Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mete konfyans ou nan Jewova — L ap ede w toutbonvre

Mete konfyans ou nan Jewova — L ap ede w toutbonvre

Mete konfyans ou nan Jewova — L ap ede w toutbonvre

DAPRE EDMUND SCHMIDT

Konsèy ki pi wo a te vin nan tèt mwen nan moman mwen t apral parèt devan yon tribinal nan Nouyòk, ann oktòb 1943. A 25 an, mwen te pase prèske katran nan prizon akoz netralite m antanke kretyen. Menm jan ak premye disip Jezi yo, mwen te pran detèminasyon pou m ‘obeyi Bondye antanke chèf, men pa lèzòm’. (Travay 5:29.) Anvan m di nou plis, kite m esplike nou ki jan m te fè vin kwè tout kwè sa a nan Bondye.

MWEN fèt Cleveland (Ohio, Ozetazini), 23 avril 1922, nan apatman nou te genyen sou tèt boulanjri papa m nan. Kat mwa annapre, papa m, ki te rele Edmund, te asiste yon kongrè Etidyan Labib yo (se non sa a Temwen Jewova yo te genyen lè sa a) te òganize Cedar Point, toupre Sandusky, a anviwon 160 kilomèt parapò ak lakay nou.

Nan kongrè sa a, yo te ankouraje delege yo pou yo “pwoklame, pwoklame, pwoklame Wa [Bondye] a ak wayòm li an”. Nan dimanch apre kongrè a, papa m te kòmanse patisipe nan travay sa a. Li te kontinye fè sa pandan 66 an, jiskaske li mouri nan jou ki te 4 jiyè 1988 la. Manman m, ki te rele Mari, mouri fidèl an 1981.

Mwen vin adore Bondye ansanm ak paran m

Fanmi m te konn asiste reyinyon nan yon kongregasyon polonè, nan Cleveland. Lesamdi aprèmidi, mwen menm ansanm ak anpil lòt timoun, nou te konn al preche bon nouvèl la pòt an pòt, e granmoun yo te akonpaye nou. Ledimanch, paran yo te konn al koute yon diskou biblik nan gwo sal prensipal kote nou te konn fè reyinyon an. Pandan tan sa a, yon anseyan ki gen eksperyans te konn etidye Labib ak anviwon 30 nan nou nan liv ki rele La Harpe de Dieu a *. Anvan lontan, mwen menm tou mwen t ap kondui etid biblik e m te jwenn bon rezilta.

An jiyè 1931, fanmi an, ki te vin gen yon lòt moun ladan l ki se Frank, ti frè m nan, t al asiste yon lòt kongrè Etidyan Labib yo ki te fèt Columbus, a anviwon 160 kilomèt nan direksyon sid parapò ak lakay nou. Se nan kongrè sa a, Etidyan Labib yo te kontan vin pote non Temwen Jewova, yon non ki soti nan Labib (Izayi 43:10-12). Nan okazyon sa a, mwen te preche e mwen te envite moun yo vin koute diskou frè Joseph Rutherford t apral bay la. Se frè Rutherford ki t ap dirije travay Temwen Jewova yo nan epòk la. Depi lè a, sa fè plis pase 79 an, mwen konsantre lavi m sou sèvis m ap bay Jewova Dye pami pèp li a.

Bagay yo te difisil men ministè a te ban m satisfaksyon

An 1933, moun tout kote sou tè a te santi efè gwo kriz ekonomik ki te kòmanse Ozetazini an 1929 la. Te gen plis pase 15 milyon moun Ozetazini ki te nan chomaj, sa te reprezante yon ka nan moun ki gen laj pou travay yo. Gen vil ki te fè fayit, e pòv yo pa t jwenn okenn èd nan men gouvènman an ankò. Men, frè ak sè nou yo te ede youn lòt. Ledimanch, fanmi nou te konn pote pen ak lòt bagay nou te konn fè nan boulanjri a pou frè ak sè yo. Nan fen mwa a, lè papa m te fin peye tout sa l te gen pou l peye, li te konn voye kòb ki rete a nan syèj mondyal Temwen Jewova yo ki Bwouklin, nan Nouyòk. Li te konnen yo t ap sèvi ak kòb sa a pou yo enprime piblikasyon ki baze sou Labib.

Pandan ane sa yo, pwogram ki te fèt nan radyo yo te jwe yon wòl enpòtan nan travay predikasyon an. Te gen plis pase 400 estasyon radyo ki te pase diskou ki te fèt nan kongrè yo. Nan ane 1930 yo, nan faktori Temwen yo te genyen nan Bwouklin nan, yo te fè plak tou ansanm ak aparèy pou jwe yo. Nou te sèvi avèk yo nan predikasyon e nou te konn fè yon rapò pou nou di konbyen fwa nou te pase plak yo e konbyen moun ki te koute yo.

An 1933, Adolf Hitler ak pati Nazi a te pran pouvwa a ann Almay. Temwen Jewova yo nan peyi sa a te jwenn gwo pèsekisyon paske yo te rete net antanke kretyen (Jan 15:19; 17:14). Kòm yo pa t vle antre nan politik e yo pa t vle fè salitasyon moun te konn fè pou Hitler la, yo te voye yon pakèt nan yo nan prizon oubyen nan kan konsantrasyon. Yo te touye anpil ladan yo e gen lòt ki te mouri nan travo fòse. Akoz move tretman yo te sibi, genyen ladan yo ki mouri yon ti tan apre yo fin lage yo. Temwen Jewova yo te sibi anpil move tretman nan lòt peyi tou, pa egzanp Ozetazini, men se pa anpil moun ki konn sa.

An 1940, nou te asiste yon kongrè ki te fèt nan vil Detroit, nan Michigan. Nan jou ki te 28 jiyè a, mwen te batize nan kongrè sa a pou m montre mwen te vwe lavi m bay Jewova. Nan mwa anvan kongrè a, Lakou siprèm Etazini te fè yon lwa ki di si yon moun refize salye drapo, se yon krim li fè kont Leta, e yo ka mete yon timoun deyò nan lekòl li kòm pinisyon pou sa. Ki reyaksyon Temwen yo te genyen lè sa a? Anpil nan yo te met pwòp lekòl pa yo sou pye yon fason pou yo te ka anseye pitit yo. Yo te rele lekòl sa yo Lekòl Wayòm nan.

Dezyèm Gè mondyal la te kòmanse ann Ewòp an septanm 1939, e Ozetazini, moun yo te chofe pou yo soutni gè a. Gen kèk moun, jèn kou granmoun, ki te konn atake jèn Temwen Jewova yo e ki te konn bat yo lefètke yo pa t konprann pozisyon net nou te genyen antanke kretyen an. Ant 1940 ak 1944, Ozetazini, yo te rapòte plis pase 2 500 atak vyolan foul moun te fè kont Temwen Jewova yo. Temwen yo te vin jwenn plis pèsekisyon lè Japonè yo te atake Pearl Harbor 7 desanm 1941. Kèk semèn anvan sa, mwen te kòmanse sèvis mwen antanke pyonye, se konsa yo rele Temwen Jewova k ap preche aplentan yo. Mwen te fè yon ti ekonomi e mwen te achte yon ti kay yo rale dèyè machin ki te mezire sèt mèt, e plizyè lòt Temwen te deplase al Lwizyàn avè m pou n al sèvi antanke pyonye.

Pèsekisyon nan sid peyi a

Nou te jwenn pèmisyon pou nou mete ti kay la bò kot yon plantasyon toupre vil Jeanerette. Yon jou samdi, pandan nou t al preche nan lari, chèf polis la te bay polisye l yo lòd pou yo arete nou mennen nan meri a. Te gen yon foul moun, anviwon 200 moun, ki te deyò a e polisye a fè nou soti al jwenn yo san l pa ban nou okenn pwoteksyon. Chans pou nou, foul la te ouvè ban nou pase. Nan demen, n ale nan yon gwo vil ki te toupre a ki rele Baton Rouge pou nou rakonte lòt Temwen Jewova yo sa k te pase a.

Lè nou retounen Jeanerette, nou jwenn yon mesaj sou pòt kay la ki di: “Silvouplè, pase wè m nan kan kote moun k ap fouye pou jwenn petwòl yo abite yo”, e se yon moun ki rele E. M. Vaughn ki te siyen l. Nou te jwenn mesye Vaughn e li te envite nou manje lakay li ansanm ak madanm li. Li di nou li menm ak mesye k ap travay avè l yo te nan mitan foul la samdi, e si sa te nesesè, li t ap pwoteje nou kont yo. Nou te apresye ankourajman ak sipò li te ban nou.

Nan demen, gen kèk polisye, zam alamen, ki te vin arete nou e yo te pran piblikasyon nou yo. Yo pran kle kay la, yo mete m nan prizon pandan 17 jou nan yon pyès poukont mwen, e yo prèske pa t ban m anyen pou m manje. Mesye Vaughn te fè sa l kapab pou l ede nou, men sa pa t mache. Pandan nou te nan prizon an, foul moun yo vòlè afè nou e yo boule tout sa nou te genyen, yo te boule ata kay la. Lè sa a, mwen pa t konprann si se prepare Jewova t ap prepare m pou sa ki t apral rive m pi devan.

Anprizònman nan nò peyi a

Yon mwa apre m te retounen nan nò peyi a, yo te mande mwen menm ansanm ak kèk lòt Temwen pou n al sèvi antanke pyonye espesyal Olean, nan Nouyòk. Pandan nou la, gouvènman an te egzije m pou m fè sèvis militè, e yo te anrejistre m nan kategori moun ki refize fè sèvis militè akoz konsyans li. Poutan, apre yo fin fè m pase egzamen medikal ak egzamen mantal yo fè an jeneral yo, yo mete yon so sou fèy mwen an ki di: “Li kalifye pou l pran fòmasyon nan akademi an kòm ofisye.”

Mwen te gen posiblite kontinye nan sèvis pyonye a pandan anviwon ennan ankò. Epi, kòm mwen te refize sispann preche pou m al pran fòmasyon antanke militè, an 1943, FBI (Biwo federal pou fè envestigasyon) te arete m e yo te ban m lòd pou m parèt devan tribinal Syracuse la, nan Nouyòk, nan semèn apre a, pou yo jije m. Mwen pase devan yon jij ki egzamine ka m nan e yo te planifye pou yo fè pwosè m nan de jou apre.

Se mwen ki te avoka tèt mwen. Nan reyinyon Temwen Jewova yo fè yo, yo fòme jèn yo sou fason pou yo defann dwa yo nan tribinal e sou fason pou yo konpòte yo kòrèkteman nan tribinal yo. Mwen byen sonje konsèy yo te ban nou ki mansyone nan kòmansman atik sa a. Kèk nan avoka ki te travay pou gouvènman an te menm plenyen di Temwen yo konn lalwa pi byen pase yo. Malgre sa, jiri a te kondane m. Lè jij la mande m si m vle di yon bagay ankò, mwen te senpleman di l: “Jodi a, Bondye ap jije nasyon an pou fason nasyon an trete moun k ap sèvi Bondye yo.”

Yo te kondane m pou m fè katran nan prizon ki nan vil Chillicothe, nan Ohio. Yo te mete m travay kòm sekretè yon ofisye. Apre kèk semèn, gen yon anketè espesyal ki te sot Wachintonn Disi ki vin nan biwo a, ki di l ap fè yon ankèt sou Hayden Covington, yon avoka ki te konn defann Temwen Jewova yo e anpil moun te konnen l kòm youn nan pi gwo avoka ki gen Ozetazini nan kesyon dwa konstitisyonèl.

Anketè a te di li bezwen dosye konplè de nan prizonye yo: Danny Hurtado ak Edmund Schmidt. Sipèvizè m nan reponn: “Sa byen tonbe! Apa mesye Schmidt!” Anketè a te gen yon misyon sekrè, men li rann li kont, kounye a, nou konn sekrè a. Yon ti tan apre, yo voye m al travay nan kuizin.

Sèvis pyonye, Betèl ak maryaj

Nan jou ki te 26 septanm 1946 la, yo te mete m an libète pwovizwa, e mwen te rekòmanse sèvis pyonye a, men fwa sa a, se te nan yon kongregasyon nan Kalifòni yo rele Highland Park. Annapre, an septanm 1948, mwen te rive atenn yon objektif mwen te genyen depi lontan. Mwen te jwen envitasyon pou m al travay antanke boulanje nan syèj mondyal Temwen Jewova yo nan Bwouklin (Betèl), kote yo prepare piblikasyon ki baze sou Labib nou itilize pou nou preche sou tout tè a. La pou la, mwen te kite travay mwen te genyen nan yon restoran nan Glendale, kote m te chèf patisri, pou m al nan Betèl.

Setan apre, an 1955, te gen plizyè kongrè entènasyonal ki t apral fèt ann Ewòp, e fanmi m te ban m kòb pou m ka ale. Mwen te kontan asiste kongrè ki te fèt nan vil Lonn, Pari, Wòm, e sitou sa k te fèt nan vil Nuremberg la, ann Almay, kote te gen plis pase 107 000 moun nan yon estad. Se nan estad sa a, yon jou, Hitler te enspekte sòlda l yo avèk fyète. Pami moun ki te nan kongrè a, te gen kèk Temwen Hitler te sèmante l ap fini ak yo. Se pa ti kontan nou te kontan pou yo la avèk nou!

Nan kongrè ki te fèt Nuremberg la, mwen te rankontre yon jèn sè alman ki rele Brigitte Gerwien e mwen te tonbe damou. Sa pa t pran ennan pou nou marye, e nou te retounen Glendale yon fason pou n te ka viv toupre paran m yo. Premye piti gason nou an, Tom, fèt an 1957, dezyèm nan ki rele Don, fèt an 1958, e pitit fi nou an, Sabena, fèt an 1960.

Yon vi ki byen ranpli e ki ban m satisfaksyon

Gen moun ki konn mande m si m pa regrèt lefètke te gen foul moun ki te atake m e lefètke mwen te pran prizon akoz m ap sèvi Bondye. Okontrè, mwen remèsye Jewova pito pou privilèj mwen genyen pou m te sèvi l bò kote anpil nan sèvitè fidèl li yo. Mwen espere eksperyans mwen te fè yo ap ankouraje lòt moun pwoche pi pre Bondye e y ap ankouraje yo pa janm vire do ba li.

Gen anpil sèvitè Bondye ki soufri anpil poutèt y ap sèvi l. Men, èske se pa sa yo te di nou ta dwe atann? Labib di: “Tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou.” ​(2 Timote 3:12). Poutan, pawòl nou jwenn nan Sòm 34:19 la se laverite tou: “Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre l anba tout soufrans li yo.”

[Nòt anba paj]

^ § 7 Se Temwen Jewova yo ki pibliye liv sa a, men, yo pa enprime l ankò.

[Foto nan paj 11]

Nan kòmansman ane 1940 yo, nan predikasyon nan Lwizyàn.

[Foto nan paj 13]

M ap sèvi kòm boulanje nan syèj mondyal la.

[Foto nan paj 13]

Mwen menm ak Brigitte, madanm mwen.