Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te kontan li dènye Toudegad ki te parèt yo? Gade pou wè si w ka reponn kesyon sa yo:

• Ki sa k ap ede w anseye timoun ou yo pou yo vin moun ki responsab?

‘Bay timoun ou yo egzanp’ pou yo kapab vin moun ki responsab (Jan 13:15). Se pou w rezonab nan sa w ap atann de yo. Tank y ap grandi, ou kapab atann plis nan men yo nan yon seri domèn tankou pwòpte, respekte lè ak devwa lekòl. Byen esplike yo sa pou yo fè pou yo ka pran responsablite yo. —1/7, paj 19-21.

• Poukisa Bondye pa t pini Arawon pou ti bèf annò li te fè a?

Arawon te vyole lwa Bondye te bay sou idolatri a (Egz. 20:3-5). Men, Moyiz te priye Bondye pou Arawon, e siplikasyon li te fè a te gen “anpil pouvwa”. (Jak 5:16.) Arawon te demontre fidelite l pandan plizyè ane. Menmsi pèp la te konvenk Arawon pou l fè ti bèf annò a, annapre li te montre nan fon kè l li pa t dakò avèk yo, paske li te pran pozisyon pou Jewova bò kote pitit Levi yo (Egz. 32:25-29). —15/5, paj 21.

• Ki kote nan Bib la yo pale de Ofi kòm yon kote ki gen lò?

Pou Salomon te pote lò soti Ofi, li te konstwi kèk bato nan Etsyòn-Gebè (1 Wa 9:26-28). Se yon pò ki te nan tèt Gòlf Akaba ki toupre Elat ak Akaba jodi a, ki nan zòn lanmè Wouj. Konsa, petèt Ofi te nan Arabi, toupre lanmè Wouj, sou kot afriken an oswa sou kot endyen an. —1/6-F, paj 15.

• Lè yo di “yon bom nan Gileyad”, de ki sa yo vle pale (Jer. 8:22, NW)?

Bom nan se yon luil, ki gen bon sant, yo fè ak gonm ki soti nan plizyè plant ki egziste anpil kote alès rivyè Jouden, pa egzanp nan Gileyad. Li sèvi tou tankou yon remèd, e yo te konn mete l sou blese moun konn genyen. Nasyon Izrayèl la te nan yon kondisyon deplorab, sa ki te dwe pouse l chèche jwenn gerizon, poutan li pa t fè sa (Jer. 8:9). —1/6-F, paj 21-22.

• Ki sa yon kretyen kapab fè pou l fè fas ak sitiyasyon kote konjwen l komèt adiltè?

Si yon konjwen ki inosan fè efò pou l suiv prensip biblik yo, li pa bezwen santi l koupab lefètke konjwen l komèt adiltè. Bondye konnen ou bezwen rekonfò ak ankourajman. Li kapab sèvi ak lòt kretyen parèy ou pou l ba w rekonfò. —15/6, paj 30-31.

• Ki sa w kapab fè pou w ede yon zanmi w ki malad?

Pran tan pou w byen koute l (Ekl. 3:1, 7). Mete w nan plas li e montre w bon avè l (Wom. 12:15). Ankouraje l epi ede l (Kol. 4:6; 1 Jan 3:18). Kenbe kontak avè l (Pwo. 17:17). —1/7-F, paj 10-13.

• Ki jan nou fè konnen Bondye pa gen kòmansman?

Moyiz te di sa nan yon priyè (Sòm 90:2). Se sa k fè se Jewova sèl ki pote tit “Wa letènite” a (1 Tim. 1:17, NW). —1/7-F, paj 28.

• Ki jan w kapab ede piti ou yo vin renmen li?

Kreye yon anbyans kote timoun yo santi ou renmen yo, e ba yo egzanp antanke paran, sa ap ede yo vin renmen li. Anplis, ba yo liv pou yo li. Li awotvwa avèk yo. Ankouraje yo patisipe nan lekti a epi pale sou sa w li a. Fè yo li pou ou e ankouraje yo poze kesyon. —15/7, paj 26.

• Poukisa Jezi pa t prese al wè Laza, zanmi l, ki te malad, pou l te geri l?

Lè Jezi te rive, Laza te gen tan mouri depi kat jou. Lefètke Jezi te pran tan anvan l ale, li te bay yon pi bon temwayaj konsènan Papa l. Sa te fè anpil moun vin kwayan (Jan 11:45). —1/8-F, paj 14-15.

• Ki sa “andwa ki wo” yo te ye?

Souvan, se te tèt ti mòn ak lòt kote ankò yo te konn pratike fo adorasyon. Pafwa, moun yo te mete lotèl, poto sakre ak lòt kalite bagay ankò kote sa yo pou yo pratike fo adorasyon, yon bagay Bondye te kondane (Nonb 33:52, NW). —1/8-F, paj 23.