Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou te sèvi nan yon moman ki te gen gwo akwasman

Nou te sèvi nan yon moman ki te gen gwo akwasman

Nou te sèvi nan yon moman ki te gen gwo akwasman

Dapre Harley Harris

Nan jou ki te 2 septanm 1950, nan Kennett, ki nan Misouri, Ozetazini, nou te nan yon asanble sikonskripsyon, men, te gen yon foul moun ajite ki te antoure kote a. Majistra zòn nan te fè gad nasyonal la vini pou l te ka pwoteje nou anba foul moun san fwa ni lwa sa yo. Sòlda yo ki te gen fizi ak bayonèt nan men yo te kanpe de bò lari a. Toutpandan nou t ap mache pou n al pran machin nou pou nou ale Cape Girardeau, ki nan Misouri tou, pou nou suiv rès sesyon asanble a, moun yo t ap joure nou. Se nan asanble sa a mwen te batize, lè sa a mwen te gen 14 an. Men, ban m di nou ki jan m te fè sèvi Jewova nan epòk tètchaje sa a.

NAN kòmansman ane 1930 yo, granparan m yo ak uit timoun yo te genyen yo te koute kèk anrejistreman ki te gen diskou frè Rutherford sou yo e yo te gen konviksyon yo te jwenn laverite. Paran m yo, Bay ak Mildred Harris, te batize an 1935 nan asanble ki te fèt Wachintonn Disi a. Se pa ti kontan yo te kontan fè pati “gwo foul moun” nan yo te fèk idantifye nan kongrè a! —Rev. 7:9, 14.

Mwen te fèt ane apre a. Ennan apre sa, paran m yo te vwayaje al rete nan yon tèritwa izole nan Misisipi. Pandan nou t ap viv nan tèritwa sa a, nou pa t janm resevwa vizit yon siveyan itineran. Fanmi m te konn ekri Betèl la e yo te konn asiste asanble yo. Pandan yon tan, se sèl konsa nou te frekante frè ak sè nou yo.

Andirans anba pèsekisyon

Pandan Dezyèm Gè mondyal la, Temwen Jewova yo te jwenn anpil pèsekisyon poutèt yo te rete net nan zafè monn nan. Nou t al rete nan yon zòn ki rele Mountain Home, nan Akannsa. Yon lè, pandan papa m avè m t ap preche nan lari, gen yon mesye ki te rale peryodik papa m te gen nan men l yo sanzatann epi li mete dife nan yo menm kote a. Li te rele nou lach poutèt nou pa t vle patisipe nan gè a. Lè sa a, mwen te gen senk an sèlman, e mwen te pran kriye. Papa m te gade mesye a avèk tout sanfwa li, li pa di l anyen jiskaske mesye a ale.

Sepandan, te gen bon moun tou ki te pran pozisyon pou nou. Yon lè, pandan yon foul moun te antoure nou pandan nou te nan machin nou, komisè gouvènman vil la te vini e li te mande: “Sa k gen la a?” Gen yon mesye ki te reponn: “Temwen Jewova sa yo pa vle goumen pou peyi yo!” Lè l fin di sa, komisè a kanpe sou arebò machin nan e li di byen fò: “Mwen te goumen nan Premye Gè mondyal la, e m ap goumen ankò nan gè sa a! Kite moun sa yo ale! Yo pa fè pèsonn anyen!” Foul la te gaye an silans. Se pa ti apresye nou te apresye moun konsa ki te montre yo bon avèk nou! —Tra. 27:3.

Kongrè yo te ban mwen fòs

An 1941, te gen yon kongrè ki te fèt nan Senlwi, nan Misouri. Se te egzakteman sa nou te bezwen. Selon sa yo estime, te gen plis pase 115 000 moun ki te asiste l. Te gen 3 903 moun ki te batize! Mwen sonje lè sa a frè Rutherford te bay yon diskou ki te gen tit “Timoun Wa a”. Li te pale dirèkteman avèk nou menm jèn ki te la yo, e nou chak te resevwa yon bèl liv po ble ki rele Enfants. Kongrè sa a te ban m fòs pou m fè fas ak sa ki t apral pase ane apre a, ane mwen te kòmanse al lekòl primè a. Yo te mete kouzen m yo avè m deyò lekòl la paske nou pa t vle salye drapo. Nou te retounen lekòl la chak jou pou nou wè si responsab yo t ap chanje opinyon. Pandan plizyè maten, nou te konn pase nan bwa pou n al lekòl la, men, rive nou rive yo te annik voye nou lakay nou. Sepandan, mwen te santi sa se yon fason mwen demontre fidelite m anvè Wayòm Bondye a.

Men, sa pa t pran lontan pou lakou siprèm Etazini an te deside li pa obligatwa pou moun salye drapo. Finalman, nou te kapab kontinye al lekòl la. Pwofesè a te janti anpil avèk nou e li te kite nou travay avèk lòt elèv yo pou nou ratrape kou nou te pèdi yo. Kondisip nou yo tou te trete nou avèk respè.

Anplis, mwen sonje kongrè ki te fèt an 1942 nan Cleveland, nan Ohio. Lè sa a, frè Nathan Knorr te bay yon diskou ki te gen tit: “Èske lapè a ap dire?” Nan diskou sa a, li te egzamine Revelasyon chapit 17 ki montre t ap gen yon peryòd kote t ap gen yon ti lapè apre Dezyèm Gè mondyal la. Men, òganizasyon an te gentan wè t apral gen yon akwasman. Se sa k fè yo te kòmanse Lekòl Gileyad an 1943. Mwen pa t reyalize sa t apral gen yon efè sou lavi m pi devan. Vrèmanvre, te vin gen lapè apre lagè a e pèsekisyon an te diminye. Sepandan, lè lagè nan Kore a te kòmanse nan ane 1950, travay predikasyon an te jwenn opozisyon pi rèd, jan nou kapab wè sa nan kòmansman atik la.

Mwen te patisipe plis toujou nan akwasman an

An 1954, yon mwa apre mwen te fin fè etid klasik mwen, mwen te kòmanse sèvi kòm pyonye. Apre m te fin sèvi nan Kennett, nan Misouri, kote foul moun nan te atake nou an 1950 lan, yo te envite m nan Betèl nan mwa mas 1955. Nan tèritwa kongregasyon yo te voye m nan, te gen yon kote yo rele Times Square ki nan mitan Nouyòk. Se te yon gwo chanjman parapò ak lavi m t ap mennen andeyò a! Mwen te rive kapte atansyon moun ki rete Nouyòk yo ki te okipe anpil lè m te ouvri peryodik yo nan yon atik ki ka fè yo reflechi epi m mande yo: “Èske w konn poze tèt ou kesyon sa a?” Anpil nan yo te aksepte peryodik yo.

Youn nan moman m te plis renmen nan Betèl, se te kilt matinal yo, e se frè Knorr ki te konn kondui yo. Li te kapab fè vèsè Labib yo touche nou e li te byen fè aplikasyon yo pou nou! Li te pale avèk nou menm jèn frè ki te selibatè yo tankou yon papa ta fè pou pitit gason l. Souvan li te ban nou bonjan konsèy sou fason pou nou trete fi yo. An 1960, mwen te deside marye.

Mwen te avèti Betèl la m ap kite sèvis Betèl la nan 30 jou, men yo pa t ban m repons. Lè m rive nan fen 30 jou a, byenke m te timid anpil, mwen te mete kouraj sou mwen pou m te ka mande si yo te resevwa demann mwen te fè pou m kite Betèl la. Frè Robert Wallen te reponn telefòn nan e li te vini kote m t ap travay la. Li te mande m sa m panse si yo ta voye m pyonye espesyal oswa si yo ta voye m nan travay sikonskripsyon an. Mwen te reponn li: “Men, Bob, se 24 an sèlman m genyen, epi m pa gen eksperyans.”

Nan travay sikonskripsyon an

Nan nuit apre m te fin pale ak Robert la, gen yon gwo anvlòp ki t ap tann mwen nan chanm mwen. Li te genyen yon aplikasyon pou sèvis pyonye espesyal ak yon aplikasyon pou sèvis sikonskripsyon. Waw! Mwen te vrèman sezi! Konsa, mwen te gen privilèj pou m sèvi frè m yo nan sèvis sikonskripsyon an nan pati nò Misouri ak nan pati lès Kannzas. Sepandan, anvan m te kite Betèl, mwen te asiste yon reyinyon ki te fèt pou siveyan itineran yo. Men sa frè Knorr te di nan fen reyinyon an: “Lefètke nou se siveyan sikonskripsyon ak siveyan distri, sa pa vle di nou konnen plis bagay pase frè lokal yo. Genyen ladan yo ki gen plis eksperyans pase nou. Men, sikonstans yo pa pèmèt yo gen privilèj nou genyen an. Nou kapab aprann anpil bagay nan men yo.”

Se te laverite! Frè Fred Molohan ak madanm li ansanm ak frè l, Charley, moun Parsons, ki nan Kannzas, se te kèk egzanp estrawòdinè. Yo te aprann laverite depi nan kòmansman ane 1900 yo. Se pa ti plezi mwen te genyen pou m tande y ap rakonte eksperyans yo te fè lè m potko menm konn si m ta fèt! Yon lòt frè ankò, se te John Wristen, yon bon frè ki te aje ki te rete Joplin, nan Misouri. Li te pyonye pandan plizyè dizèn ane. Frè sa yo, moun te renmen anpil, te gen anpil respè pou fason òganizasyon Jewova a fonksyone. Yo te fè m santi yo apresye m antanke siveyan sikonskripsyon yo, malgre mwen te jèn.

An 1962, mwen te marye ak Cloris Knoche, yon pyonye aktif ki te gen cheve kannèl. Mwen te kontinye nan sèvis sikonskripsyon an avè l. Lefètke nou te rete lakay frè yo, sa te fè nou rive konnen yo pi byen. Nou te gen posiblite ankouraje jèn yo antre nan sèvis aplentan. Gen de adolesan nan sikonskripsyon an, Jay Kosinski ak JoAnn Kresyman, se tann yo t ap tann pou nou ankouraje yo nan sans sa a. Lefètke nou te travay avèk yo nan ministè a e yo te viv lajwa nou te jwenn dèske n ap mennen yon vi sakrifis, sa te motive yo pou yo fikse kèk objektif. JoAnn te vin pyonye espesyal e Jay t al sèvi nan Betèl. Annapre, yo toule de te vin marye e yo nan sèvis sikonskripsyon depi 30 an.

Sèvis misyonè

An 1966, frè Knorr te mande nou si nou t ap enterese al sèvi nan lòt peyi. Nou te reponn li: “Nou kontan kote nou ye a, men si gen bezwen lòt kote, nou disponib.” Yon semèn apre, yo te envite nou nan Lekòl Gileyad. Sa te vrèman fè m plezi pou m retounen nan Betèl la pou m asiste lekòl la e pou m wè anpil nan moun mwen te vin renmen e m te vin respekte! Nou te vin zanmi lòt etidyan ki te nan klas nou an tou k ap sèvi avèk fidelite jiska prezan.

Yo te voye Cloris avè m nan peyi Ekwatè, ann Amerik disid, ansanm avèk Dennis ak Edwina Crist, Ana Rodríguez ak Delia Sánchez. Crist yo t ale nan kapital la, Quito. Menm jan avè n, Ana ak Delia t ale Cuenca, twazyèm pi gwo vil ki gen ann Ekwatè. Tèritwa yo te voye nou an te gen de pwovens ladan l. Premye kongregasyon nan Cuenca a te pran nesans apati ti reyinyon nou te konn fè nan salon lakay nou. Se te nou kat la ak de lòt moun ki te konn fè ti reyinyon sa yo. Nou te konn mande tèt nou ki jan nou t apral rive fè travay predikasyon an.

Vil Cuenca te chaje ak legliz ak swadizan jou sen, e te konn gen anpil posesyon ladan l. Men moun nan vil sa a te gen anpil kesyon pou yo poze. Pa egzanp, premye fwa mwen te rankontre Mario Polo, yon chanpyon nan siklis nan Cuenca, li te fè m sezi lè l te poze m kesyon sa a: “Kiyès ki pwostitye yo pale de li nan liv Revelasyon an?”

Yon lòt fwa, Mario te vin lakay nou lannuit e li te yon ti jan enkyete paske yon pastè te ba l kèk piblikasyon ki te pote yon seri akizasyon grav kont Temwen Jewova yo. Mwen te rezone avèk Mario pou m ede l konprann yon moun yo akize ta dwe gen posiblite pou l defann tèt li. Se sa k fè nan demen li te envite pastè a avè m lakay li pou nou diskite sou akizasyon sa yo. Nan rankont sa a, mwen te di n ap konsantre sou doktrin Trinite a. Lè pastè a te li Jan 1:1, se Mario ki te esplike diferans ki genyen nan grèk la ant “Bondye” ak “dye” nan vèsè a. Se konsa sa te pase pou chak vèsè li te bay. Donk, pastè a t ale san l pa t ka bay okenn prèv sou doktrin Trinite a. Sa te konvenk Mario ak madanm li nou gen laverite, e yo te vin moun k ap defann ansèyman ki gen nan Bib la trè byen. Se pa ti lajwa nou genyen lè nou wè nan Cuenca ansanm ak nan tout rès tèritwa yo te ban nou kòm premye asiyasyon nou an kantite kongregasyon yo te ogmante rive 63 kongregasyon! Sa se vrèman yon gwo akwasman!

Nou wè akwasman an pandan nou nan filyal la

An 1970, yo te mande mwen menm ak Al Schullo pou n al sèvi nan filyal la ki nan Guayaquil. Nou de a te responsab travay filyal la. Joe Sekerak te konn pase yon pati nan tan l ap mete piblikasyon yo nan bwat pou 46 kongregasyon nan tout peyi a. Pandan kèk tan, antanke misyonè, Cloris te preche chak jou pandan mwen menm mwen t ap travay nan Betèl la. Li te rive ede 55 moun pou yo vin batize, souvan li te gen ant twa ak senk etidyan ki batize nan yon asanble.

Pa egzanp, Cloris te etidye ak yon dam ki rele Lucresia. Mari l te opoze ak etid la. Malgre sa, Lucresia te batize finalman e li te vin kòmanse sèvi kòm pyonye pèmanan. Li te aprann pitit li yo chemen Jewova yo. Li gen de pitit gason l ki ansyen, e youn pyonye espesyal. Li gen pitit fi l k ap sèvi kòm pyonye. Pitit pitit fi l la marye ak yon bon frè, e yo de a ap sèvi kòm pyonye espesyal. Fanmi sa a ede anpil moun aprann laverite.

An 1980, te gen anviwon 5 000 pwoklamatè ann Ekwatè. Nou te twòp pou ti filyal nou an. Gen yon frè ki te ban nou 25 kawo tè nan yon zòn ki andeyò Guayaquil. An 1984, nou te kòmanse konstwi yon lòt filyal ansanm ak yon Sal asanble sou tè sa a. Nou te inogire yo an 1987.

Anpil moun kontribye volontèman nan akwasman an

Pandan ane ki pase yo, nou kontan wè anpil pwoklamatè ak pyonye ki soti nan lòt peyi pou yo vin ede nou ann Ekwatè, yon kote ki te bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Youn nan egzanp mwen gen nan lespri m, se Andy Kidd, yon pwofesè kanadyen ki te pran retrèt li. Li te vin ann Ekwatè an 1985, lè sa a li te gen 70 an. Li te sèvi Jewova fidèlman jiskaske li te mouri an 2008 a 93 an. Premye fwa mwen te rankontre l, li t ap sèvi kòm sèl ansyen nan yon ti kongregasyon. Byenke li t ap goumen ak lang espayòl la, se li ki te bay diskou piblik la e ki te kondui etid Toudegad la. Li te kondui Lekòl ministè teyokratik e li te fè pifò nan patisipasyon ki te gen nan Reyinyon sèvis la. Kounye a, gen de kongregasyon k ap pwospere nan zòn sa a, e yo prèske gen 200 pwoklamatè ak anpil ansyen ki moun zòn nan.

Yon lòt frè, Ernesto Diaz, te soti Ozetazini ak tout fanmi l. Apre yo te fin pase uimwa Ekwatè, men sa l te di: “Twa timoun nou yo gentan aprann lang nan e yo vin trè bon anseyan. Antanke papa, mwen atenn yon objektif ki te parèt enposib pou m atenn nan sistèm sa a: se objektif pou m vin pyonye pèmanan, yon fason pou m ka patisipe nan ministè a aplentan bò kote fanmi m. Nou tout ansanm, n ap kondui 25 etid biblik. Tout aktivite sa a fè fanmi nou plis ini, e sa ki pi enpòtan, sèke mwen vin pi pwòch ak Jewova pase anvan.” Se pa ti apresye nou te apresye frè ak sè sa yo!

Yo te agrandi filyal nou an plis toujou an 1994, yo te fè l vin de fwa pi gwo. An 2005, nou te depase 50 000 pwoklamatè, e li te vin nesesè pou nou agrandi filyal la ankò. Nou te agrandi Sal asanble a, e nou te fè konstwi yon nouvo rezidans ansanm ak plizyè biwo tradiksyon. Yo te inogire nouvo lokal sa yo jou ki te 31 oktòb 2009 la.

Lè yo te mete m deyò nan lekòl mwen an 1942, te gen 60 000 Temwen Ozetazini. Kounye a, gen plis pase yon milyon. Lè nou t al ann Ekwatè an 1966, te gen anviwon 1 400 pwoklamatè Wayòm nan nan peyi a. Kounye a, gen plis pase 68 000. Y ap kondui 120 000 etid biblik e te gen plis pase 232 000 moun nan Memoryal lanmò Kris la pou ane 2009 la. Asireman, gen anpil nan moun sa yo k ap vin Temwen Jewova. Pa gen dout nan sa, Jewova beni pèp li a yon fason nou pa t ap janm ka imajine. Se pa ti kontan mwen kontan lefètke m ap viv nan yon moman kote gen gwo akwasman *!

[Nòt anba paj]

^ § 34 Pandan yo t ap prepare atik sa a pou yo pibliye l, Harley Harris te mouri fidèl ak Jewova.

[Foto nan paj 5]

Yon asanble anplennè (1981) ak Sal Asanble nan Guayaquil la (2009) sou menm pwopriyete a.