon lòt frè Salomon, te eseye vin wa nan plas David. E si l te reyisi, sandout li t ap touye Salomon (1 Wa 1:5). Li klè Salomon te konprann soufrans lèzòm, sa parèt nan priyè li te fè lè inogirasyon tanp Jewova a. Lè sa a, li te priye pou moun l ap dirije yo, li te di: “Yo chak ap konnen afliksyon pa yo ak doulè pa yo [...]. Ou [Jewova] dwe padone e ou dwe bay chak moun selon tout aksyon yo.” —2 Kwo. 6:29, 30, NW.

17, 18. Ki doulè kèk nan sèvitè Bondye yo oblije andire, e ki sa ki ede yo?

17 Se petèt kèk bagay nou te viv nan lavi nou ki lakòz ‘doulè pa nou’. Men ki sa Mari *, yon Temwen Jewova ki nan trantèn li, ekri: “Mwen gen anpil rezon pou m kontan, men, byen souvan, mwen wont e mwen rayi tèt mwen akoz sa k te pase nan lavi m. Sa konn fè m tris anpil, e lè konsa mwen gen tandans kriye, kòmsi se yè tout bagay yo te pase. Jis kounye a, souvni sa yo rete grave nan lespri m, yo konn lakòz mwen santi m pa vo anyen e mwen santi m koupab.”

18 Gen anpil nan sèvitè Bondye yo ki gen menm santiman sa yo. Ki sa ki ka ede yo jwenn fòs yo bezwen pou yo konbat yo? Mari di: “Vrè zanmi mwen genyen yo ansanm ak yon fanmi nan laverite fè m jwenn lajwa kounye a. Epitou, mwen eseye konsantre m sou pwomès Jewova fè yo, e mwen gen asirans byenke m ap kriye jodi a pou m mande sekou, gen yon lè k ap vini m ap gen kè kontan.” ​(Sòm 126:5). Nou dwe met espwa nou nan Pitit Bondye a, moun Bondye chwazi pou dirije a. Men ki sa yo te di sou li nan yon pwofesi: “L’a gen pitye pou pòv malere yo. L’a sove lavi tout moun ki nan bezwen. L’a delivre yo anba men moun k’ap peze yo, anba men moun k’ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li!” ​(Sòm 72:13, 14). Ala rekonfòtan sa rekonfòtan!

Yon nouvo monn ki chaje ak bon bagay

19, 20. a) Ki pwoblèm ki pral rezoud anba dominasyon Wayòm nan, selon sa nou jwenn nan Sòm 72 la? b) Grasa ki moun prensipalman dominasyon Kris la posib, e kòman w santi w anrapò ak sa k pral fèt yo?

19 Eseye imajine kòman moun ki dwat yo pral viv anba dominasyon Gran Salomon an, nan monn nouvo Bondye pral etabli a. Bondye pwomèt nou ‘jaden pral kouvri tout peyi a, jouk sou tèt mòn yo’. (Sòm 72:16.) Kòm jeneralman pa gen jaden sou tèt mòn, pawòl sa yo montre nan ki degre tè a pral bay anpil manje. Li pral pwodui “tankou jaden peyi Liban”, yon zòn ki te konn pwodui anpil manje nan epòk Salomon t ap dirije a. Ou ka imajine sa! Pap gen rate manje ankò, pap gen moun ki mal nouri, ni moun ki grangou! Lè sa a, tout moun pral pwofite ‘yon gwo fèt, avèk bèl plat manje byen pare e ki byen gra’. —Iza. 25:6-8; 35:1, 2.

20 Grasa ki moun nou pral jwenn tout benediksyon sa yo? Prensipal moun nan, se Jewova Dye, li menm ki Wa pou toutan an e ki Dirijan linivè a. Vrèmanvre, lè sa a, nou tout nou pral mete vwa nou ansanm pou nou chante dènye pati nan bèl chante nou jwenn nan Sòm nan, yon chante ki touchan: “Se pou yo pa janm bliye non li [non Jezi Kris, Wa a]. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y’ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l beni yo menm jan li beni wa a. Fè lwanj [Jewova Dye], Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo. Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn!” —Sòm 72:17-19.

[Nòt anba paj]

^ § 17 Yo chanje non moun nan.

Ki jan w ta reponn?

• Sou ki sa pwofesi nou jwenn nan Sòm 72 la bay yon apèsi?

• Ki moun ki Gran Salomon an, e jis nan ki degre l ap gen pou l dirije?

• Pami benediksyon yo predi nan Sòm 72 la, kiyès ladan yo ki atire w pèsonèlman?

[Kesyon]

[Foto nan paj 29]

Ki sa pwosperite moun yo te genyen pandan rèy Salomon an te anonse?

[Foto nan paj 32]

Lavi nou pral jwenn nan paradi a anba rèy Gran Salomon an merite pou nou fè tout efò nou pou n jwenn li.